Hesperian Health Guides

Chapit 19: Teknik wo nivo pou gwosès ak akouchman

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 19: Teknik wo nivo pou gwosès ak akouchman

Nan chapit sa:

Egzamen vajinal pandan tranche

a midwife speaking while she uses gloved hands to examine a woman.
Kòl matris la poko ouvri toujou. Sa fè 12 èdtan depi w ak tranche san chanjman. Mwen panse fò n al lopital.
Yon egzamen vajinal ka ede w deside ki lè w bezwen al lopital

Tranche pase byen pou pifò fi, e pi souvan ou pa bezwen fè yon egzamen vajinal. Men, yon egzamen vajinal ka itil paske se fason ki pi sèten pou konnen nan ki nivo tranche a ye. Egzamen an ka montre w nan ki lajè kòl matris la ouvri epi èske pitit la nan pozisyon chita oswa si se tèt li ki anba.

Egzamen vajinal gen risk, se poutèt sa ou dwe fè l sèlman si l vrèman nesesè.


ATANSYON!    Chak lè w fè yon egzamen vajinal, menmsi w lave men w epi w mete gan, gen risk pou ou pase mikwòb bay fi a. Poutèt sa, li pi bon pou w evite egzamen vajinal si tout bagay ap mache byen.

Ki jan pou fè yon egzamen vajinal

Li difisil pou nou dekri nan yon liv ki jan pou fè yon egzamen vajinal. Yon moun ka aprann li pi byen nan fè pratik. Asire w yon moun ki gen eksperyans montre w ki jan pou fè l anvan w eseye fè youn poukont ou.

  1. Esplike fi a ki sa w pral fè e poukisa w pral fè l.
  2. Fè fi a repoze sou do l avèk janm li kase e ouvri.
  3. Lave men w byen ak savon. Mete gan ki esterilize oswa gan ki trè pwòp.
  4. Avèk prekosyon, mete 2 dwèt nan vajen manman an. Si li fèk kòmanse gen tranche, souvan w ap oblije foure men w byen fon anndan l (longè dwèt ou) jiskaske dwèt ou jwenn kòl matris la. Si fi a nan fen tranche a, tèt pitit la ka pouse kòl matris la pi pre deyò a.
  5. Manyen kòl matris la.

    Si kòl matris la fèmen, w ap santi l long epi li di, tankou nen w. Pandan kòl matris la kòmanse ouvri, l ap vin pi plat. Lè kòl matris la ap ouvri, li sanble ak lèv yon moun k ap ouvri sou tèt bebe a ki won e ki di.
    illustration of the above: 2 gloved fingers inside the vagina.
    MW Ch19 Page 340-2.png
    MW Ch19 Page 340-3.png


    W ap santi tèt bebe a byen di dèyè kòl matris la. Si w santi yon bagay ki mou dèyè kòl matris la, bebe a gendwa nan pozisyon chita.

    MW Ch19 Page 340-4.png

    Pafwa, nan fen tranche a kòl matris la prèske fin ouvri, men gen yon ti rès nan kòl matris ki rete sou kote. Li pi bon pou w tann jiskaske kòl matris la fin ale anvan manman an kòmanse pouse.

    Lè w pa ka touche kòl matris la ditou, sa vle di li ouvri nèt. Kounye a manman an ka kòmanse pouse san danje.

a midwife and a woman in labor speaking during a vaginal exam.
Kòl matris la fin ouvri nèt. Kounye a se lè pou w pouse.
Final-
man!


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024