Hesperian Health Guides

Bagay pou evite pandan gwosès la ak pandan w ap bay tete

Nan chapit sa:

Maladi, dwòg, ak pwodui chimik ki pwazon pa bon pou okenn moun. Yo pi danjere toujou pou fanm ansent ak fi ki gen pitit nan tete. Bagay nou pral site pi ba yo danjere sitou pandan 3 premye mwa gwosès la, men yo ka danjere nenpòt lòt lè tou.

Rete lwen moun ki gen lawoujòl oswa lòt maladi

a child with spots on his face.
Fanm ansent dwe rete lwen moun ki malad oswa ki gen gratèl oubyen granfe.

Li pi bon pou fanm ansent pa rete kote moun ki malad. Sa ap pwoteje yo pou yo pa tonbe malad tou.

Gen maladi ki pi danjere pou fanm ansent oswa pou bebe. Ribeyòl (lawoujòl alman) se yon maladi ki ka lakòz pitit la gen defòmasyon grav; pa egzanp li ka soud, li ka gen pwoblèm kè, li ka menm mouri.

Evite pran medikaman

pills, medicine bottles, and plants.
Fanm ansent dwe pran sèlman medikaman ki pa danjere pandan gwosès epi sèlman si sa nesesè.

Lè fanm ansent pran medikaman, remèd la pase nan san l pou l al jwenn pitit la. Menm lè yon medikaman bon pou yon fi oswa pou timoun piti, li ka danjere pou yon bebe ki nan vant.

Siwo tous, konprime doulè, kèk remèd ki fèk parèt, ak kèk remèd fèy, yo tout ka danjere. Gen ladan yo ki ka lakòz pitit la gen defòmasyon oswa lòt konplikasyon ki ka afekte lespri l ak sèvo l.

Depi sa posib, fanm ansent ak fanm k ap bay tete pa dwe pran medikaman. Si yon fi malad epi li bezwen medikaman, chèche konnen si medikaman an bon pou moun ki ansent oswa moun k ap bay tete. Gade lis medikaman an ki nan paj koulè vèt yo ki gen nan fen liv la oubyen mande yon doktè si medikaman an bon. Si yo itilize remèd fèy nan zòn kote w ap viv la, chèche konnen kiyès ladan yo ki bon pou fanm ansent ak fanm k ap bay tete.

Pifò nan medikaman nou rekòmande nan liv sa a bon pou fanm ansent ak fi k ap bay tete. (Si yo pa bon, nou mete yon avètisman ki di ki lè yo ka danjere). Sepandan, menm medikaman ki pa gen danje, yon fanm ansent dwe pran yo sèlman lè sa vrèman nesesè. Souvan, repo, dlo, ak manje ki byen nouri kò a sifi pou geri maladi ak lòt pwoblèm.

Evite fimen, bwè alkòl, ak lòt kalite dwòg

Lafimen sigarèt, alkòl, ak lòt kalite dwòg, tout se bagay ki danjere pou manman. Lè yon fi fimen, li bwè alkòl, oubyen li pran dwòg, tout bagay sa yo pase nan san l pou y al jwenn pitit la.

a woman smoking a cigarette and drinking alcohol; the baby inside her is shown smoking and drinking.
Tout sa yon manman mete nan kò l pase al jwenn pitit la.

Fimen danjere pou kèlkeswa moun. Li ka lakòz pwoblèm grav tankou kansè. Lè yon fanm ki ansent fimen, oswa menm lè yon moun ap fimen bò kote l, venn li yo vin pi piti, sa lakòz yo pa ka pote ase oksijèn ak manje bay pitit la. Poutèt sa, lè yon manman fimen, gen plis chans pou pitit li fèt twò piti oswa pou l malad.

Bwè anpil alkòl ka yon danje pou nenpòt moun. Li ka lakòz anpil maladi, tankou gwo pwoblèm nan fwa. Lè yon fanm ansent bwè alkòl, menmsi se youn oswa 2 bwason sèlman pa jou, pitit la ka gen defòmasyon oswa lòt pwoblèm ki afekte sèvo li.

Gen kèk dwòg, sitou opyòm, ewowin, kokayin, ak dwòg ki fè moun dòmi ki rele babitirik, yo fè moun vin esklav yo e yo trè danjere. Lè yon fanm ansent pran dwòg sa yo, pitit la ka fèt tou esklav menm dwòg yo, oubyen li ka gen lòt gwo pwoblèm sante.

Si w travay ak yon fi ki esklav alkòl oswa lòt dwòg, eseye jwenn èd pou li. Petèt li ka sispann si l konprann danje ki gen ladan l pou li menm ak tout pitit li a. Konseye l pou l evite moun ki fimen, ki bwè alkòl, oswa ki pran lòt dwòg.

Petèt ou ka ede l jwenn avèk lòt moun nan zòn nan ki te konn pran alkòl ak dwòg, men ki te sispann, epi kounye a ki reyini pou yo ankouraje youn lòt. Nan liv ki gen pou tit Kote Fanm Pa Jwenn Doktè, gen lòt konsèy sou fason pou ede moun sispann pran alkòl ak dwòg.

a woman speaking in a group of women.
Mwen byen kontan mwen ka fè ti pale sa ak nou olye m al bwè ankò.

Rete lwen pwodui chimik ak lafimen

Pwodui chimik ki fò yo ititlize pou fè netwayaj, ak pwazon yo itilize pou touye bèt nuizib nan jaden oswa lakay (pestisid) danjere pou tout moun. Yo danjere sitou pou fi ki ansent ak fi k ap bay tete. Pwodui sa yo ka lakòz foskouch, kansè ak lòt maladi, li ka fè fi a pa fètil, epi li ka lakòz pitit nan vant gen defòmasyon.

Tout pwodui chimik ki gen yon sant fò gen chans pou yo danjere. Gen anpil pwodui chimik tou ki danjere ki pa gen sant ditou.

Si sa posib, tout moun dwe evite pwodui chimik danjere sa yo. Men, yon fanm ansent pa dwe gen okenn kontak avè yo ditou. Li pa dwe itilize yo, li pa dwe respire sant yo, ni li pa dwe respire sant pousyè. Moun lakay li yo pa dwe konsève manje nan veso ki te gen pwodui chimik ladan yo. Ka gen kras pwodui chimik la ki rete nan veso a menm apre yo fin lave l, e sa ka sifi pou l bay pwoblèm.

Fanmi yo dwe fè efò pou yo pa itilize pwodui chimik ditou. Men, anpil moun ki itilize yo nan travay yo pa gen lechwa. Sa fè pati travay yo, swa nan faktori, swa nan jaden, swa nan netwayaj, swa yon lòt kote. Moun ki itilize pwodui chimik nan travay yo gendwa pale ak lòt travayè yo de pwoblèm nan. Petèt tout travayè yo ka fè bouch ansanm pou yo pale ak mèt travay la sou posiblite pou yo sèvi ak mwens pwodui chimik oswa pou yo sèvi ak pwodui ki mwen danjere.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024