Hesperian Health Guides

Chapit 23: Kitaj

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 23: Kitaj

Nan chapit sa:

Kitaj se yon fason rapid ki pa danjere pou netwaye matris yon fi avèk yon gwo sereng ak yon kanil. Li ka fèt pou rezon sa yo:

MW Ch23 Page 417-1.png
  • Pou ede yon fi ki te fè yon foskouch oswa yon avòtman ki pa t konplè.
  • Pou kontwole kantite san li bay chak mwa.
  • Pou jete yon timoun li pa vle.
MW Ch23 Page 417-2.png


Fason yo itilize kitaj pou netwaye matris la toujou fèt menm jan an.

Nan liv sa a, nou esplike ki jan pou itilize kitaj pou ede fi ki te fè yon foskouch oswa yon avòtman ki pa t konplè, sa vle di, lè yon gwosès fini anvan lè, men gen rès dechè gwosès la ki rete nan matris fi a toujou. Gade Chapit 22, tou, pou wè lòt fason pou ede yon fi apre li fin fè yon avòtman oswa yon foskouch. Kitaj la se sèlman yon pati nan swen li bezwen.

Kitaj gen mwens danje, li pi senp, epi li pi bon mache pase lòt metòd yo itilize pou netwaye matris. Souvan, pou lòt metòd yo, se sèlman doktè ki ka fè yo nan yon lopital. Men, fanmsaj, enfimyè, oswa nenpòt moun yo te fòme pou sa ka fè yon kitaj depi yo gen zouti yo bezwen yo, epi yo ka esterilize zouti yo. Si fanmsaj ak lòt moun aprann fè kitaj kòrèkteman, plis fi, sitou fi ki pòv ak fi ki rete byen lwen andeyò, ka gen chans pou yo fè avòtman san danje epi pou yo jwenn swen pou pwoteje lavi yo apre yon foskouch oswa apre yon avòtman ki pa t konplè.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024