Hesperian Health Guides

Bebe a toupiti oswa li fèt plis pase 5 semèn anvan lè

Nan chapit sa:

Yon bebe ki fèt anvan lè oswa ki fèt twò piti ka gen pwoblèm sa yo:

  • Pozisyon ki difisil oswa ki enposib pou akouchman an fèt (tankou kouche).
  • Zo tèt bebe a ka twò mou, konsa li ka domaje fasil pandan l ap fèt.
  • Difikilte pou kò l rete cho apre l fin fèt.
  • Difikilte pou l respire e pou l pran tete.


Pou rezon sa yo, li pi bon lè se nan yon lopital yo fè akouchman bebe ki twò piti yo oswa ki fèt anvan lè yo. Si yo fèt lakay, li enpòtan pou yo al kay doktè byen vit apre akouchman an.

MW Ch12 Page 221-3.png

Si w oblije fè akouchman lakay pou yon bebe ki twò piti oswa ki fèt anvan lè, prepare w pou sa ak anpil swen:

Mete sou plas anpil lèn ki kenbe cho pou vlope bebe a kou l fin fèt. Siye kò bebe a, mete l kouche sou pwatrin manman an, epi kouvri toude ak lèn. Sonje, bebe konn rete pi cho lè yo sou vant manman yo. Kite bebe a po sou po sou manman l. Mete sèlman yon kouchèt ak yon chapo sou li. Ou ka fè menm jan an pou yon bebe ki fèt sou wout pandan nou prale lopital.

Si w ka jwenn yon boutèy dlo cho, ou ka sèvi avè l pou chofe bebe a. Men, ou dwe toujou vlope boutèy dlo cho a nan twal; byen vlope bebe a tou. Pa janm mete yon boutèy dlo cho ki pa double bò kote yon bebe.

Bebe ki twò piti pa dwe benyen pandan kèk jou apre yo fin fèt paske sa ka fè yo santi fredi. Gade konsènan ki jan pou w pran swen bebe ki twò piti oswa ki fèt anvan lè.


Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023