Hesperian Health Guides

Pran swen yon fi apre sikonsizyon

Nan chapit sa:

Nan kèk kominote, sitou ann Afrik, kèk kote nan sid Azi a, ak nan mwayèn Oryan an, yo konn koupe pati jenital ti fi ak jèn fanm. Menm jan ak anpil koutim, se yon fason pou yo chanje kò fi a pou l ka vin bèl, akseptab, oswa pwòp. Yo wè sa tou kòm yon pati nan pasaj yo pou yo vin fanm.

Pafwa se yon ti koupe toupiti yo fè. Pafwa yo retire klitoris la ak ti lèv vajen an. Pafwa yo koud yo pati nan jenital fi a fèmen. Kalite ensizyon sa yo gen plizyè non tankou sikonsizyon, oswa mitilasyon jenital feminin (MJF).

a woman thinking while she holds a younger, sick-looking woman.
Mwen pa t vle fè l mal!

Menmsi tradisyon sa gen anpil enpòtans pou kominote a, MJF gen konsekans grav sou sante ak byennèt fi ki sikonsi yo. Pi devan, MJF ka rive bay enfeksyon nan irèt, pwoblèm santimantal, yo ka pèdi sansasyon seksyèl yo oswa kapasite pou yo fè sèks lè yo adilt, epi li ka lakòz akouchman ki long ki kòve ki lakòz lanmò pitit la oswa manman an.

Si yo te fè yon manman MJF epi yo te koud yon pati nan jenital li fèmen, fòk pati jenital li koupe pou l ouvri ankò anvan l akouche.

illustration of the below: opening the scar.

Pou re-ouvri yon sikatris jenital

  1. Lave men w byen epi mete gan plastik ki esterilize.
  2. Mete 2 dwèt anndan vajen an anba chè ki gen sikatris la.
  3. Ba li yon anestezi lokal si w genyen.
  4. Itilize yon sizo ki esterilize pou re-ouvri sikatris la. Ouvri sikatris la ase pou ou ka wè irèt la, men pa pi lwen pase sa. Ensizyon sa yo ka bay anpil san, donk fè atansyon pou w pa koupe twò lwen.


MW Ch19 Page 367-3.png
Yon sikonsizyon ki rekoud.

Pou repare ensizyon an

  1. Lave men w byen epi mete gan plastic ki esterilize
  2. Enjekte yon anestezi lokal sou toude bò sikatris la
  3. Avèk fil trip kwomik oswa “Vicryl” dimansyon 000, rekoud sifas ki ouvè yo pou rete san an.

Swen ijans pou MJF

Yon fi yo te fèk koupe pati jenital li ka gen pwoblèm grav tankou pèt san ak enfeksyon. Toude ka mennen nan eta chòk, ki se yon ka dijans. Fi ki gen yon san ki pa sispann koule bezwen asistans medikal tousuit. Fanmsaj ka ede fi sa yo lè yo rete san an, bay yo tretman pou chòk, epi veye yo pou siy enfeksyon.

Pèt san ak chòk

Men siy ki endike li nan eta chòk (omwen youn nan sa yo):

  • Gwo swaf
  • Po ki blèm, frèt, e mouye
  • Batman kè ki fèb e ki rapid (plis pase 100 batman pa minit)
  • Respirasyon rapid (plis pase 20 respirasyon pa minit)
  • Pèdi lisidite l oswa pèdi konsyans (dekonpoze)
MW Ch19 Page 368-1.png


Sa pou w fè pou pèt san ak chòk

  • Mennen l lopital imedyatman.
  • Peze byen fèm sou kote k ap senyen an tousuit. Itilize yon ti twal ki pwòp ki pap absòbe anpil san.
  • Fè fi a kouche avèk tay li anlè pandan w ap mennen l lopital la.
  • Ede l bwè otank li kapab.
  • Si l pèdi konesans epi ou byen lwen lopital la, ou ka oblije ba l likid nan dèyè oswa sewòm anvan w kòmanse vwayaj la.
Enfeksyon

Si zouti yo sèvi pou fè ensizyon an pa esterilize anvan epi apre yo itilize l, mikwòb ki sou li ka lakòz enfeksyon, tetanòs, VIH, oswa epatit.


  • Maleng ki enfekte: lafyèv, pati jenital la anfle, pi oswa move sant k ap soti nan maleng nan, ak doulè k ap agrave
  • Tetanòs: machwè sere, kou ak kò ki rèd, difikilte pou vale, epi kriz
  • Chòk: (gade lis ki pi wo a)
  • Enfeksyon nan san (septisemi): lafyèv ak lòt siy enfeksyon, pèdi lisidite, epi chòk

ATANSYON!   Si yon fi kòmanse bay siy tetanòs, chòk, oswa septisemi, mennen l lopital tousuit.

Sa pou w fè pou enfeksyon

  • Kontinye veye siy tetanòs ak chòk. Si l potko pran vaksen tetanòs, li dwe pran youn imedyatman.
  • Ba l medikaman famasi oswa remèd fèy pou doulè.
  • Kenbe pati jenital li byen pwòp. Lave l avèk dlo fre ki te bouyi ki gen yon ti sèl.
  • Ba l yon antibyotik tankou “amoxicillin” oswa “erythromycin”.'


Pou enfeksyon akoz sikonsizyon fi
MW Ch19 Page 369-1.png
  • 1 g “cefalexin”
nan bouch, 4 fwa pa jou, pandan 7-10 jou


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024