Hesperian Health Guides

Metòd tradisyonèl pou fòse tranche

Nan chapit sa:

MW Ch19 Page 341-1.png

Ou ka bezwen ankouraje tranche a lè:

  • Li pase likid, men tranche a poko kòmanse, oswa tranche a kòmanse men pitit la poko prèt pou l fèt.
  • Sa fè plizyè èdtan depi manman an gen tranche cho, men pitit la poko ka fèt.
  • Sa fè plizyè èdtan depi manman an gen tranche frèt, tranche a ase cho pou anpeche l repoze, men li pa ase cho pou l ouvri kòl matris la.


Pa fòse tranche a si gen move siy, sitou si bebe a nan yon move pozisyon kote l pap ka soti, si fi a ap bay san ki pa nòmal, oswa si kè pitit la ap bat mwens pase 100 fwa pa minit. Mennen l lopital.

Gade kèk metòd “lakay” ki pou ede tranche a kòmanse oswa vin pi cho. Metòd sa yo pa gen gwo risk, donk, se pou w eseye yo anvan. Si metòd sa yo pa mache, e w pa ka al lopital, eseye metòd anba a yo pou fòse tranche a.

Risk ki gen nan metòd sa yo

Ou ka itilize tout metòd sa yo lakay, men yo chak gen risk. Pi gwo risk sèke yo gendwa pa mache. Eseye fòse tranche ka fè w pèdi tan, tan ou te ka itilize pou al lopital. Si metòd sa yo pa mache apre 1 a 2 èdtan, al lopital, menmsi l byen lwen.

Ka gen lòt risk nan metòd la menm. Pa egzanp, gen remèd fèy ki ka chofe tranche a men yo ka monte tansyon tou.

ATANSYON!    Pa janm itilize medikaman (tankou “oxytocin” oswa “misoprostol”) pou kòmanse tranche lakay. Medikaman sa yo ka lakòz kontraksyon ki gen ase fòs pou touye bebe a oswa manman an.

Lavman (likid nan twou dèyè)

Yo itilize lavman pou:

  • Fè tranche pi cho (lavman ka fè kontraksyon yo vin pi fò).
  • Fè tout poupou a soti nan entesten yo (sa ka fè tranche a fèt ak mwens doulè).
  • Fè moun ki dezidrate gen plis dlo nan kò l.
  • Bay yon moun medikaman menmsi l pa ka vale.


ATANSYON!    Pi gwo danje ki gen nan lavman se lè yon ti moso poupou soti nan twou dèyè a epi li tonbe nan vajen an. Sa ka lakòz enfeksyon apre akouchman an. Pou anpeche sa, pa kite anyen ki fin touche twou dèyè manman an ni okenn poupou touche vajen an.

Epi, ou dwe pare pou tranche a kòmanse byen vit.


Ki jan pou fè lavman

illustration of the below: tools for giving an enema.
  1. Sanble tout zouti w ap gen bezwen:
    • Gan plastik ki pwòp.
    • Yon sak lavman ki pwòp oswa yon resipyan ki ka kenbe dlo.
    • Yon tib plastik ki pwòp ki pou antre nan twou dèyè a.
    • Yon kawoutchou ki pou branche sak lavman an ak tib plastik la (60 santimèt (2 pye) ap sifi).
    • 500 mililit do pwòp ki tyèd (apeprè mezi yon boutèy koka oswa 2 koup).
  2. Lave men w epi mete gan plastic ki pwòp.
  3. Mande fi a pou l kouche sou bò goch li.
  4. Kite dlo koule desann rive nan pwent tib la epi peze tib la ak dwèt ou pou fèmen l. Sa pèmèt lè a soti.
    a line that measures 7 and a half centimeters.
    Pa mete tib la pi fon pase sa.
    7.5 santimèt
  5. Mouye pwent tib la avèk dlo oswa librifyan epi fè l glise antre nan twou dèyè a. Pa fè l antre plis pase 7.5 santimèt (3 pous).
  6. MW Ch19 Page 343-1.png
  7. Kenbe sak dlo a nan menm nivo ak ranch fi a epi kite dlo a koule dousman. L ap pran anviwon 20 minit pou tout dlo a fin koule.
  8. Retire tib la epi mande fi a pou l kenbe dlo a anndan l toutotan li kapab. Lè l fin poupou oswa li kite dlo a soti deyò, souvan kontraksyon yo vin pi fò e pi souvan. Plis li kenbe dlo a anndan l, se plis teknik sa ap mache.
Note sa: Si w ap ba l lavman pou anpeche l dezidrate (san se pa pou chofe tranche a), li trèzenpòtan pou l kenbe dlo a anndan l. Si fi a bay siy ki endike li nan eta chòk, ou mèt ba l yon dezyèm lavman inèdtan apre premye a.

Remèd luil “castor”

Pafwa, yon bwason ki gen luil “castor” ak ji fwi ka kòmanse oswa chofè tranche. Si luil “castor” a pral ede tranche a kòmanse, w ap wè rezilta anvan 4 èdtan pase.

Luil “castor” lakòz kranp nan vant ak dyare (poupou ki likid). Gendelè li bay vomisman tou. Lè yon fi gen dyare pandan tranche, sa ka ogmante chans pou l jwenn enfeksyon paske yon ti kal poupou ka antre nan vajen l fasilman. Kontraksyon aktout kranp nan vant ka fè fi a santi tranche a twò vit oswa li ka boulvèse twòp

Pou itilize luil “castor”

Melanje apeprè 60 mililit (2 ons) luil “castor” nan yon koup (240 mililit oswa 8 ons) ji fwi. Ji sitwon oswa ji zoranj fè travay sa a trè byen. Pa ba l plis ke yon vè.

60 ml (2 ons) luil “castor”
MW Ch19 Page 343-2.png
+ 240 ml (8 ons) ji fwi
MW Ch19 Page 343-3.png
MW Ch19 Page 343-4.png MW Ch19 Page 343-5.png

Manman an dwe bwè tout vè a.

MW Ch19 Page 344-1.png

Remèd fèy

Anpil fanmsaj tradisyonèl ak medsen fèy sèvi ak remèd fèy pou kòmanse oswa pou chofe tranche. Ka gen remèd fèy nan zòn ou an ki fè sa byen. Gen remèd fèy ki pa tèlman efikas men yo pa danjere nonplis. Gen lòt ki konn danjere.

Suiv byen pou wè ki kalite efè remèd fèy yo genyen. Mande lòt medsen fèy ki bon ak ki move efè remèd fèy nan kominote a genyen. Pa sèvi ak remèd fèy ki ka danjere.

MW Ch19 Page 344-2.png


Tout remèd fèy gen pwoblèm sa yo:

  • Dòz la difisil pou kontwole. Menm fèy la ki grandi nan zòn ki diferan oswa nan tè ki diferan, oswa yo keyi nan sezon ki diferan, yo pap gen menm fòs.
  • Nenpòt remèd yo bay nan bouch pandan tranche ka difisil pou kò a itilize. Vant lan pa fonksyone byen pandan tranche.
MW Ch19 Page 344-3.png


Chak remèd fèy ka gen risk pa l. Men ki kalite risk w ap jwenn pi fasil nan remèd fèy ki chofè tranche:

  • Tansyon wo
  • Kontraksyon ki twò fò
  • Alèji


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024