Hesperian Health Guides

Ekoulman ki soti nan vajen an

Nan chapit sa:

MW Ch18 Page 323-1.png

Li nòmal pou fi gen ti ekoulman (ti likid) k ap soti nan vajen l. Se avèk ekoulman sa a vajen an pwòpte tèt li. Ekoulman sa a chanje lè fi a gen règ li epi pandan gwosès.

Sepandan, si gen yon gwo chanjman nan kantite, koulè, oswa sant ekoulman an, sa ka vle di gen yon enfeksyon nan vajen an. Enfeksyon sa ka yon MPS, konsa tou li ka yon lòt kalite enfeksyon.

Nan chapit sa a, nou klase diferan enfeksyon yon fi ka genyen pa kategori semtòm enfeksyon an ka bay. Ekoulman k ap soti nan vajen an kapab se semtòm pou klamidya, gonore, trikomonas, oswa yon enfeksyon nan vajen moun pa ka pran nan fè sèks.

Klamidya ak gonore

Klamidya ak gonore se 2 gwo enfeksyon ki ka grav. Men, yo fasil pou trete si yo trete yo bonè. Si yo pa trete, yo ka mennen nan enfeksyon grav, oswa yo ka lakòz fi a oubyen gason an vin pa ka fè pitit.

Siy fi konn bay

Siy yo ka kòmanse kèk semèn oswa kèk mwa apre fi fin fè sèks avèk yon moun ki enfekte.

Midwives Ch18 Page 323-2.png
  • Ekoulman koulè jòn oswa vèt ki soti nan vajen an oswa nan twou dèyè a
  • Doulè ak sansasyon l ap boule lè l pipi
  • Lafyèv
  • Doulè anba vant
  • Doulè oubyen san pandan l ap fè sèks
  • Oubyen, li gendwa pa bay siy ditou


Ni gason ni fi ka gen klamidya oswa gonore san yo pa montre okenn siy. Epitou, menm yon moun ki pa bay okenn siy ka pase klamidya ak gonore bay yon lòt moun.

Siy gason konn bay

Jeneralman, siy kòmanse 2 a 5 jou apre gason an fin fè sèks avèk yon moun ki enfekte.

Midwives Ch18 Page 323-3.png
  • Ekoulman k ap soti nan peni an
  • Doulè oswa sansasyon l ap boule lè l pipi
  • Doulè oswa anflamasyon nan testikil (grenn) yo
  • Oubyen, li gendwa pa bay siy ditou
Tretman

Si sa posib, tout fanm ansent dwe fè egzamen pou klamidya ak gonore. Si egzamen an montre li gen youn oswa toude enfeksyon sa yo, li menm avèk tout mari l dwe resevwa tretman. Men, si l pa posib pou l fè egzamen, epi li menm oubyen mari l gen siy enfeksyon, yo dwe resevwa tretman kanmenm. Li pi bon pou w trete yon moun menmsi w pa fin konnen si l enfekte.


Tretman klamidya
MW Ch18 Page 324-1.png
MW Ch18 Page 324-2.png
  • Bay 500 miligram (mg) “erythromycin”
nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou
oswa
  • Bay 500 mg “amoxicillin”
nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 7 jou
oswa
Tretman gonore
  • Bay yon piki 125 mg “ceftriaxone”
nan mis, yon sèl fwa
oswa
  • Bay 400 mg “cefixime”
nan bouch, yon sèl fwa


Anpil fwa moun gen klamidya ak gonore anmenmtan. Si w pa sèten si fi a gen klamidya oswa gonore, oswa si w panse li ka gen toude, fè tretman pou toude enfeksyon yo. Fè tretman an pou ni li menm, ni mari l la.

Note sa: Nan tan pase, yo te konn sèvi ak penisilin pou yo trete gonore. Kounye a, anpil kote, penisilin pa detwi gonore ankò akoz rezistans kont medikaman. Chèche konnen ki medikaman ki bay pi bon rezilta nan zòn pa w la.
MW Ch18 Page 324-3.png

Pwoblèm klamidya ak gonore bay tibebe

Fi ki gen klamidya oswa gonore lè y ap akouche ka enfekte tibebe yo. Sa ka bay bebe a enfeksyon nan je ki ka fè l avèg, oswa yo ka gen pwoblèm grav nan poumon. Nòmalman, enfeksyon klamidya oswa gonore nan je bay yon dlo jòn tou pwès k ap soti nan je yo pandan premye mwa li fèt la. Pou anpeche bebe a fè enfeksyon nan je, mete gout antibyotik nan chak je l lè l fin fèt.

Si yon bebe enfekte ak klamidya
MW Ch18 Page 324-4.png
MW Ch18 Page 324-5.png
  • Ba li 30 miligram (mg) siwo “erythromycin”
nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 14 jou
Si yon bebe enfekte ak gonore
  • Ba li yon piki 125 mg “ceftriaxone”
nan mis, yon sèl fwa
Si w pa ka fè egzamen pou wè ki kalite maladi ki bay enfeksyon an, bay bebe a medikaman pou toude.


Enfeksyon nan basen (maladi basen anfle)

the womb, tubes, and ovaries, showing an infection, or abscess, in the tube.
matris
absè
Enfeksyon nan basen

Enfeksyon nan basen se yon enfeksyon grav nan matris, twonp, oswa ovè fi a. Yon fi ka fè enfeksyon nan basen lè l gen yon MSP, jeneralman klamidya oswa gonore, ki pa janm trete. Sa ka rive tou apre yon avòtman oswa apre akouchman. Mikwòb antre nan matris, nan twonp, oswa nan ovè fi a epi li vin enfekte.

Si yon enfeksyon nan basen pa trete, sa ka fè fi a kontinye gen doulè pandan lontan. Fi ki te fè enfeksyon nan basen gen plis chans pou yo fè gwosès nan twonp oswa pou yo pa ka fè pitit.

Enfeksyon nan basen ka menm lakòz lanmò.

MW Ch18 Page 325-2.png
Siy enfeksyon nan basen
  • Doulè anba vant
  • Lafyèv cho (plis apse 38ºC oswa 100ºF)
  • Li santi l malad anpil epi li fèb
  • Ekoulman ki gen move sant ki gen koulè vèt oswa jòn k ap soti nan vajen an
  • Doulè oubyen san pandan l ap fè sèks


Tretman enfeksyon nan basen
MW Ch18 Page 325-3.png
MW Ch18 Page 325-4.png
Yon fi ki fè enfeksyon nan basen dwe pran 3 medikaman alafwa: youn pou trete klamidya, youn pou trete gonore, ak yon lòt antibyotik: “metronidazole”:
Pou klamidya
  • Ba li 500 miligram (mg) “erythromycin”
nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 14 jou
oswa
  • Ba li 500 mg “amoxicillin”
nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 14 jou
EPI pou gonore
  • Ba li yon piki 125 mg “ceftriaxone”
nan mis, yon sèl fwa
oswa
  • Ba li 400 mg “cefixime”
nan bouch, yon sèl fwa
EPI pou touye nenpòt lòt mikwòb ki bay enfeksyon nan basen
  • Bay 400 a 500 mg “metronidazole”
, nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 14 jou

Pa pran “metronidazole” nan 3 premye mwa gwosès yo.

Si fi a pa kòmanse fè mye apre 2 jou ak 2 nuit (48 èdtan), oswa si l gen yon fyèv ki byen cho oswa si l ap vomi, li dwe al lopital san pèdi tan. Li bezwen medikaman sewòm ki fò (nan venn li).

Trikomonas

Trikomonas fè moun pa alèz epi li fè kò yo grate yo. Souvan, gason pa montre okenn siy, men yo ka genyen l nan peni yo epi yo pase l bay fi a lè y ap fè sèks.

Trikomonas pa danjere, men l ka fè vajen an irite, epi sa ka fè l pi fasil pou fi a trape lòt MPS tankou VIH.

MW Ch18 Page 326-1.png
Siy trikomonas
  • Ekoulman ki fè kim ki gen koulè gri oswa jòn
  • Ekoulman ki gen move sant
  • Pati jenital ak vajen k ap grate epi ki wouj
  • Doulè oswa sansasyon l ap boule lè l pipi

Pou ede fi a santi l pi byen, li ka pran yon “beny sitz”. Sa vle di, li chita pandan 15 minit nan yon kivèt dlo ki yon ti jan cho ki pwòp. Li ka fè sa pi souvan posib. Sa ap kalme doulè nan vajen an epi sa ap pèmèt li geri pi vit. Li pa dwe fè sèks toutotan li menm ak mari l pa fin geri epi tout siy yo disparèt.

Tretman trikomonas
MW Ch18 Page 326-2.png
Si fi a ansent:
Li dwe tann jis apre li fin pase twazyèm mwa a anvan li fè tretman. Medikaman sa ka danjere pandan 3 premye mwa gwosès yo. Apre twazyèm mwa a:
  • Bay 400 a 500 miligram (mg) “metronidazole”
nan bouch, 2 fwa pa jou, pandan 7 jou
Ou dwe fè tretman pou mari fi a tou avèk 2 gram (g) “metronidazole”, nan bouch, yon sèl fwa.

Chanpiyon (ekoulman blan)

Jeneralman, chanpiyon pa yon enfeksyon moun pran nan fè sèks, men se yon enfeksyon fi konn fè fasil nan vajen. Yo pi fasil jwenn li kay fi k ap pran antibyotik oswa konprime planin. Gason ka pran enfeksyon chanpiyon tou.

Siy enfeksyon chanpiyon
  • Vajen an grate
  • Ekoulman ki kole, ki blan, e ki fè boul
  • Po anndan e deyò vajen an gen koulè wouj vif e pafwa li senyen
  • Sansasyon l ap boule lè l pipi
  • Vajen an bay sant tankou limon oswa sant pat farin (pou fè pen; tankou sant boulanje konn bay lè y ap prepare pat la)
Tretman

Chanpiyon pa danjere, men li pi bon pou w fè tretman yon fanm ansent ki gen chanpiyon anvan li akouche, osinon bebe a ka gen chanklèt. Souvan chanpiyon ka geri ak remèd natirèl.

Remèd natirèl pou tretman chanpiyon

Melanje vinèg oswa yogou nan yon kivèt dlo pwòp. Fi a dwe chita nan dlo sa a 2 fwa pa jou jiskaske li santi l fè mye.


oswa li ka eseye melanj sa a:

Mix 3 tablespoons of vinegar with 1 liter (quart) of boiled cool water.
MW Ch18 Page 327-1.png
MW Ch18 Page 327-2.png
Tranpe yon moso koton nan melanj la epi mete koton an anndan vajen an chak swa pandan 3 muit. Retire koton an chak maten.
MW Ch18 Page 327-3.png

Si remèd natirèl sa yo pa ede, eseye youn nan medikaman sa yo:


Tretman chanpiyon
MW Ch18 Page 327-4.png
Tranpe yon moso koton pwòp nan “violet de gentiane” 1%:
  • Mete koton an
anndan vajen an, chak swa pandan 3 nuit. Retire koton an chak maten.
oswa
  • Mete yon remèd 200 miligram (mg) “miconazole” byen fon
anndan vajen an, chak swa pandan 3 nuit
  • Mete yon remèd 100,000 inite “nystatin” byen fon
anndan vajen an, chak swa pandan 14 nuit
oswa
  • Mete yon aplikatè ki kouvri ak krèm “clotrimazole” 1%
anndan vajen an, chak swa pandan 7 nuit
Prevansyon

Lè yon fi mete rad ki pa sere epi kilòt koton, olye de kilòt polyestè oswa nilon, sa pèmèt lè pase bò pati jenital yo pi byen. Sa ede evite maladi chanpiyon. Lave oswa chanje souvètman souvan. Yon fi pa dwe mete savon anndan vajen an pandan l ap benyen. Li pa dwe lave anndan vajen an.

Bakteri vajinal (gadnerela)

Bakteri vajinal pa yon enfeksyon moun pran nan fè sèks. Jeneralman, li pa danjere, men li ka fè fanm ansent akouche anvan lè oswa yon manman ka fè yon lòt enfeksyon apre akouchman an.

Siy bakteri vajinal
  • Plis ekoulman ke òdinè
  • Yon move sant dwòl tankou pwason ki soti nan vajen an, sitou apre l fin fè sèks
  • Ti grate


Tretman bakteri vajinal
MW Ch18 Page 328-1.png
Si fi a ansent:
Li dwe tann apre fen twazyèm mwa a. Medikaman sa ka danjere nan premye 3 mwa gwosès yo. Apre twazyèm mwa a:
  • Bay 400 a 500 miligram (mg) “metronidazole”
nan bouch, 2 fwa pa jou pandan 7 jou
oswa
  • Mete yon remèd 500 mg “metronidazole”
byen fon anndan vajen an, chak swa pandan 7%nbsp;nuit



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024