Hesperian Health Guides

Sa pou w fè pou bebe a

Nan chapit sa:

Lè pitit la fèt, menm anvan w koupe kòd lonbrik la, seche bebe a, depoze l sou vant manman l, epi kouvri l ak yon dra. Kò manman an ap kenbe bebe a cho, epi sant lèt manman an ap ankouraje l pran tete. Fè atansyon ak nouvo bebe a.

Note sa: Gen anpil lopital kote doktè ak enfimyè yo pran pitit la nan men manman l pou yo al verifye sante l. Sa pi fasil pou doktè ak enfimyè yo, men li pa bon pou pitit la. Pèsonn pa dwe pran pitit la nan men manman l sof si gen yon ka dijans.

Kenbe bebe a cho

Pandan w pral mete pitit la sou vant manman l, seche tout kò l avèk yon twal oswa yon sèvyèt ki pwòp. Bebe santi fredi fasil e sa ka fè l fèb oswa malad. Se sa k fè li enpòtan pou l kole po sou po avèk manman l. Kouvri pitit la avèk yon twal sèch ki pwòp. Asire w ou kouvri tèt li epi pa kite l rete nan van.

Si tanperati a cho, pa double pitit la nan lèn oswa rad ki twò cho. Twòp chalè ka fè l dezidrate. Yon bebe bezwen yon sèl kouch rad anplis sa adilt ap mete.

Verifye sante bebe a

Gen bebe ki fèt tou eveye e avèk anpil enèji. Gen lòt bebe ki kòmanse tou dousman, men apre kèk minit, yo respire e bouje pi byen, yo pran plis fòs, epi kò yo kòmanse pèdi koulè ble a.

MW Ch13 Page 240-1.png

Pou w ka wè eta sante bebe a, kontwole:

  • Respirasyon l
  • Batman kè l
  • Eta mis li yo
  • Reflèks li yo
  • Koulè kò l


Ou ka verifye tout bagay sa yo pandan bebe a ap pran tete.

Respirasyon l

Bebe a ta dwe kòmanse respire nòmalman youn oswa 2 minit apre akouchman an. Jeneralman, distans pou w fin seche l ak yon sèvyèt, li gentan ap respire. Si yon bebe kriye lè l fèt, nòmalman sa vle di li respire byen. Men, gen anpil bebe ki respire byen san yo pa janm kriye.

Yon bebe ki gen pwoblèm pou l respire bezwen èd.

a baby making noise while breathing.
Enh...enh...
enh...enh...

Kontwole siy sa yo ki ka endike pwoblèm respirasyon:

  • Twou nen l ouvri byen laj pandan l ap eseye respire.
  • Vyann kò ki nan mitan zo kòt li yo antre lè l ap eseye respire.
  • Li respire twò vit: plis pase 60 fwa pa minit.
  • Li respire twò dousman: mwens pase 30 fwa pa minit.
  • Li plenn/gwonde oswa fè bri lè l ap respire.


Si bebe a gen pwoblèm pou l respire, kite l sou vant manman l epi fwote do l monte desann byen fèm ak men w. Pinga w janm frape yon bebe, fè l mal, oswa mete l tèt anba pou w ka fè l kriye. Si w gen oksijèn, bay bebe a li si l kontinye gen pwoblèm pou l respire. Suiv li byen. Si pwoblèm yo pa amelyore, li ka bezwen èd doktè.

Pou bay yon bebe ki pa respire byen oksijèn
  • Bay 5 lit (L) oksijèn
chak minit, pou 5 a 10 minit.
MW Ch13 Page 241-2.png
Si w gen yon tis mas oksijèn pou bebe, mete l nan figi l. Si w pa gen mas, fè yon demi boul ak men w byen lach sou figi bebe a epi kenbe tib oksijèn nan toupre nen l (1 a 2 santimèt devan figi l). Lè bebe a kòmanse respire pi byen, fèmen tib oksijèn nan tikras pa tikras: pran plizyè minit pou w fin fèmen l nèt.


Si w itilize aspiratè sou bouch ak nan nen yon bebe ki gen pwoblèm pou l respire, sa gendwa pa ede l, e li ka menm fè l pi difisil pou l respire.

Bebe a pa respire ditou

Si yon bebe pa respire ditou 1 minit apre l fin fèt menm lè w fwote do l avèk yon men fèm, oswa tou si l ap fòse respire, li bezwen èd imedyatman. Pou kòmanse, se pou w ba l kèk souf. Paske, si li pa respire kou l fin fèt, sèvo l ka domaje oswa li ka mouri. Men, pifò bebe ki pa respire ka sove. Si w suiv etap suivan yo, li pwobab pou bebe a vin respire nòmalman.

Respirasyon atifisyèl

MW Ch13 Page 242-1.png
  1. Kouche bebe a sou do. Li dwe kouche sou yon bagay ki byen fèm, tankou yon kabann ki fèm, yon tab, yon planch, oswa atè. Kenbe kò bebe a cho. Mete yon twal cho anba l, ak yon twal anwo l, men kite pwatrin li dekouvri.
  2. Mete tèt li nan yon pozisyon pou figi l gade dwat anlè. Sa ap pèmèt gòj li ouvri pou lè ka pase. Ou ka mete bebe a nan pozisyon sa byen fasil lè w woule yon twal epi mete l anba zèpòl li. Pa panche tèt li twòp sou dèyè; sa ap fèmen gòj li ankò. Bebe a gendwa kòmanse respire apre w fin mete l nan pozisyon sa a.
  3. Si bebe a te gen mekonyòm pwès pandan l fèt, rapidman itilize aspiratè sou gòj li.
  4. Mete bouch ou sou bouch ak nen bebe a. Oswa, fèmen bouch bebe a epi mete bouch ou sou nen l.
  5. Pouse souf ale anndan bebe a; pouse sèlman kantite lè ou kapab kenbe nan bouch w. Pa soufle lè fò anndan l. Twòp lè ka domaje poumon l. Pou kòmanse, bay li 3 a 5 souf dousman. Sa ap pèmèt likid ki nan poumon l soti. Apre sa, bay li ti souf rapid chak 3 segonn.
  6. a woman with her mouth on a baby's face while thinking.
    Yon souf
    the woman counting seconds between breaths.
    ...2...3...
    the woman with her mouth on the baby's face again.
    Yon souf
    the woman counting seconds again.
    ...2...3...
  7. Gade pwatrin bebe a. Pwatrin nan ta dwe ap gonfle pandan w ap bay bebe a souf.
  8. Si pwatrin li pa gonfle, ranje pozisyon tèt li ankò. Sanble lè a pa antre nan poumon l.
  9. Ba l anviwon 30 souf chak minit. Men, se pa twò enpòtan pou se egzakteman kantite sa a.
  10. Gade si l ap respire. Si bebe a kòmanse kriye oswa si l respire omwen 30 fwa pa minit, kanpe respirasyon atifisyèl la. Rete toupre l epi suiv li pou w asire li anfòm.

Si bebe a pa respire, oswa si li respire mwens pase 30 fwa pa minit, kontinye ak respirasyon atifisyèl la jiskaske li kapab respire poukont li.

Si sa fè 20 minit depi w ap fè respirasyon atifisyèl epi bebe a toujou pa ka respire poukont li, sanble li pap ka respire. L ap mouri. Sispann respirasyon atifisyèl la epi esplike fanmi an sa k pase a.

MW Ch13 Page 243-1.png
Note sa: Lè w ap fè respirasyon atifisyèl, gen yon ti chans pou enfeksyon ka pase ant bebe a ak fanmsaj la. Si w itilize twal gaz oubyen yon ti moso twal fen pou w kouvri bouch pitit la, gen mwens chans pou enfeksyon pase. Petèt ou ka achte yon mas pou w sèvi lè w ap fè respirasyon atifisyèl. Pou itilize l, mete l sou nen ak bouch bebe a epi pouse lè ladan l. Itilize sèlman mas ki fèt pou sa.
Gen kote w ka achte sak espesyal avèk mas ki fèt pou respirasyon atifisyèl. Sak espesyal sa yo ka bay bebe a egzakteman kantite lè li gen bezwen an, men w bezwen fòmasyon pou w ka itilize yo.
MW Ch13 Page 243-2.png
MW Ch13 Page 243-3.png

Batman kè l

Lè yon bebe fèk fèt, kè l ta dwe bat ant 120 a 160 fwa pa minit, anviwon 2 fwa pi vit pase batman kè yon adilt. Tande batman kè bebe a avèk yon estetoskòp, oswa mete 2 dwèt ou sou kè l. Kontwole batman kè a vit pou w ka konnen pi rapid si l gen pwoblèm. Pou w fè sa, konte kantite fwa kè a bat pandan 6 segonn, apre sa miltipliye chif la pa 10. (Sa vle di, ajoute yon zewo dèyè l. Si w konte 12 batman nan 6 segonn, sa vle di batman kè a se 120 fwa pa minit.) Lè bebe a gen yon bon koulè e l ap respire byen, ou ka pran tan pou w kontwole batman kè a pandan yon minit ann antye.

Tande kè chak bebe pou w ka idantifye sa k nòmal ak sa k pa nòmal.

Si kè bebe a bat pi dousman pase 100 fwa pa minit, oubyen si kè l pa bat ditou, fè respirasyon atifisyèl pou li.

Si kè l ap bat plis pase 180 fwa pa minit, mennen l lopital. Li ka gen yon pwoblèm nan kè l.

a baby with arms and legs bent and held close to the body.
Mis bebe sa a an bòn eta.
a baby with arms and legs loose and open.
Kò bebe sa a lach.

Eta mis li yo

Yon bebe ki kenbe ponyèt li yo ak janm li yo sere epi toupre kò l, epi koud ponyèt li yo ak jenou l yo pliye, sa vle di mis li yo an bòn eta, yo djanm, yo an sante. Lè kò bebe a lache, sa vle di mis li yo fèb; ponyèt li yo ak janm li yo tou lach e tou ouvri. Gen bebe ki fèt ak kò yo lach konsa si yo pa t jwenn ase oksijèn anvan yo te fèt. Men, yon bebe ki an sante dwe montre li gen fòs nan ponyèt li yo ak janm li yo kèk minit apre li fin fèt.

Plis tan ponyèt li ak janm li rete san fòs, se plis sa montre bebe a gen pwoblèm. Si manm yon bebe fèb, li pap ka respire byen. Asire li fin sèch epi mete l kò ak kò sou manman l pou chofe l. Si kò bebe a parèt jis yon ti jan fèb, eseye fwote do l epi pale avè l. Sa ka fè l reveye epi fè l fè plis efò pou l respire. Si tout kò bebe a lache, sitou apre premye minit la, ititlize aspiratè sou bouch li ak nen l. Li ka bezwen oksijèn tou.

Reflèks li yo

Reflèks se jan kò yon moun reyaji tou natirèlman. Pa egzanp, lè w ap tonbe, ou voye men w pou w ka atrap pwòp kò w, e w fè sa san w pa menm reflechi. Oubyen tou, lè yon ti mouch pase nan je w, ou bat je w. Lè yon moun gen bon reflèks, sa vle di sèvo l ak nè l yo ap travay byen.

MW Ch13 Page 244-4.png
Reflèks mowo: ponyèt yo ouvri laj

Lè yon bebe fèk fèt, men reflèks li dwe genyen:

MW Ch13 Page 244-3.png
Grimas
  • Grimas. Bebe a ta dwe mare figi l lè w ap retire flèm nan bouch li ak nan nen l avèk aspiratè.
  • Reflèks mowo. Si w vire bebe a bridsoukou oswa si li tande yon gwo bri, li ta dwe ouvri bra l toudenkou epi li ouvri men l.
  • Estènen. Yon bebe ki an sante ta dwe estènen lè l gen dlo oswa flèm nan nen l.


Si bebe a pa gen okenn nen reflèks sa yo, men l ap respire epi kè l ap bat plis pase 100 fwa pa minit, chèche asistans nan men yon doktè.

Koulè l

Pifò bebe gen koulè ble oubyen mov lè yo fèt, men yo kòmanse pran koulè nòmal yo apre youn oubyen 2 minit.

Bebe ki nwa pa fèt ak koulè ble menm jan ak bebe ki pi klè. Gade men ak pye yon bebe nwa pou wè si yo gen koulè ble a. Tout bebe ki pa jwenn ase oksijèn ka parèt sonm oswa blèm.

Koulè bebe a rete blèm oswa ble apre premye minit yo

Li ka pa yon pwoblèm si men ak pye yon bebe rete yon tijan ble oswa blèm pou plizyè èdtan. Men, li pa nòmal pou kò bebe a rete blèm oswa ble pou plis pase 5 minit.

Pi souvan, si yon bebe rete ak koulè blèm oswa ble se paske li gen pwoblèm pou l respire.

MW Ch13 Page 245-1.png

Epitou, bebe ka rete ak koulè ble:

  • Lè yo santi fredi.
  • Lè yo fè enfeksyon.
  • Lè yo gen pwoblèm kè.


Verifye tanperati bebe a oswa manyen l pou wè si kò l cho. Vlope l nan lèn oswa nan twal, epi kouvri tèt li. Si w gen bone, mete youn nan tèt li.

Si apre w chofe l, li toujou gen koulè ble oswa blèm, li bezwen asistans pou l respire. Ba l oksijèn si w genyen. Kontwole batman kè l ak souf li. Si bebe a gen pwoblèm pou l respire, gade anvan.

Si bebe a toujou gen koulè ble oswa li blèm apre w ba l okisjèn, al kay doktè avè l.

MW Ch13 Page 245-2.png

Ede bebe a pran tete

Si tout bagay nòmal apre akouchman an, manman an dwe bay pitit la tete tousuit. Li ka bezwen èd pou l kòmanse. Chapit 16 pale sou bay bebe tete, e li esplike ki pozisyon ki pi bon pou bay tete.

Premye lèt ki soti nan tete manman an gen yon koulè jòn, yo rele l kolostwòm. Gen fi ki panse kolostwòm pa bon pou bebe a, epi yo pa bay bebe a tete premye jou apre akouchman an. Epoutan, kolostwòm enpòtan anpil! Li pwoteje bebe a kont enfeksyon. Epi, kolostwòm gen tout pwoteyin yon nouvo bebe bezwen.

Lè bebe a kòmanse tete tousuit, li bon ni pou manman an ni pou bebe a.

MW Ch13 Page 245-3.png
  • Bay tete fè matris la ratresi. Li ede plasenta a soti, epi li anpeche manman an pèdi anpil san.
  • Bay tete ede elimine glè ki nan nen ak nan bouch bebe a pou l ka respire pi fasil.
  • Bay tete se yon bon fason pou manman an ak bebe a vin abitye youn ak lòt.
  • Bay tete rekonfòte bebe a.
  • Bay tete ka ede manman an rilaks epi santi kè kontan ak bebe l la.
  • Lèt tete a se pi bon manje yon manman ka bay bebe l la.


Si bebe a sanble l pa ka pran tete, gade si li gen anpil glè nan nen l. Pou w ka retire glè a, mete bebe a kouche sou lestomak manman l avèk tèt li pi ba pase rès kò l. Pase men w sou do l, soti nan ranch li pou rive sou zepòl li. Apre glè a nan fin soti, ede fè bebe a rekòmanse tete.



Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023