Hesperian Health Guides

Ki jan pou bay likid nan venn (sewòm)

Nan chapit sa:

MW Ch19 Page 350-1.png

Si yon fi pèdi anpil san pandan akouchman, oswa apre yon foskouch oubyen yon avòtman ki te konplike, li bezwen likid byen vit pou l pa mouri. Mennen l lopital pi vit posib. Pandan nou sou wout, ou mèt kòmanse ba li sewòm pou bay kò l likid nan venn. Si je l klè e li ka bwè likid, kite l bwè, men ou ka ba li sewòm tou.

Note sa: Aprann bay sewòm mande pratik ak eksperyans. Se pa yon bagay moun ka aprann nan liv. Suiv yon moun ki gen eksperyans, epi fè yon moun ki gen eksperyans gade ou menm pandan w ap bay sewòm premye fwa w ap fè l yo.
Ki jan pou bay sewòm

  1. Lave men w byen avèk savon ak dlo pwòp. Mete gan ki pwòp.

  2. Sanble tout materyèl w ap bezwen yo:
    Yon sachè oubyen yon boutèy sewòm esterilize.
    Ou ka sèvi ak solisyon salin nòmal, oswa ak solisyon “Hartmann’s”.
    MW Ch19 Page 350-2.png Tib plastik esterilize
    (Gen sewòm ki tou vini ak yon tib.)

    MW Ch19 Page 350-3.png
    Yon zegui sewòm ki esterilize
    (zegui papiyon)
    MW Ch19 Page 350-4.png Yon adezif
    pou kenbe sewòm nan anplas.
    MW Ch19 Page 350-5.png
    Savon ak dlo pwòp, oswa alkòl, pou lave po moun nan
    MW Ch19 Page 350-6.png

  3. MW Ch19 Page 350-7.png
  4. Ouvri pake tib esterilize a. Tache tib la nan boutèy la oswa nan sachè plastik la, men pa touche pati tib ki kole ak sachè a; fò l toujou rete esterilize.

  5. Kwoke sachè ki gen solisyon an. Li dwe rete ase wo pou solisyon an ka koule desann nan tib la. Ou ka kwoke l nan yon klou nan mi an, oswa, nan ka dijans, yon moun ka kenbe l.

  6. Kite likid la desann nan tib la pou tout lè ki nan tib la ka soti. Mare pwent tib la pou solisyon an pa tonbe pou l pa gaspiye. Gen tib ki tou vini ak yon klanps pou fèmen l.

  7. Mare yon moso twal oswa yon bann kawoutchou anwo ponyèt fi a. Sa fè venn ki nan pati anba ponyèt la vin plen ak san, ki fè w ap ka jwenn yo pi fasil.

  8. Gade pati anba ponyèt la epi chèche pi gwo venn ou ka wè.

  9. Si w pa ka jwenn yon venn ki ase gwo nan pati anba ponyèt li, remare twal la oswa bann nan nan mitan pati anba ponyèt li a epi chèche yon venn sou do men l, oswa anwo pous li bò pwayè li.

  10. Apre w fin jwenn yon venn, lave po l avèk savon ak dlo oswa avèk alkòl.
  11. MW Ch19 Page 351-1.png


  12. Avèk men w, kenbe venn nan anplas nan mitan dwèt ou ak pous ou. Kenbe zegui a nan lòt men an epi antre l ak prekosyon nan venn nan. Pa eseye antre twò fon oswa twò lwen anndan venn nan. Lè zegui a anndan venn nan, yon ti san ta dwe parèt nan pati anba zegui a.

  13. Retire bann nan nan ponyèt fi a.

  14. Demare tib ki gen solisyon an epi tache l nan zegui a.

  15. Kite solisyon an kòmanse koule tousuit. Ta dwe gen yon bouton nan tib sewòm nan ki pou kontwole kantite solisyon k ap koule a. Kite solisyon an koule pi vit posib jiskaske w fin ranplase 2 fwa kantite san fi a te pèdi a. Si w panse li te pèdi 5 koup san, li dwe resevwa 10 koup sewòm. Apre w fin ranplase likid la, kontinye bay fi a 150 cc sewòm chak inèdtan jiskaske li pa bezwen sewòm ankò.
  16. MW Ch19 Page 351-2.png


  17. Pou kenbe zegui a anplas, kole tib la nan ponyèt fi a avèk adezif.


ATANSYON!   Pa tann pou n al lopital. Mete yon sewòm ka pran anpil tan, sitou lè w fèk ap aprann. Si w eseye mete yon sewòm anvan w transpòte yon moun lopital, sa ka fè w pèdi tan, e pèdi tan ka danjere. Lè yon fi ap pèdi anpil san, li pi enpòtan pou w mennen l lopital byen vit olye w mete sewòm.


Pou retire yon sewòm, retire adezif la, pran yon moso twal esterilize oswa ki byen pwòp epi peze l sou kote zegui a te antre nan po a, apre sa rale zegui a rapidman. Kontinye peze kote a pandan kèk minit pou anpeche l senyen.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024