Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou sèvi ak lis medikaman an

Nan chapit sa:

Isit nou jwenn bon jan enfòmasyon sou medikaman ki site nan liv sa a. Tout non kalite medikaman yo se an fransè yo ekri. Non mak yo toujou ekri yon sèl jan. Lis sa a ranje dapre non kalite yo; lis la fèt selon lòd alfabetik fransè a:
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z
Lè nou fè lis medikaman yo, nou mete non kalite a an fransè an premye, nan lèt panche, paske medikaman yo pa fasil gen etikèt an kreyòl. Nou jwenn non kreyòl la, nan lèt nòmal, ant parantèz, ki suiv non fransè a. Non kalite medikaman yo ki ann anglè, an fransè, epi ann espànyòl yo sanble anpil youn ak lòt. Konsa, pa dwe gen gwo pwoblèm pou w rekonèt yo nan tout lang sa yo. Men, sèvi ak anpil prekosyon lè w annafè ak yon lang ki pa lang pa w la.

Nou jwenn enfòmasyon sou konprime planin ak sou tretman VIH/SIDA nan fen lis la.

Pou w sèvi ak lis la, chèche non medikaman an, oubyen gade nan lis pwoblèm anba a. Lè nou jwenn pwoblèm nan, al gade nan paj yo bay la, pou nou konnen ki medikaman ki bon pou trete l. Anvan nou kòmanse tretman an, li tout sa yo ekri sou pwoblèm nan nan liv sa a.

Pwoblèm Medikaman ki pou trete pwoblèm
Alèji adrénaline, diphenhydramine, hydrocortisone, prométhazine
Anestezi, pou angoudi chè a lidocaïne
Anpwazònman gwosès, gade eklanmsi
Avòtman ki enkonplè ergométrine, misoprostol
Chank mou lidocaïne
Chanpiyon, enfeksyon clotrimazole, nystatine
Doulè paracétamol, ibuprofène
Eklanmsi sulfate de magnésium, diazépam
Enfeksyon
apre akouchman ampicilline, gentamicine, métronidazole
apre yon foskouch oswa yon avòtman ampicilline, gentamicine, gentamicine, métronidazole, doxycycline, immunoglobuline antitétanique, vaksen kont tetanòs
apre sikonsizyon fi céfalexine, clindamycine
kay tibebe ki fèk fèt ampicilline, gentamicine
matris (ki soti nan maladi moun pran nan fè sèks ki pa t trete) amoxicilline, azithromycine, céfixime, céftriaxone, érythromycine,métronidazole
pandan gwosès ampicilline, gentamicine, métronidazole
tete dicloxacilline, erythromycine
vesi (blad pipi), ren céfixime, cotrimoxazole
Èpès acyclovir
Enfeksyon bakteri nan vajen clindamycine, métronidazole
Evite enfeksyon
kay moun ki gen VIH cotrimoxazole
nan matris kote yo mete men oubyen zouti nan kò a amoxicilline, métronidazole
Gonore, ekoulman céftriaxone,céfixime
Je tibebe ki fèk fèt érythromycine, tétracycline
Klamidya érythromycine, amoxicilline, azithromycine
Malarya combinaisons à base d'artémisinine (CTA), clindamycine, quinine
Plasenta pa soti oxytocine, misoprostol
Planin ann ijans grenn planin, (éthinyl estradiol, levonorgestrel, norgestrel)
Senyen, emoraj
apre akouchman ergométrine, oxytocine, misoprostol
Sifilis azithromycine, benzathine benzylpénicilline, érythromycine
Trikomonas métronidazole
Veri sou pati jenital acide trichloroacétique, acide bichloroacétique
Chancroid érythromycine, céftriaxone
VIH/SIDA éfavirenz, lamivudine, névirapine, ténofovir, zidovudine



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024