Hesperian Health Guides

Ki sèvis sant medikal ak lopital yo ka bay

Nan chapit sa:

Lopital ak sant medikal yo gen bagay ki sove lavi, tankou zouti, ekipman, pwofesyonèl ki byen fòme pou yo itilize teknik medikal wo nivo, avèk medikaman ou pa ka jwenn lakay.

Pifò pwosedi yo fè lopital yo trè itil lè yo nesesè. Epi gendelè, teknik ak zouti sa yo se sèl fason pou sove lavi yon fi. Nan chapit sa a, nou site kèk kalite asistans ou ka jwenn nan yon sant medikal oubyen nan yon lopital. Nou bay kèk lide sou ki lè pou w chèche èd, epi ki jan pou w travay avèk pèsonèl lopital yo ak lòt pwofesyonèl k ap travay nan domèn swen sante a.

Sonje sa: Pou pifò tranche, ou pa bezwen zouti ak pwosedi medikal ki wo nivo. Nan anpil lopital, yo sèvi ak zouti sa yo twòp. Pa egzanp, pi souvan yon fanm ansent pa bezwen yon sonografi (foto pitit la nan matris manman an). Men, gen anpil lopital kote yo fè youn pou chak fanm ansent. Gen lopital ak doktè ki fè yon seri teknik ki pa nesesè epi ki danjere tou. Pa egzanp, gen doktè ki fè yon epizyotomi (koupe vajen fi a) nan chak akouchman. Sa pa nesesè, e li ka lakòz enfeksyon ak lòt pwoblèm apre akouchman an.

Egzamen nan laboratwa

Laboratwa gen zouti, tankou mikwoskòp, ak moun ki fòme pou fè egzamen san, egzamen pipi, egzamen poupou, ak egzamen pati nan kò moun pou wè si gen maladi ak lòt pwoblèm sante. Pafwa yon egzamen nan laboratwa se sèl fason pou sèten sa ki lakòz yon pwoblèm. Pa egzanp, egzamen nan laboratwa ka montre w si yon fi fè anemi, si l gen enfeksyon nan vesi, oswa si l gen VIH.

Sonografi, fetoskòp “Doppler”, ak radyografi

Pafwa sant medikal yo gen yon machin ki ka pran foto pitit la pandan l nan matris manman an. Yo rele sa sonografi oswa iltrason. Ou ka vle fè yon sonografi pou konnen si fi a pote marasa oswa si pitit la nan pozisyon chita.

using an ultrasound machine.

Yon fetoskòp “Doppler” ka pèmèt ou tande batman kè bebe a, men l pa fè foto.

using a fetoscope.

Gen yon lòt machin ki itilize radyografi pou fè foto zo moun ki anndan ko yo. Sa ka pèmèt ou wè si yon zo kase. Radyografi domaje selil ki anndan kò moun. Detwa radyografi ka pa ba w pwoblèm, men si w fè radyografi anpil fwa, sa ka lakòz kansè. Yon fanm ansent pa dwe janm fè radyografi sof si sa vrèman nesesè. Si yon fanm ansent dwe fè yon radyografi, vant li dwe kouvri ak yon tabliye ki fèt an plon pou pwoteje pitit la.

Medikaman

a woman in labor lying in a hospital bed while fluid drips through a tube into her arm.
Gout “oxytocin”
Lè gen moun k ap suiv deprè epi yo ka fè sezaryèn, yo ka bay “oxytocin” nan sewòm san danje.

Yon doktè ki byen fòme, ki pran anpil prekosyon, e ki nan yon sant medikal ki byen ekipe ka bay medikaman ki t ap danjere si fi a te lakay li. Pa egzanp, fanmsaj pa dwe janm bay “oxytocin” lakay lè l vle pou tranche a kòmanse oswa pou l ka chofe. Men, yo ka bay “oxytocin” san danje nan yon sant medikal kote yo ka kontwole manman an aktout pitit la deprè, epi pitit la ka fèt pa mwayen sezaryèn rapidman si gen yon pwoblèm. Lè yon fi gen twòp tan ak tranche, si yo ba l “oxytocin” nan yon sant medikal, sa ka fè l fè pitit la.

Nan yon sant medikal oswa yon lopital, ou gendwa jwenn medikaman pou yon bebe ki malad. Jeneralman li twò danjere oswa difisil pou bay yon bebe medikaman lakay.

Zouti tranche ak akouchman nan ka dijans

Nan pati sa a nou esplike kèk teknik ki ka sèvi nan yon sant medikal pou chofe tranche a oswa pou fè pitit la soti pi vit. Teknik sa yo konn sove lavi bebe ki an danje, epi yo konn sove lavi manman ki fè anpil tan avèk tranche, oswa ki riske fè enfeksyon.

Fè manman an pase likid

MW Ch24 Page 435-1.png
“Amniohook” se yon zouti pou pete sak dlo a

Lè yon fi gen tranche depi yon pakèt èdtan san l pa fè okenn pwogrè, gen doktè (ak fanmsaj) ki konn itilize yon zouti esterilize pou pete sak dlo matris la. Jeneralman sa ap fè bebe a desann byen vit sou kòl matris la epi sa chofe tranche a.

Lè manman an pase likid, sa ogmante risk pou l fè enfeksyon epi sa ka kanpe tranche a si tèt la desann rapid nan yon move pozisyon.

Zouti akouchman

Lè yon bebe kole nan pasaj vajen an, yo konn rale l soti avèk yon pens espesyal oswa yon aspiratè yo rele vantouz.

MW Ch24 Page 435-2.png
Pens sa a se pou kenbe tèt bebe a epi rale l soti anndan manman an.
MW Ch24 Page 435-3.png
Aspiratè yo rele vantouz la kole nan tèt bebe a epi li sèvi avèk yon presyon pou l rale pitit la soti nan vajen an.

Pens espesyal ak aspiratè se bagay yo itilize trè raman, e yo twò danjere pou itilize yo lakay. Men, si bebe a riske mouri (epi nan kèk lòt ka dijans), zouti sa yo se mwayen ki pi rapid e pi bon pou mete pitit la deyò.

Note sa: Nou dwe eseye evite itilize aparèy sou yon fi ki gen VIH. Lè w itilize yo sa ogmante risk pou bebe a trape maladi a.
"a doctor pulling a baby out of a woman's belly as she lies on a table.
Operasyon sezaryèn
Sezaryèn

Raman yo oblije fè yon operasyon pou sove lavi manman an oswa pitit la. Pa egzanp, si bebe a nan yon pozisyon ki fè l enposib pou l fèt, se sèlman yon operasyon ki ka mete l deyò. Operasyon nesesè tou lè bebe a ak manman an an gwo danje nan moman an, tankou lè plasenta a dekole oswa kòd lonbrik la tonbe epi l kole.

Pafwa yo konn fè yon operasyon lè manman an enfekte ak VIH. Lè se grasa operasyon pitit la fèt li gen mwens chans pou l enfekte ak VIH pandan akouchman an.

Sepandan, yon operasyon sezaryèn ka lakòz gwo pwoblèm. Pa egzanp, fi a ka fè alèji ak anestezi a. Ensizyon nan vant li ka pa vle geri byen oswa li ka enfekte. Fi a ka gen pwblèm pou l bay tete oswa pou l pran swen pitit la paske apre operasyon an l ap pran plis tan pou l refè. Fi ki akouche pa mwayen sezaryèn bezwen plis repo, plis swen, ak plis èd.

Note sa: Sezaryèn fèt twò souvan! Kèk doktè prefere sezaryèn paske yo ka chwazi lè akouchman an ap fèt yo menm, oswa paske yo fè moun peye plis lajan pou sa. Gen kèk kote, pifò fi fè pitit yo pa mwayen sezaryèn. Men, sezaryèn dwe fèt sèlman nan ka dijans kote sante manman an oswa sante bebe a an danje.


Senfizyotomi (“Symphysiotomy”)

illustration of the below: where the pubic bone is cut.

Senfizyotomi se yon koupi yo fè nan mitan zo basen manman an. Yo fè l pou ouvri basen manman an ki twò piti, yon fason pou bebe a ka soti nan vajen an. Li pi fasil pou fè l pase yon sezaryèn, men se sèlman kèk kote yo fè l nan monn nan paske li pa toujou mache. Li ka lakòz pwoblèm tou, tankou li ka blese vesi a oswa li ka lakòz yon domaj pèmanan.

Transfizyon xan (bay san nan venn)

a woman lying down while blood drips from a bag through a tube into the back of her hand.
Lè yon fi pèdi anpil san, yon transfizyon san ka sove lavi l.

Yon fi ki pèdi anpil san apre akouchman oswa akoz lòt pwoblèm (tankou yon avòtman ki mal fèt) ka chwazi pou yo ba l san nan venn. Gen kote yo ka vle w mennen yon manm fanmi l ki pou bay san pou li.

Transfizyon san se yon bagay ki ta dwe fèt sèlman nan ka dijans, paske san an ka gen enfeksyon tankou epatit ak VIH. Si yon fi pran san nan men yon moun ki gen enfeksyon, li pwobab pou l pran enfeksyon an tou. Nan anpil kote, yo teste san an pou wè si l pa gen kèk kalite maladi, men malgre sa toujou gen chans pou yon moun trape maladi nan pran san.

Zouti pou ede bebe ki malad

MW Ch24 Page 437-1.png
Kouvèz

Nan zòn ki pa gen anpil sèvis medikal, anpil bebe ki fèt tou malad pa ka jwenn bonjan swen. Men, yon lopital ki byen ekipe ap gen kèk zouti pou ede bebe ki malad, ki twò piti, oswa ki fèt anvan lè.

Yon kouvèz se yon bwat ki pou kenbe yon bebe ki twò piti oswa ki malad. Menm jan ak anpil lòt zouti medikal, moun ka sèvi avè l twò souvan. Pifò bebe rete cho pi byen lè yo nan bra manman yo, kole kò ak kò avè l.

MW Ch24 Page 437-2.png
Respiratè

Yon tant oksijèn oswa yon chapo oksijèn bay bebe a oksijèn anplis. Sa ka ede yon bebe ki pa ka respire byen.

Yon respiratè ede yon bebe respire si l malad anpil.

MW Ch24 Page 437-3.png
Tib alimantasyon

Yon tib alimantasyon pase nan nen bebe a pou rive nan vant li. Yo sèvi avè l lè bebe a twò fèb pou l pran tete. Lopital la ka mete lèt yo achte nan mamit nan tib la, men, lèt yo tire nan tete manman an alamen pi bon .

MW Ch24 Page 437-4.png
Aparèy pou kontwole kè

Aparèy pou kontwole kè ak lòt kalite aparèy tache sou kò bebe a pou mezire batman kè l ak lòt siy fizik li yo.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024