Hesperian Health Guides

Chapit 8: Fason pou egzamine yon fanm ansent

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 8: Fason pou egzamine yon fanm ansent

Nan chapit sa:

Lè w ap egzamine yon fi ki ansent, gen 3 bagay pou w fè: pale avèk manman an, egzamine kò l, epi egzamine bebe a. Eseye ekri sou papye tout enfòmasyon w aprann sou manman an ak bebe a pandan vizit la.

Pou chak pati nan konsiltasyon an, se pou w ekri ni bon siy yo ni move siy yo. Si w remake yon move siy, se pou w fè tout sa w dwe fè yo. Petèt ou ka ede manman an poukont ou, osinon li ka bezwen lòt èd medikal. Gendelè, nou ankouraje w chèche konsèy medikal. Sa vle di w ap bezwen pale avèk yon doktè oswa avèk yon lòt pwofesyonèl lasante ki abil e ki kalifye ki pou ede w konnen si se yon ka dijans, oubyen si li pa twò grav. Si pa gen doktè ki ka ba w konsèy, ou dwe voye fi a nan yon sant sante kote yo ka ede l.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024