Hesperian Health Guides

Bebe a nan pozisyon chita

Nan chapit sa:

Lè bebe a nan pozisyon chita a, pye l yo ka pran 3 pozisyon diferan:

2 pye yo dwat 2 pye yo kwaze Pye yo pran devan
a baby in the womb with bottom down and legs bent up.
a baby with bottom down, knees up, and legs crossed.
a baby with bottom down, one leg folded, and one leg hanging straight down.


Li pi fasil pou yon bebe akouche lè 2 pye l yo dwat.

Danje ki genyen nan akouch man bebe ki nan pozisyon chita

Akouchman bebe ki nan pozisyon chita a ka fèt san pwoblèm, men souvan pozisyon sa a pote danje pou bebe a, paske pa gen moun ki konnen si basen manman an ase gwo pou pèmèt bebe a pase.

Men danje ki grav anpil pou bebe ki nan pozisyon chita a:

  • Kòd lonbrik la ka pase anba bebe a pi fasil lè fi a pase likid.
  • Tèt bebe a ka kole nan kòl matris manman an. Sa rive si kò bebe, ki pi piti pase tèt la, pase nan kòl matris la pandan kòl matris la poko fin ouvri.
  • Tèt bebe a ka kole nan basen manman an apre kò l fin desann. Si kòd lonbrik la kole ant tèt bebe a ak basen manman an, bebe a pap jwenn oksijèn, e konsa li ka mouri oswa sèvo l ka domaje.


Si sa posib, akouchman bebe ki nan pozisyon chita dwe fèt nan yon lopital, sitou pou bebe ki gen 2 pye yo devan. Si lopital la twò lwen, oswa si l pa posib pou n ale, asire w ou gen asistans yon fanmsaj ki gen eksperyans avèk akouchman bebe ki nan pozisyon chita a.

Akouchman bebe ki nan pozisyon chita a ki pye dwat oubyen pye kwaze


MW Ch12 Page 216-1.png

Pa kite manman an pouse toutotan w poko sèten kòl matris la fin ouvri nèt. Menmsi li gen gwo anvi pou l pouse, li dwe tann detwa kontraksyon anplis pou l ka sèten.

Lè kòl matris fin ouvri, mande manman an pou l pouse fason li pi alèz la. Ankouraje l pou l fè bonjan pouse byen fò. Jeneralman, dèyè ak vant bebe a ap pase san w pa bezwen ede l.

MW Ch12 Page 216-2.png


Jeneralman, pye yo soti poukont yo. Si yo pa soti, mete dwèt ou anndan manman an, epi rale pye yo desann byen dousman. Pa rale kò bebe a.

MW Ch12 Page 216-3.png

Fè yon ti lache kòd lonbrik la lè w rale l toupiti soti anndan vajen manman an. Jeneralman, ou pa dwe manyen kòd lonbrik la.


MW Ch12 Page 216-4.png

Vlope bebe a nan yon lèn oswa nan yon twal ki pwòp ki ka kenbe l cho. Si bebe a frèt, li ka eseye pran souf pandan tèt li anndan manman an; lè sa a poumon l ap vin plen ak dlo. Kite lèn nan sou li pandan rès akouchman an. (Rès foto yo pa montre lèn nan jis pou w ka wè pozisyon bebe a pi byen.)


MW Ch12 Page 217-1.png

Ou ka vle chèche yon moun pou l ede w peze sou zo basen manman an (pa peze sou vant li). Sa ap ede tèt bebe a rete anndan, se pa pou pouse bebe a deyò. Ak anpil prekosyon, desann kò bebe a pou zèpòl ki pi wo a ka soti. Kenbe bebe a nan tay oswa pi ba.

Fè atansyon. Si w peze sou do bebe a oswa sou vant li, li ka pran chòk anndan.


MW Ch12 Page 217-2.png

Si zèpòl ki pi wo a pa soti, li ka nesesè pou ou mete dwèt ou anndan vajen manman an pou ou ka mete ponyèt bebe a deyò. Pou kenbe ponyèt la, chèche zèpòl la, epi mache men w desann. Rale dousman sou koub ponyèt la pou w ka pase ponyèt la desann pwatrin nan. Fè zepòl ki pi wo a soti.


MW Ch12 Page 217-3.png

Leve bebe a anlè byen dousman pou w ka retire zèpòl ki anba a, epi apre sa ponyèt ki anba a.



MW Ch12 Page 217-4.png

Kounye a, bebe a dwe vire pou fas li bay sou dèyè manman an. Kenbe bebe a ak ponyèt ou epi mete yon dwèt ou nan bouch li. Mete lòt men an sou zèpòl li yo, epi yon dwèt dèyè tèt li pou tèt la ka rete anba sou pwatrin li. Manton li dwe rete pre ak pwatrin li pou l ka pase byen fasil nan basen manman an.


MW Ch12 Page 218-1.png



Rale bebe a desann jiskaske w wè cheve dèyè tèt li. Pa rale twò fò! Pa koube kou l, li ka kase!


MW Ch12 Page 218-2.png



Kenbe tèt bebe a toujou sou pwatrin li pandan w leve l pou w ka fè figi l soti deyò. Kite dèyè tèt li a anndan vajen an.

MW Ch12 Page 218-3.png

Manman an dwe lache kò l, li dwe sispann pouse, epi li dwe bay gwo souf (lè l bay gwo souf sa ede l sispann pouse). Kite tèt bebe a soti deyò pi dousman posib.

Dèyè tèt bebe a dwe soti deyò byen dousman. Si dèyè tèt li soti twò vit, gen chans pou l gen emoraji nan sèvo, lè sa a sèvo l ka domaje oswa li ka mouri.

Akouchman bebe ki nan pozisyon ki devan

a baby in the womb with 1 foot outside the vagina.
a baby with 1 foot outside the vagina and the cord hanging next to the leg.

Lè pye yo devan, gen plis danje pase lè yo tou dwat oubyen lè yo kwaze. Lè 2 pye yo devan, gen anpil chans pou kòd lonbrik la soti devan bebe a).

Li t ap pi bon pou akouchman yon bebe ki nan pozisyon sa a fèt lopital. Eseye ralanti tranche a. Mete manman an nan pozisyon sou jenou l ak men l, avèk tay li anlè, epi mennen l lopital.

Si l pa posib pou n al lopital, pa kite manman an pouse toutotan w pa sèten kòl matris la fin ouvri nèt. Mande manman an pou l kouche, konsa gen mwens chans pou kòd lonbrik la soti devan bebe a. Itilize menm enfòmasyon anlè sou fason pou fè akouchman bebe ki nan pozisyon pye dwat oswa pye kwaze.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024