Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou bay medikaman

Nan chapit sa:

Non medikaman yo

a pharmacy worker speaking to a woman as he shows her a box of medicine.
Nou pa vann medikaman an sou non sa a, men sa a menm jan avè l
Depi 2 medikaman gen menm non kalite, pa gen pwoblèm, si nou pran youn nan plas lòt la.

Nòmalman, chak medikaman gen 2 non. Yon medikaman gen you sèl non kalite (bon non medikaman an, non jeneral) ki sèvi nan tout peyi nan lemonn. Konpayi ki fabrike medikaman yo mete sou non kalite a non mak (non komèsyal) pa yo. Si 2 konpayi ap fabrike menm medikaman an, chak sèvi ak non mak pa yo. Konsa, chak kalite medikaman ka vann sou divès non mak nan famasi a. Nan liv sa a, nou sèvi ak non kalite yo. Si nou bezwen yon medikaman, nenpòt non mak ap bon. Genyen non mak ki vann pi bon mache pase lòt. An rezime, yon medikaman ka gen plizyè non mak (non komèsyal), men chak medikaman gen yon sèl non kalite (non jeneral).

a bottle labeled with the words Flagyl and metronidazole.
Non komèsyal
Non jeneral

Nan ki fòm nou jwenn meickaman yo

Medikaman yo vini nan plizyè fòm:

  • Grenn, kapsil, ak likid, ki pou pran nan bouch. Gendèfwa yo mete yo nan vajen an oubyen nan twou dèyè a.
  • Sipozitwa ak pesè (pessaire; pessary), ki pou mete nan vajen an oubyen nan twou dèyè a.
  • Piki, ki pou bay ak yon sereng e zegui, nan gwo mis (intramusculaire), anba po (intradermal oubyen injection sous-cutanée), oubyen nan san an, nan venn (Intraveineux).
  • Likid ak siwo, ki pou pran nan bouch.
  • Krèm ak pomad, ki gen medikaman ladan yo, ki pou pase sou po a oubyen pou mete nan vajen an.


Nan liv sa a, nou sèvi ak imaj pou montre ki jan pou nou bay yon medikaman.

a hand holding a syringe.
2 pills in the palm of a hand.
a tube with ointment being squeezed from it.
a medicine dropper.
a spoon with liquid in it.
Lè w wè imaj sa a, bay medikaman nan piki. Lè w wè imaj sa a, bay konprime, kapsil, oubyen sipozitwa. Lè w wè imaj sa a, sèvi ak yon pomad. Lè w wè imaj sa a, bay gout. Lè w wè imaj sa a, bay yon siwo.


MW Greenpages Page 467-8.png

Souvan, nou ka bay menm medikaman an nan plizyè fòm. Pa egzanp, gen anpil medikaman nou ka bay nan piki oubyen nan bouch. Nòmalman, li pi bon pou bay yo nan bouch, paske gen danje nan bay piki. Men nan ka dijans, li ka pi bon pou bay piki, paske medikaman nan piki ap aji pi vit. Nan liv sa a, nou fè w konnen pi bon fason pou nou bay chak medikaman. Men li posib pou nou ka bay li nan yon lòt fòm. Nou pa bay esplikasyon sou ki jan pou bay piki nan venn, paske gen twòp danje nan sa.

Ki dòz medikaman pou nou bay

Anpil medikaman pa vini ni ak menm pwa, ni ak menm gwosè a. Pou nou pa twonpe nou sou ki dòz pou nou bay, verifye konbyen gram (g), miligram (mg), mikwogram (mkg), oubyen inite (U) ki nan chak grenn.

Konprime, kapsil, sipoz itwa, ak piki

Pou mezire kantite medikaman ki gen nan pifò konprime, kapsil, sipozitwa ak piki, yo sèvi ak gram (g) oubyen miligram (mg):

1000 mg = 1 g
1 g (mil miligram gen yon gram ladann)
1 mg = 0.001 g
(separe yon miligram fè mil moso egal, pran youn nan yo)
Pa egzanp: Yon grenn aspirin gen 325 miligram ladann.
Nou ka di yon grenn aspirin gen:
MW Greenpages Page 468-3.png
.325 g
0.325 g
325 mg
Tout sa yo se divès fason nou ka di 325 miligram.


Gen medikaman, tankou konprime planin, se nan mikwogram (mkg oubyen mcg oubyen μcg) yo mezire dòz yo.

1 µcg = 1 mcg = 1/1000 mg = 0.001 mg
Sa vle di, gen 1000 mikwogram nan yon miligram.

Lè nou bay piki, genèfwa yo mezire dòz yo nan inite (U oubyen IU).

Medikaman ki nan fòm likid

Jeneralman, yo mezire siwo ak lòt medikaman ki likid nan mililit (ml) oubyen nan santimèt kib (sk oubyen cc ki se yon centimètre cube). Yon mililit gen menm kantite ak yon santimèt kib.

1 ml = 1 cc
1000 ml = 1 liter
Gendèfwa yo sèvi ak ti kiyè oubyen gwo kiyè pou bay remèd likid
1 ti kiyè = 5 ml
1 gwo kiyè = 15 ml
1 gwo kiyè = 3 ti kiyè
1 tablespoon equals 3 teaspoons.
Gwo kiyè
Ti kiyè
MW Greenpages Page 468-5.png
5 ml

Pou nou ka bay bon dòz remèd la, fòk nou sèten ti kiyè n ap sèvi a kenbe 5 ml. Oubyen mezire remèd la ak yon sereng.

Si famasi a pa gen pwa oubyen gwosè konprime nou bez wen an

Ou gendwa oblije bwè yon bò nan konprime a, oubyen plis pase yon konprime.

MW Greenpages Page 469-1.png
250 mg + 250 mg = 500 mg
Pa egzanp, si w gen pou pran amoksisilin 500 mg, men se sèl amoksisilin 250 mg ou jwenn, ou dwe bwè 2 konprime amoksisilin 250 mg chak fwa.
Oubyen, si se amoksisilin 500 mg sèlman ou jwenn, epi ou bezwen pran 250 mg, ou dwe koupe konprime a pou fè 2 moso ki gen menm gwosè. Yon moso ap fè yon dòz.

Lè se pwa yon moun ki montre ki dòz medikam an pou l pran

Pou pifò medikaman nou jwenn nan liv sa a, nou bay dòz ki bon pou fanm ki fin devlope. Men pou kèk medikaman, sitou sa ki ka gen danje ladan yo, l ap pi bon si nou chèche jwenn dòz la dapre pwa moun ki malad la (si gen yon balans).

MW Greenpages Page 469-2.png
Pa egzanp, si w gen pou bay gentamicine (jantamisin), epi si bon dòz jantamisin nan se 5 mg/kg/jou, sa vle di, nou dwe bay jantamisin 5 miligram (mg) pou chak kilogram li peze.


Konsa, yon fi ki peze 50 kg dwe pran jantamisin 250 mg pandan 24 èdtan.


Ou dwe separe dòz la. Yo gendwa di w konbyen fwa nan yon jou ou gen pou bay li.

Se pou w bay jantamisin 3 fwa nan yon jou, ki fè 80 mg nan chak dòz.

Ki lè nan jounen an pou nou pran medikaman

Gen remèd ou gen pou pran yon sèl fwa nan yon jou. Pifò remèd mande pou w pran yo plizyè fwa nan yon jou. Si w pa gen revèy oubyen mont pou ban w lè, sa pa fè anyen. Si nan papye medikaman an yo di w pou pran li:

“1 konprime chak 8 èdtan”, oubyen “3 fwa nan yon jou”: pran 1 konprime lè solèy la leve, 1 konprime nan aprèmidi, epi 1 konprime nan aswè.
“1 konprime chak 6 èdtan”, oubyen “4 fwa nan yon jou”: pran 1 konprime lè solèy la leve, 1 konprime vè midi, 1 konprime nan apremidi, 1 konprime nan aswè.
“1 konprime chak 4 èdtan”, oubyen “6 fwa nan yon jou”. Kite apeprè menm valè tan pase apre w fin bwè chak konprime.


Ou gen pou suiv tretman an konsa, paske medikaman an ap fè travay li sèlman lè li nan kò yon moun. Epi kò a ap toujou voye remèd la jete deyò. Gen remèd ki pase pi vit. Konsa, yon moun dwe bwè medikaman an regilyèman pandan jounen an pou l toujou gen ase remèd nan kò l. Men sonje, lè yon moun bwè twòp medikaman anmenmtan, se yon pwazon li ye pou li.

a row of four blank spaces under drawings of the sun rising, the sun fully risen, the sun setting, and the moon.

Si yon moun pa kapab li, fè yon desen konsa pou l konnen ki lè pou l pran medikaman an:

Nan ti kare anba yo ki vid, se pou w fè kèk desen k ap montre moun nan ki dòz pou l pran. Fò w pran san w pou w bay moun nan esplikasyon sou desen yo. Pa egzanp:

1 pill in each of the 4 spaces.
1 half pill in each of the 4 spaces.
2 teaspoons in both the first space and the third space.
Desen sa a vle di: moun nan dwe pran 1 konprime 4 fwa pa jou, 1 konprime lè solèy la fèk leve, 1 konprime nan mitan jounen an, 1 konprime ta nan apremidi, epi 1 konprime nan aswè. Desen sa vle di: ½ (mwatye) nan 1 konprime 4 fwa pa jou. Sa a vle di: 2 ti kiyè siwo 2 fwa pa jou.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024