Hesperian Health Guides

Medikaman (paj koulè vèt yo): izaj, dòz, ak prekosyon pou pran

Nan chapit sa:

MW Greenpages Page 463-1.png

Medikaman se remèd ki sèvi pou ede kò a goumen ak pwoblèm li ka genyen, tankou lè fi ap bay san, lè yo fè alèji, oubyen lè yo gen yon enfeksyon. Gen medikaman ki kalme doulè a.

Lè nou pale sou medikaman ki nan liv sa a, nou vle pale sou medikaman nou jwenn nan famasi ak nan remèd fèy, sa vle di toulede. Men pifò remèd ki nan liv sa a, se remèd famasi yo ye, ki bon pou trete pwoblèm fanm ak tibebe yo pandan gwosès la, nan moman akouchman an, epi apre yo fin akouche.

Chak zòn, chak peyi gen remèd fèy pa yo; yo pa sèvi ak menm remèd tout kote. Konsa, menmsi moun nan yon zòn konn sèvi avèk kèk remèd fèy, nou ka pa jwenn yo nan yon lòt zòn. Si gen bon remèd fèy nan zòn pa nou, tanpri, ekri yo nan liv sa a, nan dènye paj yo.


ATANSYON!    Jeneralman, gwosès ak akouchman se bagay nòmal, epi yo pa mande sèvi ak medikaman. Yon fI ki gwo vant ka regle pifò pwoblèm sante si l pran ti repo tanzantan, si l bwè anpil likid, epi si l manje bon kalite manje. Medikaman yo koute chè, epi anpil ladan yo ka bay pwoblèm, oubyen yo ka mete yon fI oubyen tibebe a an danje. Lè yon fI ki gwo vant oubyen k ap bay tete ap bwè medikaman, pifò ladan yo ap pase nan san tibebe a. Se poutèt sa, toutotan yon fanm ansent oubyen yon fanm k ap bay tete pa ta pran medikaman ditou, li pi bon pou li.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024