Hesperian Health Guides

Sa pou w fè pou bebe a

Nan chapit sa:

Apre akouchman an, lè manman an ak pitit la byen reprann yo, petèt apre inèdtan, verifye tout kò pitit la depi nan tèt rive nan zòtèy. Ou ka evite anpil pwoblèm sante si w wè yo bonè.

Lave men w, menm jan w te fè lè akouchman an, epi mete gan pwòp. Yon bebe ki fèk fèt ka trape enfeksyon fasil. Poutèt sa, tout bagay ki touche bebe a dwe byen pwòp. Men, ou pa oblije benyen l tousuit. Benyen l ap fè l santi fredi, menmsi w chofe dlo a. Pa gen pwoblèm si w tann kèk èdtan oubyen menm kèk jou anvan w benyen l. Mete gan jiskaske kò bebe a pwòp e sèch pou w ka pwoteje tèt ou kont enfeksyon.

Pandan w ap egzamine pitit la, ede l rete cho. Kouvri ni tèt li ni pati ou pap egzamine pou lemoman yo. Si sa posib, ou dwe chofe chanm nan. Trete bebe a ak anpil dousè. Tibebe yo gen menm sansasyon ak adilt. Lè w pran swen yo byen sa fè yo santi yo fò e an sekirite.

Bagay ki pi enpòtan pou w verifye nan yon bebe ki fèk fèt se aparans li ak eta fizik li a. Verifye bagay sa yo tousuit apre akouchman an. Lòt pati nan egzamen bebe a ka tann kèk èdtan.

Si w kapab, ekri enfòmasyon w jwenn yo nan yon dosye. Yon dosye ap ede w sonje chak etap, epi l ap ede w remake chanjman ki ka vin genyen avèk letan. Pa egzanp, men yon dosye ou ka itilize:


Klike la a pou jwenn yon vèsyon kalite enprime nan dosye sa a sou sante nouvo tibebe a.

"chart for recording the baby's physical signs.

Aparans

Ou ka aprann anpil bagay de sante yon bebe lè w byen gade l e w byen koute l. Prete atansyon ak tout bagay! Ēske l gwo oswa li piti? Ēske l gra oswa li mèg? Ēske ponyèt li yo, janm li yo, pye l, men l, kò l, ak tèt li gen yon gwosè nòmal? Ēske bebe a kenbe kò l rèd oswa èske l rilaks? Ēske l ap fè mouvman oswa li ret trankil? Koute l lè l ap kriye. Tout bebe pa kriye menm jan an, men si l bay yon rèl ki dwòl, ki wo, e ki pike, sa ka endike li malad

Pitit la kagou, li fèb, li pa reveye, oubyen li pa manje byen

Anpil bebe dòmi anpil nan kèk premye jou apre yo fin fèt yo. Yo dwe leve tanzantan pou yo tete. Lè bebe a pap dòmi, li dwe reyaji lè l tande bri oswa si yon moun touche l. Si l pa reyaji, oswa si l sanble li twò fèb, twò lan, oswa kagou pandan premye kèk èdtan apre li fin fèt, li ka gen youn nan pwoblèm sa yo:

Pa gen ase sik nan san l
MW Ch14 Page 254-1.png

Si yon bebe fèb anpil, li ka bezwen plis sik nan san l, sitou si l gwo anpil oubyen li piti anpil, si akouchman an te difisil oubyen twò long, oswa si manman an fè dyabèt. Sa ka lakòz bebe a toujou santi fredi epi l ap tranble.

Se pou manman an bay bebe a tete otank li kapab. Gen sik nan lèt manman an.

Kenbe bebe a cho epi kole ak manman l. Si li pa reveye plis apre 12 èdtan, li toujou kagou, chèche èd nan men doktè.

Eta fizik li: respirasyon, batman kè, tanperati

Verifye siy fizik bebe yo chak inèdtan pandan premye 2 a 6 èdtan apre l fin fèt, oswa pi souvan si l gen yon pwoblèm.

Vitès respirasyon

Gade vant bebe a k ap monte desann pou w ka konte konbyen fwa li respire nan yon minit. Li nòmal pou respirasyon l ralanti e akselere detanzantan. Yon bebe ki fèk fèt dwe respire ant 30 ak 60 fwa pa minit lè l ap repoze.

Yon bebe ki respire twò vit, twò dousman, oswa ak difikilte ka gen pwoblèm pou l jwenn ase lè, oubyen li ka gen lòt kalite pwoblèm.

Bebe a gen pwoblèm respirasyon, oswa li pran plis pase 60 souf pa minit

Si yon bebe gen pwoblèm respirasyon, oswa si l respire plis pase 60 fwa pa minit, se yon move siy. Petèt sa vle di li gen yon enfeksyon, li te rale poupou l antre nan nen l, li gen medikaman oubyen dwòg nan san l ki soti nan manman an, oswa li gen yon lòt pwoblèm kèlkonk.

Sa pou w fè
MW Ch14 Page 254-2.png
  • Kenbe bebe a cho.
  • Verifye si l gen siy enfeksyon.
  • Mete l kouche ak tèt li pi ba pase dèyè l, yon fason pou pèmèt likid ki anndan l koule soti. Itilize yon aspiratè, sitou si w panse te gen poupou ki te antre nan nen l oubyen gòj li.
  • Fè bebe a tete.
  • Si bebe a sispann respire, fè respirasyon atifisyèl pou li.
  • Chèche èd nan men doktè.

Batman kè

Lè yon bebe fèk fèt, kè l dwe bat ant 120 a 160 fwa pa minit. Li ka menm bat 100 fwa pa minit, jiska 180 fwa pa minit.

MW Ch14 Page 255-1.png

Si kè bebe a bat twò vit, li ka gen yon enfeksyon.

Si kè l bat twò dousman, fè respirasyon atifisyèl pou li. Si kè a pa kòmanse bat nòmal, chèche èd nan men doktè

Tanperati

MW Ch14 Page 255-2.png
Kenbe bebe a cho

Pou yon bebe ka ret an sante, li dwe rete cho. Men, li pa fasil pou l kenbe kò l cho menm jan ak adilt. Fason ki pi fasil pou kenbe yon bebe cho se mete l kò ak kò sou manman l. Kò manman an gen egzakteman nivo tanperati ki bon pou bebe a. Kouvri toude ak lèn epi asire w ou kouvri tèt bebe a.

Si manman an pa ka kenbe bebe a pou yon ti tan (pa egzanp, si li pral pipi), yon lòt moun ka kenbe bebe a. Moun sa a dwe byen lave men l anvan l pran bebe a.

Tanperati ak lasante

Tanperati yon bebe ki an sante dwe anviwon 37°C (98.6°F).

illustration of the below: a baby on her back with a thermometer in her armpit;

Pou verifye tanperati bebe a, mete pwent tèmomèt la (pati ki gen koulè ajan an) anba bra li byen dousman. Ansuit, kenbe ponyèt bebe a kole ak kò l pandan 3 minit. Si w pa gen yon tèmomèt, mete men ou dèyè kou bebe a, pandan w ap touche yon moun ki an sante. Si kò bebe a pa cho menm jan ak moun nan, sa vle di tanperati l twò ba.

a baby wrapped in a blanket, lying between 2 hot-water bottles.

Si tanperati yon bebe desann nan 36.5°C (97.7°F) oswa pi ba, nou dwe chofe l tousuit. Pa pèdi tan. L ap vin cho si l kole ak kò manman l, nan mitan 2 tete l yo, avèk sèlman yon kouchèt ak yon chapo sou bebe a.

Si l toujou pa chofe, sèvi ak boutèy dlo cho. Plen boutèy yo ak dlo cho, vlope yo nan twal pou yo pa boule bebe a, epi mete boutèy yo bò kote kò l.

Si bebe a pa chofe apre 1 a 2 èdtan, li ka bezwen èd yon doktè.

Enfeksyon

Lè yon bebe fè enfeksyon, souvan tanperati kò l desann rive nan 36.5° C (97.7° F) oswa pi ba. Men kèk lòt siy ki endike li fè enfeksyon:

  • Li pa ka ret cho menm lè l vlope ak lèn
  • Tanperati l wo (lafyèv), sitou si l rete konsa pandan plis pase 4 èdtan
  • Li respire plis pase 60 fwa pa minit
  • Li sanble li malad
  • Li pa ka tete byen
  • Batman kè l fèb e rapid


Si bebe a montre youn nan siy enfeksyon sa yo, chèche èd nan men doktè. Si distans sant sante ki pi pre a plis pase 2 èdtan, pandan w sou wout la, bay bebe a antibyotik. Gade konsènan ki kalite e ki kantite medikaman ou dwe ba li.

Si bebe a pa ka cho apre plizyè èdtan, chèche èd doktè, menmsi li pa montre okenn lòt siy enfeksyon.

Bebe a pa pipi oswa poupou apre 24 èdtan

Bebe a dwe pipi oswa poupou pandan premye jou apre li fin fèt la. Si l pa fè sa, kapab se irèt li oswa entesten l ki bloke. Chèche asistans yon doktè tousuit.

Kò bebe a

MW Ch14 Page 256-1.png

Pwa

Tout bebe pa menm, men pifò bebe ki an sante peze ant 2.5 a 4 kilo (ant 5.5 a 9 liv).

Ou ka gen posibilite jwenn yon balans nan men responsab sante piblik la nan zòn ou an, oubyen w ka achte yon balans tankou sa yo peze pwason avè l la, oswa w ka fè youn tankou sa k. Men, ou pa bezwen yon balans pou w konnen pwa yon bebe ki nòmal. Chak fwa w kenbe yon bebe, panse ak konbyen li peze. Devine si bebe sa a peze plis oubyen mwens pase pifò lòt bebe, oswa si l menm avè yo. Konsa, w ap konnen lè yon bebe piti anpil ak lè l gwo anpil, menmsi w pa gen yon balans.

Bebe ki piti anpil
MW Ch14 Page 256-2.png

Bebe ki toupiti ki peze mwens pase 2.5 kilo (5.5 liv) gen plis chans pou yo trape enfeksyon, pou yo gen pwoblèm respirasyon, epi pou yo fè maladi lajonis. Tank li piti, se tank li pi an danje. Bebe ki piti ka gen pwoblèm pou yo tete e pou yo fè dijesyon. Gen bebe ki piti paske yo te fèt anvan lè, men gen lòt ki senpleman fèt toupiti.

Si gen yon sant sante nan zòn nan ki byen ekipe, li ka pi bon pou w mennen bebe ki piti anpil yo al pran swen ladan l. Men, si w ap bay yon bebe ki piti swen lakay, gen bagay ou ka fè pou w ede l rete an sante.

MW Ch14 Page 257-1.png
Sa pou w fè
  1. Kenbe bebe a cho. Pi bon fason pou chofe l se kole kò l ak kò manman l. Avèk sèlman yon kouchèt ak yon chapo sou li, foure l anndan rad manman an, kole ak kò l, nan mitan 2 tete l yo. Manman an dwe kite l kò ak kò konsa lajounen kou lannuit. Manman an ap oblije chanje bebe a pozisyon lè l ap ba l tete. Si manman an bezwen benyen, mete bebe a kole ak kò yon lòt moun jiskaske manman an tounen.

  2. MW Ch14 Page 257-2.png
  3. Bay bebe a tete. Lèt tete a bon pou tout bebe, men li pi enpòtan toujou pou bebe ki piti anpil. Lèt tete a pi fasil pou bebe a dijere, li pi byen nouri l, epi li pwoteje l kont maladi. Yon bebe ki piti gendwa pa ka manje anpil. Men, lè l rete kole ak kò manman an, sa ap pèmèt li tete pi souvan. Konsa, l ap ka manje ase.

    Si bebe a pa ka pran tete, manman an dwe prije lèt la ak men l. Manman an ap oblije bay pitit la lèt tete a avèk yon goblè oubyen yon kiyè ki pwòp jiskaske li gen ase fòs pou l pran tete a poukont li. Ba l lèt tete a otank li ka pran l. Fò l manje pou l ka vin pi gwo.

  4. Pandan premye semèn yo, vizite bebe a chak jou pou w ka veye si pa gen move siy. Asire w manman an ka rekonèt siy lajonis, pwoblèm respirasyon, ak enfeksyon. Si bebe a montre nenpòt move siy, mennen l kay doktè.


Sa k lakòz bebe yo piti
Tout bebe pa fèt ak menm gwosè; sa nòmal. Men, bebe ki piti ka gen plis pwoblèm pase bebe ki pi gwo.

Se pa pa aza yon bebe piti oswa l gwo. Jeneralman, manman ki manje ase epi ki jwenn bon swen pandan yo ansent, yo fè pitit ki pi gwo. Manman ki pa t jwenn ase manje ak swen pandan yo ansent, yo fè pitit ki pi piti.

MW Ch14 Page 257-3.png

Souvan, se manman sa yo ki fè pitit ki piti:

  • Manman ki pa t jwenn ase manje pandan yo ansent.
  • Manman ki te oblije travay di anpil pandan yo ansent.
  • Manman ki pa t jwenn yon bon varyete manje avèk bonjan swen sante pandan yo ansent.
  • Manman ki fimen sigarèt.
  • Manman ki te an kontak ak pestisid oswa pwodui chimik toksik pandan yo ansent.
  • Manman ki deja fè anpil pitit.
Note sa: Lè yon bebe toupiti, sa pa vle di akouchman an ap pi fasil. Anplis, bebe ki piti gen plis pwoblèm sante. Pou akouchman an ka pase pi byen, epi pou pitit la ka an sante, medam yo dwe manje ase.
MW Ch14 Page 258-1.png
Bebe a peze plis pase 4 kilogram (9 liv)

Siveye tout bebe ki gwo yo avèk atansyon pandan premye 2 jou yo. Si yo sanble yo fatige, yo fèb, oswa yo malad, yo ka pa gen ase sik nan san yo. Chèche èd nan men doktè.

Gen bebe ki fèt gwo paske manman yo te fè dyabèt. Bebe sa yo ka gen pwoblèm ak kantite sik ki nan san yo. Asire w yo tete ase souvan, e yo rete cho.

MW Ch14 Page 258-2.png
Peze bebe a nan yon balans (pèz)
MW Ch14 Page 258-3.png
Mete balans lan sou 0 oubyen pran pwa twal la.
MW Ch14 Page 258-4.png

Si w gen yon balans, ou ka konnen egzakteman konbyen yon bebe peze. (Gade konsènan kòman pou w fè yon balans.)

Si w gen yon balans ki kwoke, suiv etap sa yo:

  1. Mare yon moso twal nan balans lan.
  2. Ajiste balans lan pou zegui a rete sou zewo. Si balans lan pa gen yon bouton pou ajiste l, ekri konbyen twal la peze (nimewo kote zegui a rive lè w mare twal la).
  3. Mete bebe a toutouni nan twal la pou w ka peze l.
  4. Si w te ajiste zegui a sou zewo, kounye a l ap montre w pwa bebe a.

    Si pa t gen bouton pou w ajiste balans lan, ou dwe fè yon kalkil pou w retire pwa twal la pou w ka jwenn pwa bebe a.
Pa egzanp:
Bebe a aktout twal la peze 3.25 kilogram
Twal la poukont li peze - 0.25 kilogram
Sa vle di bebe a peze
MW Ch14 Page 258-5.png
  3.00 kilogram
MW Ch14 Page 258-6.png

Si w gen yon balans ki chita atè, suiv etap sa yo:

  1. Monte sou balans lan, pran pwa pa w la, epi ekri l.
  2. Desann sou balans lan.
  3. Remonte sou balans lan avèk bebe a nan men w. Fò l toutouni, san twal sou li. Ekri konbyen ou menm ak bebe a peze ansanm.
  4. Fè yon kalkil pou retire pwa pa w la nan pwa total ou te jwenn pou ou menm ansanm ak bebe a.
Pa egzanp:
Ou menm aktout bebe a peze 62 kilogram
Poukont ou, ou peze - 59 kilogram
Sa vle di bebe a peze MW Ch14 Page 258-7.png    3 kilogram

Longè

Si w gen yon santimèt, pran mezi bebe a, soti anwo tèt li pou rive anba talon pye l. Pifò bebe mezire ant 45 a 53 santimèt (18 a 21 pous). Bebe ki pi kout oswa pi long ka gen yon pwoblèm.

MW Ch14 Page 259-1.png

Tèt

Si w gen yon santimèt, mezire tèt bebe a, jis anwo zòrèy li yo. Gwosè nòmal tèt yon bebe se 35 santimèt (13 a 14 pous). Ekri gwosè tèt la nan dosye a. Si tèt la pi gwo oubyen pi piti, sa ka vle di bebe a malad oubyen li domaje.

Fòm tèt, liy kouti, ak fontanèl
the top of a baby's head, showing suture lines and 2 soft spots.
Kouti
Fontanèl (pati ki mou)

Zo tèt timoun ak granmoun solid, men zo tèt yon bebe ki fèk fèt gen 5 pati. Espas ki separe chak pati sa yo rele kouti (“suture”) oswa liy kouti. Epi, tèt bebe a gen 2 kote ki pi mou yo rele fontanèl.

Espas sa yo ki nan mitan zo tèt yo pèmèt diferan zo ki konpoze tèt la yo deplase lè akouchman an. Sa pèmèt tèt bebe a vin ratresi pou l ka pase nan vajen manman an.

Pafwa, zo tèt yo oblije monte youn sou lòt pou tèt bebe a ka soti. Yo rele sa panno. Lè tibebe a fèk fèt, tèt li ka soti pwenti oswa tou plat. Jeneralman, tèt la ap pran fòm nòmal li apre 1 a 3 jou. Men diferan fòm tèt ou ka wè lè yon bebe fèk fèt.

illustration of the below: 4 head shapes at birth.

Panno se yon bagay ki nòmal.

Touche liy kouti yo byen dousman ak dwèt ou. Liy kouti sou devan an dwe rive toupre oswa anwo fontenn nan. Gade si liy kouti yo gen yon gwosè nòmal oswa si yo twò laj. Epi, touche fontanèl yo, kote ki dwe mou. Èske yo mou, oswa èske yo gonfle byen rèd? Pa peze pati mou yo, ou ka fè bebe a mal.

MW Ch14 Page 259-4.png
MW Ch14 Page 259-5.png
Liy kouti ak fontanèl ki nòmal. Sa pa nòmal. Li ka gen idwosefali.

Si liy kouti yo twò laj, si liy kouti sou devan an desann rive nan mitan fwon an, oswa si fontanèl yo rèd oswa yo gonfle, bebe a ka gen idwosefali (dlo nan sèvo). Idwosefali ka lakòz domaj ki bay bebe a pwoblèm nan sèvo, difikilte pou l aprann, oswa lòt gwo pwoblèm. Si pa gen kote ki mou, sa ka bay pwoblèm tou pandan tèt li ap grandi. Nan toude ka yo, chèche konsèy nan men doktè.

Kapit ak ematom

Gen bebe ki fèt ak yon anflamasyon nan tèt kote ki te peze sou kòl matris la pandan tranche ak akouchman an. Yo rele anflamasyon sa a kapit. Nòmalman, yon kaput kwaze sou yon liy kouti. L ap disparèt apre 1 ou 2 jou.

MW Ch14 Page 260-1.png
MW Ch14 Page 260-2.png
Li nòmal: kapit la kwaze ak liy kouti a. Li pa nòmal: se yon ematom


Men, si w wè tèt bebe a anfle kote ki pa kwaze ak yon liy kouti, se kapab yon ematom. Sa vle di akouchman an te difisil pou bebe a. Ematom ka bay bebe a lajonis lè li kòmanse refè. Si w jwenn yon ematom, verifye bebe a chak jou pou wè si l bay siy lajonis, jiskaske ematom nan fin disparèt. Si sa posib, chèche èd nan men doktè.

Zòrèy

MW Ch14 Page 260-3.png
MW Ch14 Page 260-4.png
Li nòmal pou zòrèy yo pi wo pase je yo. Si zòrèy yo pi pa pase je yo sa ka endike gen yon pwoblèm.

Pou w ka egzamine zòrèy bebe a, gade l toudwat nan figi. Imajine yon liy dwat ki travèse sou 2 je l. Chak zòrèy ta dwe gen yon pati ki rete sou anwo liy sa a.

Si zòrèy bebe a pi ba liy nan oswa si gen youn ki pi wo pase lòt la, bebe a gendwa gen lòt pwoblèm anndan. Si zòrèy bebe a ba, siveye l ak anpil atansyon. Si 2 zòrèy yo anba liy nan, li ka gen pwoblèm nan ren; li dwe wè yon doktè.

Pou w ka wè si bebe a tande byen, bat men w tou dousman bò zòrèy li. Pifò bebe ap fè mouvman lè yo tande yon bri. Si bebe a sanble li pa ka tande, fè l wè yon doktè.

MW Ch14 Page 260-5.png
Yon ti san nan blan je a nòmal.

Je

Gade 2 je bebe a. Gade si yo nòmal epi si yo ap fè mouvman ansanm. Se pa yon pwoblèm si w wè yon ti mak san anba kote ki gen koulè blanch nan je a. San sa a ta dwe disparèt nan kèk jou.

MW Ch14 Page 260-6.png
Mete remèd nan je bebe a pou l pa avèg

Si yon manman gen enfeksyon klamidya oswa gonore, li ka bay bebe a maladi a pandan akouchman an. Enfeksyon an ka antre nan je bebe a, epi sa ka rann li avèg. Gen anpil anpil fi ki gen klamidya ak gonore san yo pa konnen. Amwenske manman an te fè egzamen ki di li pa gen maladi sa yo, ou dwe mete remèd nan je bebe a pou l pa avèg.

Pou anpeche bebe a vin avèg
MW Ch14 Page 261-1.png
MW Ch14 Page 261-2.png
  • Mete yon liy “erythromycin” 0.5% a 1%, nan chak je bebe a, nan 2 premye èdtan apre akouchman an.
oswa
  • Mete youn liy remèd je “tetracycline” 1%, nan chak je bebe a, nan 2 premye èdtan apre akouchman an.
oswa
  • Mete gout 2.5% “povidone-iodine”, nan chak je bebe a, nan 2 premye èdtan apre akouchman an.
Gen kèk kote yo sèvi ak nitrat dajan (“silver nitrate”) (oswa lòt kalite remèd je ‘ajan’) nan je bebe. Medikaman sa yo anpeche gonore fè bebe a avèg, men yo pa anpeche klamidya fè l avèg. Epitou, nitrat dajan irite je bebe a pou plizyè jou. Si w ka jwenn “erythromycin” oswa “tetracycline” pou je, sèvi avè yo pito. Men, ititlize nitrat dajan si se li sèlman w genyen.


MW Ch14 Page 261-3.png

Nen ak bouch

Premyèman, gade si bebe a ka respire nan nen l san pwoblèm. Sinon, eseye itilize aspiratè.

Apre sa, pase men w sou figi l. Li ta dwe vire figi l sou bò kote men w ye a. Yo rele sa reflèks rasin. Mete yon dwèt ki byen pwòp anndan bouch bebe a. Li dwe souse dwèt ou. Si li pa gen reflèks rasin nan, epi li pa souse dwèt ou, li gendwa fèb oubyen malad. Li dwe wè yon doktè.

MW Ch14 Page 261-4.png
MW Ch14 Page 261-5.png
Po bouch fann Plafon bouch fann
Bebe ki gen po bouch yo fann oswa plafon bouch yo fann

Po bouch fann se lè lèv anwo bouch bebe a gen yon fant oswa yon dekoupe, souvan rive nan nen l. Plafon bouch fann oswa palè bouch fann se lè anwo (palè) bouch bebe a fann pa anndan. Pwoblèm sa yo ka rezoud avèk yon operasyon lè bebe a pi gran. Souvan po bouch fann nan ka repare lè bebe a gen ant 4 a 6 mwa. Yo konn repare plafon bouch fann nan lè bebe a gen 1 an èdmi.

Bebe ki gen po bouch fann oswa plafon bouch fann ka bezwen èd pou yo pran tete. Pou bebe ki gen po bouch fann, pwent tete a dwe antre byen fon nan bouch li pou tete a ka bouche fant lan. Si malgre sa gen yon espas vid ki rete, manman an ka bouche l ak dwèt li.

MW Ch14 Page 261-6.png

Pou bebe ki gen plafon bouch fann, tete a dwe antre nan bouch bebe a byen fon, jiskaske li pa ka antre ankò. Mete pwent tete a sou kote fant lan. Lè bebe a ap bwè, li dwe mete tèt li anwo pou lèt ka pa antre nan nen l. Si l pa ka pran tete, manman an mèt tire lèt la ak men l, epi bay bebe a lèt la ak yon kiyè ki byen pwòp.

Bebe ki gen po bouch fann oswa plafon bouch fann ka gen plis enfeksyon nan zòrèy ak lòt kalite pwoblèm sante pandan y ap grandi. Ou dwe fè manman an konnen sa. Epitou, bebe ki gen po bouch fann ka sanble yon jan dwòl, e gen paran ki santi yo deranje lè yo fèk wè pitit yo a konsa. Li enpòtan pou ou koute jan paran sa yo santi yo, epi w dwe fè yo sonje jan pitit yo a se yon bèl timoun.

Kou

Verifye si kou a anfle ak si l gen boul. Epi, tèt pitit la dwe ka fè mouvman san pwoblèm. Si w wè li gen yon pwoblèm, chèche konsèy nan men doktè.

Lestomak

Respirasyon

Gade bebe a pandan l ap respire. Si lè l pran souf, li rale po ki bouche espas ant zo kot yo antre, oubyen li rale po ki anba zo kot yo antre, sa vle di li gen yon pwoblèm respirasyon.

Koute respirasyon l. Itilize yon estetoskòp oubyen yon fetoskòp si w genyen. Sinon, itilize zòrèy w. Ou dwe ka tande son respirasyon an toude bò lestomak pitit la, ni toude bò do li. Si w pa tande son respirasyon toude bò, youn nan poumon l yo gendwa pa fonksyone. Mennen l kay doktè tousuit.

Konte konbyen fwa l respire, lè l poze, li pap tete, li pap kriye. Si l pran plis pase 60 souf pa minit, li ka gen yon efeksyon ki mande asistans medikal.

MW Ch14 Page 262-1.png
Son kè

Si w gen yon estetoskòp oswa yon fetoskòp, sèvi avè l pou w ka koute son kè bebe a tou.

Li difisil pou yon moun esplike nan yon liv ki son kè yon moun bay. Si sa posib, li t ap bon pou yon moun aprann ou ki kalite son yon kè ki nòmal dwe bay. Men, ou dwe koute son kè bebe a menmsi w pa gen antrènman. Avèk letan w ap aprann ki son kè ki nòmal yo genyen, epi w ap ka remake ki son ki pa nòmal. Si son an pa nòmal, chèche èd nan men doktè.

Zepòl, ponyèt, ak men

Gade men ak ponyèt bebe a. Èske yo sanble yo nòmal?

Èske pitit la fè mouvman avèk yo san pwoblèm? Pafwa zepòl, zo salyè, oswa ponyèt bebe a kase pandan akouchman an. Manyen yo pou wè si pa gen kèk boul dwòl oswa kèk kote ki kase. Yon bebe ki gen zo kase ka kriye akoz doulè a, konsa tou li ka pa kriye. Jeneralman, domaj ki pa grav ap geri poukont yo, men si sa posib, chèche èd nan men doktè. Vlope yon twal nan ponyèt la yon fason pou l ret kole devan l san l pa bouje, yon fason pou l pa vin pi grav pandan w al chèche swen avè l.

Vant

MW Ch14 Page 263-1.png

Gade vant li. Èske w wè l nòmal? Ki sa k rive po ki toutotou kòd lonbrik la lè bebe a kriye? Si bagay ki anndan vant bebe a pouse po kò li deyò, sa vle di mis ki nan vant li yo pa konekte. Yo rele sa èni nan lonbrik. Chèche konsèy nan men doktè.

Apre sa, manyen vant li. Lè bebe a pap kriye, vant lan dwe mou. Verifye si gen boul, kis (ti sak won ki gen dlo), oswa lòt fòm dwòl anba po a. Si w jwenn kèk bagay ki pa nòmal, chèche konsèy nan men doktè.

Note sa: Kòd lonbrik ki fèk fin koupe ka vin enfekte. Pou anpeche enfeksyon, kenbe l pwòp e sèch. Toujou lave men w anvan w manyen lonbrik la, epi pa kouvri l, ni pa mete anyen sou li. Verifye si lonbrik la sispann senyen. Si l kontinye senyen, klanpse l oswa mare l ankò.

Pati jenital ak twou dèyè

Gade pati jenital bebe a. Pati jenital tout bebe sanble yo anfle lè yo fèk fèt. Si bebe a te fèt nan pozisyon chita, pati jenital li ka pi anfle toujou.

Asire w twou dèyè li se yon twou toutbon, li pa kouvri avèk po. Si bebe a gentan poupou, ou deja konnen pati sa ap fonksyone korèkteman. Si bebe a pa gen twou dèyè, oswa si l bouche, chèche èd yon doktè san pèdi tan.

Pou tigason

Dabò, gade sak testikil li, ki anba peni l. Yo rele sak sa “skwotòm” nan. Anndan skwotòm nan gen 2 boul ki fèm e ki swa, ki rele testikil. Se yo ki pral fè espèm nan lè l pi gran. Pandan gwosès la, testikil yo fòme anndan vant bebe a, men jeneralman yo desann nan skwotòm nan anvan akouchman an. Ou sipoze ka santi testikil yo lè w touche skwotòm nan epi w sipoze ka deplase yo ak dwèt ou.

MW Ch14 Page 263-2.png
Manyen testikil yo.
peni
skwotòm
the scrotum, showing the 2 oval-shaped testicles inside.
Si w te ka wè anndan skwotòm nan, men ki jan w t ap wè testikil yo.

Si w pa ka jwenn youn oubyen 2 nan testikil yo, mande paran l pou yo verifye ankò nan yon mwa konsa. Si testikil yo poko desann toujou, chèche konsèy nan men doktè.

Apre sa, verifye si twou ki nan tèt peni a nan plas nòmal li. Si peni a pa sanble li nòmal, chèche konsèy nan men doktè.

Sikonsizyon gason

Sikonsizyon se yon operasyon pou retire po (prepis) ki sou tèt peni a. Pafwa yo sikonsi tigason kou yo fèt, pafwa se kèk mwa apre. Yo konn tann yo vin jèn gason anvan yo sikonsi yo. Gen gason ki pa sikonsi ditou.

MW Ch14 Page 264-1.png
MW Ch14 Page 264-2.png
Peni ki pa sikonsi Peni ki sikonsi

Sikonsizyon se yon bagay ki enpòtan nan anpil kilti ak relijyon. Li pa yon bagay ki enpòtan pou rezon medikal, men petèt li ka bay gason an yon ti pwoteksyon kont maladi moun konn pran nan fè sèks. Pou yon bebe, li ka ede anpeche enfeksyon nan vesi ak ren. Risk sikonsizyon pote yo se enfeksyon, senyen, domaj nan peni, peni a vin mwens sansib, epi doulè ak strès pou bebe a. Se sèlman yon moun ki gen bon fòmasyon e ki gen zouti esterilize ki ka sikonsi yon bebe.

Paran ki gen bebe ki pa sikonsi dwe lave peni li menm jan yo fè pou rès kò l. Yo pa dwe rale po a desann peni a pou yo lave anba l jiskaske po a desann fasil, jeneralman apre kèk ane.

a girl's genitals, with parts labeled.
Ti lèv
Klitoris
Gwo lèv
Pou yon tifi

Verifye si pati jenital yon tifi gen toude kalite "lèv" yo: youn sou deyò ak lòt la anndan. Epi li dwe gen yon ti twou ki antre nan vajen l. Si l pa gen yon ti twou, li ka bezwen fe yon operasyon. Li dwe al kay doktè tousuit. Esplike paran yo li nòmal pou tifi gen yon ti kantite san ki soti nan vajen l pandan youn oswa 2 jou apre li fin fèt.

Ranch ak janm

a baby with a dislocated hip.

Premyèman, gade ranch bebe a. Konpare 2 janm yo. Si youn nan ranch yo dejwente, men sa w ka wè sou bò sa a:

  • Anwo janm nan kouvri yon pati nan kò l.
  • Po li pa gen menm kantite pli ak lòt janm nan.
  • Janm nan ka sanble li pi kout, oswa li ka vire sou yon bò.
Kenbe 2 janm yo konsa, avèk jenou yo pliye:
MW Ch14 Page 265-1.png
Apresa, ouvri yo laj konsa:
MW Ch14 Page 265-2.png
klik
Si w santi oubyen w tande yon bri ki fè klik, ranch lan dejwente.

Si gen yon “klik” lè w fè mouvman ak ranch bebe a, chèche konsèy nan men doktè.


Kòman pou ede yon ranch ki dejwente
Paran yo dwe kenbe jenou bebe a byen wo e tou ouvri. Yo ka:

Mete plizyè kouchèt sou li. Kouche bebe a sou vant avèk janm li tou ouvri. Yo ka pote bebe a konsa:
MW Ch14 Page 265-3.png
MW Ch14 Page 265-4.png
a baby with legs wide open in a sling on a woman's hip.

Epitou, chèche batman kè bebe a kote janm li kontre ak pati jenital li a. Ou ka bezwen yon moun ki abil montre w. Si yon moun ki abil pa ka jwenn batman kè a, bebe a gendwa pa gen bonjan sikilasyon san nan janm li. Chèche konsèy nan men doktè.

a baby with 1 foot turned inward.
Pye kounan

Pye

Gade pye bebe a. Si youn nan pye yo vire sou anndan epi li pa ka tounen dwat, li gendwa gen pye kounan (kanbre). Anpil fwa, li ka ranje avèk yon aparèy si yo fè sa kèk jou apre akouchman an. Liv ki rele “Disabled Village Children” (“Timoun Vilaj ki Andikape”) gen plis enfòmasyon sou kòman pou w trete pye ki kounan.

Do

Vire bebe a sou do epi gade kolòn vètebral li a. Gade si l gen fon, maleng, kis, timè (chè anplis), oswa touf cheve.

MW Ch14 Page 265-7.png

Pase men w desann kolòn vètebral bebe a pou w ka santi douk zo yo. Ēske w santi gen yon espas ki plat nan kolòn vètebral la? Ēske gen twou nan po l anba kolòn nan kote dèyè bebe a kòmanse a?

Si w wè li gen fon, maleng, timè, oswa touf cheve, chèche konsèy nan men doktè.

Po

Gade po bebe a byen. Gen bebe ki gen mak sou po yo. Pa egzanp, li ka gen gwo tras nwa anba do l oswa sou dèyè l. Gen lòt bebe ki gen tras wouj nan figi yo. Mak sa yo pa yon pwoblèm. Lòt mak, tankou ti gratèl wouj, kapab se siy enfeksyon. Si w pa sèten, mande yon doktè konsèy.

Koulè

Bebe a ta dwe pran koulè nòmal li kèk èdtan apre akouchman an.

MW Ch14 Page 266-1.png

Si bebe a rete tou ble

  • Si men l ak pye l rete tou ble, men, bebe a cho, sa pa sipoze yon pwoblèm. Gen bebe ki rete ak men ak pye yo tou ble pou youn oubyen 2 jou apre yo fin fèt.
MW Ch14 Page 266-2.png
  • Si po bouch bebe a oswa figi l rete tou ble inèdtan apre akouchman an, li ka gen yon pwoblèm nan kè l oswa nan poumon l. Li ka bezwen oksijèn. Mete l kò ak kò sou manman l pou l ka rete cho epi ale lopital avè l imedyatman.

Si bebe a gen koulè jòn
Si bebe a gen koulè jòn mwens pase yon jou ak yon nuit apre li fin fèt, li ka gen lajonis oswa enfeksyon. Chèche èd nan men doktè.

Si bebe a gen koulè blèm
Yon bebe ki gen koulè blèm epi ki kagou ka fè anemi oswa li ka gen lòt pwoblèm. Chèche èd nan men doktè imedyatman.

Si bebe a wouj anpil
Yon bebe ki wouj anpil pa vle di li gen pwoblèm pou sa. Kontinye suiv li pou yon semèn pou wè si li bay siy lajonis. Chèche èd nan men doktè rapid si bebe a vin gen koulè jòn, si li kòmanse respire vit, oswa si l gen pwoblèm pou l pran tete.

Bebe ki fèt ak defòmasyon

Lè w gade yon bebe soti nan tèt rive nan pye, ou gendwa wè siy ki montre li gen yon maladi oswa yon andikap. Oubyen tou, ou ka wè li yon jan diferan parapò ak lòt bebe. Diferans oswa domaj sa yo rele defòmasyon. Gen defòmasyon ki piti, e yo pa danjere, tankou po bouch fann. Men gen lòt defòmasyon ki grav e ki danjere, tankou yon gwo fon nan kolòn vètebral la (li ka gen yon maladi ki rele bentik kolòn vètebral la, oubyen “spina bifida”). Si w wè nenpòt bagay ki pa nòmal, chèche èd nan men doktè.

Si bebe a gen yon defòmasyon, paran yo ka aksepte sa san pwoblèm, konsa tou yo ka pa aksepte l. Gen paran ki panse se movèzespri oubyen lòt moun ki fè pitit la domaje. Gen lòt paran ki tris paske pitit yo a pa jan yo te espere a, oswa paske li pa menm jan ak lòt timoun yo. Yo ka santi yo pap gen ase kouraj pou yo bay timoun ki domaje a tout asistans l ap bezwen. Souvan, paran timoun ki domaje yo bezwen plis soutyen.

MW Ch14 Page 266-3.png

Ede paran yo:

  1. Jwenn bonjan swen sante pou timoun nan.
  2. Aprann konnen ki bezwen espesyal timoun nan genyen.
  3. Aprann konnen ki bagay timoun nan ka fè byen. Pa egzanp, yon timoun ki pa ka mache paske janm li yo pa t fòme byen ka gen anpil fòs nan ponyèt li ak nan men l k ap pèmèt li fè anpil bagay. Menm timoun sa a gendwa entelijan anpil tou, e l ap ka fè gwo bagay ak lespri l.


Gen anpil bon liv ki ekri pou paran ak lòt moun k ap pran swen timoun andikape. Men kèk liv Hesperian Foundation fè: “Disabled Village Children” (Timoun Vilaj ki Andikape), “Helping Children Who Are Blind” (Ki Jan Pou Ede Timoun Ki Avèg), ak “Helping Children Who Are Deaf” (Ki Jan Pou Ede Timoun Ki Soud).

Vaksen yo bay lè akouchman an

Vaksen pou epatit B se yon maladi grav ki lakòz maladi nan fwa ki touye moun. Yon manman ki enfekte ak epatit B ka pase l bay pitit li pandan akouchman an. Apre sa, maladi a ka pwopaje ankò pa mwayen san ak lòt likid nan kò moun, menm jan ak VIH/SIDA. Vaksen an trèzefikas pou anpeche bebe a pran l. Yo dwe bay premye 3 (pafwa 4) piki yo lè akouchman an pou yo ka pi efikas.

MW Ch14 Page 267-1.png


Vaksen BCG Gen zòn ki gen anpil ka tibèkilòz (TB) kote tout bebe ki fèk fèt resevwa yon vaksen ki rele BCG yon fason pou yo pa pran yon fòm tibèkilòz ki grav anpil. Gen lòt kote yo bay bebe a vaksen sa a sèlman si manman l fè tibèkilòz. Se pa toutan vaksen BCG a bay bon rezilta; se sa k fè menmsi yon moun te vaksine, li dwe toujou fè atansyon pou l pa ekspoze ak maladi a. Ou pa dwe bay yon pitit vaksen BCG si li gen VIH oubyen si l bay siy li gen yon lòt maladi.

Si w pa bay bebe a vaksen an, ou menm, fè manman an sonje anvan yon mwa li dwe al vaksine bebe a nan sant sante ki pi pre a. Pou w jwenn yon lis tout vaksen timoun bezwen, gade liv Kote Ki Pa Gen Doktè, paj 147.


Fè netwayaj epi reponn kesyon fanmi an genyen yo

Netwaye kote akouchman an te fèt la. Ou dwe retire tout bagay ki gen san, tankou plasenta a, pou yo pa pwopaje mikwòb. Gade wè kòman pou w jete zouti ak dechè.

Anvan w ale, asire w paran yo jwenn repons pou tout kesyon yo genyen yo.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024