Hesperian Health Guides

Siy fanmsaj la dwe verifye pandan premye etap la

Nan chapit sa:

Lè w fèk rive nan yon akouchman, oubyen lè manman an vin jwenn ou, ou dwe verifye kèk bon siy ak move siy, ni pou manman an, ni pou bebe a. Gen kèk siy ou ka bezwen verifye yon sèl fwa, tankou pozisyon bebe a. Gen kèk lòt siy w ap bezwen verifye plizyè fwa, epi youn plis pase lòt.

Si w konnen kòman pou w fè egzamen vajinal, ou ka anvi fè l pou chèche konnen nan ki nivo tranche a ye. Men, sonje chak fwa ou mete dwèt ou (oswa nenpòt lòt bagay) anndan vajen fi a, gen plis risk pou l trape enfeksyon. Chèche lòt fason pou konnen nan ki nivo tranche a ye.

Siy pou verifye pandan premye etap la
  • Pozisyon bebe a . . .
premye fwa w wè manman an gen tranche
  • Batman kè bebe a . . .
chak 1 èdtan
Ht MW Ch11 Page 170-3.png
  • Batman kè manman an . . .
chak 4 èdtan
  • Tanperati manman an . . .
chak 4 èdtan
  • Tansyon manman an . . .
chak 1 èdtan
Verifye tout siy sa yo pi souvan si gen move siy. Depi w kapab, ekri rezilta ou jwenn yo chak fwa w fin verfiye yo.

Pozisyon bebe a

Li saj pou w verifye nan ki pozisyon bebe a ye depi nan kòmansman tranche a.

Lè w verifye nan ki pozisyon bebe a ye, sa fè w konnen:

  • Si bebe a chavire tèt anba, epi ki kote li bay fas li.
  • Si bebe a desann nan basen manman an.

Èske bebe a chavire tèt anba? Ki kote l bay fas li?

Pifò bebe yo chavire tèt anba, e yo bay fas swa dèyè manman an swa sou kote l. Pozisyon sa a pi bon pou bebe a, paske dèyè tèt li peze sou kòl matris la e sa ede tranche a vin pi cho.

Si bebe a bay fas sou kote manman an oswa dèyè l, jeneralman manman an santi doulè a devan.
MW Ch11 Page 171-1.png
MW Ch11 Page 171-2.png
Si bebe a bay fas sou devan manman an, manman an ka santi doulè a nan tay li.

Si bebe a tèt anba, men li bay fas li devan vant manman an, tranche a ka pi long. Men nòmalman, bebe ki nan pozisyon sa a konn fèt san pwoblèm.

Si bebe a pa chavire tèt anba, gade Bebe a nan yon move pozisyon.

Èske bebe a desann nan basen manman an?

a baby with the head above the mother's pelvis.
a baby with the head in the mother's pelvis.
Bebe sa a wo toujou. Bebe sa a anba, nan direksyon pasaj la.

Pandan prèske tout gwosès la, bebe a rete anlè sou basen manman an. Ta nan gwosès la oubyen nan kòmansman tranche a, tèt li sipoze kòmanse desann nan basen manman an. Lè sa rive, yo di tèt la nan direksyon pasaj la. Lè tèt bebe a nan direksyon pasaj la, se yon bon siy, paske jeneralman sa vle di bebe a ap ka pase nan basen manman an.



Verifye si bebe a pran direksyon pasaj la nan basen manman an oswa si l toujou nan vant manman an:

1. Chèche zo basen manman an (yon ti kras anba plim li yo). 2. Chèche tèt bebe a. Si w santi gen yon koub ki kòmanse anwo zo basen an, sa vle di tèt li pa nan direksyon pasaj la. 3. Si sou kote tèt bebe a ale tou dwat epi w pa santi koub anwo tèt la, li pwobab pou tèt li nan direksyon pasaj la.
MW Ch11 Page 171-5.png
MW Ch11 Page 171-6.png
MW Ch11 Page 171-7.png


Si tranche a cho, men tèt bebe a toujou twò wo, basen manman an gendwa twò piti oswa tèt bebe a ka nan move pozisyon. Veye si gen pwogrè, sitou si se premye pitit manman an epi tèt la pa nan direksyon pasaj la (gade w jwenn rezon ki ka lakòz yon bebe pa ka pase nan basen manman an). Si manman an pase likid pandan tèt bebe a toujou twò wo, kòd lonbrik la ka desann devan tèt bebe a (lè sa a yo di kòd lonbrik la pase antravè). Sa se yon gwo danje pou bebe a.

Batman kè bebe a

Koute batman kè bebe a yon fwa chak inèdtan pandan tranche a, oswa pi souvan si gen yon pwoblèm. Gade Egzamine bebe a pou aprann ki jan pou w kontwole batman kè bebe ki nan vant.

Lè ki pi bon pou w koute batman kè bebe a se toutsuit apre yon kontraksyon fin pase. Lè w koute batman kè bebe a, sa pèmèt ou jwenn enfòmasyon sou pozisyon l ak sou sante l.

Note sa: Si w pa ka tande batman kè bebe a pandan yon kontraksyon, jeneralman sa pa vle di kè l rete. Sa senpleman vle di po matris la vin pi pwès pandan kontraksyon an, konsa li pi difisil pou w tande batman kè a. Oubyen tou, sa ka vle di kontraksyon an deplase bebe a pi lwen zòrèy ou. Si w ka tande batman kè bebe a tousuit apre yon kontraksyon epi li nòmal, li pwobab li te nòmal pandan kontraksyon an tou.

Pozisyon bebe a

Lè w chèche kote kè bebe a bat pi fò, sa ede w konnen si li tèt anba, si l nan pozisyon chita, oswa si l kouche.

Sante bebe a

Jeneralman, kè bebe bat ant 120 a 160 fwa pa minit pandan tranche. Kè a ka akselere oubyen ralanti. Gen kèk fwa, kè a ka menm bat jiska 180 fwa pa minit oswa desann jiska 100 fwa pa minit. Si l ta plis pase 180 oswa mwens pase 100, li dwe retounen nan nòmal li nan fen kontraksyon an oubyen si manman an chanje pozisyon.

Kè bebe a bat mwens pase 100 fwa pa minit oswa plis pase 180 fwa pa minit.

Kè bebe a bat dousman: mwens pase 100 fwa pa minit, oswa mwens pase 120 fwa pa minit pandan plizyè minit.

Bagay sa yo ka lakòz kè bebe a bat mwens pase 100 fwa pa minit:

  • Kòd lonbrik la kout anpil oswa gen yon bagay k ap peze l.
  • Bebe a pa an sante.
  • Pa gen ase dlo nan matris la.
  • Plasenta a pa fonksyone byen, petèt paske tansyon manman an wo oswa bebe a vin anreta.
  • Plasenta a kòmanse separe ak matris la.
  • Kontraksyon yo twò fò. (Sa pa rive souvan nan tranche nòmal yo. Men, lè yo bay yon fi medikaman pou fòse tranche a, li fasil pou kontraksyon yo vini twò fò).


Si w remake kè bebe a bat dousman apre yon kontraksyon, ansuit li retounen nan nòmal li, bebe a ka gen pwoblèm. Nan ka sa a, koute plizyè kontraksyon youn apre lòt. Si batman kè bebe a nòmal apre plizyè lòt kontraksyon, li pwobab bebe a anfòm. Mande manman an pou l chanje pozisyon pou l ka pa peze twòp sou kòd lonbrik la. Apre sa, koute ankò pou wè si chanjman an ede l, epi kontinye kontwole batman kè bebe a souvan pandan rès tranche a pou w konnen si l bese ankò.

a woman in labor speaking and a midwife thinking; then the midwife speaks.
Konstraksyon an kòmanse.
O! Li tèlman fò kounye a! O! A!
Batman kè bebe a nòmal. Apeprè 2 fwa pa m nan.
Aaaa! Kounye l pase.
Kounye a batman kè a ralanti anpil.
Hmmm… B tman kè bebe a toujou lan. Sa ka yon move siy.
Kè bebe a te bat dousman pandan yon ti tan apre kontraksyon sa a. Mw en ta renmen koute l pandan lòt kontraksyon yo pou wè si sa rive ankò.



Si kè bebe a bat mwens pase 100 fwa pa minit, epi l konsa jiskaske yon lòt kontraksyon kòmanse, oubyen jiskaske yon lòt kontraksyon prèske kòmanse, bebe a an danje. Gen danje sitou si gen lòt move siy tou, tankou si fi a ap bay dlo vèt oswa tranche a long. Bebe a ka fèt ak anpil feblès oswa sèvo l ka domaje.

MW Ch11 Page 173-2.png

Ou dwe reflechi ak ki distans ou ye parapò ak yon lopital, epi nan konbyen tan w panse manman an pral fin akouche. Si lè akouchman an prèske rive epi manman an prèt pou l pouse, li ka pi bon pou l rete lakay epi akouche pitit la byen vit. Sinon, mennen manman an lopital pou l ka jwenn asistans medikal.

Mete manman an nan pozisyon sou jenou l, avèk tèt li atè a, epi tay li anlè. Pozisyon sa a ka ede bebe a jwenn plis san ak oksijèn.

Si w kapab, li ka bon pou w bay manman an oksijèn.

an oxygen tank.
  • Bay 8-10 lit (L) oksijèn pa minit


Kè bebe a bat vit: plis pase 180 fwa pa minit
Bagay sa yo ka fè kè bebe a akselere rive bat plis pase 180 fwa pa minit:


Si kè bebe a kontinye bat twò vit pandan 20 minit (oswa pandan 5 kontraksyon), mennen l lopital.

a pregnant woman holding a pad and speaking with a midwife.
Men sa k te nan souvètman m.
Sa a pa pran sant pipi - li se pwobableman dlo!

Pase likid

Nòmalman, fi a pase likid prèske nan fen premye etap tranche a. Men, li ka pase likid nenpòt lè, swa anvan tranche a, oubyen jis lè bebe a pral fèt. Pafwa dlo a tonbe tankou yon sous ki jayi. Pafwa tou li senpleman degoute.

Lè w rive nan akouchman an, mande manman an si l gentan pase likid. Si l pa konnen, gade si vajen l ak souvètman l yo mouye. Piske yo ka mouye swa ak dlo swa ak pipi, pran sant yo pou w wè si yo gen sant pipi.

MW Ch11 Page 174-2.png
Si papye a tounen ble oubyen mov, dlo a se dlo matris.

Oubyen tou, si w gen papye nitrazin, mete papye a sou pati ki mouye a. Si papye a rete ak koulè jòn abriko a, sa vle di se pipi. Si papye a vin koulè ble oswa mov, li pwobab se dlo matris. (Dlo ak pipi ka melanje ansanm. Si papye a rete jòn abriko oswa likid la gen sant pipi, men w panse manman an gentan pase likid kanmenm, kite yon ti tan pase, epi verifye l ankò.)

Koute batman kè bebe a tousuit apre manman an fin pase likid. Si kè bebe a bat mwens pase 100 fwa pa minit, al lopital.

Verifye koulè dlo a

Lè manman an pase likid, dlo a dwe klè oswa yon tijan wòz. Si gen tach blanch nan dlo a se pa yon pwoblèm. Men, si dlo a gen koulè jòn oswa vèt, se yon move siy. Sa ka vle di bebe a deja fè poupou anndan matris la. Pafwa ou ka wè ti moso poupou yo nan dlo a.

Pandan gwosès la, poupou kòmanse fòme nan kò bebe a, men nòmalman li fè premye poupou li apre l fin fèt. Premye poupou bebe a tankou goudwon ak lakòl. Yo rele l mekònyòm.

Lè gen poupou nan dlo a, petèt se yon siy ki vle di bebe a gen pwoblèm. Se yon danje tou si poupou a antre nan bouch bebe a oswa nan nen l. Lè bebe a kòmanse respire, poupou sa ki tankou lakòl ka antre nan poumon l. Li ka difisil anpil pou l jwenn ase lè pou l respire, e kèk fwa sa lakòz enfeksyon nan poumon, domaj nan sèvo, oswa lanmò.

Sa pou w fè

Gade dlo a byen. Si dlo a koulè jòn pal oswa vè pal, epi pa gen lòt move siy, sa vle di bebe a te deja fè poupou kèk tan e li pwobab li pa gen pwoblèm. Koute batman kè bebe a pandan tout tranche a epi veye si pa gen lòt move siy.

Si koulè dlo a pi fonse, li pwès, oswa li gen ti moso poupou ladan l, al lopital. Yon lopital dwe gen zouti pou netwaye bouch bebe a ak poumon l lè l fin fèt, epi y ap ka fè tretman pou li si l gen yon pwoblèm nan poumon l.

Si w pa ka al loptial, mete w prè pou w ede bebe a respire apre l fin fèt.

Note sa: Si bebe a nan pozisyon chita, li nòmal pou l fè poupou pandan l ap fèt. Jeneralman poupou sa a pap lakòz pwoblèm.

Reflechi sou depi ki lè fi a pase likid

ODepi manman an pase likid, mikwòb ka monte anndan matris la rapid. Pou evite enfeksyon, bebe a dwe fèt pou pi plis yon jou ak yon nuit (24 èdtan) apre manman an fin pase likid. Sa vle di, tranche dwe kòmanse anviwon 12 èdtan apre l fin pase likid.

a woman thinking while looking out a window.
Li te pase likid vè solèy leve a. Solèy la pral kouche e li poko gen tranche. Fò n al lopital.

Pandan l ap tann tranche a, ede manman an evite pran mikwòb nan vajen l fason sa yo:

  • Pa fè egzamen vajinal.
  • Pa mete anyen nan vajen manman an.
  • Si manman an ap benyen, fò l pa chita nan dlo a.
  • Fòk manman an li menm pa fè sèks oswa mete anyen nan vajen l.
  • Apre manman an fin pipi oswa poupou, fè l netwaye vajen l kòmanse devan ale dèyè.
  • Tanzantan chanje souvètman l oswa dra kote li kouche a.

Ou ka eseye yon metòd natirèl pou kòmanse tranche a oswa pou chofe l. Si l lakay, pa ba manman an remèd tankou “oxytocin” oswa “misoprostol” pou kòmanse tranche a. Yo dwe itilize medikaman sa yo sèlman si l lopital.

Ki lè pou w chèche asistans medikal
Chèche asistans rapid si tranche a pa kòmanse nan 8 a 12 èdtan, oswa si tranche a ta kòmanse men li fèb, epi si youn nan bagay sa yo rive:

  • Bebe a vini anvan lè l (mwens pase 8 mwa).
  • Gen siy enfeksyon.
  • Gen chans fi a gen yon maladi moun pran nan fè sèks (gade Chapit 18) oswa fi a te fè enfeksyon nan vesi oswa nan vajen sa pa fè lontan.
  • Manman an te mete yon bagay nan vajen l apre l te fin pase likid. Petèt w ap vle al nan yon sant sante oswa lopital menmsi pa gen move siy. Nan yon lopital yo ka bay fi a medikaman pou kòmanse tranche a san danje.


Panse ak kantite tan sa ka pran pou w rive lopital la. Pa egzanp, si loptial la nan yon distans 4 èdtan, epi tranche a pa kòmanse sou 8 èdtan apre fi a fin pase likid, ou dwe kòmanse vwayaj la. Si w ap pran yon jou nan wout anvan pou w rive lopital la, bay manman an antibyotik pou anpeche enfeksyon, epi pran wout la tousuit.

a woman speaking to a pregnant woman as they sit together.
Apre inèdtan n ap konwole tanperati w ankò.

Si w deside rete lakay
Bay manman an antibyotik pou anpeche enfeksyon epi byen siveye l pou wè si l gen siy enfeksyon. Si w gen tèmomèt, kontwole tanperati li chak 4 èdtan. Si nenpòt siy enfeksyon parèt, mennen l lopital. Gade anba pou plis enfòmasyon sou enfeksyon pandan tranche epi kòman pou w trete l.

a baby in the womb with its head above the pelvis and the cord coming down next to the head.
Kòd la desann nan vajen an anvan bebe a

Veye kòd lonbrik la pa desann devan bebe a (kòd lonbrik la pase antravè)

Sa pa rive souvan, men lè manman an pase likid, kòd lonbrik la konn desann nan vajen manman an, devan tèt bebe a. Men nan ki sitiyasyon li pi fasil pou kòd lonbrik la glise pase devan tèt bebe a:

  • Gen anpil dlo.
  • Bebe a piti oswa li fèt sou mwens pase 8 mwa.
  • Bebe a nan yon move pozisyon.
  • Bebe a te wo nan basen an lè manman an te pase likid.

Si kòd lonbrik la kwoke devan tèt bebe a oswa sou kote tèt li, kòd la ka peze ant tèt bebe a ak zo manman an. Sa fè l difisil pou san sikile nan kòd lonbrik la pou bebe a jwenn oksijèn. Nan ka sa a, sèvo bebe a ka domaje oswa li ka mouri.

  • Kòd lonbrik la sot deyò vajen manman an.
  • Sibitman kè bebe a bat tou dousman, sitou apre manman an fin pase likid, epi kè a pa tounen nan nòmal li.
  • Kè bebe a bat pi dousman (mwens pase 100 fwa pa minit) pandan chak kontraksyon
MW Ch11 Page 177-1.png
Sa pou w fè

Si bebe a vivan, ou dwe aji vit. Nòmalman, meyè bagay pou w fè se anpeche tèt bebe a peze kòd lonbrik la, epi mennen manman an lopital byen vit pou l fè sezaryèn.

Si w pa ka wè kòd lonbrik la, lave men w byen pwòp, epi mete gan ki byen pwòp. Foure men w anndan vajen manman an pou chèche kòd lonbrik la devan tèt bebe a. Manyen kòd la dousman pou chèche batman kè l.

Si w ka wè kòd lonbrik la ap soti deyò nan vajen manman an, manyen l dousman pou chèche batman kè a.

Si w santi batman kè a nan kòd lonbrik la, bebe a ka viv, men se sèlman si w mennen l lopital tousuit. Manman an ap bezwen fè sezaryèn pou l ka sove bebe a. Pandan w sou wout la, mete manman an nan pozisyon sou jenou l, avèk tèt li atè a, epi tay li anlè. Kenbe tèt bebe a pou l pa peze sou kòd lonbrik la.

MW Ch11 Page 177-2.png

Avèk yon gan nan men w, pouse tèt bebe a tou dousman pi anndan kò manman an epi pi lwen kòd lobrik la. Bat pou w pa manyen kòd lonbrik la, men si enpe nan kòd la ta soti deyò vajen an, eseye remete l anndan pou l ka rete cho e mouye (si w pa ka remete l anndan, vlope l nan yon twal pwòp).

Si lopital la lwen anpil, e manman an pral akouche tousuit, ou ka oblije ede manman an pouse pitit la pi vit posib pandan n lakay. Si bebe a vivan toujou, li ka bezwen èd pou l respir.

Si w pa santi batman kè nan kòd lonbrik la, sa vle di bebe a mouri. Rete lakay pou fè akouchman an.

Batman kè manman

Kontwole batman kè manman an chak 4 èdtan, oubyen pi souvan si gen yon pwoblèm. Aprann ki jan pou w kontwole batman kè.

Pandan tranche a, batman kè manman an dwe rete prèske menm jan l te ye pandan gwosès la: 60 a 100 fwa pa minit anvan e apre kontraksyon. Batman kè a ka plis pandan yon kontraksyon.

Plizyè kalite pwoblèm ka lakòz kè a bat vit:

MW Ch11 Page 178-1.png


Pandan tranche a, li nòmal pou kè l bat vit, sitou nan dezyèm etap tranche a. Se pa yon pwoblèm, depi batman kè a retounen nan nòmal li apre akouchman an.

Si kè a bat trè dousman, oubyen li kontinye desann chak lè, petèt se siy fi a gen yon emoraji oswa li nan eta chòk. Chèche siy ki ka montre si l ap senyen pa anndan an.

MW Ch11 Page 178-2.png

Tanperati manman an

MW Ch11 Page 178-3.png

Kontwole tanperati manman an chak 4 èdtan, oswa pi souvan si tanperati a te twò wo oswa si manman an gentan pase likid. Aprann ki jan pou w kontwole tanperati manman an.

Si manman an santi chalè, oswa si tanperati l ant 37℃C (98.6℃F) ak 38℃C (100.4℃F), li ka dezidrate. Bay manman an bwè plis, epi kontwole tanperati a pi souvan pou w wè si l monte.

Manman an gen fyèv: tanperati kò l rive nan 38℃C (100.4℃F) oswa pi wo, oubyen kò l cho lè w manyen l.

Li ka nòmal pou kò yon fi chofe pandan l gen tranche, men jeneralman yon fyèv ki pi wo pase 38℃C (100.4℃F) se siy enfeksyon.

MW Ch11 Page 178-4.png

Si manman an gen fyèv, gade si l gen lòt siy sa yo ki endike enfeksyon:

  • Kè bebe a bat plis pase 180 fwa pa minit.
  • Kè manman an bat plis pase 100 fwa pa minit.
  • Vajen manman an gen move sant.
  • Manman an gen doulè lè l pipi.
  • Vant manman an fè l mal, oswa li fè l mal lè w manyen l.
  • Manman an gen doulè sou kote l oswa nan ren l.
MW Ch11 Page 179-1.png
Sa pou w fè

Piske tout kalite enfeksyon pandan tranche se yon gwo danje, ou dwe trete fyèv la tousuit. Kòmanse bay fi a anpil likid tankou dlo, sewòm oral, oubyen te fèy ki ka bese fyèv. Sa ka ede l tou si w benyen l ak yon sèvyèt mouye ak dlo fre (men pa dlo glase).

Li ka difisil pou w konnen sa k lakòz fyèv la ak enfeksyon an. Si w panse fi a dezidrate anpil, ba l likid nan dèyè oswa sewòm si w konnen kòman pou w fè sa.

Gade si li gen enfeksyon nan vesi oubyen ren oswa malarya. Si manman an sanble l pa gen youn nan enfeksyon sa yo, li ka fè enfeksyon nan matris la oswa nan sak amnyotik la. Mennen l lopital pou yo ka ba l antibyotik. Si sa ap pran plis pase inèdtan anvan pou w rive lopital, pandan nou sou wout la, bay li youn nan antibyotik sa yo:

Pou enfeksyon nan matris pandan tranche
MW Ch11 Page 182-1.png
MW Ch11 Page 179-2.png
Pandan nou sou wout pou n al lopital la
  • Ba li 2 gram (g) “ampisillin”
nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 a 10 jou
epi
  • Ba li 400 a 500 miligram (mg) “metronidazole”
nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 7 a 10 jou

Tansyon manman an

a woman looking at a blood pressure gauge while speaking to a pregnant woman.

Si w gen yon tansyomèt ak yon estetoskòp, kontwole tansyon manman an chak inèdtan. Fè sa lè yon kontraksyon fini epi yon lòt poko kòmanse. Chak fwa w pran tansyon l, ekri l sou papye. Konsa w ap ka wè si gen chanjman.

Toutotan tansyon an rete pi ba 140/90 epi li prèske menm ak tansyon li te genyen pandan gwosès la, ou mèt kontwole tansyon an chak inèdtan sèlman. Si w remake tansyon an ap monte, menmsi se toupiti, kontwole l chak 30 minit.


Tansyon an bese
Si toudenkou tansyon a pèdi omwen 15 pwen nan valè anba a, se yon move siy ki ka siyale gwo danje. Souvan, sa vle di manman an ap pèdi anpil san. Si w pa wè okenn san soti, gendwa se plasenta a ki dekole; li bezwen al loptial tousuit.

Tansyon an monte
Lè tansyon an rive nan 140/90 oswa pi wo, se yon move siy. Fi a gendwa fè preeklanmsi. Pre-eklanmsi ka lakòz li tonbe kriz (eklanmsi), plasenta a dekole, li fè emoraji nan sèvo, oswa li ka fè lòt kalite gwo emoraji. Ni manman an ni bebe a ka mouri. Appran plis esplikasyon sou pre-eklanmsi.

MW Ch11 Page 180-2.png
Tansyon w twò wo…
M panse nou dwe al lopital.

Si tansyon manman an monte 150/90 oswa pi wo epi li gen pwoteyin nan pipi l, sa montre li deja fè pre-eklanmsi. Mennen l lopital tousuit.

Si tansyon yon fi ap monte, men w pa sèten li fè pre-eklanmsi, chèche lòt siy sa yo:


Tout sa yo ka siy ki montre li fè pre-eklanmsi; nan ka sa a mennen l lopital. Nenpòt lè, depi tansyon l monte 150/110 oswa pi wo, menmsi l pa gen lòt move siy, mennen l lopital tousuit.

Pandan nou sou wout lopital, fi a dwe kouche sou bò gòch li byen trankil, san bri. Si gen posibilite, anndan machin nan dwe fènwa. Tranche a ka kòmanse byen vit. Rete bò kote l sizoka pitit la fèt oubyen si manman an fè yon kriz.

Manman an fè kriz

Pre-eklanmsi ka mennen nan kriz. Lè l fè kriz, sa rele eklanmsi. Lè yon fi fè kriz eklanmsi, li ka bay kèk oswa tout siy sa yo:

MW Ch11 Page 181-1.png
  • Je l tounen lanvè (yo monte nan tèt li)
  • Men l detire, figi l tòde
  • Kò l rèd oswa l ap tranble
  • Po li vin tou ble
  • Souf li fò epi li bay son kim
  • Li endispoze


Li ka mòde lang li, li ka pipi oswa poupou sou kò l. Li ka fè plizyè kriz youn apre lòt. Apre sa li ka dòmi pou yon ti moman. Lè l reveye, li ka yon jan gaga, epi li pa konnen sa k te pase.

Yon kriz ka dire kèk segonn jiska plizyè minit. Gen kriz ki pi rèd pase lòt, men tout kriz danjere. Plis pase mwatye fi ki fè kriz pandan tranche mouri, oswa bebe a mouri, oswa se yo toude ki mouri. Kou kriz la fin pase, mennen l lopital.

Sa pou w fè
  1. Rete kè kalm.
  2. Pa mete anyen nan bouch manman an. Li dwe ka pran souf alèz.
  3. Mete manman an kouche sou kote pou l pa rale krache li oswa vomi li lè l ap respire.
  4. Retire zepeng, barèt ak tout lòt bagay pwenti oubyen file ki ka blese/pike manman an.
  5. Bay manman an oksijèn si w genyen.
  6. Bay manman an medikaman.
Medikaman pou eklanmsi

Li pi bon pou n bay yon fi medikaman pou eklanmsi pandan l lopital, paske yo konn gen efè segondè ki danjere anpil. Medikaman sa yo ka fè manman an gen pwoblèm pou l pran souf, oswa yo ka fè pitit la pa ka pran souf lè l fin fèt, sitou si yo bay manman an twòp medikaman. Nan lòt paj la nou esplike ki jan pou w bay medikaman sa yo paske yo ka sove lavi manman an nan ka dijans. Sepandan, ou dwe bay medikaman sa yo sèlman si w resevwa bonjan fòmasyon sou yo, epi si w sou wout pou w al lopital oubyen yon sant sante ak manman an.

Si manman an pran kriz, ba li “sulfate de magnésium” (“magnesium sulfate”). Si w pa genyen l, ba li “Diazepam”.

“Sulfate de magnésium” pou kriz
MW Ch11 Page 182-1.png
  • Bay 10 gram (g) “sulfate de magnésium” ki solisyon 50%
5 g nan chak bò dèyè, antre piki a byen fon
where to inject, in the upper, outer part of a woman's buttocks.
Ba li 5 g isit
epi 5 g isit
Anvan w bay “sulfate de magnésium” nan, konte konbyen fwa fi a pran souf chak minit. Pa ba li “sulfate de magnésium” si li pran souf mwens pase 16 fwa pa minit. Si souf li ralanati jiska mwens pase 16 fwa pa minit apre w fin ba li “sulfate de magnésium” nan, li bezwen èd lopital tousuit.


“ Diazepam ” pou kriz (si w pa gen “sulfate de magnésium”)
Pandan fi a ap fè kriz, se pou w ba li “Diazepam” nan twou dèyè l. Li pap efikas si w ba l piki, e li pap ka vale konprime a.
Pou w prepare medikaman an:

Lave e seche men w, epi mete gan.
Plen sereng nan avèk “diazepam” likid, epi retire zegui a nan sereng nan.

MW Ch11 Page 182-3.png
Antre tout tèt sereng nan nan twou dèyè fi a epi pouse manch la jiskaske tout remèd la vide anndan l.


Kenbe sereng nan anndan dèyè fi a pou omwen 5 minit. L ap aji tankou yon bouchon pou anpeche remèd la soti.
MW Ch11 Page 182-4.png
“Diazepam” likid
  • Bay 10 miligram (mg) “Diazepam” nan yon sereng
nan twou dèyè l, apre premye kriz la.
Apre sa, si li pran kriz ankò
  • Ba li 10 miligram (mg) “Diazepam” nan yon sereng
nan twou dèyè l, omwen 20 minit apre premye dòz la.
Si w pa gen “Diazepam” likid (pou mete nan sereng)
  • Kraze 20 miligram (mg) konprime “Diazepam”, fè yo tounen poud, epi melanje yo avèk dlo fre ki pwòp (konprime yo pap fonn, men melanje yo avèk dlo a kanmenm).

    Dabò, retire zegui a nan sereng nan. Apre sa, plen sereng nan avèk poud ki melanje ak dlo a epi antre sereng nan nan twou dèyè fi a, menm jan ak sa nou sot esplike pi wo a.
(Si gen yon ti gout nan remèd la ki soti nan dèyè fi a, ou mèt ba li yon lòt 5 mg “Diazepam”.)


Senyen pandan tranche

MW Ch11 Page 183-1.png

Li nòmal pou gen enpe san ki soti nan vajen manman an. Glè ki te ploge kòl matris la ka gen koulè wouj tankou san. Sepandan, se yon move siy si pandan tranche a manman an gen san ki kaye, san wouj fre, oswa si li pèdi plis pase 200 mililit san (1 koup).

Senyen san doulè (plasenta a twò ba)

MW Ch11 Page 183-2.png
Lè plasenta a kouvri kòl matris la konsa, l ap senyen san ki wouj vif lè kòl matris la ouvri.

Si yon manman ap senyen men l pa gen doulè anvan e apre kontraksyon, gendwa se plasenta a ki twò ba, ki kouvri kòl matris la. Souvan se nan fen gwosès la ou ka wè si plasenta a twò ba. Anpil fwa premye siy nan sèke manman an ap bay san wouj vif (yon kantite ki ka mouye tout yon kotèks) pandan tranche a. Al lopital tousuit.

Lè plasenta a twò ba, fi a ka senyen epi mouri rapid rapid yonfwa kòl matris la ouvri. Poutèt sa, se yon danje si w rete tann pou wè si li pral senyen plis. Pandan nou sou wout pou n al lopital, trete manman an pou chòk.

Doulè nan matris

Si manman an santi doulè anvan e apre kontraksyon, epi matris la rete byen di, oswa manman an santi doulè dwòl pandan kontraksyon yo, sa ka vle di:

  • Plasenta a dekole ak matris la.
  • Matris la chire.
  • Matris la enfekte.
a woman's womb with blood in it that covers the baby's head.
Lè plasenta a dekole ak matris la, li tankou yon plè ki tou ouvè.
Matris la ap ranpli ak san.

Plasenta a dekole

Si plasenta a dekole ak matris la, manman an ak tout pitit la vrèman an danje. Manman an ka mouri paske li ap pèdi anpil san ki soti kote plasenta a te kole a. Matris la pa kapab refèmen kote k ap senyen an toutotan pitit la anndan toujou. Pitit la ka mouri oswa li ka domaje paske li pa ka jwenn ase oksijèn nan men manman l.


  • Vajen manman an gendwa ap senyen, men pafwa san pa soti deyò ditou.
  • Manman an kontinye gen doulè apre kontraksyon an fin pase. Doulè a ka kòmanse toupiti, se sa k fè w dwe prete atansyon ak nenpòt doulè ki pa nòmal. Danje a vin pi grav tank doulè a ogmante.
  • Matris la rete di menm apre kontraksyon an fin pase, oswa li rete di toutan.
  • Vant manman an fè l mal, sitou lè w manyen l.
  • Manman an gen siy ki endike li nan eta #shock|chòk.
  • Kè pitit la gendwa bat byen vit (plis pase 180 fwa pa minit), li ka bat dousman (mwens pase 100 fwa pa minit), oswa pitit la ka deja mouri (kè l pa bat ditou).
  • Pitit la pa fè mouvman menm jan an ankò, oswa li pa fè mouvman ditou.


Si w wè siy ki endike plasenta a dekole, al lopital tousuit! Pa ret tann! Pandan w sou wout lopital la, trete manman an pou chòk.

Matris chire

Nenpòt nan bagay sa yo ka fè matris la chire:

  • Manman an te fè sezaryèn deja.
  • Manman an deja fè 5 pitit oubyen plis.
  • Pitit la nan yon move pozisyon.
  • Tranche a long e li fò.
  • Manman an gen yon defòmasyon nan basen l.
  • Gen yon moun ki t ap pouse vant manman an, oswa vant lan te frape oubyen blese.
  • Yo te bay manman an medikaman (nan bouch oswa nan piki) tankou “oxytocin” pou kòmanse tranche oswa pou fè l pi cho.

Si w wè siy ki endike matris la chire, mennen manman an lopital san pèdi tan, menmsi lopital la byen lwen! Li ka mouri tèlman l ap pèdi san, e bebe a ap mouri tou. Pandan w sou wout la, trete manman an pou chòk. Manman an ap bezwen fè operasyon pou ede rete san an, l ap bezwen pran yon bagay pou ranplase san l pèdi a, epi l ap bezwen antibyotik pou anpeche enfeksyon.

Je w pa ka wè kote matris la chire a paske li anndan manman an. Men, siy sa yo ap fè w konnen si l chire:

  • Manman an gen gwo doulè lè yon kontraksyon fin pase epi yon lòt poko vini; li gen yon sansasyon dechire nan vant li, epi doulè a bese.
  • Manman an sispann gen kontraksyon.
  • San soti nan vajen manman an (men gendelè okenn san pa soti).
  • Manman an gen siy ki endike li nan eta chòk.
  • Pitit la sanble l ap souke (pafwa yon tijan pi wo) nan vant lan epi kè li pa bat.

Enfeksyon nan matris

MW Ch11 Page 185-1.png
Enfeksyon nan matris ka bay doulè tou. Yon matris ka vin enfekte lè mikwòb ki antre nan matris la fè manman an malad. Siy nfeksyon nan matris yo menm avèk siy lòt kalite enfeksyon. Pandan tranche a, enfeksyon nan matris ka bay doulè anndan oubyen anwo matris la apre e anvan kontraksyon. Yon matris ki enfekte ka lakòz fi a antre nan eta chòk. Gade anbase pou w wè ki sa pou w fè lè yon fi gen enfeksyon nan matris.

Veye siy ki endike pwogrè

Tout tranche pa menm. Gen ki vit, gen ki lan. Sa pa yon pwoblèm. Men, fòk gen pwogrè si se yon tranche ki kòrèk. Pwogrè vle di tranche a dwe vin pi cho epi kòl matris la dwe ap ouvri.

a woman speaking with a woman in labor while touching her belly.
Matris la kò manse di kounye a.
Yon kontraksyon fèk kòmanse.

Toutotan tranche a ap pwogrese, ou dwe wè plis nan siy sa yo:

  • Kontraksyon yo vin pi long, yo pi fò, e yo vini pi souvan.
  • Matris la vin pi di lè w manyen l pandan kontraksyon yo.
  • Li bay plis glè ki te bouche kòl matris la.
  • Li pase likid.
  • Manman an rann gaz nan bouch li, li swè, li vomi, oubyen janm li yo tranble.
  • Manman an vle pouse. Sa ka vle di dezyèm etap tranche a pral kòmanse oswa li gentan kòmanse. Pa ankouraje manman an pouse jiskaske w sèten dezyèm etap la kòmanse. Nòmalman, depi li pa kapab kenbe pouse a, sa vle di dezyèm etap la gentan kòmanse.

Ki lè pou w fè yon egzaminen vajinal

Sèl fason pou w sèten kòl matris la ap ouvri se pou w fè yon egzamen vajinal (egzamen anndan vajen an). Sepandan, piske egzamen vajinal bay plis chans pou fè enfeksyon, e fòk ou gen fòmasyon ak gan pou w fè yo, yo dwe fèt sèlman si w gen yon rezon valab. Apre w fin resevwa fòmasyon, ou ka suiv enstriksyon ki pou ede w fè yon egzamen vajinal, men, sèlman si w gen yon rezon valab pou fè l.

Men rezon valab pou w fè yon egzamen vajinal:

  • Tranche a long e difisil, san w pa wè siy pwogrè. Egzamen vajinal la ap di w si kòl matris la ap ouvri.
  • Kòd lonbrik la devan tèt bebe a. Lè w ap fè yon egzamen vajinal, ou ka ekate tèt pitit la bò kote kòd lonbrik la.
  • Nenpòt ka dijans. Yon egzamen vajinal ka di w si w gen ase tan pou n al lopital anvan akouchman an.


Pinga w janm fè yon egzamen vajinal si gen anpil san (ki pa nòmal) k ap soti nan vajen an.

Tranche a twò long

Ou ka di tranche a twò long lè manman an ap fè kontraksyon ki fò pandan plis pase 12 èdtan pou fi ki fè pitit deja, oswa plis pase 24 èdtan pou fi ki sou premye pitit yo.

Gendelè tranche long pa yon pwoblèm, e pa gen danje depi manman an repoze anvan e apre kontraksyon yo, li bwè likid, epi li pipi tanzantan. Sepandan, tranche long ka bay pwoblèm grav, tankou fistil (yon twou nan vajen ki koule pipi), matris chire, oubyen manman an oswa pitit la mouri. Lè yon fi gen tranche long, suiv li byen pou w wè si l gen move siy. Èske gen plis tan antre chak doulè? Èske li gen siy enfeksyon? Èske li fatige depase? Èske batman kè bebe a nòmal?

Si pa gen siy pwogrè, oswa si tranche a dire plis pase 12 èdtan, ka gen yon pwoblèm.

Note sa: Pinga w janm fè yon fi santi li koupab si li gen tranche ki long oubyen ki difisil. Ankouraje l, pa blame l.

Men kèk bagay ki ka fè tranche a frèt/lan nan premye etap la: manman an gan kè sote, li fache, li sou tansyon, oubyen li fatige depase. Tranche a ka ralanti tou si pitit la nan yon move pozisyon, oubyen si l pa ka pase nan basen manman an.

Manman an gen kè sote, li fache, oubyen li sou tansyon

Kè sote ak tansyon ka fè tranche a vin frèt. Men kèk bagay ki ka mete manman an sou tansyon lè l gen tranche:

  • Doulè tranche a ba l kè sote.
  • Se premye pitit li.
  • Dènye pitit manman an te fèt tou mouri, oswa li te mouri apre akouchman an.
  • Manman an pa vle pitit la.
  • Manman an pa gen mari, menaj, oswa fanmi ki pou ede l.
  • Gen pwoblèm nan fanmi an.
  • Manman an te viktim vyolans seksyèl lè l te piti oswa pandan l vin gran.


Fanmi ak vwazen ki gen move jan ka mete manman an sou plis tansyon epi fè l pi pè. Moun sa yo pa dwe vini nan akouchman an. Bon sipò nan tranche ak bon zanmi ka ede kalme laperèz la ak tansyon an pou ede tranche a rekòmanse. Eseye pale avèk manman an. Santiman ki konplike, tankou santiman solitid, oswa santiman kòmkwa li pa vle pitit la, se bagay ki ka fè tranche a frèt.

Si w montre konpasyon epi w kite manman an pale sou krent li yo, sa ka mete l alèz. Ede manman an lache kò l. Si men l, janm li, ak figi l rilaks, sa ap ede kòl matris la ouvri, epi sa ap ede tranche a vin cho. Ou ka ba li yon masaj, yon beny dlo cho, oswa poze twal cho sou kò l. Sonje pou w toujou pran swen l ak respè ak konpasyon.

a man speaking to a woman in labor.
Mwen fyè de ou, cheri!

Chèche lòt fason pou w fè l santi l alèz e an sekirite:

  • Fè l konprann kontraksyon yo bon pou li. Lè chak kontraksyon kòmanse, di l pou l respire fon epi pou l kite mis li yo lache (gade konsènan respirasyon).
  • Felisite l pou bon travay l ap fè a. Fè l sonje li se yon fanm vanyan.
  • Mande l pou l imajine matris la oswa kòl matris la k ap ouvri pou l kite pitit la soti. Gen lòt fi ki prefere panse ak lòt bagay k ap ouvri, tankou bèl flè.
  • Fè l sonje chak kontraksyon ap ede bebe a soti.


a midwife speaking with a pregnant woman who is in pain.
Kò w rèd anpil. Sanble w pè.
Li tèlman fè m mal.

Li fasil pou yon manman gen kè sote oswa pou l sou tansyon lè tranche a kòmanse fò. Rasire manman an doulè a se yon bagay ki nòmal k ap ede l akouche pitit la. Si w kwè sa ka ede manman an, fè l konprann lè l sere kò l, tranche a ka vin pi long. Men pa fè l menas ni pa fè l wont.

MW Ch11 Page 188-2.png
Eseye lache men w ak pye w. W ap fè trè byen!
the midwife speaking with the woman, who now looks relaxed.
Kontraksyon an pase. Kòman w santi w ?
Mwen pi bon.
Manman an fatige depase

Se nòmal pou manman an fatige anpil. Men, si manman an fatige jouk li about, li ka gen yon tranche ki twò long, ki pi danjere, oswa tranche a ka kanpe. Si manman an fatige anpil, ba li te ki pa twò fò ki gen anpil sik oswa siwo myèl, ji fwi, oswa sewòm oral. Chèche wè ki kote li ye nan premye etap tranche a: tranche frèt, tranche cho, oswa fen tranche a.

Tranche frèt
Tranche frèt ka kontinye pou plizyè èdtan, menm plizyè jou. Si l konsa, manman an ka vin fatige anpil epi l ka dekouraje. Si w panse li poko pral akouche kounye a, manman an dwe repoze oswa dòmi anvan e apre kontraksyon yo. Mete l byen alèz. Ba l likid pou l bwè, ankouraje l, petèt ba l yon masaj epi benyen l (si l poko pase likid).

Nan zòn kote ou ye a, ka gen remèd fèy ki pou ede l dòmi. Si w konnen remèd fèy ki ka fè manman an dòmi san yo pa yon danje pou bebe a, ou mèt ba li yo kounye a.

Tranche cho
Si manman an gen tranche cho men li pa fè pwogrè, epi sanble l ap pran plizyè èdtan ankò anvan pitit la fèt, fè manman an manje, bwè, epi pran repo. Men, ou dwe eseye wè si w ka fè tranche a pwogrese. Si sa fè plis pase 12 èdtan depi l gen tranche cho, men pitit la poko prèt pou l fèt, menmen l lopital. Soti pi bonè si lopital la lwen.

Fen tranche
Si manman an nan fen tranche a, li ka rive fin akouche menmsi l fatige anpil. Li bezwen ankourajman ak pasyans.

Si manman an fatige depase, epi li pa gen kontraksyon depi plis pase inèdtan, oswa si yo kòmanse men yo pa fè pwogrè, menmen l lopital.

a baby lying sideways in the womb.
Bebe a pa ka pase nan basen manman an

Si bebe a nan yon move pozisyon, oswa si li twò gwo pou l pase nan basen manman an, bebe a pap ka soti. Nan ka sa a, manman an ap soufri ak tranche jiskaske matris la chire epi emoraji anndan l touye l, oswa jiskaske ni li menm ni bebe a mouri ak fatig. Menmsi l rive akouche, li ka vin gen anpil pwoblèm nan vajen l, nan vesi l, oswa pou l kontwole pipi ak poupou (fistil).

Gen plis chans bebe a pap ka pase lè:

MW Ch11 Page 189-2.png
  • Manman an trè jèn epi basen l poko fin develope.
  • Manman an pa t jwenn ase manje lè l te piti (sa ka fè l grandi ak ti kò oswa ti basen).
  • Manman an gen yon domaj nan basen.
  • Manman an dyabètik.
  • Bebe a gwo anpil, oswa li te grandi twò vit pandan gwosès la.
  • Tèt pitit la te twò wo lè tranche a te kòmanse (ou te ka santi tèt li anlè zo basen an).
a midwife speaking to a tired-looking pregnant woman.
Ou gen tranche depi maten e sanble pitit sa a pi gw o pase lò t la. M panse nou dw e al lopital.
  • Manman an te gen anpil pwoblèm lè pou l te pouse pitit li te fè anvan an, e pitit sa a pi gwo toujou.
  • Manman an gen tranche depi 8 a 12 èdtan san l pa fè pwogrè. (Si lopital la lwen, deplase pi bonè.)


Piske ou pa kapab konnen toutbonvre si bebe a twò gwo pou pasaj la, kite tranche a kontinye pou kèk èdtan anplis, epi gade kòman sa ye. Pi souvan, menmsi bebe a gwo, li ka soti san pwoblèm. Men, si manman an gen tranche cho depi plis pase 12 èdtan san l pa bay siy ki endike li prèske akouche, mennen l lopital. Li ka oblije fè sezaryèn.

Bebe a nan yon move pozisyon, oswa nan yon pozisyon ki fè l enposib pou l soti

Nòmalman, tranche a pi kout lè bebe a tèt anba, epi fas li ap gade do manman an. Si bebe a nan yon lòt pozisyon, li ka difisil oswa enposib pou manman an akouche.

Fas bebe a ap gade vant manman an
Si fas pitit ap gade devan, anpil fwa akouchman an ka fèt san pwoblèm, men tranche konn pi long. Ou ka vle sèvi ak kèk metòd lejè pou w fè tranche a pi cho. Sa ka ede tou si w:

a woman resting her head on pillows, with elbows and knees on the floor.
  • Mande manman an pou l rete nan pozisyon sou kat pat (sou 2 jenou l ak 2 pla men l) pandan omwen inèdtan. (Pa gen pwoblèm si l vle fè yon ti mache pou l detire pye l apre chak kontraksyon.)
Monte do a Mete do a dwat ankò
a woman on hands and knees with her back pushed up.
the woman with her back straight.
Egzèsis “chat move” a
  • Mande manman an pou l fè egzèsis ki rele ‘chat move’ a apre chak kontraksyon.


Pozisyon sa yo ka ede bebe a vire pou fas li ka gade do manman an

Figi oswa fontenn bebe a desann anvan
Fason bebe a kenbe tèt li ka ralanti oswa anpeche akouchman an.

Si tèt li oswa fwon l desann anvan, li posib pou l fèt san pwoblèm, men akouchman an ap pi difisil. Mennen l lopital. Pa eseye chanje pozisyon bebe a..

Pifò bebe antre tèt yo konsa. Sa fè l pi fasil pou yo pase nan basen manman an.
a baby with head down, facing the mother's back.
Men, pafwa se figi bebe a ki devan. Sa fè l pi difisil pou l pase nan basen manman an.
a baby with face toward the pelvis and back toward the mother's back.
Bebe sa a mete fwon l devan. Jeneralman bebe konsa pap pase nan basen manman an.
a baby facing the mother's front, with forehead toward the pelvis.


Bebe a nan pozisyon chita a
Bebe ki nan pozisyon chita a (dèyè yo oswa pye yo soti anvan) konn pran plis tan pou yo fèt, men si bebe a fèt bonè oswa kò l piti, tranche a ka ale byen vit. Pozisyon chita a ka pi danjere pou bebe a pase lè se tèt la ki anba. Li ka posib pou w vire bebe a. Si w pa ka vire l san danje, epi w pa abitye fè kalite akouchman sa yo, mennen l lopital.

Aprann plis sou akouchman lè bebe a nan pozisyon chita a.

MW Ch11 Page 191-1.png
Yon pitit ki kouche sou kote pap ka pase nan basen manman an.

Bebe a kouche sou kote
Yon bebe ki kouche sou kote anndan matris manman l pap ka fèt nan pozisyon sa a.

Bebe a ka vire byen fasil. Sepandan, ou ka eseye vire bebe a sèlman si manman an te fè pitit deja, si gen omwen 15 a 20 minit apre chak kontraksyon anvan yon lòt kòmanse, si li poko pase likid, epi si w deja abil nan vire bebe ki nan matris. Si vire bebe a ap poze danje, oswa si bebe a pa vle vire, mennen manman an lopital tousuit! Manman an ap oblije fè sezaryèn.

Fason pou chofe tranche san danje

Si tranche a dire twòp tan, oswa si nou oblije kòmanse tranche a kounye a, gen kèk fason san danje pou nou chofe tranche a. Fason sa yo pa gen danje ni pou manman an ni pou bebe a, e yo ka bay tranche a plis fòs.

Eseye chofe tranche a lè:

  • Manman an gentan pase likid, tèt bebe a gentan nan pasaj, men tranche a poko kòmanse oswa akouchman an poko prèt pou l fèt.
  • Manman an gen tranche cho depi plizyè èdtan, men li poko prèt pou l akouche.
  • Manman an gen tranche frèt depi plizyè èdtan. Tranche a ase cho pou l anpeche manman an repoze, men li pa ase fò pou l ouvri kòl matris la.


Pa chofe tranche a si gen move siy ki endike ou dwe mennen manman an lopital. Sitou, pinga ou fòse tranche si bebe a kouche sou kote, si manman an ap bay anpil san, oswa si kè bebe a ap bat mwens pase 100 fwa pa minit. Si w chofe tranche a nan ka sa yo, sa ka mete bebe a an danje epi w ap pèdi tan pou granmèsi. Si gen move siy, mennen l lopital!

Eseye nenpòt nan metòd sa yo pou chofe tranche a, men si w wè anyen pa mache apre 1 ou 2 èdtan, gade si w ka mennen manman an lopital. Lè w rete twòp tan pou yon akouchman fèt, sa ka yon danje. Si w pa wè okenn siy pwogrè apre tranche a cho pandan 8 a 12 èdtan, oswa si li sispann fè pwogrè pou plizyè èdtan, mennen manman an lopital rapid. Sa enpòtan sitou si lopital la nan yon distans inèdtan oubyen plis.

(Nou pale sou lòt fason pou chofe tranche. Metòd sa yo gen plis risk, donk, ou dwe itilize yo sèlman si w pa gen lòt posiblite.)

MW Ch11 Page 192-1.png
Mache epi fè mouvman

Anpil fwa tranche a vin pi cho si manman an kanpe oswa mache. Se paske konsa bebe a peze plis sou kòl matris la, e sa vin fè kontraksyon yo pi fò. Gen fi ki ka gen pi gwo kontraksyon lè yo senpleman chanje pozisyon.

Sansasyon nan tete

Lè yon bebe souse tete manman l, kò manman an bay sa yo rele òmòn oksitosin (“oxytocin”). Oksitosin nan ede manman an gen pi gwo kontraksyon.

MW Ch11 Page 192-2.png

Si manman an gen timoun ki nan tete toujou, mete timoun nan souse tete a. Si li pa gen timoun nan tete, mari l oswa mennaj li ka souse tete a. Kite yo souse tete a pou 10 minit, fè yon kanpe pou yon lòt 10 minit, epi souse ankò.

Si fi a pa vle pou moun souse tete l, li ka peze yo epi fè masaj ladan yo poukont li. Li mèt kontinye manyen yo epi fè masaj ladan yo jiskaske kontraksyon yo vini ak plis fòs. Kontraksyon yo ta sipoze kòmanse vin pi fò nan anivwon 30 minit. Men, si apre sa kontraksyon yo pa vin pi fò, sanble sansasyon nan tete a pap fè anyen pou li.

Akipresyon (pez e sou kèk kote nan kò a)

Masaj konn fè tranche kòmanse, oubyen li konn fè tranche ki frèt vin pi cho. Gen yon kalite masaj ki rele akipresyon. Yo konn rele l tou masaj chinwa paske se yon metòd moun peyi Lachin itilize pou yo fè tretman. Nan akipresyon, ou peze yon jan fò sou kèk kote byen presi nan kò moun nan. Si w konnen kèk lòt masaj ki ka chofe tranche, itilize yo! (Men, pa bay vant fi a masaj avèk fòs. Sa ka fè plasenta a separe ak matris la.)

Anvan w fè akipresyon, ede fi a lache kò l. Bay pye l yon ti masaj, oubyen ba l masaj dèyè do l ak luil (pwomad). Lè kò fi a byen rilaks, ou ka kòmanse akipresyon an.

Pi ba a ak nan lòt paj la w ap wè ki kote pou w peze ak pous ou. Chèche kote yo di w la epi pase pous la toutotou jiskaske w jwenn yon kote ki sansib pou fi a, oswa k ap fè l mal. Lè w jwenn kote sa a, peze l pandan yon minit.

Si l ap mache, fi a ka gen sansasyon eping kote w ap peze a, oubyen li ka ba l ti doulè. Epi, li ka santi bebe a kòmanse deplase, oubyen li ka santi yon enèji oswa yon doulè nan vant li.

MW Ch11 Page 192-3.png
MW Ch11 Page 192-4.png
Anndan pye a, 4 dwèt anwo jwenti pye a Premyèman, mete 4 dwèt anwo je pye a, pa anndan an. Apresa, peze pye l anwo dwèt ou yo. Peze sou dèyè zo a. Fè ti mouvman monte desann ak gwo pous ou, oswa fè ti sèk.
MW Ch11 Page 193-1.png

Nan men, nan mitan gwo pous la ak dwèt la
Mete dwèt ou yo nan 2 pla men l yo, epi mete gwo pous ou yo sou do men l yo. Fwote gwo pous ou yo tou won tankou lè w ap fè ti sèk. Ou ka fè sa tou pou ede fi ki gen tranche santi mwens doulè.

MW Ch11 Page 193-2.png

Nan pye, bò kote gwo zòtèy la
Si 2 premye metòd yo (anwo jwenti pye a ak nan men an) pa mache apre 5 a 10 minit, oubyen si manman an sou tansyon oswa kè l pa kontan, eseye peze toupre gwo zòtèy la. Fè ti sèk ak gwo pous la. Pa fè masaj nan plas sa a si manman an ap bay san..


Men kèk lòt kote sa ka mache byen:

MW Ch11 Page 193-3.png

Nan mitan je l yo
Fè dwèt ou pouse monte tou dousman sou fon manman an, sitou si kò manman an yon jan rèd.

MW Ch11 Page 193-4.png

Sou tèt zepò l li yo
Peze fò pandan anviwon 30 segonn (oswa konte jiska 30). Kanpe pandan 2 a 3 minit epi rekòmanse ankò. Kontinye konsa pou yon bon bout tan.

Ou ka fè sa tou menm apre akouchman an si manman an fè enfeksyon nan tete.


MW Ch11 Page 193-5.png

Anba je pye a
Peze la a si timoun nan rete twò wo nan basen manman an, pou l ka desann.

MW Ch11 Page 193-6.png

Anba pla pye a
Si okenn lòt kote pa ede l, peze anba pla pye a byen fò. Sa ka ede yon fi ki gen anpil kè sote.

Suiv tranche a avèk atansyon. Si akipresyon ap bay rezilta, ou sipoze wè kontraksyon yo kòmanse oswa yo vin pi fò apre 10 minit. Si sa pa mache tousuit, fi a mèt fè yon ti mache epi eseye ankò. Toutotan w wè akipresyon an ap bay bon rezilta, kontinye fè l jiskaske tranche a rete cho nètale. Sa ka mande kèk minit, jiska plizyè èdtan.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024