Hesperian Health Guides

Egzamen 2 men an

Nan chapit sa:

Touche matris la ak 2 men w pou w chèche enfeksyon ak moso chè anplis k ap pouse sou li, oswa pou konnen depi konbyen tan fi a ansent. Pou w ka manyen matris la, w ap bezwen:

Gan plastik ki byen pwòp oswa ki esterilize Yon librifyan ki fèt avèk dlo, tankou “K-Y Jelly”, oswa dlo pwòp (pa itilize luil oswa vazlin) MW Ch20 Page 384-2.png
MW Ch20 Page 384-1.png

Mande fi a pou l pipi anvan w kòmanse.

MW Ch20 Page 384-3.png
  1. Fè fi a kouche sou do avèk yon zòrye anba tèt li. Pandan w ap fè egzamen an, esplike l tout sa w ap fè anvan w fè l la, fè l sonje pou l rilaks, epi kanpe egzamen an si li fè l mal.

  2. Lè fi a pare, mete gan yo avèk enpe librifyan sou 2 premye dwèt ki nan men dwat ou (oswa nan men goch si w goche).

    MW Ch20 Page 384-4.png

    Mande fi a pou l rale yon gwo souf pou l ka rilaks. Ouvri lèv vajen l avèk dousè avèk men goch w. Vire pla men dwat ou sou anwo, epi antre 2 dwèt ki gen librifyan an byen fon anndan vajen an.


  3. Touche kòl matris la avèk dwèt ou.

    Kòl matris la dwe fèm, tou won, epi lis. Nòmalman, li di menm jan ak pwent nen yon moun. Nan dènye mwa anvan akouchman yo li vin pi mou tankou po bouch. Pafwa nan fen gwosès la, kòl matris la ouvri yon tikras. Si fi a te fè yon foskouch oswa yon avòtman, ou ka jwenn kòl matris la tou ouvri.

    Kòl matris la ka difisil pou w jwenn. Si w pa ka jwenn li, mande fi a pou l touse oswa pou l pouse pa anba tankou lè l ap poupou jiskaske dwèt ou ka touche kòl matris la. Li ka bon tou pou fi a kouche pi plat.

    Fè atansyon pou w pa touche klitoris fi a, ki sansib anpil, ni twou dèyè l, ki gen mikwòb sou li. Li fasil pou pous w touche klitoris la pa aksidan, donk kenbe l sou yon bò.

  4. Verifye si fi a santi doulè nan kòl matris la.

    Mete youn nan chak dwèt ou yo sou yon bò kòl matris la epi deplase l agoch adwat. Fi a ka santi sa dwòl, men l pa dwe fè l mal. Si sa fè l mal, li ka gen yon enfeksyon nan matris oswa yon gwosès nan twonp. Toude se bagay ki danjere. Si w santi kòl matris la mòl epi li deplase fasil, fi a gendwa ansent.

  5. a health worker with 2 fingers inside a woman's vagina and her other hand on the woman's belly; the womb is seen inside.
    Se konsa w t ap wè yon egzamen 2 men si w te ka wè anndan kò fi a.
  6. Mete men goch ou sou vant fi a, anba lonbrik li, epi anwo plim ki sou pati jenital li.

  7. illustration of the below: feeling the womb.
    Peze vant lan avèk men ki deyò a.
    Soulve kòl matris la ak tout matris la avèk 2 dwèt.
    Matris
    Kòl matris
  8. Touche matris la.

    Mete 2 dwèt ki nan vajen an anba kòl matris la. Soulve kòl matris la ak tout matris la avèk 2 dwèt sa yo. Anmenmtan, peze anba vant fi a desann avèk men goch ou. Eseye touche matris la ant men w ak 2 dwèt ou yo. Si w santi kòl matris la bouje, w ap konnen se matris la ou peze. Si w pa rive touche matris la tousuit, eseye avanse men w diferan kote sou vant lan, epi peze plizyè kote.

    Sa mande pratik pou w rive touche matris la. Li pi difisil toujou pou rive touche matris li si l gen gwo mis nan vant li oswa si l gen anpil grès.

  9. Touche matris la pou w wè fòm li ak gwosè l.

    Nòmalman matris la di, li lis, epi l pi piti pase yon zoranj (apeprè 6 a 10 santimèt). Lè fi a ansent, matris la gwosi.
    different sizes of the womb in a woman's body; a separate drawing shows the actual sizes of the womb.
    Matris la rive la a apre 11 a 12 semèn gwosès.
    11 a 12 semèn gwosès
    (anwo zo basen an)
    8 a 9 semèn gwosès
    6 a 7 semèn gwosès
    Pa ansent
    6 a 10 santimèt longè (apeprè menm gwosè ak yon zoranj oswa yon ze poul)
    Gwosè matris la toutbon
    Kòl matris
    Matris la anndan fi a

    Gade ki jan pou w mezire matris la apre 12 semèn.

    Ou ka santi kèk boul nan matris la oswa lòt chè k ap pouse. Gen boul ki pa danjere, men yo ka bay doulè, yo ka lakòz anpil san lè règ li, oswa yo ka bay san lè pa gen règ. Boul sa yo rele fibwòm. Gen lòt boul ki gendwa se kansè nan matris. Ou pa ka konnen si boul yo pa danjere anvan fi a fè plis egzamen. Si w santi boul nan matris la, chèche asistans medikal.


  10. Touche ovè yo.

    Li ka difisil anpil pou w jwenn epi touche ovè yo. Sa mande anpil pratik. Mete toude dwèt ki anndan vajen an sou yon bò kòl matris la epi soulve ovè a. Deplase men ki deyò a sou menm bò a epi kite yo glise desann sou vant li. Lè w peze fò, ou ka santi ovè a k ap deplase anba dwèt ou.
    Ou oblije peze fò avèk men ki deyò a, donk, mande fi a pou l pran yon gwo souf epi pou l lage souf la anvan w santi ovè a anba men w. Sispann peze si l fè l mal!
    illustration of the above: feeling the ovaries.
    Matris
    Twonp
    Ovè
    an ovary that is 2 centimeters tall and 3 centimeters wide.
    Jeneralman, yon ovè apeprè gwosè sa a.

    Apre w fin verifye yon bò, deplase men w pou w verifye lòt ovè a.

    Si w santi yon bagay ki pi gwo ke 3 santimèt longè ak 2 santimèt lajè, oswa si egzamen sa fè l mal anpil, li gendwa gen yon bagay k ap pouse sou ovè li, oswa li ka gen yon gwosès nan twonp. Chèche asistans medikal.

    Note sa: Li nòmal pou ovè yon fi vin pi gwo e pi piti chak mwa. Si w pa konnen poukisa ovè a pi gwo, verifye l ankò nan 6 semèn. Li ka gentan pi piti.


  11. MW Ch20 Page 387-3.png
    Lèv vajen an
    Vesi ki parèt nan vajen an
    Yon vesi ki tonbe
  12. Retire dwèt ou yo nan vajen l. Kenbe lèv vajen l ouvri epi mande l pou l touse oswa pou l pouse anba tankou lè l ap poupou. Gade vajen l pou wè si pa gen yon bagay gonfle ki parèt. Si genyen, kapab se matris fi a ki tonbe oubyen vesi l ki tonbe, oswa ka gen yon pati nan entesten l k ap gonfle nan vajen l. Chèche konsèy medikal.


Apre egzamen 2 men an, bay fi a yon twal oswa yon papye ki pwòp pou l siye pwomad la. Esplike l li ka bay enpe likid (pwomad la) oubyen yon ti san apre egzamen an.

Di fi a sa w jwenn pandan egzamen basen an. Asire w ou reponn nenpòt kesyon li genyen.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024