Hesperian Health Guides

Chapit 22: Ede yon fi apre avòtman oswa foskouch

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 22: Ede yon fi apre avòtman oswa foskouch

Nan chapit sa:

Pafwa yon gwosès pran fen anvan lè. Lè yon fi fè foskouch, li senpleman kòmanse bay san oswa li gen kontraksyon jiskaske pitit la tonbe. Lè se volontèman yon moun jete pitit li ki nan vant, yo rele sa avòtman.

Pifò foskouch pa bay pwoblèm, men pafwa sa rive. Avòtman gendwa pa danjere si se yon moun ki gen eksperyans e ki abil ki fè l, epi si l itilize zouti ki esterilize oswa medikaman ki bon pou sa. Sepandan, anpil avòtman pa fèt byen.

Pwoblèm ki rive lè yon gwosès pran fen anvan lè


MW Ch22 Page 401-1.png

Yon fi ka gen gwo pwoblèm sante lè yon gwosès fini anvan lè. Yon pati nan pitit la ka rete nan matris la. Li ka senyen anpil oswa fè enfeksyon. Si l pa jwenn tretman, li ka mouri. Chapit sa a pral esplike ki jan pou w:

  • Siveye move siy.
  • Bay yon fi swen dijans lè l gen pwoblèm apre yon gwosès pran fen anvan lè.

Kesyon chèche swen apre avòtman oswa foskouch

MW Ch22 Page 401-2.png

Fi k ap bay san oswa ki gen enfeksyon apre foskouch oubyen avòtman bezwen asistans medikal rapid. Men, anpil fwa yo pa jwenn asistans sa a. Yo gendwa pa gen lajan pou peye pou swen lè gen pwoblèm. Pou fi ki rete byen lwen andeyò, yon vwayaj pou ale lopital nan vil ka twò lwen, vwayaj la ka fè l pè, oswa li ka koute twò chè. Anpil fi, sitou fi ki pa marye, santi yo dwe kache eta yo ye a paske moun yo gen yon move pwennvi sou sèks, planin, oswa avòtman. Laperèz, razè, epi distans fi a parapò ak swen sante a, tout se rezon ki pa dwe fè yon fi soufri, men, malerèzman sa rive souvan.

MW Ch22 Page 402-1.png

Fanmsaj ka ede sove lavi anpil fi, paske souvan fanmsaj yo se pwofesyonèl lasante ki pi pre epi kominote a plis fè yo konfyans. Lè yon fi ki malad konnen gen yon moun ki rete toupre ki janti, ki abil, epi ki pa koute chè, gen plis chans pou fi a chèche swen li bezwen pou l pa mouri a.

Pran yon desizyon pou ede medam sa yo

Gen kèk fanmsaj ki pè pran swen fi ki te fè avòtman nan move kondisyon. Yo panse moun ka rann yo responsab avòtman an. Sepandan, menm nan zòn kote avòtman ilegal, li legal pou sove lavi fi k ap soufri apre yon avòtman ki te mal fèt.

a midwife speaking.
Okòmansman, mwen pa t vle ede fi ki te malad apre yo te eseye jete pitit yo. Men, si m pa t ede yo, yo t ap mouri!
Mwen pa dakò ak jete pitit, men, mwen se yon fanmsaj, e m ap ede nenpòt fi k ap soufri oswa ki an danje.

Gen fanmsaj ki kwè avòtman se yon move bagay, e poutèt sa yo refize pran swen fi ki te fè avòtman. Men, pran swen yon fi ki an danje apre yon avòtman ki mal fèt, se pa menm bagay ak si se ou menm ki fè avòtman an. Apre yon avòtman ki mal fèt, yon fi ka mouri si l pa jwenn asistans. Lè yon fi malad, pou kèlkeswa rezon an, yon fanmsaj dwe ede l.

Sipò nan domèn afektif apre yon gwosès pran fen anvan lè

MW Ch22 Page 403-2.png

Fi ki te fè foskouch oswa avòtman ka santi yo pè, yo tris, oswa yo boulvèse, sitou si foskouch la oswa avòtman an ba yo pwoblèm sante. Doulè afektif sa a gen menm enpòtans ak lòt doulè fi a genyen nan kò l. Ou ka ede yon fi ak doulè afektif li a anvan, pandan, e apre ou ba l swen pou pwoblèm medikal yo.

Lè yon fi fè foskouch, li ka santi se yon gwo desepsyon lefètke gwosès la fini anvan lè. Li ka santi l koupab, e li ka akize tèt li kòmkwa foskouch la se fòt li. Gade plis enfòmasyon sou ki sa ki ka lakòz foskouch epi ki jan w ka bay yon fi swen ak sipò apre yon foskouch.

Jeneralman, si yon fi gen yon gwo pwoblèm sante apre li fin fè yon avòtman se paske avòtman an te mal fèt. Si moun ki te fè avòtman an pa t byen fè l, moun nan gendwa te malelve e derespektan ansanm avè l tou. Avòtman an ka te bay fi a gwo kè sote ak anpil doulè. Si avòtman ilegal, fi a ka pè pou yo pa pini l. Fè tout efò w pou w bay medam sa yo bonjan swen.

Fanmsaj ka ede yon fi ki gen doulè afektif

MW Ch22 Page 403-3.png
Pataje enfòmasyon
  • Esplike sa k lakòz maladi a oswa san k ap koule a.
  • Esplike sa w ap fè pou ede l.
  • Si l pa vle ansent ankò, ede l chwazi yon metòd planin k ap bon pou li (gade Chapit 17).
Koute epi bay sipò
  • Mande l si l vle pale sou kòman li santi l. Li gendwa pa rakonte w si w pa mande l.
  • Koute l si l vle pale oswa kriye.
  • Rekonfòte l menm jan w t ap fè sa pou yon fanmi w oubyen yon zanmi w.
Pa blame fi a pou pwoblèm sante a

Gen moun ki panse yon fi malad paske l merite malad. Pa egzanp, gen fanmsaj ki panse fi ki fè foskouch pèdi pitit yo paske yo mechan. Gen lòt ki panse fi ki malad apre yo fin fè yon avòtman, se pini y ap pini yo poutèt yo te fè avòtman. Men anfèt, pèsonn pa merite malad, epi tout moun merite jwenn swen lè yo malad.

Blame yon fi poutèt li malad pap ede l rejwenn sante.

Pran swen fi fizikman apre avòtman oswa foskouch

MW Ch22 Page 404-1.png

Verifye siy fizik fi a, tankou tanperati, batman kè, ak kantite san k ap koule. Sa ap ede w wè ki kalite swen li bezwen.

  • Doulè lejè oswa ti kranp anba vant lan pandan kèk jou.
  • San vide piti (prèske menm kantite ak lè l gen règ li) pandan kèk jou, oswa kèk ti tach san pandan 2 semèn.


  • Gwo lakranp anba vant lan.
  • Anba vant lan di oswa li anfle.
  • San vide fò, gwo san kaye, oswa san vide pandan plis pase 2 semèn.
  • Vajen an bay move sant.
  • Tanperati l wo: 38° C (100.4° F) oubyen plis.
  • Kè l bat rapid: plis pase 100 fwa pa minit.
  • Gwo anvi vomi.
  • Vètij oswa tèt vire.


Epitou, ou dwe poze l kesyon sou gwosès la

Chèche konnen pandan konbyen tan li te ansent. Li pi fasil pou ede yon fi ki fè foskouch oubyen avòtman nan premye mwa gwosès yo pase yon fi ki te gen plizyè mwa depi l ansent. Si yon fi te ansent pandan plis pase 3 mwa, epi kounye a li gen pwoblèm, mennen l kay doktè.

Mande l ki jan avòtman an oswa foskouch la te fèt. Si fi a te fè yon foskouch oswa si se yon pwofesyonèl lasante eksperimante ki te itilize zouti esterilize pou fè avòtman an pou li, fi a gen mwens chans pou l blese oswa pou l trape yon enfeksyon ki grav, pase yon lòt fi ki te fè avòtman ak zouti ki pa pwòp. Pa egzanp, si fi a di w yon moun te itilize yon moso fil kouran ki file pou l fè avòtman an, w ap konnen pou chèche si l blese anndan kò l.

Rès chapit sa a esplike ki jan pou ede yon fi ki gen pwoblèm apre yon foskouch oswa yon avòtman.

Aprann medam yo ki jan pou yo pran swen tèt yo

Yon fi dwe byen pran swen tèt li pandan kèk jou apre yon foskouch oswa yon avòtman. Sa ka anpeche l trape yon enfeksyon epi sa ap ede kò l geri pi vit. Yon fi dwe fè bagay sa yo:

a girl speaking while handing a cup to a woman in bed.
Manmi, pran yon ti dlo.
  • Bwè anpil likid epi manje bagay ki bon pou kò a.
  • Repoze souvan.
  • Evite fè travay ki di pandan yon semèn.
  • Benyen regilyèman, men li pa dwe lave anndan vajen l ni chita anndan yon kivèt dlo pou l benyen toutotan poko gen plizyè jou depi san an rete.
  • Itilize sèvyèt ki pwòp oswa kotèks pou kenbe san an, epi chanje kotèks yo souvan.


Epitou, fi a pa dwe mete anyen anndan vajen l, e li pa dwe fè relasyon seksyèl pandan omwen 2 semèn, oubyen jiskaske san an rete depi plizyè jou.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024