Hesperian Health Guides

Konprime planin

Nan chapit sa:

MW Greenpages Page 490-1.png

Pifò metòd òmòn yo gen 2 kalite medikaman ladan yo. Yo koresponn ak 2 kalite òmòn kò fi bay pou kontwole règ yo. Òmòn sa yo rele estrogène ('ethinyl estradiol; estwojèn) e progestérone (levonorgestrel; pwojestewòn oubyen pwojestin). Menmsi yo gen 2 medikaman sa yo ladan yo, yo tout pa gen menm fòs dòz la. Yo vann yo sou divès non mak. W ap jwenn kèk non mak nan paj ki vini apre a.

Nòmalman, konprime ki gen yon ti dòz nan toulede òmòn fi ap mache pi byen, epi yo pa fasil gen danje ladan yo.

Pou konprime fè travay yo byen, epi pou w pa wè ti san anvan e apre règ, fè atansyon pou w pran konprime a nan menm lè a chak jou. Si w suiv plan sa a kote w pran konprime ki gen yon ti dòz la pandan 3 - 4 mwa, epi w toujou ap wè ti san, pale ak ajan sante w pou wè si li pa ta bon pou w pran yon konprime ki nan gwoup 3 pito.

Sa k rive pi souvan, depi w ap pran konprime pou w pa fè pitit, san an pap koule anpil lè w gen règ ou. Se yon gwo avantaj pou fi ki soufri feblès (anemi). Konprime ki gen yon dòz pwojestewòn ki pi gwo, epi yon dòz estwojèn ki pi piti, yo ka pi bon pou fi ki senyen anpil lè yo gen règ yo, osinon ki gen tete yo ap fè yo mal anvan règ yo parèt. Se grenn ki nan gwoup 3.

Fi k ap bay tete, oubyen ki pa ka sèvi ak konprime planin konbine paske sa bay yo tèt fè mal, oubyen paske tansyon yo twò wo, yo mèt sèvi ak yon konprime ki gen pwojestewòn sèlman ladan l. Yo rele yo grenn senp, mini pilil (minipilule).

Kenbe yon lè egzak nan jounen an pou ou pran grenn ki gen pwojestewòn sèlman, menm pandan règ ou. Si w pran grenn senp, ou ka pa wè règ ou jan w te konn wè l anvan. Si w bliye bwè konprime a yon sèl fwa, ou ka vin ansent.


Gwoup 1 – Konprime 3 faz
Konprime sa yo gen yon ti dòz toulède òmòn, estwojèn ak pwojestewòn, ladan yo, epi fòs dòz òmòn nan konprime yo ap chanje pandan mwa a. Veye pou w pran konprime yo nan lòd yo plase nan pakèt la.
Men kèk non mak:
Logynon Triquilar
Synophase Triphasil
Tricyclen
Trinordiol
Trinovum
Gwoup 2 – Konprime ti dòz
Konprime sa yo gen yo ti dòz toulède òmòn, estwojèn (estwojèn kalite éthinyl estradiol 35 mikwogram, oubyen estwojèn kalite mestranol 50 mikwogram), ansanm ak pwojestewòn 0.1 mg). Tout konprime gen menm fòs, menm dòz.
Men kèk non mak:
Brevicon Ortho-Novum 1/35, 1/50
Necon 1/50 Ovysmen 1/35
Norimin Norinyl 1 + 35, 1 + 50



Gwoup 3 – Konprime ti dòz
Konprime sa yo gen yon pi gwo dòz pwojestewòn, epi yon dòz estwojèn ki pi piti (estwojèn kalite ethinyl estradiol 30 oswa 35 mikwogram).
Men kèk non mak:
Lo-Femenal
Lo-Ovral
Microgynon 30
Microvlar
Nordette


Gwoup 4 – Konprime gwo dòz
Konprime sa yo gen yon pi gwo dòz estwojèn (50 mcg nan “éthinyl estradiol”) epi pifò gen yon pi gwo dòz pwojestewòn tou.
Men kèk non mak:
Femulen Microlut
Micronor Microval
Micronovum Neogest
Nor-Q D Norgeston
Ovrette
MW Greenpages Page 491-1.png
Nou gendwa sèvi ak konprime sa yo pou planin ann ijans tou.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024