Hesperian Health Guides

Difikilte ki konn genyen nan afè bay bebe tete

Nan chapit sa:

Manman an pè li pap gen ase lèt

Gen fi ki pè yo pa gen ase lèt. Menm pwofesyonèl lasante yo oswa manm fanmi ka di fi a li pa gen ase lèt. Asire manman an sa prèske pa janm rive. Tank bebe a tete se tank manman an ap fè lèt.

Si bebe a sanble li pa satisfè… … pa ba l lòt manje oswa bibwon. Ankouraje l tete plis.
a woman holding a crying baby.
a bottle with the word NO! on it.
MW Ch16 Page 286-4.png
a clothesline with 6 diapers pinned to it.

Pafwa yon bebe a ka deside toudenkou li vle plis lèt pase oparavan. Asire manman an sa nòmal. Sa vle di bebe a ap grandi, e apeti l ap grandi tou. Bebe a pa bezwen okenn lòt manje ni okenn lòt bagay pou l bwè, jis kite l tete pi souvan epi kite l tete kantite tan li vle a. Apre li pase 2 jou ap tete konsa, lèt manman an ap vin plis, epi l ap kapab satisfè bezwen bebe a.

Si bebe a gwosi epi li pipi plis pase 6 fwa pa jou, sa vle di li jwenn dekwa lèt.

MW Ch16 Page 287-2.png
MW Ch16 Page 287-3.png
Pwent tete ki long Pwent tete ki plat

Pwent tete ki plat oswa ki lanvè

Gen fi pwent tete yo plat oswa yo lanvè (pwent tete a antre anndan tete a). Menmsi sa, jeneralman bebe a ka tete san pwoblèm. Men, manman an ak bebe a ka bezwen èd pandan premye detwa jou yo.

Bay tete lè pwent tete a plat
  • Kòmanse bay tete tousuit apre akouchman, anvan tete yo plen.
MW Ch16 Page 287-4.png
  • Si tete yo plen anpil, tire enpe lèt alamen pou tete yo ka vin mou.
  • Woule pwent tete a byen dousman pou fè l kanpe.
  • Mete men w (nan fòm yon tas) toutotou tete a epi rale l sou w. Sa ap pèmèt pwent tete a soti deyò.
Kenbe tete a konsa: … epi rale dèyè ale sou pwatrin nan. Pwent tete a ap kanpe.
a hand on a woman's breast, just behind the nipple.
the hand pressing toward the chest.
MW Ch16 Page 288-1.png

Tete anfle

Pafwa tete manman an yo plen anpil epi yo di, sitou pandan premye detwa jou apre akouchman an. Manman an ka gen anpil doulè, epi sa gendwa fè l devlope enfeksyon nan tete. Sa ka fè l difisil pou bebe a souse tete a tou. Si manman an kòmanse bay bebe a tete toutsuit apre akouchman an, epi li fè bebe l la tete souvan, li ka evite pwoblèm sa a.

Men, si tete manman an anfle, li ka eseye fè konsa:

  • Bay bebe a tete pi souvan, lajounen kou lannuit (chak 1 a 2 èdtan, nan toude tete yo.)
  • Mete twal ki mouye ak dlo cho sou tete yo pandan 15 a 20 minit chak fwa anvan pitit la pral tete.
  • Lè pitit la pap tete, mete glas, twal fre, oswa fèy chou frèch sou tete yo. Kite lèt la koule libreman epi soutni tete yo avèk soutyen oswa twal.
  • Si bebe a gen pwoblèm pou l pran tete a paske l anfle, tire yon ti lèt alamen jiskaske tete a ase mou pou bebe a ka pran l.


Ankouraje manman an epi fè l konnen pwoblèm sa pap dire.

Boul nan tete ki fè l mal (absè)

MW Ch16 Page 288-2.png

Si gen yon ti boul ki fè mal k ap devlope nan tete a, gendwa se paske lèt la rete yon sèl kote nan tete a. Si yo pa fè tretman pou boul la, li fasil pou tete a pran enfeksyon.

Si tete manman an gen ti boul k ap fè l mal, li dwe fè konsa:

  • Bay bebe a tete souvan (chak 1 a 2 èdtan). Bay bebe a tete ki gen doulè a anvan. Si, pou yon rezon kèlkonk, manman an pa ka bay tete, li dwe tire lèt la alamen.
  • Rete nan kabann, epi kite bebe a bò kote l pou l ka tete souvan.
  • Bwè anpil likid.
  • Mete twal ki mouye ak dlo cho sou tete ki fè l mal la pandan 15 a 20 minit chak fwa anvan pitit la pral tete.
  • Mete glas oswa twal ki mouye ak dlo fre sou tete a lè bebe a pap tete, pou doulè a ka bese.
  • Bay boul la masaj byen dousman pandan bebe a ap tete.


Gen fi ki bwè yon ti kiyè vinèg nan yon vè dlo chak inèdtan pou yo ka trete absè a. Mete fèy chou sou absè a ka ede tou.

Enfeksyon nan tete (glann tete anfle)

Enfeksyon anndan tete a ka rive si pwent tete manman an blese e yo fè l mal, si tete yo plen, si l mete soutyen oswa lòt rad ki twò sere, oswa si l fatige anpil oubyen li malad. Evite sitiyasyon sa yo ka anpeche enfeksyon nan tete.

MW Ch16 Page 289-1.png
Men siy enfeksyon nan tete:
  • Absè (ti boul ki bay doulè nan tete)
  • Gen kote sou tete a ki cho, ki wouj, oswa ki anfle
  • Kò fè mal ak doulè
  • Lafyèv 38°C (100.4°F) oswa plis


Pou enfeksyon nan tete
MW Ch16 Page 289-2.png
  • Bay li 500 milligram (mg) “dicloxicillin”
nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou
oswa
Si w pa ka jwenn medikaman sa a, oswa si fi a fè alèji ak “penicillin”
  • Bay li 500 mg “erythromycin”
nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou
Pou lafyèv ak doulè
  • Bay 500 a 1000 mg parasetamòl
nan bouch, chak 4 èdtan, jiskaske doulè a pase
Si li pa geri apre 2 jou, la dwe mennen l lopital.


Ht MW Ch16 Page 289-3.png

Si yon enfeksyon nan tete pa trete bonè, l ap vin pi mal. Si gen yon absè ki devlope epi antibyotik pa ka geri l, fi a dwe wè yon pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon sou kòman pou l netwaye absè avèk zouti ki esterilize.

MW Ch16 Page 290-1.png

Pwent tete a fè l mal oswa li blese

Si yon fi santi doulè nan pwent tete l yo pandan l ap bay tete, li pwobab bebe a pa nan yon bon pozisyon. Si bebe a kontinye tete nan yon move pozisyon, pwent tete manman an ka blese. Lè pwent tete a blese, li ka pran enfeksyon.

Pou trete pwent tete ki fè mal oswa ki blese:
MW Ch16 Page 290-2.png
Bay bebe a tout tete a, pa sèlman pwent lan, pou l ka plen bouch li.
  • Ede manman an kenbe pitit li nan yon pozisyon ki pèmèt bebe a plen bouch li ak tete a.
  • Manman an ka pase lèt li nan pwent tete a. Sa ap anpeche enfeksyon kote ki koupe a epi l ap ede pwent tete a rete mou pou l pa blese ankò.
  • Ankouraje manman an pou l kite tete l pran lè ak solèy lè pitit la pap tete.
  • Ankouraje manman an pou l kontinye bay tete nan toude tete yo, men li ka kòmanse avèk tete ki gen mwens doulè a, ansuit li pase nan tete ki blese a lè lèt la kòmanse koule.
  • Si doulè a twò rèd pou manman an bay tete, li ka tire lèt la alamen epi bay bebe a lèt la nan goblè ak kiyè pandan kèk jou.

Chanklèt (migè)

Si bebe a rete nan bon pozisyon pou l tete, men manman an toujou gen doulè nan pwent tete l ki dire plis pase yon semèn, se chanklèt ki ka lakòz sa. Chanklèt se yon enfeksyon nan pwent tete a oswa nan bouch bebe a. Manman an ka santi pwent tete l ap grate l oswa li ka santi yon doulè k ap boule l epi k ap dechire l. Bebe a ka gen tach blanch oswa koulè wouj nan bouch li.


Ki jan pou trete chanklèt

Melanje “violet de gentiane” ak dlo pou l ka gen yon valè 0.25%. Pa egzanp, si w gen yon solisyon ki gen 1% “violet de gentiane”, mete yon ti kiyè solisyon an nan 3 ti kiyè dlo.

Itilize yon twal pwòp oswa yon dwèt pwòp pou pase remèd la sou pwent tete yo epi sou tach blanch ki nan bouch bebe a, yon fwa pa jou pandan 5 jou. “Violet de gentiane” nan ap tache ni rad, ni bouch bebe a, ni pwent tete manman an avèk yon koulè mov. Sa nòmal. Manman an dwe kontinye bay pitit la tete. Si chanklèt la pa amelyore sou 3 jou, sispann itilize “violet de gentiane” nan epi chèche èd nan men doktè.

Bebe a gen doulè gaz (kolik)

Si bebe a kòmanse kriye epi li rale pye l monte sou li tousuit apre li kòmanse tete, li ka gen gaz, sa vle di li gen twòp lè nan vant li. Gen bebe ki vale lè pandan y ap tete. Sa ka soulaje bebe a si w fè l rann gaz.

Mete bebe a kouche sou zepòl ou epi bat oswa fwote do l.
MW Ch16 Page 291-1.png
oswa Mete bebe a kouche sou janm ou epi bat oswa fwote do l.
MW Ch16 Page 291-2.png
oswa Mete bebe a chita panche sou devan epi bat oswa fwote do l.
MW Ch16 Page 291-3.png


Pafwa, yon bebe sanble li gen doulè gaz lè manman l manje yon sèten manje oswa epis. Manman an ka eseye manje bagay ki pa gen epis, oswa li ka eseye sispann manje yon bagay ki ka lakòz gaz la pandan 2 a 3 jou (si l ka jwenn ase nitrisyon nan lòt manje yo). Pa gen okenn manje an patikilye tout manman dwe evite paske tout bebe diferan.

Jeneralman, doulè gaz sa yo konn sispann lè bebe gen anviwon 4 mwa.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024