Hesperian Health Guides

Ki jan pou sèvi ak medikaman yo san danje

Nan chapit sa:

  • Suiv preskripsyon oubyen endikasyon ki bay pou remèd la nan jan yo di, san wete san mete
  • Pa bwè twòp medikaman
  • Evite bwè plis pase yon remèd anmenmtan
  • Chèche konnen ki pwoblèm yo ka bay, epi ki jan pou rekonnèt yo
  • Chèche konnen tout sa w ka konnen sou medikaman an

Suiv preskripsyon ki bay pou remèd la jan yo di, san wete san mete

Ht MW Greenpages Page 464-1.png.png

Gen anpil medikaman, sitou antibyotik yo (paj 470), kote moun dwe pran yo pandan yon kantite jou. Sinon, yo pap bay rezilta. Lè yon fi ap bwè medikaman, fòk li bwè yo pou tout kantite jou yo di li pou l bwè yo, menmsi li santi l fin refè. Se paske mikwòb ki pi fèb yo ap mouri pi vit, epi mikwòb ki pi fò yo ap reziste pou pi lontan. Sa mande plis tan pou touye yo. Si nou pa touye yo tout, enfeksyon an ka tounen sou malad la. Plis pase sa, mikwòb yo ap vin pi fò, e sa ap fè medikaman an vin pa kapab aji sou yo ankò. Konsa, ni fi ki pa t fin suiv tretman an, ni moun nan kominote a, yo ka trape menm maladi a. Epi medikaman an pap ka konbat mikwòb sa yo ankò.

a woman thinking as she holds a bottle of pills.
Èske doulè a pa ta pase si m ta pran plis?
Pa janm pran plis medikaman pase kantite yo di w gendwa pran an.

Pa bwè twòp medikaman

Gen moun ki kwè depi yo pran plis medikaman, y ap geri pi vit. Se pa vre, epi gen danje nan sa tou! Si w pran twòp medikaman anmenmtan, oubyen si w bwè l twò rapid, gen danje nan sa.

Evite bwè plis pase yon remèd anmenmtan

Se pa tout medikaman ki ale byen youn ak lòt; yo ka fè move reyaksyon si w pran yo anmenmtan.

Evite bwè medikaman konbine (ki vle di, 2 medikaman oubyen plis nan yon sèl konprime). Gen kote li nesesè pou nou sèvi ak medikaman konbine, men yo ka koute pi chè. Anplis de sa, petèt w ap pran yon remèd ki pa nesesè. Pa egzanp, gen pomad pou je ki gen yon antibyotik ansanm ak yon estewoyid ladan yo. Estewoyid la ka deranje nou plis pase li fè nou byen. Medikaman konbine ka bay plis pwoblèm, plis efè segondè.

Chèche konnen ki pwoblèm yo ka bay, epi ki jan pou rekonèt yo

MW Greenpages Page 464-3.png
Efè segondè

Anpil medikaman bay efè segondè, ki vle di, efè ki pa ann afè ak tretman an epi ki ka bay traka. Pwoblèm nou wè pi souvan se lestomak boulvèse, vant fè mal, tèt fè mal, oubyen dòmi nan je.

Gen efè segondè ki grav anpil, tankou lè yo domaje ògàn ki nan kò yon moun. Si nou annafè ak yon medikaman konsa, sèvi avè l sèlman nan ka dijans. Gendèfwa w dwe pran medikaman an pandan detwa jou sèlman. Lè fini, kanpe sou li, pou medikaman an pa bay pwoblèm.

Lè nou bay yon fi yon medikaman, toujou di l ki pwoblèm medikaman an ka ba li. Konsa, si sa rive, l ap konnen se bagay nòmal, epi l ap pi fasil pou l fin pran tout medikaman li gen pou l pran an. L ap konnen tou ki pwoblèm ki pa nòmal, epi l ap rekonèt si l ap fè alèji ak medikaman an.

Alèji

Gen moun ki fè alèji ak kèk medikaman. Lè yon moun konsa bwè medikaman sa a, l ap fè yon reyaksyon alèji. Li ka fè yon ti reyaksyon alèji ki ba li yon ti kontraryete, oubyen li ka fè yon reyaksyon alèji ki grav anpil, ki ka tou pote l ale.

Si yon moun gentan fè alèji ak yon medikaman, pa sèvi ak remèd sa a. Pa ba li medikaman ki soti nan menm fanmi an.

Ki jan pou nou evite reyaksyon alèji:

  1. Anvan w bay nenpòt medikaman, toujou mande fi a si l konn leve gratèl, oubyen si l te gen lòt pwoblèm lè l te sèvi avè l, oubyen ak lòt medikaman ki sanble avè l. Si l di wi, pa sèvi ak medikaman sa a, ni ak lòt medikaman ki soti nan menm fanmi an.
  2. Lè nou fin bay yon piki, rete avè l pandan 30 minit; voye je nou sou li pou wè si l pa fè yon reyaksyon alèji.
  3. Toujou gen medikaman disponib ki pou trete reyaksyon alèji.
MW Greenpages Page 465-1.png


Siy ki fè nou rekonèt yon reyaksyon alèji

  • Li gen gratèl sou po
  • Je l ak po l ap grate li
  • Po bouch li ak figi l vin anfle
  • Souf li kout

Pou trete alèji
MW Greenpages Page 467-4.png
  • Bay diphenhydramine (difenidramin) 25 mg
nan bouch, yon sèl fwa
oswa
  • Bay prométhazine (pwometazin) 25 mg
nan bouch, yon sèl fwa
Si 6 èdtan fin pase, epi li toujou gen gratèl k ap grate li, li anfle, oubyen souf li kout, nou mèt bay yon lòt dòz 25 mg. Sèvi ak nenpòt nan medikaman ki ekri anwo a.


Siy ki fè nou rekonnèt yon reyaksyon alèji ki grav anpil, oubyen chòk alèji:

  • Po li blèm
  • Po li frèt, men l ap swe, li mouye
  • Kè li bat vit, men batman kè l fèb
  • Souf li kout
  • Tansyon l ap bese
  • Li pèdi konnesans

Pou trete chòk alèji
MW Greenpages Page 466-1.png
Chèche konkou doktè san pèdi tan. Pandan nou sou wout:
  • Bay piki adrénaline (adrenalin) 1:1000, 0.5 ml
anba po, yon sèl piki
ansanm avèk
  • Piki diphenhydramine (difenidramin) 50 mg
nan mis, yon sèl fwa
ansanm avèk
  • Piki hydrocortisone (idwokòtizòn) 500 mg
nan mis, yon sèl fwa
Lè yon moun bwè twòp medikaman

Pwoblèm nou wè souvan lè yon moun bwè twòp medikaman:

  • Li gen kè plen, lestomak boulvèse
  • Li vomi
  • Li gen vant fè mal
  • Li gen tèt fè mal
  • Tèt li vire
  • Zòrèy li ap kònen
  • Souf li kout


Gen medikaman ki konn bay pwoblèm sa yo. Si nou pa konnen si fi a te bwè twòp medikaman, gade nan paj ki vin apre yo pou konnen si medikaman an konn fasilman bay pwoblèm sa a.

Si yon fi fè nenpòt nan siy ki ekri anwo yo, epi nòmalman medikaman an pa bay pwoblèm sa yo, se pou l sispann pran remèd la, epi al wè doktè.

Anpwazònman
Si yon moun bwè twòp medikaman, sa ka touye l, sitou yon timoun. Sere tout medikaman kote timoun pa ka rive jwenn yo. Si w kwè yon moun te bwè twòp medikaman, fè vit pote l sekou. Men sa pou nou fè:

MW Greenpages Page 466-2.png
  • Eseye fè l vomi. Petèt li ka rive vomi rès medikaman an pou sa pa bay plis pwoblèm.
  • Bay chabon aktif. Chabon aktif se yon remèd ki ka absòbe kèk lòt medikaman; sa ka anpeche pwazon an aji plis sou moun nan.
  • Chèche konkou doktè tousuit.

Chèche konnen tout sa nou ka konnen sou medikaman an

Gen yon lè fiks pou moun pran kèk medikaman; gen kèk remèd moun dwe bwè yo ansanm ak manje, epi gen lòt pou yo bwè yo lè lestomak la vid. Gen medikaman ki gen danje pou kèk moun. Pa egzanp, yon fi ki soufri tansyon wo pa gen dwa pran ergométrine (ègometrin), paske sa ap fè tansyon l monte pi wo toujou. Etidye sa ki ekri sou paj k ap vini yo, li tout sa yo ekri sou bwat medikaman an ak sou fèy papye ki vini avè l la, oubyen mande esplikasyon nan men famasyen oubyen ajan sante a. Konsa n ap aprann ki moun ki kapab sèvi ak medikaman an san danje, epi ki jan yo dwe pran l pou yo jwenn pi bon rezilta.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024