Hesperian Health Guides

Ki lè pou nou sèvi ak medikaman

Nan chapit sa:

Sèl kote pou nou bay yon fi yon medikaman, se lè nou konnen ki pwoblèm li genyen, epi nou konnen san dout ke medikaman an bon pou trete l. Gade w ka wè ki sa ki bay pwoblèm nan ak ki tretman ki bon pou li.

Anvan w bay yon fi medikaman, poze tèt ou kesyon sa yo:

  • Èske l ka refè san l pa bwè medikaman?
  • Èske gen yon remèd fèy ki ka trete pwoblèm nan menm jan ak medikaman nan famasi, oubyen pi byen toujou?
  • Lè w kalkile konbyen medikaman an koute epi ki danje ki gen ladan l, èske w wè li toujou pi bon pou l pran medikaman an kanmenm?


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024