Hesperian Health Guides

Lis alfabetik medikaman yo

Nan chapit sa:



Kontni yo

Charbon actif (poud chabon, chabon aktif)

Chabon aktif se yon bon remèd pou trete kèk ka anpwazònman, tankou lè yon moun bwè twòp aspirin, parasetamòl, klowokin, oubyen lòt remèd ak pwodui ki gen pwazon. Lè chabon an desann nan lestomak moun nan, l ap bwè pwazon an.

Nou jwenn li nan
Likid: 25 gram nan chak 120 ml
Poud: 50 g

Ki jan pou nou sèvi avè l
Lè yon moun bwè pwazon, bay 30 – 100 gram nan bouch yon sèl fwa.

Enpòtan
Pa bay chabon aktif si moun nan te bwè gaz, gaz lanp, oubyen nenpòt likid ki fèt ak petwòl.

Efè segondè
Poupou moun nan tounen koulè nwa, li bay vomisman, dyare.

Atansyon!
Depi nou ba l chabon an, chèche konkou doktè san pèdi tan. Lè yon moun bwè twòp medikaman oubyen twòp pwodui chimik, li ka tonbe byen malad, epi li ka bezwen anpil lòt tretman pase chabon an.


Pregnant women need to take special care

ATANSYON!
Acyclovir (asiklovi)

Asiklovi sèvi pou goumen ak viris tankou èpès.

Nou jwenn li nan
Konprime: 200 mg
Poud ki pou fè piki.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou premye enfeksyon èpès: bay 400 mg nan bouch, 3 fwa nan yon jou, soti 7 rive 10 jou.

Pou enfeksyon ki ale vini toutan: bay asiklovi 400 mg nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 5 jou.

Si èpès ap tounen sou yon fi plis pase 6 fwa nan yon ane, bay asiklovi 400 mg nan bouch, 2 fwa pa jou, chak jou pandan tout yon ane. Kanpe sou li, pou wè si l bezwen bwè medikaman toujou.

Yon fanm ansent ki konn soufri ak èpès, bay asiklovi 400 mg nan bouch, 2 fwa pa jou, chak jou pandan dènye mwa gwosès li.

Enpòtan
Asiklovi ka soulaje pwoblèm èpès ap bay—men li pap geri l, ni li pap anpeche l tounen sou yon moun ankò.
Efè segondè
tèt fè mal, tèt vire, kè plen, vomisman.
Atansyon!
Medikaman sa a pa bon pou fi ki gwo vant. Li pi bon pou bay medikaman an sèlman si se premye enfeksyon li, oubyen pandan dènye mwa gwosès la, pou maladi a pa tounen sou li nan moman akouchman an.


Adrénaline(épinéphrine) (adrenalin, epinefrin)

Adrenalin sèvi pou trete gwo alèji, oubyen chòk alèji, tankou sa yon piki penisilin ka bay. Li sèvi tou pou trete kriz opresyon ki grav.

Nou jwenn li nan
Anpoul ki pou bay piki, 1 mg nan 1 ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete reyaksyon oubyen chòk alèji, bay piki 1:1000, 0.5 ml anba po. Si li pap fè mye, bay yon lòt piki nan 20 minit. Men, se pou nou ba li lòt medikaman anplis.

Enpòtan
Kontwole batman kè malad la anvan w bay adrenalin.]] Bay piki anba po sou deyò anwo ponyèt la; pa bay li nan dèyè. Si batman kè a monte plis pase 30 batman nan yon minit, pa bay lòt dòz. Pa bay plis pase 3 dòz.
Efè segondè
Malad la pè, li ajite, li nève, li eksite, li gen tèt fè mal, tèt vire, epi kè li bat pi vit.


Amoxicilline (amoksisilin)

Amoksisilin se yon antibyotik ki soti nan fanmi penisilin. Li sèvi pou trete enfeksyon nan matris, nan pipi, nemoni, ak lòt enfeksyon. Jounen jodi a, yo sèvi avè l anpil kote nan plas anpisilin.

Nou jwenn li nan
Grenn 250 e 500 mg
Poud ki pou fè piki
Siwo ki gen divès fòs dòz la.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou enfeksyon nan ren, bay 500 mg nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 7 jou.
Pou klamidya, bay 500 mg nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 7 jou.

Pou enfeksyon nan basen, bay 500 mg nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 14 jou.

Pou enfeksyon apre sikonsizyon fi, bay 500 mg nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 10 jou.

Pou evite trape enfeksyon lè yo fè yon ekzamen kote yo mete men oubyen fè zouti antre nan kò a, bay 1 gram nan bouch, yon sèl fwa. Mete metwonidazòl sou sa.

Pou enfeksyon nan yon tibebe ki fenk fèt, enjekte nan mis kwis la pou 7-10 jou. Pou yon ti bebe ki peze 2 kg oswa mwens, sèvi ak 100 mg, 2 fwa pa jou; 3 kg, sèvi ak 150 mg, 3 fwa pa jou; 4 kg oswa plis, sèvi ak 200 mg, 3 fwa pa jou

Enpòtan
Bwè li ansanm ak manje. Si apre 3 jou tretman, nou pa wè yon kòmansman gerizon, chèche yon lòt kalite antibyotik, epi al wè doktè. Li ka bezwen yon lòt medikaman.
Efè segondè
Dyare, gratèl, kè plen, vomisman. Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
Ampicillin ka prèske toujou itilize olye pou yo amoxicillin. Yon moun ki fè alèji ak penisilin ka eseye erythromycin.

Atansyon!

Si yon moun fè alèji ak medikaman nan fanmi penisilin nan, pa ba li amoksisilin.
Ampicilline (anpisilin)

Anpisilin se yon antibyotik ki soti nan fanmi penisilin. Li sèvi pou trete anpil kalite enfeksyon.

Nou jwenn li nan
Konprime oubyen kapsil 250 e 500 mg
Likid ki pou fè piki 125 mg oubyen 250 mg nan chak 5 ml
Poud ki pou fè piki.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou enfeksyon matris pandan tranche, apre akouchman oswa apre avòtman, enjekte 2 g nan mis pou premye dòz la, apresa bay 1 g 4 fwa pa jou jiskaske lafyèv ale nan 48 èdtan. Bay ak lòt antibyotik.

Pou enfeksyon kay tibebe ki fèk fèt, tibebe ki poko gen 8 jou, bay piki nan kuis 2 fwa pa jou. Pou tibebe ki gen 8 jou oubyen plis, bay piki 3 fwa pa jou. Si tibebe a pa rive peze 2 kilogram, bay 80 mg. Si tibebe a peze 3 kg oubyen plis, bay 150 mg; si l peze 4 kg oubyen plis, bay 200 mg.

oubyen bay 3.5 g nan bouch 1 fwa sèlman.

Enpòtan
Bwè anpisilin anvan manje

Efè segondè
Kè plen, dyare, ak gratèl. Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun

Lòt medikaman
ki ka bon tou
Jeneralman, amoksisilin ka sèvi nan plas anpisilin. Yon moun ki fè alèji ak penisilin gendwa pran eritwomisin.

Atansyon!
Si yon moun fè alèji ak yon medikaman ki soti nan fanmi penisilin, pa ba li anpisilin.

Pregnant women need to take special care

ATANSYON!
Artemisinin - Combinations à base d'artemisinine (CTA) (artésunate, artémether, absinthe)

Pou trete malarya, fòk nou bay yon medikaman nan fanmi atemisinin, tankou atemetè oubyen atesinat, ansanm ak yon lòt medikaman. Yo rele sa konbinezon medikaman ki gen atemisinin ladan yo. Gendèfwa yo fè grenn konbine. Fòk nou sèvi ak konbinezon yo paske gen anpil ka malarya ki kenbe tèt ak medikaman.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete malarya, ACT swa vini kòm 2 medikaman konbine nan 1 oswa plis grenn oswa 2 medikaman nan grenn separe ki pake ansanm pou pran an menm tan. Yo toujou pran ACT pou 3 jou, swa 1 oswa 2 fwa pa jou, selon kalite ACT la.

Diferan kalite ACT ki trete malarya yo enkli artesunate + lumefantrine, artesunate + amodiaquine, artesunate + mefloquine, ak artesunate + sulfadoxine-pyrimethamine (SP).
Enpòtan
Pou fanm ki nan 3 premye mwa gwosès yo, evite ACT epi bay kinin + klindamisin pito (oswa sèlman kinin).
BCG, vaccin BCG (vaksen BCG)

Vaksen BCG ede nan pwoteje kò a kont tibèkilòz.

Nou jwenn li nan
Likid ki pou fè piki

Ki jan pou nou sèvi avè l
Bay piki 0.1 ml jis anba po (intradermique), nòmalman sou anwo ponyèt la.

Enpòtan
Vaksen BCG a se yon vaksen vivan, kidonk li dwe rete frèt tout tan oswa li pap mache.
Efè segondè
Vaksinasyon an konn bay yon bouton, epi li kite yon mak sou po a.


Benzathine benzylpénicilline (benzatin benzilpenisilin)
pénicilline G benzathine (penisilin G benzatin)

Benzatin benzilpenisilin se yon antibyotik ki soti nan fanmi penisilin. Li rete lontan ap travay nan kò a. Li sèvi pou trete sifilis, maleng sou pati jenital, ak lòt enfeksyon. Nou toujou bay li nan piki nan mis.

Nou jwenn li nan
Poud ki pou fè piki 1.2 – 2.4 milyon inite nan yon flakon 5 ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete sifilis, bay piki 2.4 milyon inite nan mis yon sèl fwa. Si maleng yo gentan geri, men tès san an fè nou konnen li gen sifilis, bay yon piki chak 8 jou pandan 15 jou ankò.

Si nou gen pou trete yon tibebe, bay 100,000 inite konsa nan mis, yon sèl fwa (oubyen bay 50,000 inite pou chak kilogram pwa tibebe a.

Enpòtan
Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun. Se pou nou toujou gen medikaman tou pare pou trete yon reyaksyon alèji.

Lòt medikaman
ki ka bon tou
eritwomisin.

Atansyon!
Si yon moun fè alèji ak yon medikaman ki soti nan fanmi penisilin, pa ba li benzatin benzilpenisilin.


Céfixime (sefiksim)

Sefiksim se yon antibyotik ki soti nan fanmi céphalosporine (sefalosporin). Li sèvi pou trete anpil enfeksyon, tankou gonore (ekoulman), enfeksyon nan basen, ak lòt ankò.

Nou jwenn li nan
Konprime: 200 mg oubyen 400 mg
Likid: ki gen 100 mg nan 5 ml.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou gonore oubyen enfeksyon nan basen, bay 400 mg nan bouch, yon sèl fwa. gonorrhea.

Pou enfeksyon nan blad pipi oswa nan ren, bay 200 mg nan bouch 2 fwa pa jou pou 5-14 jou.

Enpòtan
Se pou nou toujou gen medikaman tou pare pou trete yon reyaksyon alèji. Moun ki gen pwoblèm fwa dwe sèvi ak prekosyon lè yo pran sefiksim.
Efè segondè
Kè plen, dyare, tèt fè mal. Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun.

Lòt medikaman
ki ka bon tou
seftriyaksòn, eritwomisin

Atansyon!
Si yon moun fè alèji ak yon medikaman ki soti nan fanmi sefalosporin, pa ba li sefiksim.



Céftriaxone (seftriyaksòn)

Seftriyaksòn se yon antibyotik ki fò anpil, ki soti nan fanmi céphalosporine (sefalosporin). Nou bay li nan piki nan mis. Li sèvi pou trete anpil enfeksyon, tankou gonore, enfeksyon nan basen, enfeksyon nan ren, ak gwo enfeksyon apre avòtman, akouchman, oubyen foskouch.

Nou jwenn li nan
Flakon ki pou fè piki, ki gen 250, 500 mg, 1 gram, 2 gram, ak 10 gram ladan yo.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou gonore oubyen chank mou, bay piki seftriyaksòn 250 mg nan mis, yon sèl fwa.

Pou gonore kay tibebe ki fèk fèt, bay piki seftriyaksòn 125 mg nan kuis, yon sèl fwa.

Enpòtan
Se pou nou toujou gen medikaman tou pare pou trete yon reyaksyon alèji.

Efè segondè
Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun.

Lòt medikaman
ki ka bon tou
sefiksim, eritwomisin

Atansyon!
Si yon moun fè alèji ak yon medikaman ki soti nan fanmi sefalosporin, pa ba li seftriyaksòn.


Breastfeeding women need to take special care

ATANSYON!
Clindamycine (klendamisin)

Klendamisin se yon antibyotik ki fò. Nan liv sa a, sèl esplikasyon nou bay se sou ki jan pou nou sèvi avè l pou trete malarya kay fanm ansent pandan premye 3 mwa gwosès yo.

Nou jwenn li nan
Kapsil: 150 mg
Likid ki pou fè piki ki gen 150 mg nan chak ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete malarya kay fanm ansent nan premye 3 mwa gwosès yo, bay 600 mg nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou. Mete kinin sou sa.

Pou bakteri vajinal, bay 300 mg nan bouch 2 fwa pa jou pandan 7 jou.

Pou enfeksyon akoz sikonsizyon fi, bay 600 mg nan bouch 3 fwa pa jou pou 7-10 jou.

Efè segondè
Dyare, vomisman, gratèl, yon vye gou fè metalik nan bouch. Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun.

Atansyon!
Klendamisin ka bay pwoblèm nan trip ki grav.

Li pase nan lèt manman an pou l rive kay tibebe a.

Sèvi ak medikaman sa a sèlman si li vrèman nesesè.


Cotrimoxazole (kotrimoksazòl)
(triméthoprime + sulfaméthoxazole) (trimetoprim + silfametoksazòl)

Kotrimoksazòl se yon konbinezon 2 antibyotik (youn ki soti nan fanmi silfa). Nou sèvi avè l pou trete enfeksyon nan blad pipi, nan ren, ak lòt enfeksyon. Li ka evite enfeksyon kay moun ki gen VIH/SIDA.

Nou jwenn li nan
Grenn: 120, 480, and 960 mg
Likid: ki gen 240 mg nan chak 5 ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou enfeksyon nan ren, bay 960 mg (trimetoprim 160 mg e silfametoksazòl 800 mg), nan bouch, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.

Pou evite enfeksyon kay moun ki gen VIH: bay 960 mg nan bouch, chak jou.

Pou pitit manman ki gen VIH:

Pou tibebe ki poko gen 6 mwa, bay likid 120 mg chak jou

Pou timoun ki gen 6 mwa rive 6 ane: bay likid 240 mg chak jou.

Enpòtan
Bwè li ansanm ak anpil dlo.
Efè segondè
Si li bay reyaksyon alèji tankou gratèl ak chofi, sispann bwè li. Li ka bay kè plen ak vomisman tou.
Atansyon!
Fi ki gwo vant pa gen dwa pran medikaman sa a pandan dènye 3 mwa gwosès yo.
Si yon moun fè alèji ak medikaman ki soti nan fanmi silfa, pa ba li kotrimoksazòl.
Si yon moun deja ap pran sulfadoxine-pyriméthamine pou trete malarya, pa ba li kotrimoksazòl.


Pregnant women need to take special care

Breastfeeding women need to take special care

ATANSYON!
Diazépam (dyazepam)

Dyazepam se yon medikaman ki pou kalme moun. Li sèvi pou rete ak pou evite kriz.

Nou jwenn li nan
Konprime 5 mg oubyen 10 mg
Likid ki pou fè piki, 5 mg nan 1 ml.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou kriz, bay likid (ki pou fè piki) 20 mg nan twou dèyè.Si nou wè li nesesè, bay yon lòt dòz 10 mg 20 minit apre premye dòz la. Pa bay plis pase 30 mg pandan 8 èdtan. Si pa gen likid (ki pou fè piki), kraze konprime dyazepam, mete yo nan dlo.

Efè segondè
Li bay dòmi nan je, pwoblèm pou yon moun rete ann ekilib, li fè moun bwouye.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
silfat mayesyòm
Atansyon!
Dyazepam se yon medikaman, depi yon moun pran l, li ka santi l bezwen pran l toutan (adiksyon).

Pa sèvi ak dyazepam ansanm ak alkòl oubyen ak lòt medikaman ki fè moun anvi dòmi.

Si yon fanm ansent pran twòp dyazepam pandan gwosès li, oubyen si l sèvi avè l twò souvan, tibebe a ka soti domaje.

Medikaman sa a pase nan lèt manman an pou rive kay tibebe a. Fi k ap bay tete pa dwe sèvi avè l sòf nan ka dijans.


Dicloxacilline (dikloksasilin)

Dikloksasilin se yon antibyotik ki soti nan fanmi penisilin. Li sèvi pou trete enfeksyon nan tete ak enfeksyon sou po.

Nou jwenn li nan
Kapsil of 125, 250, ak 500 mg
Likid ki gen 62.5 mg nan 5 ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou enfeksyon nan tete, bay 500 mg nan bouch, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.

Enpòtan
Se pou nou toujou gen medikaman tou pare pou trete yon reyaksyon alèji.
Efè segondè
Kè plen, vomisman, dyare. Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
eritwomisin
Atansyon!
Si yon moun fè alèji ak medikaman ki soti nan fanmi penisilin, pa ba li dikloksasilin.


Pregnant women need to take special care

Breastfeeding women need to take special care

ATANSYON!
Diphenhydramine (difenidramin)

Difenidramin se yon medikaman anti-istaminik. Li bon pou trete reyaksyon alèji ak chòk alèji. Kay moun ki soufri ak SIDA yo, li ka soulaje gratèl k ap dire sou yo, epi ede yo dòmi byen.

Nou jwenn li nan
Konprime oubyen kapsil: 25 oubyen 50 mg
Siwo ki gen 12.5 mg nan 5 ml
Anpoul ki pou fè piki ki gen 10 mg, 30 mg, oubyen 50 mg nan 1 ml.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou reyaksyon alèji ki pa twò grav, bay 25 mg nan bouch, chak 6 èdtan jis tout siy alèji yo al fè wout yo.

Pou chòk alèji, bay piki 50 mg nan mis. Bay yon lòt dòz nan 4 èdtan si nou toujou wè siy reyaksyon alèji.

Efè segondè
Li bay anvi dòmi, li fè bouch ak nen moun nan vin sèch. Kèk fwa li bay kè plen ak vomisman. Sa prèske pa janm rive, men medikaman an ka eksite yon moun olye pou li kalme l.

Lòt medikaman
ki ka bon tou
pwometazin

Atansyon!
Li pi bon pou bay difenidramin nan bouch. Bay piki sèlman pou reyaksyon alèji ki grav ak pou chòk alèji.

Pa sèvi ak difenidramin ansanm ak alkòl oubyen ak lòt medikaman ki pou kalme moun. Sa fè lòt kalman oubyen bwason yo aji sou moun ak plis fòs. Gen danje nan sa.

Fi ki gwo vant ak fi k ap bay tete mèt sèvi ak medikaman sa a nan ka dijans, men yo pa gendwa pran l regilyèman, ni lè y ap bay tete.


Pregnant women need to take special care

Breastfeeding women need to take special care

ATANSYON!
Doxycycline (doksisiklin)

Doksisiklin se yon antibyotik ki soti nan fanmi tétracycline. Li sèvi pou trete anpil kalite enfeksyon.

Nou jwenn li nan
Konprime: 50 mg oubyen 100 mg.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou evite enfeksyon apre avòtman, bay 200 mg nan bouch, yon fwa sèlman, 1 èdtan anvan pwosedi a.

Pou enfeksyon apre yon avòtman, bay 100 mg nan bouch, 2 fwa pa jou, pandan 10 jou.

Enpòtan
Pou bwè medikaman an, leve chita, epi bwè l ak anpil dlo. Evite soti anba solèy, paske solèy la ka leve gratèl sou po a.

Efè segondè
Dyare, lestomak boulvèse. Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun.

Lòt medikaman
ki ka bon tou
amoksisilin, metwonidazòl

Atansyon!
Fi ki gwo vant pa gendwa pran medikaman sa a. Doksisiklin ka donmaje dan ak zo tibebe a.

Fi k ap bay tete mèt pran doksisiklin pandan kèk jou, pou trete yon enfeksyon, men yo pa gendwa pran l pandan yon tan ki twò long.

Lè doksisiklin ekspire, sa vle di li depase dat li, li ka pa bon ankò.



Ergométrine (ègometrin)
(ergonovine, méthylergonovine) (ègonovin, metilègonovin)

Ègometrin sèvi pou sere venn san yo ki nan matris la; konsa li anpeche yon fi senyen twòp apre akouchman oubyen apre avòtman.

Nou jwenn li nan
Konprime: 0.2 mg
Flakon ki pou fè piki ki gen 0.2, 0.25. oubyen 0.5 mg nan 1 ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete fi k ap senyen anpil apre akouchman, bay 0.2 mg nan bouch, soti 6 rive 12 èdtan.
oubyen, bay piki 0.2 mg nan mis, soti 6 rive 12 èdtan. Pa bay plis pase 5 dòz.

Efè segondè
Kè plen, vomisman, tèt vire; li ka swè anpil

Enpòtan
Refrijere ergometrin pou li rete frèt (ant 2 a 8 degre C, oswa 35 a 46 degre F) epi kenbe li lwen limyè. Si se pa sa, li pral pèdi fòs sou tan. Si li vin dekolore epi li pa sanble ak dlo klè, li pwobableman pa pral travay.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
mizopwostòl, oksitoksin

Atansyon!
Pa sèvi ak ègometrin pou fè doulè tranche a mache, oubyen pou fè pitit la soti pi vit. Pa sèvi avè l pou eseye jete pitit la.

Pa bay medikaman sa a anvan tibebe a ak plasenta a soti.



Érythromycine (eritwomisin)

Eritwomisin se yon antibyotik ki soti nan fanmi macrolide (makwolid). Li sèvi pou trete anpil enfeksyon. Fanm ansent mèt sèvi avè l san danje. Li bon pou moun ki fè alèji ak antibyotik ki soti nan fanmi penisilin.

Nou jwenn li nan
Konprime oubyen kapsil: 250 mg
Pomad : 1%
Poud ki pou fè piki ki gen 125 mg nan 5 mg

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou je tibebe ki fèk fèt, pase pomad nan je li yo, 0.5% oubyen 1%, yon sèl fwa, anvan 2 èdtan pase depi l fèt.

Pou enfeksyon nan tete bay 500 mg nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou.

Pou klamidya, bay 500 mg nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou.

Pou chank mou, bay 500 mg nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou.

Pou klamidya kay tibebe, bay siwo 30 mg nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 14 jou.

Pou enfeksyon nan basen (anba tivant), bay 500 mg nan bouch, 4 fwa nan yon jou, pandan 14 jou.

Pou sifilis bay 500 mg nan bouch, 4 fwa nan yon jou, pandan 14 jou.

Pou yon moun ki gen sifilis 2 zan oswa plis, bay 500 mg nan bouch 4 fwa pa jou pandan 30 jou.

Enpòtan
Eritwomisin ap bay pi bon rezilta lè moun pran l 1 èdtan anvan manje, oubyen 2 èdtan apre yo fin manje. Si sa bay yon moun lestomak boulvèse, li gen dwa bwè li ansanm ak yon ti manje.

Pa kase konprime yo. Jeneralman, yo fè konprime yo ak yon kouch di sou yo, ki pou anpeche likid ki nan lestomak la kraze konprime yo anvan yo ka fè travay yo nan kò a.

Efè segondè
Lestomak boulvèse, anvi vomi, dyare. Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun.

Lòt medikaman
ki ka bon tou
amoksisilin, benzatin benzilpenisilin, seftriyaksòn, dikloksasilin, iyòd, penisilin pwokayin, tetrasiklin, pomad pou je
Atansyon!
Si yon moun fè alèji ak medikaman ki soti nan fanmi makwolid, pa ba li eritwomisin.



Fer, Sulfate ferreux (silfat fè)

Fè se yon mineral ki nesesè pou tout moun, sitou pou fi ki gwo vant, pou yo ka anrichi san an, pou yon gen kouraj ak fòs. Li posib, men li difisil, pou nou jwenn ase fè nan manje, menmsi nou manje vyann ak anpil legim fèy vèt.

Nou jwenn li nan
Konprime: ki gen divès fòs dòz.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou evite anemi kay fanm ansent, bay 300 - 325 mg nan bouch, 1 fwa pa jou, pandan tout gwosès la.

Pou trete anemi, bay 300 - 325 mg nan bouch, 2 – 3 fwa pa jou, jiskaske w pa wè siy anemi ankò, oubyen pandan tout gwosès la.

Enpòtan
Lè nou manje fwi ak legim ki chaje ak vitamin C, sa fè kò a kapab sèvi pi byen ak fè ki nan manje a.
Efè segondè
Anvi vomi, dyare; li ka fè moun sere. Li bon pou nou bwè konprime fè ansanm ak manje.
Atansyon!
Lè moun pran twòp fè, sa ka anpwazonnen yo. Sere konprime fè kote timoun pa ka rive jwenn yo.


Folique - acide folique (asid folik) (folate, folacine) (folat, folasin)

Asid folik se yon vitamin ki bon anpil pou fanm ansent. Li evite kèk domaj ki ka rive tibebe anvan yo fèt.

Nou jwenn li nan
Konprime: 0.4 mg, 1 mg, 5 mg

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou evite tibebe a fèt ak yon domaj, bay 0.5 – 0.8 mg nan bouch, 1 fwa pa jou.



Pregnant women need to take special care

ATANSYON!
Gentamicine (jantamisin)

Jantamisin se yon antibyotik ki fò anpil, ki soti nan fanmi aminoglycoside (aminoglikosid), ki sèvi pou trete enfeksyon ki grav.

Nou jwenn li nan
Flakon ki pou fè piki ki gen 10 oubyen 40 mg nan chak ml.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou enfeksyon matris pandan tranche, apre akouchman, oubyen apre avòtman, bay 80 mg nan mis 2 fwa pa jou, jis 48 èdtan pase depi lafyèv la fin tonbe. Fòk nou bay lòt antibyotik mete sou jantamisin.

Pou enfeksyon nan yon tibebe ki fèk fèt ki peze 2 kg oswa mwens, enjekte 3 mg pou chak kg ti bebe a peze, nan mis la, yon fwa pa jou pandan 5 jou.

Pou enfeksyon nan yon tibebe ki fèk fèt ki peze plis pase 2 kg, enjekte 5 mg pou chak kg ti bebe a peze, nan mis, yon fwa pa jou pandan 5 jou.

Enpòtan
Sèvi ak jantamisin sèlman si fi a pa ka pran lòt medikaman san l pa vomi, oubyen si pa gen lòt antibyotik ki ka sèvi. Fè l bwè anpil likid.

Efè segondè
Li ka lakòz enfeksyon chanpiyon kay fi, oubyen chofi kouchèt kay timoun.

Lòt medikaman
ki ka bon tou
anpisilin, benzilpenisilin, doksisiklin, metwonidazòl, ak lòt ankò.
Atansyon!
Jantamisin ka rann yon moun soud pou tout rès lavi l, epi li ka donmaje ren l yo. Si nou bay yon fi ki gwo vant jantamisin, sa ka domaje tibebe a. Si yon moun fè alèji ak medikaman ki soti nan fanmi aminoglikosid, pa ba li jantamisin.



Pregnant women need to take special care

Breastfeeding women need to take special care

ATANSYON!
Hydrocortisone (idwokòtisòn)
(cortisol) (kòtisòl)

Idwokòtizòn sèvi pou konbat anflamasyon ak gratèl. Li sèvi pou trete gratèl sou po, epi pou trete chòk alèji.

Nou jwenn li nan
Krèm oubyen pomad 1%
Konprime 5 mg, 10 mg, ak 20 mg
Likid ki pou fè piki
Poud ki pou fè piki ki gen divès fòs dòz

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou chòk alèji, bay piki 500 mg nan mis. Bay yon lòt dòz nan 4 èdtan si nou wè l nesesè. Fòk nou bay lòt medikaman tou.

Atansyon!
Fi ki gwo vant ak fi k ap bay tete pa gendwa sèvi avè l regilyèman; sèvi avè l sèlman nan ka dijans pou trete chòk alèji.




Lidocaïne (lidokayin)
(Lignocaïne) (liyokayin)

Lidokayin se yon anestezi, ki pou angoudi chè a. Kote nou bay piki a, li mouri chè nan zòn sa a pou sa pa fè yon fi mal lè y ap koud yon blese, oubyen lè y ap koud twou nesans li kote ki chire oubyen koupe. Li ka sèvi tou lè yo fè kitaj pou yon fi (aspiration manuelle intra-utérine).

Nou jwenn li nan
Likid pou fè piki, 0.5%, 1%, oubyen 2%

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou angoudi chè a, bay piki solisyon 1% 5 – 30 mg nan po.




Magnésium – sulfate de magnésium (silfat mayesyòm)

Silfat mayezyòm sèvi pout rete kriz kay yon fanm ansent ki soufri ak eklanmsi (anpwazonnman gwosès ki bay kriz).

Nou jwenn li nan
Likid ki pou fè piki 10%, 12.5%, 25%, oubyen 50%

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou rete yon kriz kay yon fanm ki gen eklanmsi, bay piki solisyon 50% 10 gram nan mis. Si sa nesesè, bay yon lòt dòz nan 4 èdtan.

Enpòtan
Kòm gwo dòz sa a ka fè mal, nou mèt bay solisyon 50% 5 gram nan chak bò dèyè li (nan mis dèyè a), pou fè 10 gram antou. Epitou, pou sa pa fè l twò mal, nou mèt bay li ansanm ak yon ti lidokayin si nou genyen li.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
dyazepam
Atansyon!
Sèvi ak silfat mayezyòm sèlman si tansyon fi a monte pi wo pase 160/110, oubyen si li fè kriz. Si li pa rive pran 12 souf nan yon minit, oubyen si li pa fè pipi pandan 4 èdtan, sispann ba li medikaman an. Chèche konkou doktè san pèdi tan.

Fi ki gen pwoblèm ren pa gendwa pran remèd sa a.



Métronidazole (metwonidazòl)

Metwonidazòl bon pou trete kèk enfeksyon bakteri, disantri amib k ap bay (dyare ak san), trikomonas, ak enfeksyon nan vajen.

Nou jwenn li nan
Konprime: 200, 250, 400,ak 500 mg
Sipozitwa 500 mg
Piki ki gen 500 mg nan 1 flakon
Likid ki pou pran nan bouch ki gen 200 mg nan 5 ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou enfeksyon matris pandan tranche, bay 500 mg nan bouch 3 fwa pa jou jiska 24 èdtan apre akouchman, si manman an pa gen lafyèv.

Pou enfeksyon apre akouchman oubyen apre avòtman, bay 500 mg nan bouch 3 fwa pa jou jiskaske lafyèv ale pou 48 èdtan. Apre sa, bay 500 mg nan bouch 3 fwa pa jou pou 10 jou ankò. Bay ak lòt antibyotik.

Pou evite trape enfeksyon nan matris kote yo mete men oubyen fè zouti antre nan matris la, bay 1 gram nan bouch, yon sèl fwa. Mete anpisilin sou sa.

Pou bacterial bakteri nan vajen oubyen trikomonas, bay 500 mg nan bouch 2 fwa pa jou pandan 7 jou, oswa bay 250 mg nan bouch 3 fwa pa jou pandan 7 jou.

Pou enfeksyon nan basen (anba tivant), bay 400 - 500 mg nan bouch, 2 fwa pa jou, pandan 14 jou. Fòk nou bay lòt antibyotik tou.

Enpòtan
Si moun bwè alkòl ansanm ak metwonidazòl, sa bay anvi vomi.
Efè segondè
Vye gou fè metalik nan bouch, pipi ki gen koulè fonse, kè plen, vomisman, tèt fè mal.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
amoksisilin, anpisilin, benzilpenisilin, jantamisin, doksisiklin
Atansyon!
Moun ki gen pwoblèm ren pa dwe pran medikaman sa a.



Mifépristone
(mifepristòn)

Mifepristòn se yon medikaman ki pèmèt fi fè yon avòtman nan premye 9 semèn gwosès. Nou ka bay li ansanm ak mizopwostòl oubyen lòt medikaman.

Nou jwenn li nan
Konprime: 200 mg.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Gade anba a apre a pou konnen ki jan pou bay li ansanm ak mizopwostòl.

Enpòtan
Lè yon fanm ap pran medikaman sa a, li bon pou li rete toupre yon klinik oubyen doktè, paske gendèfwa medikaman an p ap vide matris la nèt.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
mizopwostòl
Atansyon!
Si medikaman an pa t fin vide matris la, fòk yo fè yon kitaj pou fi a pou yo fin vide l (aspiration manuelle intra-utérine, oubyen curetage de l'utérus).



Misoprostol (mizopwostòl)

Mizopwostòl ede vide matris la. Li bon tou pou trete yon fanm k ap pèdi anpil san lè l fin akouche.

Nou jwenn li nan
Konprime: 100 oubyen 200 mikwogram

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou ralanti gwo senyen an apre akouchman, bay 600 mikwogram nan bouch lè w mete tablèt ant jansiv ak machwè jiskaske yo fonn, epi vale. Si fanm nan pa ka vale, mete grenn nan rèktòm li kote yo pral fonn epi yo pral absòbe. Mete gan yo. Nenpòt fason, ou ka repete dòz la 24 èdtan pita si sa nesesè.

Pou fini yon gwosès ak misoprostol ak mifepristone:

Pou yon gwosès ki mwens pase 9 semèn, bay 200 mg mifepristone nan bouch. Apre 1 a 2 jou, bay 800 mikwogram (4 grenn) misoprostol nan vajen an oswa nan bouch la (ant jansiv ak machwè oswa anba lang pou apeprè 30 minit, apresa vale sa ki rete). Si avòtman an pa konplè nan 3 èdtan, bay yon lòt dòz 800 mikwogram misoprostol.
Pou yon gwosès 9 jiska 11 semèn, swiv menm enstriksyon ki pi wo a, men toujou bay yon dezyèm dòz misoprostol 800 mikwogram (4 grenn) apre 3 èdtan.
Pou yon gwosès ki gen plis pase 11 semèn, bay 200 mg mifepristone nan bouch epi apre 1-2 jou, bay 400 mikwogram (2 grenn) misoprostol chak 3 èdtan jiskaske avòtman an fini. Matris la pi sansib a misoprostol nan semèn apre yo, kidonk sèvi ak pi ba dòz sa a pou gwosès pita. Li ka pran jiska 48 èdtan pou avòtman an fini.

Si ou pa gen mifepristone:
Pou yon gwosès ki mwens pase 12 semèn, bay 800 mikwogram (4 grenn) misoprostol nan vajen an oswa nan bouch la (ant jansiv ak machwè oswa anba lang pou apeprè 30 minit, apresa vale sa ki rete). dòz 800 mcg misoprostol chak 3 èdtan jiskaske avòtman an fini.
Pou yon gwosès ki gen plis pase 12 semèn, bay 400 mikwogram (2 grenn) misoprostol chak 3 èdtan jiskaske avòtman an fini. Matris la pi sansib a misoprostol nan semèn apre yo, kidonk sèvi ak pi ba dòz sa a pou gwosès pita. Li ka pran jiska 48 èdtan pou avòtman an fini. Pare w pou w jwenn èd medikal si matris la pa vid nèt.

Enpòtan
Jeneralman yo bay mizopwostòl ansanm ak yon lòt medikaman, mifepristòn, pou mete yon fen ak yon gwosès. Si yo bay mizopwostòl sèlman, li ka pa vide matris la nèt. Avòtman fèt ak mizopwostòl ka pran plizyè èdtan, petèt plizyè jou menm.

Si yon avòtman pa t fin fèt nèt, mizopwostòl ka vide matris la, epi sove lavi fi a.

Si moun mouye konprime misopwostòl anvan yo sèvi ak yo, sa ka fè yo bay pi bon rezilta.
Efè segondè
Kè plen, vomisman, dyare, tèt fè mal. Si fi a ap bay tete, l ap bay tibebe a dyare tou
Atansyon!
Pa janm sèvi ak misoprostol pou akselere oswa kòmanse yon travay. Li ta ka lakòz matris la chire louvri.

Matris la pi sansib a misoprostol kòmanse nan semèn ki pita nan gwosès la, kidonk yon dòz pi ba nan misoprostol yo itilize nan gwosès pita. Yon dòz ki pi wo ka fè mal nan matris la.

Kote avòtman gen restriksyon, pwoblèm legal grav ka lakòz si yon moun sispèk yon moun te eseye fè yon avòtman. Paske misoprostol anjeneral pa fonn nèt nan vajen an, si gen yon pwoblèm ak avòtman an epi èd medikal nesesè, moso grenn ki pa fonn yo ka jwenn la. Lè w pran misoprostol ant machwè yo ak jansiv oswa anba lang lan pi an sekirite kote avòtman ilegal.



Nystatine (nistatin)

Nistatin bon pou trete enfeksyon chanpiyon nan bouch, nan vajen, ak sou po.

Nou jwenn li nan
Konprime pou souse nan bouch
Krèm 100,000 inite
Likid ki gen 100,000 inite nan 1 ml.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou enfeksyon nan bouch ak gòj, bay 2 ti gout plen (0.5 ml chak) nistatin 4 fwa pa jou, epi kontinye bay medikaman sa a pandan 2 jou apre plak yo fin disparèt.

Pou enfeksyon nan vajen, mete yon sèl 100,000 inite w la oswa krèm byen wo nan vajen an chak swa pou 14 nwit.

Enpòtan
Si nistatin irite po a, sispann sèvi avè l.

Lè yon moun gen enfeksyon chanpiyon, se pou l pa fè sèks jis li fin geri. Konsa li pap transmèt bay patnè li enfeksyon an.

Nistatin aji sèlman sou yon kalite enfeksyon chanpiyon ki rele candidose (kandidòz), men cotrimazole aji sou lòt kalite enfeksyon chanpiyon tou.
Efè segondè
Dyare ak lestomak boulvèse
Lòt medikaman
ki ka bon tou
cotrimoxazole



Oxytocine (oksitisin)

Oksitosin fè matris la sere kò l ak venn san yo; se sa ki sèvi pou anpeche yon fi senyen, oubyen pou trete yon fi k ap senyen anpil apre yon akouchman, oubyen apre yon avòtman..

Nou jwenn li nan
Piki ki gen 10 inite nan 1 ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou fè plasenta a soti oubyen pou rete senyen an apre akouchman, bay piki 10 inite nan mis. Bay yon lòt dòz nan 10 minit si sa nesesè.

Enpòtan
Refrijere oksitosin pou li rete frèt (ant 2 a 8 degre C, oswa 35 a 46 degre F) oswa li pral pèdi fòs sou tan.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
ègometrin, mizopwostòl
Atansyon!
Pa sèvi ak medikaman sa a pou fè doulè tranche a mache, oubyen pou fè pitit la soti pi vit. Sa ka fè tranche a vin si cho, jis li fann matris la.

Pa sèvi ak medikaman sa a pou mete yon fen ak yon gwosès. Medikaman an ka byen touye fi a olye pou fè l jete pitit la.



Paracétamol (parasetamòl)
(Acétaminophène) (asetaminofèn)

Parasetamòl sèvi pou kalme doulè epi desann lafyèv.

Nou jwenn li nan
Konprime: 100, 325, ak 500 mg
Likid: ki gen 120 mg ak 160 ml nan 5 ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pran 500 – 1000 mg nan bouch, chak 4 – 6 èdtan. Pa pran plis pase 4000 mg pandan 24 èdtan.

Enpòtan
Parasetamòl pap geri maladi; travay li se kalme doulè a ak desann lafyèv. Li enpòtan pou nou chèche konnen ki maladi moun nan genyen pou nou ka trete l.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
aspirin oubyen ibipwofèn, men fanm ansent pa gendwa pran yo.
Atansyon!
Si yon fi ap soufri ak pwoblèm fwa, oubyen pwoblèm ren, li pa gendwa sèvi ak parasetamòl. Si yon moun pran parasestamòl regilyèman chak jou, oubyen si li bwè l ansanm ak alkòl, sa ka domaje fwa a.



Pregnant women need to take special care

Breastfeeding women need to take special care

ATANSYON!
Prométhazine (pwometazin)

Pwometazin se yon anti-istaminik ki sèvi pou trete reyaksyon alèji ak chòk alèji.

Nou jwenn li nan
Konprime: 10, 12.5, ak 25 mg
Siwo: ki gen 5 mg nan 5 ml
Anpoul ki pou fè piki ki gen 25 mg nan 1 ml

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete reyaksyon alèji ki pa twò grav, bay 25 mg nan bouch. Bay yon lòt dòz nan 6 èdtan, si sa nesesè.

Efè segondè
Bouch ak nen moun nan vin sèch, li wè twoub. Sa preske pa janm rive, men li konn bay tik nan kò, nan figi, oubyen nan je.
Lòt medikaman
ki ka bon tou
difenidramin
Atansyon!
Li pi bon pou moun pran l nan bouch. Bay piki sèlman pou reyaksyon alèji ki grav anpil, oubyen pou chòk alèji.

Nan ka dijans, fi gendwa sèvi avè l, men fanm ansent ak fanm k ap bay tete pa gendwa pran l regilyèman.




Quinine (kinin)
(sulfate ou bisulfate de quinine) (silfat oubyen bisilfat kinin)

Kinin se yon medikaman ki pou trete malarya. Nan liv sa a, nou sèvi avè l sèlman pou trete malarya kay fanm ansent nan premye 3 mwa gwosès yo.

Nou jwenn li nan
Konprime: 300 oubyen 650 mg

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete malarya nan premye 3 mwa gwosès, bay 600 mg nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 7 jou.

Efè segondè
Li ka fè moun swè, fè zòrèy yo kònen, oubyen fè yo pa tande byen, fè yo wè twoub; li ka bay tèt vire, kè plen, vomisman, ak dyare.



Globulin iminitè tetanòs(Tétanos-immunoglobuline antitétanique, sewòm antitetanik)

Globulin iminitè tetanòs (yo rele tou imunoglobulin anti-tetanòs, oswa HyperTET) ka bay moun ki te ekspoze a tetanòs men ki pa te resevwa vaksen tetanòs toxoid. Pa bay moun antitoksin tetanòs ki fèt ak serom chwal.

Nou jwenn li nan
Flakon: 250 inite ak 500 inite

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou yon moun ki gen yon blesi ki ka lakòz tetanòs (tankou yon avòtman ki pa an sekirite) epi ki pa te pran vaksen kont tetanòs, enjekte 250 inite globilin iminitè tetanòs nan misk la.

Si yon moun devlope siy tetanòs, enjekte 500 inite globilin iminitè tetanòs nan misk la.

Enpòtan
Pou moun ki pa te pran vaksen kont tetanòs, li bon pou yo bay vaksen an menm jou ak globilin iminitè tetanòs la. Men, pa enjekte globilin iminitè tetanòs nan menm kote ou enjekte vaksen toksoyid tetanòs la - sa ap sispann vaksen an fonksyone.
Efè segondè
alèji
Lòt medikaman
ki ka bon tou
benzilpenisilin, vaksen kont tetanòs
Atansyon!
Maladi tetanòs ka fasil pote moun ale. Menmsi nou ba li sewòm antitetanik, chèche konkou doktè.


Tétanos – Vaccin contre tétanos (vaksen kont tetanòs)

Vaksen kont tetanòs anpeche moun trape maladi tetanòs. Nou gendwa bay li pandan oubyen apre yon gwosès, oubyen apre yon avòtman. Si nou bay yon fi 2 dòz vaksen an (3 dòz pi bon toujou; al gade nan pwogram anba a) pandan gwosès la, sa ap pwoteje tibebe a kont maladi grav sa a.

Nou jwenn li nan
Anpoul ki gen yon sèl dòz ladann (0.5 ml)

Likid ki pou fè piki

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou pwoteje moun kont tetanòs pandan tout lavi yo, bay piki vaksen 0.5 ml, 5 fwa, nan mis anwo ponyèt, epi yon rapèl chak 10 ane.
Premye piki ..........pi vit posib
2yèm piki..........4 semèn apre premye piki
3yèm piki..........6 semèn apre 2yèm piki
4yèm piki..........1 ane apre 3yèm piki
5yèm piki..........1 ane apre 4yèm piki
Rapèl.............10 ane apre 5yèm piki

Pou evite tetanòs kay yon fi ki ka te deja enfekte, bay piki 0.5 ml nan mis. Anplis, fòk ou bay sewòm antitetanik 250 inite tou.

Enpòtan
Tout moun dwe pran vaksen kont tetanòs depi yo timoun. Jeneralman yo bay yon vaksen konbine, ki rele DPT. Premye 3 piki vaksen sa a egal 2 dòz vaksen kont tetanòs.
Efè segondè
Kote yo bay vaksen an fè mal, li wouj, li cho, li yon ti jan anfle


Pregnant women need to take special care

Breastfeeding women need to take special care

ATANSYON!
Tétracycline (tetrasiklin)

Tetrasiklin se yon antibyotik ki soti nan fanmi tetrasiklin. Li sèvi pou trete anpil enfeksyon, men nan liv sa a, nou mete l sèlman pou esplike ki jan pou sèvi avè l pou tibebe ki fèk fèt pa vin avèg.

Nou jwenn li nan
Pomad: 1%.

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou je tibebe ki fèk fèt, pase pomad 1% nan chak je tibebe a yon sèl fwa, anvan 2 èdtan pase depi li fèt.

Lòt medikaman
ki ka bon tou
eritwomisin pomad, povidone iodine
Atansyon!
Tetrasiklin nan bouch ka yon danje pou fanm ansent ak pou fanm k ap bay tete.


Tricloroacetique – acide tricloroacétique (asid triklowo-asetik)

Nou ka sèvi ak asid triklowo-asetik oubyen bicloroacétique (biklowo-asetik) pou trete veri sou pati jenital.

Nou jwenn li nan
Likid ki gen divès fòs, soti 10% rive 90%

Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete veri jenital, pase vazlin oubyen lòt grès sou po a bò kote veri yo. Mete yon ti gout asid sou veri a. Sa ap fè mal pandan 15 – 30 minit. Lèfini, lave l pou wete asid la. Fè tretman an yon lòt fwa nan 8 jou si sa nesesè, men pa fè l pi souvan pase chak 8 jou.

Enpòtan
Asid sa a ka bay gwo boule ki fè mak sou po. Fè atansyon pou asid la pa touche ak po a. Si sa rive, lave po a ak dlo e savon



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024