Hesperian Health Guides

Sa pou w fè pou bebe a

Nan chapit sa:

MW Ch15 Page 274-2.png

Ankouraje bebe a pran tete epi suiv jan l ap grandi a

Bebe a dwe tete chak detwa èdtan, apati premye è apre l fin fèt. Yon bebe ki tete ase epi ki an sante ta dwe fè pipi ak poupou anvan premye 24 èdtan fin pase, epi tanzantan apre sa. Li pa dwe bay siy ki pou ta endike li dezidrate, epi li dwe gwosi. Kenbe bebe a sèch, cho, epi jwe avè l.

Bebe a bay siy li dezidrate

Si bebe a pa pran tete, si li gen dyare oubyen vomisman, oswa si l gen lafyèv, li ka vin dezidrate. Li dezidrate lè l pa gen ase dlo nan kò l. Sa trè danjere, e li ka menm touye bebe a.

MW Ch15 Page 275-1.png

Siy li dezidrate:

  • Fontanèl bebe yo fè fon.
  • Twou je l fon.
  • Bouch li sèch oubyen po bouch li fann.
  • Li pipi mwens pase 4 fwa pa jou.
  • Pipi l gen koulè fonse.
  • Batman kè l ak souf li rapid.
  • Po l pa elastik.
MW Ch15 Page 275-2.png

Pou verifye si po l elastik, pichkannen po ponyèt pa w epi lage l. Gade byen kòman po a retounen nan plas li. Kounye a, pichkannen po bebe a nan vant epi lage l. Si po bebe a retounen nan plas li pi dousman pase po pa w, sa vle di li dezidrate.

Pou ede yon bebe ki dezidrate

Ankouraje manman an bay pitit la tete souvan: chak 1 a 2 èdtan. Epi, bay bebe a sewòm oral: kèk gout chak minit jiskaske bebe a fè mye.

Enfeksyon ka lakòz dezidratasyon. Si bebe a pa fè mye nan 4 èdtan, chèche èd nan men doktè.

Bebe a pa gwosi oubyen li pa grandi jan l dwe fè sa

Li nòmal pou yon bebe pèdi pwa pandan detwa jou apre li fèt. Men, li dwe reprann pwa li te genyen lè l te fèt la nan 2 semèn, epi li dwe kontinye gwosi apre sa. Yon bebe ki pa gwosi ase oswa ki pa grandi ase kapab pa jwenn ase lèt. Oubyen tou, li ka gen yon enfeksyon, dyare, oubyen yon lòt pwoblè sante.

Suiv chak ki lè bebe a tete. Manman an mèt bay l tete chak lè pitit la vle: omwen chak 2 a 3 èdtan pandan 20 minit, jiskaske tete a vid. Si bebe a pa vle tete souvan, li gendwa malad anpil. Mennen l lopital san pèdi tan.

Kontwole sante manman an. Si manman an malad oswa si l pa byen manje oubyen li pa bwè ase likid, li ka pa pwodui ase lèt pou bay pitit la. Ankouraje fanmi an pou yo pran swen manman an byen epi pou yo ba l plis manje.

Gade Chapit 16 pou w aprann plis sou kesyon bay tete. Si bebe a jis pa grandi, fè l wè yon doktè.

Vomisman “vole” soti nan bouch bebe a

Pifò bebe rejte yon ti kantite nan sa yo manje. Nòmalman, ti vomisman sa yo glise desann soti nan bouch bebe a, sitou apre li fin manje.

MW Ch15 Page 276-1.png

Si vomisman vole soti nan bouch bebe a ak gwo fòs chak fwa l manje, li gendwa fè yon enfeksyon oswa ka gen yon bagay ki anpeche lèt desann anndan l. Chèche èd nan men doktè.

MW Ch15 Page 276-2.png

Ankouraje vaksinasyon

Vaksen pwoteje timoun kont anpil maladi danjere. Vaksen ki pi enpotan pou bebe se DPT (pou dipteri, koklich, ak tetanòs), polyo, epatit B, Hib (pou “Haemophilus influenza”), PCV (nemoni), RV (rotaviris) ak BCG (pou tibèkilòz). Gen vaksen ki pwoteje bebe a kont plizyè maladi alafwa, tankou pentavalent. Chak peyi gen orè pa l pou bay vaksen sa yo, e pi souvan yo gratis. Yo konn kòmanse bay pifò vaksen le bebe a gen 2 mwa. Ankouraje manman an mennen bebe a nan sant sante ki pi pre a pou l ka vaksine pitit li.

Si manman an gen VIH/SIDA

Medikaman ART yo pwoteje bebe a pou l pa pran VIH si manman l enfekte. Bebe a dwe kòmanse pran medikaman sa yo apre 3 jou apre l fin fet. Lè bebe a gen 6 semèn, li dwe pran yon medikaman ki rele “cotrimoxazole” pou anpeche l fè enfeksyon.

MW Ch15 Page 277-1.png
Si w netwaye kòd lonbrik la, se pou w fè l dousman.

Pran swen kòd lonbrik la

Pou anpeche rasin kòd lonbrik la enfekte, li dwe toujou rete pwòp e sèch. Montre fanmi an kòman pou yo pran swen l.

  • Toujou lave men w anvan w manyen kòd lonbrik la.
  • Si kòd la sal oswa si l gen twòp kras san sèch sou li, pwòpte l avèk savon ak dlo ki te bouyi (ki fin frèt), oswa alkòl medikal, oswa alkòl fò yo konn bwè yo, oswa “violet de gentiane”). Se pou w manyen lonbrik la byen dousman.
  • Pa mete okenn lòt bagay sou lonbrik la. Tè ak fimye sitou danjere.
  • Si gen anpil mouch kote w rete a, ou mèt kouvri rasin lonbrik la ak yon twal pwòp ki sèch. Men, nòmalman ou dwe kite l san kouvri.


Jeneralman, kòd lonbrik la ap tonbe 5 a 7 jou apre akouchman an. Ka gen kèk gout san oswa glè ki soti lè lonbrik la tonbe. Sa nòmal. Men, si l ap bay anpil san oswa pi, chèche wè doktè.

Veye siy enfeksyon

MW Ch15 Page 277-2.png


  • Bebe a sanble li trè fèb oswa fatige, oubyen li sispann pran tete.
  • Bebe a gen dyare.
  • Kò bebe a pa ka rete cho, menm lè l double nan lèn.
  • Bebe a gen yon fyèv pi wo pase 38°C (100.4°F).
  • Batman kè bebe a fèb e rapid.
  • Bebe a gen difikilte pou l pran souf epi li pran souf plis pase 60 fwa pa minit.
  • Bebe a sanble l malad
Enfeksyon nan kòd lonbrik

Pi souvan, lè yon bebe gen enfeksyon se mikwòb ki antre nan kòd lonbrik la ki lakòz. Lè lonbrik la enfekte, zòn ki toutotou lonbrik la konn gen koulè wouj, li bay pi, li cho, oswa li gen move sant. Si move siy yo pa grav, kòmanse avèk pwòpte kòd la avèk “violet de gentiane” 2 fwa pa jou. Si l pa amelyore oubyen li vin pi mal nan 1 a 2 jou, bay medikaman oswa chèche èd nan men doktè.

MW Ch15 Page 278-1.png

Tetanòs

Si kòd lonbrik la te koupe avèk yon bagay ki pa t esterilize, oswa si yon moun te mete tè oubyen fimye sou rasin lonbrik la, pitit la ka pran tetanòs. Menm lè yo jwenn bonjan swen ak medikaman, pifò bebe ki fè tetanòs mouri.

Pou anpeche tetanòs, fanm ansent dwe pran vaksen, epi kòd lonbrik la dwe rete pwòp.

Yon bebe ki gen tetanòs gen kò rèd, tèt li kase sou dèyè, epi li gen reflèks ki twò fò. Verifye reflèks bebe yo pou wè si l gen siy tetanòs:


Kite janm li pandye lib epi tape toupre anba zo jenou an avèk dwèt ou. Si janm nan sote toupiti, reyaksyon sa nòmal. Si janm nan sote anpil, bebe a ka gen tetanòs.
MW Ch15 Page 278-2.png
MW Ch15 Page 278-3.png
MW Ch15 Page 278-4.png


Si w wè siy tetanòs, chèche èd medikal imedyatman.

Si l appran plis pase 2 èdtan pou rive lopital
MW Ch15 Page 278-5.png
  • Ba li 100,000 inite piki “benzylpenicillin”
sou deyò mis kuis bebe a, yon sèl fwa.
MW Ch15 Page 278-6.png
Nemoni (enfeksyon nan poumon)

Bebe a ka fè enfeksyon nan poumon tou (nemoni). Sa rive pi fasil si manman an te pase likid plis pase 24 èdtan anvan pitit la te fèt, oswa si manman an te gen fyèv pandan tranche a.

Men siy bebe a gen enfeksyon nan poumon: respirasyon rapid (plis pase 60 souf pa minit), li plenn lè l ap respire, oswa po kò l fè yon fon nan mitan zo kòt li lè l ap respire. Mennen bebe a kay doktè, sitou si bebe a te fèt twò piti oubyen li te fèt anvan lè. Pandan w sou wout la, ba l antibyotik.

MW Ch15 Page 278-7.png
Menènjit (enfeksyon nan sèvo)

Raman, yon bebe fè enfeksyon nan sèvo (menènjit). Yon bebe ki fè enfeksyon nan sèvo gen kou rèd epi li kouche ak tèt li kase sou dèyè. Li ka vomi, fontanèl nan tèt li yo ka anfle, e li ka dekonpoze. Yon bebe ki gen enfeksyon nan sèvo ka mouri byen fasil. Mennen l lopital imedyatman.

Si w gen antibyotik, ba li pandan w sou wout lopital la.

Antibyotik pou bebe ki gen enfeksyon
MW Ch15 Page 279-1.png
tankou nemoni, menènjit, enfeksyon nan san (“sepsis”) ak lòt kalite enfeksyon
  • Bay l piki “ampisillin”
sou deyò mis kuis bebe a
Pou bebe ki peze 2 kilo oubyen mwens, ba l yon piki 100 miligram (mg), 2 fwa pa jou
Pou bebe ki peze 3 kilo, ba l yon piki 150 mg, 3 fwa pa jou
Pou bebe ki peze 4 kilo oubyen plis, ba l yon piki 200 mg, 3 fwa pa jou
epi
  • Ba li piki “gentamicin”
sou deyò mis kuis bebe a, 1 fwa pa jou
Pou bebe ki peze 2 kilo oubyen mwens, ba l yon piki 6 mg
Pou bebe ki peze 3 kilo, ba l yon piki 15 mg
Pou bebe ki peze 4 kilo oubyen plis, ba l yon piki 20 mg
Mennen bebe a lopital. Si sa pa posib, ba l “ampicillin” ak “gentamicin” pandan omwen 5 jou.

Veye koulè po ak koulè je bebe a

Po ak je anpil bebe konn gen koulè jòn kèk jou apre yo fin fèt. Yo rele sa lajonis. Lajonis rive lè yon sibstans jòn ki rele biliribin ogmante nan kò bebe a. Nòmalman, kò bebe a elimine biliribin nan apre detwa jou, epi koulè jòn nan disparèt.

Raman, yon bebe ka fè lajonis ki grav, e sa danjere. Men siy lajonis grav:

MW Ch15 Page 279-2.png
Mete bebe ki jòn nan solèy pandan detwa minit chak jou.
  • Koulè jòn nan kòmanse parèt depi sou premye jou bebe a fèt la.
  • Koulè jòn nan dire plis pase 2 semèn.
  • Koulè jòn nan parèt nan men ak pye bebe a.
  • Bebe a toujou ap dòmi e li pa leve pou l tete.
  • Kò bebe a pa ka rete cho.

Si bebe a bay nenpòt nan siy sa yo, chèche èd nan men yon doktè imedyatman.

Sinon, ede bebe a pran tete souvan, epi fè yon ti mete l nan solèy. Solèy la ap ede kò l elimine biliribin nan. Si lè a cho, retire rad bebe a, kouvri je l, epi mete l nan solèy la pandan 5 minit, youn oswa 2 fwa pa jou. (Si w kite l twò lontan, solèy la ap boule po l).



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024