Hesperian Health Guides
Ki jan pou bay swen nan ka dijans apre foskouch oswa avòtman
SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 22: Ede yon fi apre avòtman oswa foskouch > Ki jan pou bay swen nan ka dijans apre foskouch oswa avòtman
Enfeksyon ka rive poutèt rezon sa yo:
- Rès dechè gwosès la rete anndan matris fi a apre foskouch la oswa avòtman an (gade paj anba a).
- Mikwòb antre anndan matris la pandan avòtman an, lè yon bagay ki pa esterilize te antre anndan matris la. Gade paj 409 pou plis enfòmasyon sou enfeksyon.
Li ka senyen twòp poutèt rezon sa yo:
- Rès dechè gwosès la toujou anndan matris fi a apre yon foskouch oswa avòtman.
- Yon zouti te blese matris la oswa vajen an pandan yon avòtman.
- Matris la enfekte.
ATANSYON! Si yon fi ap bay anpil san oswa li gen yon enfeksyon grav, li ka antre nan eta chòk oswa li ka menm mouri. Mennen l lopital rapid.
Si w te jwenn fòmasyon sou ki jan pou ede fi apre yon avòtman ki mal fèt oswa apre yon foskouch, ou ka ba l asistans ou menm.
Avòtman ki enkonplè (dechè gwosès la rete anndan matris la)
Avòtman ki enkonplè se yon gwo rezon ki lakòz pèt san ak enfeksyon. San an ak enfeksyon an pap kanpe toutotan tout rès dechè gwosès la pa soti nan matris la.
- Rès gwosès la ap tonbe sot nan matris la. Si w fe yon egzamen basen ou gendwa wè moso chè k ap soti nan kòl matris la oswa ou ka santi matris la toujou gwo paske li gen matyè anndan l toujou.
- Enfeksyon. Fi a ka gen lafyèv, vajen l ka gen move sant, oswa li ka gen doulè nan vant.
- Anpil san ap soti nan vajen an.
Tretman pou avòtman ki enkonplè
Gen plizyè fason pou netwaye matris la apre yon avòtman ki enkonplè. Nan liv sa a, nou esplike kòman pou itilize:
- Ponp aspiratè (kitaj)
- Medikaman
- Pens oswa lòt mwayen pou retire rès gwosès la nan kòl matris la, si w pa ka itilize 2 premye metòd yo.
Pomp aspiratè (kitaj)
Pi bon tretman pou avòtman ki enkonplè se itilize yon ponp aspiratè pou netwaye matris la (gade Chapit 23). Menmsi jeneralman ponp lan pa danjere pou itilize sèlman pandan 3 premye mwa gwosès yo, li vo lapèn pou w eseye sèvi avè l apre 3 mwa si yon fi fè yon avòtman ki enkonplè.
Trete avòtman ki enkonplè avèk medikaman
Gen 2 medikaman ki ka ede netwaye matris la apre yon avòtman ki enkonplè: “misoprostol” ak “ergometrine”. Ou ka bay “misoprostol” nan bouch oswa anndan twou dèyè a. Li fè matris la kontrakte epi li pouse tout rès dechè gwosès la deyò. Li pi bon pou sèvi ak medikaman sa lè fi a ka jwenn swen dijans, tankou kitaj, paske medikaman an ka fè l bay anpil san, epi li pa toujou fin netwaye matris la nèt. “Ergometrine” se yon lòt medikaman ki lakòz kontraksyon, ou ka bay li kòm konprime oswa piki.
Pou netwaye matris la apre yon avòtman enkonplè | |||||
Pou yon gwosès mwens pase 13 semèn | |||||
|
nan bouch yon sèl fwa | ||||
Oswa | |||||
|
Fi a dwe mete konprime yo bò chak machwè oswa anba lang li jiskaske yo fin fonn, apre sa pou l vale yo | ||||
Pou yon foskouch kenbe mwens pase 13 semèn | |||||
|
fonn tou dousman anba lang lan, chak 3 èdtan jiskaske avòtman an fini | ||||
Oswa | |||||
|
fonn tou dousman anba lang lan, chak 3 èdtan jiskaske avòtman an fini | ||||
Pou yon gwosès 13 semèn oswa plis | |||||
|
fonn tou dousman anba lang lan, chak 3 èdtan jiskaske avòtman an fini | ||||
Pou yon foskouch kenbe nan 13 semèn oswa plis | |||||
|
pou fonn anba lang oswa nan vajen an, chak 4 a 6 èdtan jiskaske avòtman an fini | ||||
Pa sèvi ak misoprostol nan vajen an si fanm nan ap senyen nan vajen li. Si li ap senyen nan vajen li, bay misoprostol nan bouch oswa anba lang. | |||||
Lè yo itilize “misoprostol” pou tèmine yon gwosès
|
Retire rès dechè gwosès ki nan kòl matris la
Si w pa ka sèvi ak ponp aspiratè, ou pa ka bay medikaman, epi ou pa ka jwenn yon lòt moun pou netwaye matris la, fè yon egzamen espekilòm epi chèche moso chè ak san kaye k ap soti nan kòl matris la. Itilize yon pens esterilize ki long pou w retire chè ak san kaye a. Fason sa a pa toujou efikas, men l pi bon pase pa fè anyen.
Si w pa gen yon espekilòm men w konn ki jan pou w fè yon egzamen 2 men, lave men w byen epi mete gan plastik ki esterilize. Mete 2 dwèt nan vajen fi a pou w touche matris li. Pase dwèt ou atravè ouvèti kòl matris la. Si w santi rès dechè ap soti anndan kòl matris la, eseye retire l dousman. Si l twò glise pou kenbe, vlope 2 dwèt ou ak twal gaz ki esterilize, oswa yon moso twal fen ki esterilize, epi eseye ankò. Li ka fè fi a mal, donk fè l byen dousman. Metòd sa pa efikas, men l pi bon pase pa fè anyen ditou.
ATANSYON! Si w pa ka retire dechè gwosès ki rete apre yon avòtman ki enkonplè a, ou dwe mennen l lopital menm kote a pou rès dechè gwosès la ka soti. Pandan w sou wout lopital la, bay fi a tretman pou enfeksyon, epi siveye pou wè si l ap antre nan eta chòk.
Apre w fin retire rès dechè gwosès la:
- Manyen matris la pa deyò pou wè si l mou. Fwote matris la chak detwa èdtan pou l ka rete di.
- Veye siy enfeksyon.
Enfeksyon
Yon fi ki gen enfeksyon nan matris an danje. Enfeksyon an ka lakòz matris la blese, epi li ka pwopaje nan san an (sepsis). Sepsis trè danjere, e li ka lakòz chòk ak lanmò. Pi souvan medam yo trape enfeksyon apre avòtman kote yo te itilize zouti ki pa t esterilize, oswa apre foskouch oubyen avòtman ki enkonplè. Men, menm yon avòtman ki te byen fèt ka lakòz enfeksyon kèk fwa.
- Tanperati kò l wo: plis pase 38º C (100.4º F).
- Kè l bat vit: plis pase 100 fwa pa minit.
- Li gen frison epi kò l ap tranble.
- Vant li anfle, li di, oswa li fè l mal.
- Gen yon likid k ap soti nan vajen an ki gen move sant.
- Li santi l malad oswa fèb.
Pou ede yon fi ki gen yon enfeksyon
- Si l toujou gen rès dechè gwosès la nan matris li, enfeksyon an pap amelyore toutotan rès dechè a pa soti.
- Ba l antibyotik (gade pi ba a).
- Li konsènan fason pou evite enfeksyon tetanòs.
- Ankouraje fi a bwè anpil likid. Sa ap ede kò l konbat enfeksyon an. Si l gen difikilte pou l bwè, ba l sewòm oral, likid nan dèyè, oswa sewòm nan venn.
- Ankouraje fi a manje bagay ki bon pou kò a. Fwi ki fre, tankou zoranj, gwayav, papay, mango, ak lamveritab gen vitamin C ki ka ede l konbat enfeksyon.
- Si w konnen ki jan pou itilize remèd fèy pou rete enfeksyon, ou mèt bay fi a, men pa mete okenn remèd fèy anndan matris la. (Gade kèk konsèy sou fason pou deside si yon remèd fèy bon oswa si l danjere.)
Pou trete enfeksyon | ||||
Mennen l lopital. Sou wout la, bay remèd sa yo. Pou tout enfòmasyon sou remèd sa yo, gade paj Medikaman. | ||||
|
nan mis, apre sa ba li 1 g, 4 fwa pa jou | |||
|
nan mis, 3 fwa pa jou | |||
|
nan bouch, 3 fwa pa jou | |||
Lè siy enfeksyon yo disparèt depi 48 èdtan, sispann ba li antibyotik sa yo. Ansuit, kòmanse ba li konprime “doxycycline”. | ||||
Lè siy yo disparèt depi 48 èdtan | ||||
|
nan bouch, 2 fwa pa jou pandan 10 jou | |||
|
nan bouch, 2 fwa pa jou pandan 10 jou |
Tetanòs
Avòtman ki danjere ka lakòz tetanòs, ki se yon kalite enfeksyon.
Fi ki pa t pran vaksen kont tetanòs gen anpil chans pou yo tonbe malad epi pou yo menm mouri ak enfeksyon tetanòs si nenpòt zouti ki pa esterilize te antre nan matris yo pandan yon avòtman.
Si yon fi te sibi yon avòtman ki mal fèt, epi sanble li pa t vaksine kont tetanòs pandan 10 an ki sot pase yo, ba l yon piki kont tetanòs imedyatman.
Pou pwoteje kont enfeksyon tetanòs | |||
|
nan mis | ||
|
nan mis |
Siy tetanò
- Tèt fè mal
- Difikilte pou vale
- Kou rèd
- Machwè k ap fè mouvman pou kò l
- Kò rèd
- Mis k ap fè kontraksyon ki fè mal
- Kriz tonbe
Siy enfeksyon tetanòs yo ka kòmanse plizyè semèn apre fi a trape enfeksyon an.
Si yon fi gen tetanòs, mennen l lopital menm kote a. Pandan nou sou wout, mete l kouche sou kote, fè l rete byen kal, epi pa kite limyè/klète frape l.
Tout fi dwe vaksine pou anpeche yo trape tetanòs.
Senyen
Apre yon foskouch oswa yon avòtman, li nòmal pou san kontinye koule menm kantite ak lè fi a gen règ li. Kèk fi konn gen yon ti kantite san ki kontinye koule jiska 2 semèn. Apre yon 2 jou, san an sipoze pi nwa, li pa dwe wouj vif. Li pa nòmal pou yon fi bay plis san pase sa, e li ka danjere. Si yon fi bay anpil san apre yon avòtman, sitou si san an wouj vif epi li pa gen anpil san kaye ladan l, sa vle di se san fre k ap koule a. Fi a an danje; fòk san an rete. Si l kontinye bay san, li ka antre nan eta chòk e li ka menm mouri. Apre yon foskouch oswa yon avòtman, li nòmal pou san kontinye koule menm kantite ak lè fi a gen règ li. Kèk fi konn gen yon ti kantite san ki kontinye koule jiska 2 semèn. Apre yon 2 jou, san an sipoze pi nwa, li pa dwe wouj vif. Li pa nòmal pou yon fi bay plis san pase sa, e li ka danjere. Si yon fi bay anpil san apre yon avòtman, sitou si san an wouj vif epi li pa gen anpil san kaye ladan l, sa vle di se san fre k ap koule a. Fi a an danje; fòk san an rete. Si l kontinye bay san, li ka antre nan eta chòk e li ka menm mouri.
Fi bay twòp san apre yon avòtman oswa foskouch poutèt rezon sa yo:
- Matris la pa ratresi jan l dwe fè sa.
- Rès dechè gwosès la rete nan matris la.
- Fi a blese pa anndan.
Yon fi ka ede tèt li si l ap bay anpil san
Si yon fi ap bay san epi li pa gen pèsonn ki pou ede l, li ka eseye rete san an poukont li. Li pwobab pou metòd sa a pa sifi pou rete san an nèt, men li ka ralanti l.
Pandan fi a kouche oswa li akoupi, se pou l fwote anba vant lan byen fò pou matris la ka vin ratresi. Si gen rès dechè gwosès la nan matris li, li ka pouse l deyò menm jan ak lè l ap poupou, oswa menm jan ak lè l ap pouse yon pitit.
Ki j an pou w ede yon fi k ap bay san
-
Netwaye matris la pou san an ka rete.
Mwen bezwen netwaye matris la pou san an ka rete. Li pap pran anpil tan.
- Fwote matris li tanzantan jiskaske l vin di pou san an ak rès dechè yo ka soti.
- Verifye si fi a fè enfeksyon.
- Veye fi a pou siy ki endike li nan eta chòk.
Blese anndan kò a
Si yon fi blese pa anndan pandan yon avòtman, pi souvan se akoz yon zouti file ki te fè yon twou nan matris li. Anmenmtan, zouti a te ka blese lòt ògàn anndan kò fi a, tankou ovè yo, trip yo, oswa vesi a.
Lè yon fi blese anndan, li gendwa ap senyen pa anndan vant li san w pa wè sa. Oubyen tou, li ka gen san k ap soti nan vajen l ou ka wè.
- Vant lan rèd, li di, epi li pa fè bri anndan (tankou son gaz konn fè a).
- Gwo doulè oswa lakranp nan vant.
- Fyèv, frison, oswa l ap tranble.
- Noze ak vomisman.
- Doulè nan youn oswa nan toude zepòl.
- Chòk.
ATANSYON! Nenpòt fi ki blese pa anndan dwe al lopital oswa yon sant medikal imedyatman pou l fè operasyon. Si l pa fè operasyon, li ka mouri.
Pandan nou sou wout lopital la, bay fi a tretman pou chòk, men pa ba l okenn manje oswa likid nan bouch. (Pa gen pwoblèm si w ba l medikaman nan bouch avèk yon ti dlo pou l ka vale medikaman an.)
Chòk
Si yon fi fè yon enfeksyon grav oswa l ap bay anpil san, li ka antre nan eta chòk.
- Li santi l ap dekonpoze, li gen tèt vire, li fèb, oubyen lespri l bouye.
- Li blèm epi swè l frèt.
- Batman kè l rapid: plis pase 100 fwa pa minit.
- Souf li wo e rapid.
- Tansyon li kontinye ap desann.
- Pafwa li pèdi konesans.
Mennen l lopital rapid. Ou dwe trete l pou chòk anvan an pou l pa mouri. Apre sa ou ka suiv direksyon ki nan kòmansman chapit sa pou w ka rete san an oswa enfeksyon an.
Pandan w sou wout lopital la:
- Fè fi a kouche avèk pye l pi wo pase tèt li, epi vire tèt li sou yon bò.
- Ba l likid. Si l gen konesans, li ka bwè dlo oswa sewòm oral. Si l pèdi konesans, ou ka ba li likid nan dèyè, oswa sewòm nan venn.
- Si l pèdi konesans, pa ba l anyen nan bouch, ni medikaman, ni likid, ni manje.