Hesperian Health Guides

Chapit 7: Chèche konnen istwa medikal fanm ansent yo

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 7: Chèche konnen istwa medikal fanm ansent yo

Nan chapit sa:

Pou w ka bay yon fanm ansent bonjan swen, ou dwe chèche konnen sante li an jeneral, jan sante li te ye anvan l te ansent lan, epi lòt gwosès ak akouchman li te genyen anvan yo. Ou bezwen konnen tou kòman li te santi l deja pandan gwosès sa a? Yo rele tout sa a istwa medikal fi a.

Lè w konnen istwa medikal yon fanm ansent, sa ap pèmèt ou bay li konsèy k ap pèmèt gwosès la ak akouchman an pase byen.

Pi bon fason pou w konnen istwa medikal yon fi, se mande pou w mande l. Lè w fèk kontre avè l, li ka pa twò alèz pou l pale avè w. Si li yon ti jan timid pou l pale de kò l oswa pou l pale koze sèks, li ka difisil pou l di w enfòmasyon w bezwen konnen sou sante li. Chèche yon jan pou w mete l alèz: pran san w pou w koute l lè l ap pale, reponn kesyon l yo, kenbe sa l di yo konfidansyèl, epi boule avè l avèk respè.

MW Ch7 Page 85-1.png

Nan chapit sa a, w ap jwenn kesyon pou w poze medam yo yon fason pou w ka aprann konnen yo pi byen. Pwobableman ou gen lòt kesyon ou ta renmen poze, anplis sa nou ekri la yo. Pa egzanp, si gen moun nan zòn nan ki fè epatit B, ou ka vle mande fi a si l fè epatit B, oswa w ka di l kòman pou l evite l. Eseye sonje tout enfòmasyon ou bezwen konnen pou w ka ba li bonjan swen. Ki kesyon ou konn poze fanm ansent? Si w kapab, ekri sou papye tout enfòmasyon ou aprann sou fi a. Ou ka bezwen enfòmasyon sa yo pi devan nan gwosès la, pandan l gen tranche, oswa lè l ap akouche.

Apre w fin aprann istwa medikal fi a, epi chak fwa w gen yon randevou avè l, ou dwe egzamine l. Chapit 8 pral esplike kòman pou w fè egzamen sa a.




Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024