Hesperian Health Guides

Chapit 18: Maladi moun pran nan fè sèks (MPS)

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 18: Maladi moun pran nan fè sèks

Nan chapit sa:

Ki sa maladi moun pran nan fè sèks yo ye?

MW Ch18 Page 321-1.png

Maladi moun pran nan fè sèks (MPS) se maladi ak enfeksyon yon moun pran nan men yon lòt pandan y ap fè sèks. Gason, fi, ak pitit yo, yo tout ka pran enfeksyon sa yo. MPS moun trape pi souvan se gonore, klamidya, trikomonas, sifilis, chank mou, èpès, epatit B, ak VIH/SIDA.

Si yon moun gen nenpòt nan siy sa yo, li gendwa gen yon MPS:

  • Ekoulman ki gen move sant
  • Gratèl nan pati jenital
  • Doulè nan pati jenital
  • Maleng oswa blad dlo sou pati jenital
  • Doulè nan basen oswa doulè pandan l ap fè sèks

Souvan tou, yon moun ka gen yon MPS san l pa gen okenn siy ditou. Gen anpil gason kou fi ki gen yon MPS san yo pan menm konnen.

MW Ch18 Page 321-2.png

MPS ki pa trete yo ka lakòz pwoblèm grav, e poutèt sa nenpòt moun ki gen yon MPS dwe chèche tretman san pèdi tan. Yon fi ki gen yon MPS ki pa trete ka fè yon gwosès nan twonp, kansè nan kòl matris la, oswa li ka vin pa fètil. Si yon fanm ansent gen yon MPS ki pa trete, sa ka fè pitit li fèt anvan lè, li twò piti, li avèg, li malad, oswa li mouri. Yon moun ki gen yon MPS ka trape yon lòt fasilman, tankou VIH.

Chapit sa a pale sou MPS moun konn pran pi souvan yo, epi li esplike ki jan pou trete yo e ki jan pou evite yo. Apre sa, li pale sou kèk lòt kalite enfeksyon nan pati jenital moun gen souvan men moun pa pran yo nan fè sèks.

Kòman moun pran maladi nan fè sèks

Pou yon moun pran yon MPS, moun nan dwe gen kontak kole avèk yon moun ki deja enfekte. Kontak la kapab se relasyon seksyèl (kote peni gason an antre anndan vajen fi a), sèks nan dèyè (peni a antre nan twou dèyè lòt moun nan), oswa pafwa sèks nan bouch (bouch sou ògàn seksyèl la oswa nan twou dèyè a). Moun ka pran MPS menm lè l jis fwote peni l oswa vajen l sou peni oubyen vajen yon lòt moun ki enfekte. Gen anpil moun ki pran MPS nan men moun ki pa menm gen okenn siy ki montre yo enfekte.

Yon moun ka evite MPS yo si l pa fè sèks ak moun ki enfekte. Moun ka evite anpil MPS tou lè yo sèvi ak kapòt.Aprann plis sou ki jan pou w evite HIV ak lòt MPS.

Menm tibebe ka enfekte ak MPS atravè san manman yo pandan gwosès la oswa pandan akouchman an lè l ap pase nan vajen manman yo.

Tretman pou maladi moun pran nan fè sèks

Pifò MPS ap fè mye oswa y ap geri si moun ki pran enfeksyon an chèche tretman tousuit. Men, gen anpil fi ki pa jwenn tretman. Yon fi gendwa pa gen mwayen pou peye tretman. Li ka santi l jennen oswa l wont. Li ka pè pou mari l pa panse li te gen yon lòt nèg sou kote.

Pou tout rezon sa yo, fason w pran swen yon fi ki trape yon MPS trèzenpòtan. Si yon fi vin jwenn ou pou w ede l, pa rakonte koze l bay pèsonn lòt moun. Sinon, li ka pa vin kote w lè l bezwen èd ankò. Pa kritike l. Fè tout efò w pou w reponn tout kesyon l yo, e fè sa avèk franchiz. Si w pa ka trete enfeksyon l lan, ede l jwenn swen nan zòn nan ki pa twò chè.

a man and woman speaking as they walk toward a door labeled health clinic.
Mwen pa vle al nan sant lan.
Men, si se pa nou toude ki trete, n ap enfekte ankò.
Sonje sa:
  • Trete MPS pi vit posib. Lè yon MPS trete bonè, li koute mwens kòb epi sa bay pi bon rezilta pase si w tann pita.
  • Bay mari a tretman tou. Si w trete yon fi ki enfekte, alòske mari l toujou enfekte, se lave men siye atè.
  • Asire w fi a pran tout medikaman yo preskri l la. Menmsi siy enfeksyon yo disparèt, malad la dwe pran tout medikaman yo pou enfeksyon an ka fin trete nèt.


Note sa: Tout medikaman nou sijere nan chapit sa se remèd moun ka pran san kè sote pandan gwosès la oswa pandan l ap bay tete, sof si nou mete yon avètisman ki di remèd la gen danje. Fi ki pa ansent oswa ki pa gen pitit nan tete gendwa pran lòt medikaman ki pi efikas toujou. Gade liv ki rele Kote Fanm Pa Jwenn Doktè oswa pale avèk yon famasyen pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou lòt medikaman.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024