Hesperian Health Guides

Medikaman pou VIH/SIDA

Nan chapit sa:

MW Greenpages Page 492-1.png

Pa gen remèd ki pou geri VIH/SIDA. Men genyen konbinezon remèd ki aji sou viris la. Yo ede moun jwenn pi bon sante epi viv pi lontan. Lè moun pran yon konbinezon medikaman pou trete VIH/SIDA, yo rele sa tretman antirétroviraux, ARV (Anti Retwo Viwo). Nan anpil peyi nou jwenn tretman sa a pi fasil, epi li pa koute twò chè ankò. Mande konsèy bò kote responsab yo nan Sèvis Sante Piblik pou konnen ki tretman nou ka jwenn, epi ki jan pou nou suiv li.

Al gade konnen plis sou enfeksyon VIH/SIDA ak kò man VIH pwopaje. Moun ki gen VIH ka pran yon lòt medikaman, cotrimoxazole (kotrimoksazòl), chak jou pou anpeche yo trape anpil enfeksyon ki konn rive kay moun ki gen VIH.

Ki kote pou yon fi jwenn tretman ARV? Gen pwogram ki pran swen moun ki gen VIH/SIDA, kote yo bay medikaman yo; genyen klinik ak lopital. Anpil kote yo bay medikaman yo gratis. Yon fi k ap suiv tretman ARV dwe al fè konsiltasyon tanzantan, pou wè ki jan l ap goumen ak pwoblèm medikaman yo ap bay.

Ki lè pou yon fi kò m anse suiv tretman ARV? Pi bon mwayen se pou fè yon analiz san yo rele CD4 (SD4), ki montre nou ki kapasite kò a genyen pou l konbat enfeksyon an. Lè rezilta CD4 la rive pi ba pase 350 (yon bon rezilta pi wo pase 800), pifò moun kòmanse suiv tretman ARV. Kote yo pa ka fè tès la, y ap egzamine ki maladi yon fi ap soufri. Tout fi ki gen tibèkilòz ak VIH, sa vle di toulède ansanm, dwe kòmanse tretman ARV, soti 2 rive 8 semèn apre yo te kòmanse suiv tretman tibèkilòz la, malgre nenpòt sa rezilta tès CD4 la ta bay. Menm jan an tou, fi ki gen VIH ak epatit dwe kòmanse tretman ARV pi vit posib.

Tout fi ki gwo vant gen pou suiv tretman ARV, swa pou pwoteje pwòp sante pa yo, swa pandan kèk tan pou pwoteje sante tibebe a. Pou bay tibebe a pi bon pwoteksyon, yon fi dwe kòmanse suiv tretman ARV pi vit posib lè l rive sou 14 semèn gwosès (3 mwa èdmi).

Anvan yon moun kò manse trètman ARV:

Lè yo kalkile ak ki medikman pou yo sèvi, epi ki lè pou yo mete yon fi sou tretman ARV, sa depann de sante fi a. Chèche wè si l gwo vant, si l soufri ak maladi ki grav, lafyèv pandan lontan, anemi, tibèkilòz, maladi sik, maladi kè, oubyen epatit. Y ap mande si l konn suiv tretman ARV deja. Fi ki rete andeyo, kote ki gen anpil tibèkilòz, dwe mande ajan sante a si yo pa gendwa pran isoniazide (izoniyazid) pou anpeche yo trape tibèkilòz.

Lè yon fi ap suiv tretman ARV, fòk li pran remèd la chak jou, san sote jou. Si li sispann pran remèd la, VIH la ap fè l tonbe malad ankò. Si l pran remèd tanzantan, men pa chak jou, sa pèmèt mikwòb yo vin kenbe tèt ak medikaman yo. Konsa, yo pap trete maladi a jan yo te konn trete l. Yon fanmsaj, menm jan ak moun ki dirije pwogram VIH/SIDA, ka fè efò pou moun ki gen VIH toujou ka jwenn remèd.

Lè yon fi pale ak yon lòt moun k ap suiv tretman ARV, sa ka bay li kouraj pou li goumen ak gwo pwoblèm tretman an ap bay. Epitou, yon moun nan fanmi ki konnen sa li genyen an ka fè l sonje pou li bwè remèd yo chak jou. Si yon moun pa vle lòt moun konnen sa l genyen, sa ka bay pwoblèm pou l pran medikaman yo nan lè pou l pran yo.

Ki medikaman ki sèvi pou tretman ARV? Jeneralman, yo fè tretman ARV ak yon konbinezon 3 oubyen 4 medikaman. Gen konbinezon ki fèt ak 2 oubyen 3 konprime. Gen kote yo ka fè tès pou wè ki medikaman ki pi efikas. Kote yo pa fè tès sa yo, yo sèvi ak detwa konbinezon ki bon pou trete pifò fi. Nou bay kèk konbinezon isit. Nou ka sèvi ak medikaman sa yo pou trete yo pandan gwosès yo, nan moman akouchman an, ak lè y ap bay tete. Sa ap pwoteje tibebe a kont maladi a.

Ki jan pou suiv tretman antiretwoviwo, ARV

  • Fòk ou pran medikaman yo nan menm lè a chak jou.
  • Medikaman ou gen pou pran 2 fwa nan yon jou, se pou w bwè yo chak 12 èdtan. Pa egzanp, si w pran premye dòz la a 6 è nan maten, pran dezyèm dòz la 6 è nan aswè. Si w manke gen ase medikaman nan kò w pandan kèk èdtan, konsa medikaman yo ka pèdi fòs yo.
  • Si w sote yon dòz, fè efò pou ou bwè l anvan 5 èdtan reta. Si w an reta plis pase 5 èdtan, tann lè pou w pran pwochen dòz la.
  • Pa sispann bwè nenpòt medikaman ARV san w pa pale ak yon ajan sante, pou wè si w gen pou sispann pran yo youn pa youn, oubyen si se yon sèl kou pou ou sispann pran yo tout.
Efè segondè

Tretman ARV ede moun jwenn pi bon sante epi viv pi lontan. Men, menm jan ak lòt medikaman, medikaman ARV bay pwoblèm (efè segondè). Lè moun vin abitye ak medikaman yo, gen pwoblèm k ap diminye epi ki ka menm al fè wout yo. Sa nou wè fasil se dyare, fatig, tèt fè mal, ak lestomak boulvèse, tankou kè plen, vomisman, vant fè mal, ak manke apeti. Men toujou bwè tout medikaman yo jis ajan sante a rekòmande pou w pran lòt medikaman, oubyen pou ou sispann pran yo.

Gen lòt pwoblèm ki grav, ki mande moun pou pran lòt medikaman. Men efè segondè ki grav: men ak pye li yo tingting oubyen boule l, li gen lafyèv, gratèl, je li tounen koulè jòn, li gen fatig ki mache ak souf kout, anemi (feblès) ak lòt pwoblèm san, epi pwoblèm fwa. Si w gen pwoblèm ki grav, al wè yon ajan sante san pèdi tan.

Ki jan pou w evite devlopman VIH la lè w fèk pran kontak avè l

Fanmsaj ak lòt moun ka pran kontak ak VIH pandan y ap pran swen moun. Pa egzanp, yon ajan sante ka pran kontak ak VIH nan travay li, lè li pike tèt li pa aksidan ak yon sereng ki kontamine. Anpil fi pran kontak ak VIH lè gason fè kadejak sou yo. Si w kwè ou te pran kontak ak yon moun ki gen VIH, gendèfwa ou ka evite trape VIH si w suiv tretman ARV pandan yon mwa konsa. Kòmanse tretman an pi vit ou kapab. Pale ak yon ajan sante ou ka fè konfyans.

Sa bay pi bon rezilta si w kòmanse tretman an tousuit, nan kèk èdtan. Pa tann plis pase 3 jou. Kòmanse ak youn nan konbinezon ARV yo, nan bwat “Konbinezon ARV pou fi ki gen VIH”. Li pi bon pou chwazi konbinezon 2 oubyen 4. Ka genyen lòt kobinezon ki bon pou zòn pa w la. Nenpòt jan, fòk ou suiv tretman an pandan 28 jou.

Konbinezon ARV pou fi ki gen VIH (pa pou timoun)
MW Greenpages Page 467-7.png
MW Ch18 Page 330-3.png
Konbinezon 1
Medikaman Dòz Prekosyon ak efè segondè Poukisa l bon
zidovudine
(AZT)
250 - 300 mg 2 fwa pa jou anemi, kantite globil blan nan san an twò ba
  • Konbinezon ki pi sèvi; nou jwenn li pi fasil.
  • Li san danje pou fanm ansent
lamivudine (3TC) 150 mg 2 fwa pa jou, oubyen
300 mg yon fwa pa jou
nevirapine (NVP) 200 mg yon fwa pa jou pandan 14 jou, apre sa, 200 mg 2 fwa pa jou Iritasyon po.
Gratèl sou po pwoblèm fwa
Konbinezon 2
Medikaman Dòz Prekosyon ak efè segondè Poukisa l bon
tenofovir (TDF) 300 mg yon fwa pa jou Ka bay pwoblèm ren,
Pou fanm ki pi gran pase 18 ane
  • Li gen mwens efè segondè
  • Li san danje pou fanm ansent
  • Konbinezon ki bon pou fanm ki gen VIH ak lajonis (epatit)
lamivudine (3TC) 150 mg 2 fwa pa jou,oubyen
300 mg yon fwa pa jou
nevirapine (NVP) 200 mg yon fwa pa jou pandan 14 jou, apre sa, 200 mg 2 fwa pa jou Gratèl sou po
pwoblèm fwa
Konbinezon 3
Medikaman Dòz Prekosyon ak efè segondè Poukisa l bon
zidovudine (AZT) 250 to 300 mg 2 fwa pa jou anemi, kantite globil blan nan san an twò ba
  • Konbinezon ki bon pou moun ki pran rifampicine pou trete tibèkilòz.
lamivudine (3TC) 150 mg 2 fwa pa jou, oubyen,
300 mg yon fwa pa jou
efavirenz (EFV) 600 mg yon fwa pa jou

ATANSYON!

Tèt vire, li bwouye, tanperaman li chanje.

Pa pran li pandan premye 3 mwa gwosès; pitit la ka soti ak yon domaj
Konbinezon 4
Medikaman Dòz Prekosyon ak efè segondè Poukisa l bon
tenofovir (TDF) 300 mg yon fwa pa jou Ka bay pwoblèm ren,
Pou fi ki pi gran pase 18 ane
  • Ka jwenn li nan konprime konbine, ki pou pran 1 yon fwa pa jou.
  • Konbinezon ki bon pou moun ki pran rifampicine pou trete tibèkilòz.
  • Konbinezon ki bon pou fi ki gen VIH ak lajonis (epatit)
lamivudine (3TC) 150 mg 2 fwa pa jou, oubyen,
300 mg yon fwa pa jou
efavirenz (EFV) 600 mg yon fwa pa jou

ATANSYON!

Tèt li vire, li bwouye, tanperaman li chanje.

Pa pran l pandan premye 3 mwa gwosès, paske pitit la ka soti ak yon domaj

ATANSYON!   Gen tretman ARV ki sèvi ak stavudine (d4t) (stavidin) olye de zidovidin nan konbinezon 1 ak 3. Men, stavidin ka bay pwoblèm ki grav si yon moun bwè l pou lontan. Pifò pwogram tretman VIH chèche evite sèvi avè l; yo bay lòt medikaman ki pa gen danje menm jan ak stavidin nan. Si w sèvi avè l, pa pran plis pase 30 mg 2 fwa pa jou.


Ki jan pou anpeche yon tibebe trape VIH

Si fi a deja sou tretman an anvan li vin ansent, se pou l toujou suiv tretman an. Depi tibebe a fèt, mete l sou tretman an pandan kèk semèn. Gade pi ba a. Menmsi yon fi pa sou tretman ARV poutèt pwòp sante pa l, pou pwoteje tibebe a, li dwe suiv tretman ARV pandan gwosès la, akouchman an, epi jis li sevre tibebe a. Bay tibebe a tretman ARV depi li fèt, pou anpeche l trape VIH. Konsa, n ap bay tretman pandan yon tan fiks, epi pa pou tout lavi fi a, tankou tretman ARV. Se tretman an ki pou fè manman an pa transmèt VIH la bay pitit la.

Se pa sèlman medikaman ki pou pwoteje tibebe a kont VIH. Li enpòtan tou pou papa ak manman yo pran prekosyon lè y ap fè sèks pandan gwosès la, pou akouchman an fèt nan bon kondisyon, pou yo pran prekosyon sou ki jan pou yo nouri tibebe a, epi pou yo trete maladi kay manman an ak kay ti pitit la.

Tretman ARV ki pou anpeche yon tibebe trape VIH (pou manman an pa transmèt li bay pitit la)
Si manman an DEJA AP SUIV tretman ARV, se pou l kontinye suiv li, epi se pou l bay tibebe a medikaman ki “POU TIBEBE A”, premye tretman an.
Si manman an PAP SUIV tretman ARV, li menm ak tibebe li dwe kòmanse pran medikaman jan yo di nan premye oubyen nan dezyèm plan an, pou tibebe a pa trape VIH. Sèvi ak medikaman yo rekòmande nan peyi nou.
Posiblite 1
POU MANMAN AN POU TIBEBE A
Osito li kapab, se pou l kòmanse suiv youn nan konbinezon tretman ARV yo. Pandan premye 3 mwa gwosès la, li pi bon pou sèvi ak yon konbinezon ki pa gen EFV ladan l. Li oblije suiv tretman ARV chak jou pou tout rès lavi l. Kit manman an ap bay tete, kit li pap bay tete, bay tibebe a tretman sa a:
  • AZT (ZDV, zidovudine)(zidovidin) likid, 4 mg/kg, 2 fwa pa jou pandan 6 semèn, OUBYEN
  • NVP (nevirapine) (nevirapin), likid, 2 mg/kg, yon fwa pa jou, pandan 6 semèn.
Posiblite 2
POU MANMAN AN POU TIBEBE A
Pandan gwosès la, depi li rive sou 14 semèn gwosès, pi vit posib li dwe pran:
  • AZT (ZDV, zidovudine)(zidovidin), 300 mg, 2 fwa pa jou

Pandan tranche a, li dwe pran:

  • NVP (nevirapine)(nevirapin), 200 mg, yon sèl dòz lè tranche a kòmanse, ANSANM AK
  • 3TC (lamivudine), 150 mg, lè tranche yo kòmanse, epi chak 12 èdtan jis tibebe a soti EPI
  • kontinye pran AZT (ZDV, zidovudine)(zidovidin), 300 mg, 2 fwa pa jou.

Lè l fin akouche, se pou l pran, pandan 7 jou:

  • AZT, 300 mg, 2 veces al día por 7 días, y
  • 3TC (lamivudina), 150 mg, 2 veces al día por 7 días.
Depi tibebe a fèt, ba li:, al bebé se le debe dar:
  • NVP (nevirapine) (nevirapin), 2 mg/kg likid (oubyen 6 mg)

Si manman an ap suiv tretman ARV, toujou bay tibebe a dòz NVP sa a chak jou, pandan 6 semèn.

Si manman an PAP suiv tretman ARV, epi li PAP bay tete, bay tibebe a tretman sa a chak jou pandan 6 semèn.

Si manman an PAP suiv tretman ARV epi l AP bay tete, bay tibebe a dòz NVP sa a chak jou, pandan 8 jou apre li sevre pitit la.
efavirenz  (EFV)

Efavirenz sèvi nan konbinezon ak lòt medikaman pou trete VIH/SIDA.

Nou jwenn li nan
Kapsil: 50 mg, 100mg, 200 mg
Konprime: 600 mg
Likid ki pou pran nan bouch: 150 mg nan 5 ml.
Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete VIH/SIDA, bay 600 mg yon fwa pa jou, ansanm ak lòt medikaman.
Ki sa nou dwe konnen
Si yon moun ap pran rifampicine (rifanpisin) pou trete tibèkilòz, li ka bezwen yon pi gwo dòz EFV (800 mg olye 600 mg).

Pou trete VIH/SIDA, fòk ou bay lòt medikaman ansanm ak EFV. Bay dòz yo di pou nou bay la.

Fi pa gen dwa pran EFV pandan premye 3 mwa gwosès; li ka fè tibebe a soti ak yon domaj. Fi k ap pran EFV, epi ki kapab vin ansent, dwe pran yon lòt kalite medikaman.

Efè segondè
EFV ka bay tèt vire, fè yon moun bwouye, fè tanperaman li chanje, epi fè li fè vye rèv ki dwòl. Nòmalman yo al fè wout yo nan 2 - 4 semèn. Sinon, oubyen si yo tounen pi mal, al wè yon ajan sante. Chèche konkou san pèdi tan si w wè siy alèji: mak sou po ki gen koulè wouj oubyen vyolèt, gratèl oubyen lòt pwoblèm po k ap vin pi grav, lafyèv, pwoblèm sante mantal.

lamivudine   (3TC) (lamividin)

Lamivudine sèvi nan konbinezon ak lòt medikaman pou trete VIH/SIDA, epi pou manman an pa transmèt VIH bay pitit la.

Nou jwenn li nan
Konprime: 150 mg
Likid ki pou pran nan bouch, 50 mg nan 5 ml.
Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete VIH/SIDA, bay 150 mg nan bouch 2 fwa pa jou, oubyen 300 mg yon fwa pa jou, ansanm ak lòt medikaman.

Pou anpeche tibebe trape VIH pandan akouchman an, bay manman an 150 mg kou tranche a kòmanse, epi chak 12 èdtan tan pandan tranche a. Si l ap bay tete, bay li chak 12 èdtan pandan 7 jou apre tibebe a fèt.
Ki sa nou dwe konnen
Pou trete VIH/SIDA, fòk nou bay 3TC ansanm ak lòt medikaman. Fòk moun bwè medikaman an chak jou. Bay dòz yo di pou w bay la.
Efè segondè
Pa fasil bay pwoblèm. Chèche konkou tousuit si w gen vant fè mal, kè plen, vomisman, gwo fatig ki mache ak souf kout, oubyen doulè nan mis.


nevirapine   (NVP)

Nevirapine sèvi nan konbinezon ak lòt medikaman pou trete VIH/SIDA, epi pou manman an pa transmèt VIH bay pitit la.

Nou jwenn li nan
Konprime: 200 mg
Likid ki pou pran nan bouch: 50 mg nan 5 ml.
Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou trete VIH/SIDA, bay 200 mg nan bouch, yon fwa pa jou, pandan 15 jou; apre sa, bay 200 mg 2 fwa pa jou.

Bay li ansanm ak lòt medikaman.

Pou tout tibebe ki pitit manman ki gen VIH, bay tibebe a 2 mg pou chak kilogram pwa li (oubyen 6 mg) depi l fèt. Apre sa, bay tibebe a 2 mg pou chak kilogram pwa pandan 6 semèn si manman an pa t bay tete. Si manman an bay tete, bay tibebe a NVP 2 mg pou chak kilogram pwa jis 8 jou apre li sevre l.

Pou fi ki pa t pran tretman ARV pandan gwosès la, bay 200 mg nan bouch lè tranche a kòmanse, ansanm ak lòt medikaman.
Ki sa nou dwe konnen
Pou trete VIH/SIDA, fòk ou bay NVP ansanm ak lòt medikaman. Fòk moun bwè medikaman an chak jou. Bay dòz yo di pou w bay la. Si yon fi sèvi ak NVP san lòt medikaman pou evite tibebe a trape VIH, medikaman an ka pa mache twò byen lè rive yon lè pou li trete pwòp maladi pa l. Pou chèche evite reyaksyon alèji, ba li yon fwa pa jou pandan premye 15 jou tretman an.
Efè segondè
Gratèl, lafyèv, kè plen, maltèt. Chèche konkou san pèdi tan si w fè siy alèji: mak sou po ki gen koulè wouj oubyen vyolèt, gratèl oubyen lòt pwoblèm po, lafyèv, po ak je tounen kòulè jòn, fwa a ap anfle.
Atansyon!
Nevirapin ka lakòz pwoblem grav nan fwa a. Si moun nan bay siy li gen lajonis (epatit), sispann bay li. Pa janm ba li medikaman sa a ankò. Fanm ki gen yon CD4 (yon tès san an) ki pi wo pase 250 pi fasil fè reyaksyon alèji. Si gen posiblite, se pou yo sèvi ak lòt medikaman ARV



tenofovir   (TDF) (tenofovi)

Tenofovir sèvi nan konbinezon ak lòt medikaman pou trete VIH/SIDA.

Nou jwenn li nan
Konprime: 300 mg.
Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou VIH/SIDA, bay 300 mg yon fwa pa jou. Bay li ansanm ak lòt medikaman.
Ki sa nou dwe konnen
Pou trete VIH/SIDA, fòk nou bay NVP ansanm ak lòt medikaman. Fòk moun bwè medikaman an chak jou. Bay dòz yo di pou w bay la.

Fi ki poko gen laj 18 ane pa dwe pran medikaman sa a.
Efè segondè
Dyare, kè plen, vomisman, tèt fè mal, feblès.
Atansyon!
Tenofovi ka lakòz pwoblèm nan ren. Chèche konkou san pèdi tan si li bay siy ki fè nou konnen li gen pwoblèm nan ren (ensifizans renal).


zidovudine  (ZDV, AZT) (zidovidin)

Zidovidin sèvi nan konbinezon ak lòt medikaman pou trete VIH/SIDA, epi pou manman an pa transmèt VIH bay pitit la.

Nou jwenn li nan
Konprime: 300 mg
Kapsil: 100 mg, 250 mg
Likid ki pou pran nan bouch oubyen siwo ki gen 50 mg nan 5 ml
Likid ki pou fè piki ki gen 10 mg nan 1 ml, nan flakon 20 ml.
Ki jan pou nou sèvi avè l
Pou VIH/SIDA, bay 250 - 300 mg, 2 fwa pa jou, ansanm ak lòt medikaman.

Pou anpeche tibebe a trape VIH pandan akouchman an: bay manman an 300 mg, 2 fwa pa jou, chak jou. Kòmanse lè l rive sou 14 semèn gwosès. Lè tranche a kòmanse, bay manman an yon sèl dòz 600 mg.

Si manman an ap bay tete, bay 300 mg 2 fwa pa jou pandan 7 jou, ansanm ak 3TC
Ki sa nou dwe konnen
Pou trete VIH, fòk ou bay AZT ansanm ak lòt medikaman. Fòk moun nan pran medikaman an chak jou. Bay dòz yo di pou w bay la.
Efè segondè
Dyare, kè plen, vant fè mal, vomisman. Nòmalman, pwoblèm sa yo gen pou diminye nan kèk semèn.

Chèche konkou san pèdi tan si w wè po li blenm, oubyen si l bay lòt siy anemi.
Atansyon!
AZT ka lakòz yon anemi ki grav. Si gen posibllite pou fè tès san, verifye san fi a pou konnen kantite globil wouj ki nan san l, anvan w kòmanse ba l tretman an, epi tanzantan pandan l ap suiv li, sitou si gen anpil malarya nan zòn kote li rete a. Pa bay AZT ansanm ak stavudinedyare, kè plen, vant fè mal, vomisman. Nòmalman, pwoblèm sa yo gen pou diminye nan kèk semèn. (d4T).



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024