Hesperian Health Guides

Ede kominote a reyisi nan zafè planin

Nan chapit sa:

Gason dwe pran responsabilite pa yo nan zafè planin

MW Ch17 Page 318-1.png

Lè gason ak fi chwazi yon metòd planin ansanm, li pi fasil pou reyisi ladan l. Piske gason pa tonbe ansent, yo pa toujou pran responsabilite medam yo konn pran anrapò ak gwosès e ak planin. Anpil gason panse planin se pwoblèm fi.

Gen kèk gason ki pa vle madanm yo itilize planin. Yo gendwa bezwen anpil pitit, oswa yo panse planin pa bon, osinon yo ka panse planin koute chè oswa li pa fasil pou itilize, donk yo pa wè avantaj li.

Lè gason yo soutni dwa medam yo genyen pou yo deside ki lè y ap ansent ak si yo vle ansent, medam sa yo ka chwazi pou yo itilize planin si yo vle. Konsa, fi ak gason ka fè sèks san enkyetid si yo pa vle pitit.

Antanke fanmsaj, ou gendwa anmezi pou w ankouraje gason nan kominote a pou yo pran plis responsabilite nan zafè planin. Kantite timoun ki nan fanmi an afekte sante ak byennèt chak manm fanmi an.

Ankouraje gason yo pou yo fè bagay sa yo:

  • Mete kapòt.
  • Soutni madanm yo nan kèlkeswa metòd planin yo chwazi.
  • Pale ak lòt gason nan kominote a sou enpòtans planin.

Pwogram planin ki bay bon rezilta

Fanmsaj bay fi ak gason kout men nan desizyon y ap pran anrapò ak metòd planin. Nan travay sa a, fanmsaj la ka twouve gen metòd ki difisil pou jwenn nan zòn nan. Lè sa a, yo ka deside pou yo bay yon kout men pou pwogram planin yo mache pi byen. Ki sa k pèmèt yon pwogram planin amelyore sante yon fi, konesans li, ak pouvwa li genyen pou l kontwole kò l?

  • Se pou yo gen anpil chwa nan zafè metòd planin, ni pou fi ni pou gason. Se pou yo gen enfòmasyon byen klè sou tout byenfè ak risk ki gen ladan yo.
  • Yo dwe kapab fè egzamen pou konnen si yon fi gen yon pwoblèm sante, tankou tansyon, k ap pèmèt yo konnen si gen kèk metòd yo pa dwe itilize. Yo dwe jwenn bon swen apre yo chwazi yon metòd pou asire metòd la pap ba yo pwoblèm, oswa pou ede yo eseye yon lòt metòd si gen pwoblèm.
  • Yo dwe ka jwenn sant sante ki gen sèvis tankou planin ansanm ak swen yo bay anvan akouchman, pandan akouchman, ak apre akouchman, ki ankouraje bay tete, ki gen tretman pou moun ki pa ka fè pitit, epi ki gen tretman ak prevansyon kont maladi moun pran nan fè sèks.
cartoon of a health worker with puppet strings being held by a man in a suit labeled "USAID, funders, drug companies, governments."
Pwofesyonèl lasante yo pa dwe gen presyon sou yo anrapò ak ki kalite metòd yo dwe ofri medam yo.
  • Gason kou fi dwe jwenn ankourajman pou yo pataje responsabilite nan zafè planin.
  • Yo dwe respekte moun k ap bay sèvis sante nan zòn nan, sa gen ladann moun ki itilize metòd tradisyonèl yo pou regilarize sik manstriyèl ak planin familyal. Souvan, fanmsaj yo gen eksperyans nan fè melanj swen tradisyonèl avèk swen modèn.
  • Yo dwe libere anba presyon ak kontrent. Kontrent vle di yon pwofesyonèl lasante oswa yon lòt moun ap fòse yon fi pou l fè planin, oswa pou l itilize yon sèten metòd planin, menmsi l pa vle. Pwoblèm sa konn rive lè pa gen anpil chwa nan kalite pwogram planin ki disponib, oswa si yon òganizasyon tabli objektif (kantite yo oblije bay nan yon sèten pwodui). Objektif konsa konn fè pwofesyonèl lasante yo ap fòse moun pou yo aksepte yon metòd yo pa vle oswa san yo pa jwenn bonjan enfòmasyon sou metòd la. Gwo òganizasyon k ap bay èd konn lakòz pwoblèm konsa, tankou ONG ak pwogram gouvènmantal.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024