Hesperian Health Guides
Maleng nan pati jenital
Maleng ki nan pati jenital dwe rete pwòp. Lave yo avèk dlo ak savon. Fè atansyon lè w ap seche yo. Lè w fin seche yo ak yon twal, lave twal la byen anvan w sèvi avè l ankò.
ATANSYON! Lè yon moun gen maleng nan pati jenital, li fasil pou l pran lòt enfeksyon atravè maleng sa yo, sitou VIH/SIDA. Pi bon fason pou evite bay lòt moun enfeksyon an se pou w evite fè sèks jiskaske maleng nan geri. |
Kontni yo
Sifilis
Sifilis se yon maladi grav ki afekte tout kò yon moun. Li ka dire plizyè ane, pandan l ap vin pi grav chak lè. Sifilis ka geri si yo trete l bonè.
Siy sifilis
- Premye siy nan se yon maleng ki ka sanble ak yon ti bouton, yon zanpoud, oswa yon maleng ki ouvè. Li kòmanse 2 a 5 semèn apre moun nan te fè sèks ak yon moun ki gen sifilis. Maleng sa a gen anpil mikwòb ki ka enfekte yon lòt moun byen fasil.
Maleng sifilis sou peni gason an
Maleng nan pa fè mal, e si li anndan vajen an, fi a ka pa menm konnen si l genyen l. Men, li ka toujou enfekte tout moun ki fè sèks avè l. Maleng nan dire kèk jou oswa kèk semèn sèlman, apre sa li pase. Men, enfeksyon an toujou la, e li kontinye ap pwopaje nan tout kò a. - Kèk semèn oubyen kèk mwa apre, moun ki enfekte a ka gen gòj fè mal, yon ti lafyèv, maleng nan bouch, jwenti anfle, oswa gratèl, sitou nan men, pye, vant, ak sou kote. Nan tout lè sa a, moun nan ka pase maladi a bay lòt moun pa mwayen nenpòt kontak tankou bo oswa touche, paske se sou po moun mikwòb sifilis la rete.
- Nòmalman, tout siy sa yo ap disparèt poukont yo, men maladi a kontinye. Si yon moun ki soufri maladi sifilis pa resevwa tretman bonè, mikwòb sifilis la ka lakòz maladi kè, paralizi, maladi mantal (moun nan vin fou), ak lanmò.
Sifilis ak gwosès
Si yon fi gen sifilis pandan l ansent, bebe l la ka fèt anvan lè, li ka domaje, oswa li ka mouri. Si sa posib, tout fanm ansent dwe fè yon egzamen san pou wè si l fè sifilis, sitou si l te janm gen maleng nan pati jenital li yo.
Tretman sifilis | |||||
|
nan mis, yon sèl fwa | ||||
oswa Si moun nan fè alèj i ak penisilin: | |||||
|
, nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 14 jou | ||||
(“Erythromycin” pa toujou bay bon rezilta nan trete sifilis. Ou ka bezwen fè tretman pou fi a avèk “tetracycline” lè pitit la pa nan tete ankò.) | |||||
Si sa fè omwen 2 an depi moun nan gen sifilis, mennen l kay doktè. Li bezwen lòt kalite medikaman. |
ATANSYON! Li trè difisil pou w fè diferans ant sifilis ak chank mou. Si w pa fin konnen si se sifilis oswa chank mou fi a genyen, oswa si li gen toude, ou dwe ba li “benzathine penicillin” aktout “erythromycin”.
Chank mou
Chank mou se yon MPS ki lakòz maleng nan pati jenital moun nan. Li fasil pou moun pran l pou sifilis.
Siy chank mou
- Youn oubyen plizyè maleng ki mou epi ki fè mal, swa nan pati jenital la swa nan twou dèyè a. Yo senyen fasil.
- Glann ki anfle ki fè mal nan sak testikil gason an
- Ti lafyèv
Tretman chank mou | |||||
|
nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou | ||||
oswa | |||||
|
nan mis, yon sèl fwa |
Èpès
Èpès se yon viris ki lakòz ti bouton pete sou po moun nan; yo fè mal epi yo fè maleng. Èpès la simaye lè maleng ki sou po moun nan touche po yon lòt moun, souvan pandan y ap fè sèks. Nòmalman, èpès afekte pati jenital yo ak twou dèyè moun nan. Raman, maleng nan ka simaye nan bouch yon moun lè yo fè sèks nan bouch.
Siy èpès
- Pikotman, gratèl, ak doulè nan pati jenital
- Ti bouton ki pete e ki fè maleng nan pati jenital ki ouvè e ki fè mal
Depi yon moun gen viris la, li ka gen maleng yon fwa apre lòt. Premye fwa yon moun gen maleng èpès, yo ka dire 3 semèn oubyen plis. Epitou, moun nan ka gen lafyèv, tèt fè mal, kò fè mal, frison, ak glann ki anfle bò kote pati jenital li. Jeneralman, enfeksyon ki vin apre yo pa osi grav tankou premye a.
Pou nou ka anpeche èpès simaye, moun pa dwe fè sèks lè yo gen maleng. Kapòt ka anpeche maladi èpès la simaye, si kapòt la byen kouvri maleng nan. Kapòt fi ka pi bon toujou paske yo kouvri pifò nan pati jenital la.
Tretman
Pa gen gerizon pou èpès, men gen fason pou soulaje maleng yo:
- Mete glas sou maleng nan kou ou kòmanse santi l. Sa ka anpeche maleng nan vin pi mal.
- Tranpe yon moso twal nan yon te nwa (“black tea”) ki frèt oswa nan yon te jiwòf. Kenbe twal mouye a sou maleng nan.
- Chita nan yon kivèt ki gen dlo frèt ki pwòp.
- Fè yon pat ak bikabonat oswa farin mayi avèk dlo epi mete l kote ki gen maleng nan.
- Mete fèy yo rele “hamamelis de virginie” (“witch hazel”) sou li.
Lè moun gen èpès pou premye fwa a, medikaman ka soulaje doulè ak maleng yo
Pou moun ki gen èpès pou prem ye fwa a | |||
|
nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 7 a 10 jou | ||
Pou moun ki toujou gen èpès | |||
|
nan bouch, 3 fwa pa jou, pandan 5 jou | ||
Pou yon fi ki konn soufri ak èpès plis pase 6 fwa pa ane | |||
|
nan bouch, 2 fwa pa jou, pandan 1 an. Apre sa sispann pran medikaman an, epi gade pou wè si l toujou nesesè. | ||
Pou fanm ansent ki konn gen èpès deja | |||
|
nan bouch, 2 fwa pa jou pandan dènye mwa gwosès la | ||
Pou soulaje doulè a | |||
|
nan bouch, chak 4 èdtan |
Yon moun ki gen anpil strès oswa lòt pwoblèm sante ka gen maleng pi souvan. Donk, si sa posib, moun ki gen èpès dwe pran anpil repo epi manje bagay ki bon pou kò a.
ATANSYON! Èpès se yon gwo danje pou je paske li ka fè moun vin avèg. Apre yon moun fin touche maleng yon moun ki gen èpès, se pou l toujou lave men l avèk dlo ak savon.
Èpès ak gwosès
Li posib pou manman an bay pitit li èpès. Jeneralman sa rive pandan akouchman an si manman an gen maleng sou vajen l pandan akouchman an. Sa rive pi fasil toujou lè se premye fwa manman an soufri ak èpès. Se sa k fè, si manman an gen maleng ki ouvri lè l pral akouche, li pi bon pou l akouche lopital, jeneralman pa mwayen yon sezaryèn. Pou redui risk pou l pase èpès la bay pitit la, si yon manman soufri èpès premye fwa pandan l ansent, li dwe trete l tousuit avèk “acyclovir”, kèlkèswa lè nan gwosès la li enfekte. Yon fi ki te deja soufri ak èpès ka pran “acyclovir” chak jou pandan dènye mwa gwosès la.
HPV (veri jenital)
HPV se yon viris ki fè veri pouse sou pati jenital la ak twou dèyè a. Konsa tou, yon moun ka gen veri san l pa menm konnen, sitou si yo anndan vajen an. Veri pa danjere, men yo ka fè yon moun malalèz.
Siy HPV
- Grate
- Ti boul sèch ki koulè blan oubyen mawon nan pati jenital oswa nan twou dèyè. Ti boul yo yon jan rèd e yo pa fè mal.
ATANSYON! Boul ki pi laj, ki plat, e ki pa sèch, ka sanble ak HPV men yo gendwa pa HPV. Gendwa se sifilis ki lakòz yo. Nenpòt moun ki gen boul sa yo dwe fè egzamen sifilis. Moun sa a pa bezwen fè tretman ki pi ba a.
Tretman
- Pou pwoteje po ki toujou an sante a, mete vazlin oswa lòt kalite pwomad sou po ki bò kote chak veri.
-
Avèk yon ti baton, mete sou veri a yon ti kantite asid “trichloroacetic” (TCA) ki 80% a 90% oswa asid “bichloroacetic” (BCA). Kite asid la sou li jiskaske veri a tounen tou blanch. Fè atansyon pou asid la pa tombe sou po ki pa malad la. Lave kote w mete asid apre 30 minit oswa lè l ap boule anpil.
Asid la ta dwe boule veri a epi l ap kite yon maleng ki fè mal kote veri a te ye a.
Jeneralman, ou dwe refè tretman an chak semèn pandan kèk semèn anvan veri a disparèt konplètman. Kenbe maleng nan pwòp epi sèch jiskaske l geri. Epi, fi a pa dwe fè sèks jiskaske maleng nan geri.
Gen kèk kalite HPV, si yo pa trete, yo ka lakòz kansè nan kòl matris la, men se pa menm HPV ki lakòz veri yo. Aprann ki jan pou w egzamine kòl matris yon fi pou konnen si l gen HPV.
Gen yon vaksen ki rele “Gardasil” ki pwoteje kont kalite HPV ki pi danjere yo, nitou HPV ki lakòz veri sou pati jenital. Vaksen an gen ladan l 3 piki ou ka bay yon jèn fi ki gen ant 9 a 26 an. Yo pa dwe bay yon fi ki ansent vaksen an, nitou li pa ka ede si moun nan deja gen HPV.