Hesperian Health Guides

Vire yon bebe ki nan pozisyon chita oswa ki kouche sou kote

Nan chapit sa:

Lè yon bebe ap fèt, li nan mwens danje si se tèt li ki soti anvan olye se pye l ki soti anvan. Yon bebe ki kouche sou kote pap ka soti nan vajen manman l. Si w te resevwa bonjan fòmasyon pou sa, gendelè ou ka vire bebe a pou tèt li bay sou anba.

ATANSYON!   Vire yon bebe gen anpil gwo risk. Pi gwo danje yo se si w ta dekole plasenta a soti nan matris la oswa si matris la ta chire. Danje sa yo ka touye pitit la ak tout manman an.
Lè w ap vire yon bebe, sa ka tou lakòz tranche a kòmanse.

Vire bebe a sèlman si kondisyon sa yo ranpli:

  • Ou te resevwa fòmasyon pou sa nan men yon moun ki eksperimante.
  • Ou ka jwenn asistans medikal si w bezwen.
  • Ou sèten bebe a nan pozisyon chita oswa li kouche sou kote.
Pou w ka wè ki danje ki genyen nan vire yon bebe:
MW Ch19 Page 369-2.png
MW Ch19 Page 369-3.png
MW Ch19 Page 369-4.png
Eseye mete yon ti poupe plastik anndan yon blad oswa yon sachè plastik epi ranpli l ak dlo. Apre sa, eseye vire poupe a. Matris la, menm jan ak blad la, ka chire fasilman si w pa fè anpil atansyon.


Vire bebe a

Pi bon lè pou vire yon bebe se 2 a 3 semèn anvan dat li sipoze fèt la. Si w vire l anvan sa, li ka retounen nan menm pozisyon chita a oubyen kouche a ankò. Epitou, si tranche a kòmanse, pap gen gwo danje pou pitit la tou fèt lè sa a.

Si sa posib, ou dwe gen yon moun pou ede w lè w ap vire yon bebe. Moun nan ka tande batman kè bebe a pandan tout tan w ap vire l la.

ATANSYON!   Si kè a bat pi vit, oswa si l bat pi dousman, epi li pa tounen nan vitès nòmal li, sispann vire bebe a. Si kè a kontinye bat vit oswa dousman, vire bebe a tounen nan pozisyon li te ye anvan an. Si batman kè a toujou pa nòmal, bay manman oksijèn si w genyen, epi fè l kouche sou bò goch li. Si batman kè bebe a toujou pa nòmal, mennen fi a lopital imedyatman.

1. Mande manman an pou l pipi epi fè l kouche sou do ak jenou li koube. Li enpòtan pou l rilaks kò l otank li kapab. Sa ka ede l pou l pran souf ki pwofon, byen dousman.
2. Koute batman kè bebe a.
3. Si batman kè a nòmal, manyen vant manman an pou asire bebe a toujou nan pozisyon chita.
MW Ch19 Page 370-1.png
4. Kenbe tèt bebe a avèk yon men. Mete lòt men an anba dèyè bebe a, epi pouse l monte, nan direksyon pati anwo matris la, yon fason pou ou retire bebe a nan basen an.
MW Ch19 Page 370-2.png
5. Avèk yon men fèm, men avèk dousè, avanse bebe a nan direksyon kote fas li bay la. Si l pa ka deplase fasilman, eseye deplase l nan lòt direksyon an. Eseye fè manton bebe a rete kole sou lestomak li.
MW Ch19 Page 371-1.png
6. Chak fwa bebe a avanse, menmsi se tou piti, kanpe epi koute batman kè l. Si batman kè a pa nòmal, sispann vire l.
7. Kontinye vire bebe a jiskaske tèt li anba.
MW Ch19 Page 371-2.png

ATANSYON!   Pa janm fòse yon bebe pou l vire. Si w santi bebe a kole oswa si manman an gen doulè, sispann vire l.

Vire yon bebe ki kouche sou kote


MW Ch19 Page 371-3.png
MW Ch19 Page 371-4.png

Vire yon bebe ki kouche sou kote se menm bagay ak vire yon bebe ki nan pozisyon chita. Vire bebe a nan pozisyon kote li bay fas li a. Si l pa ka vire nan direksyon sa a, ou ka oblije vire l nan lòt direksyon an pou l nan pozisyon chita a. Pozysyon chita a pa bon tankou pozisyon tèt anba a, men omwen l ap ka pase nan vajen an konsa.

Si yon bebe ki kouche sou kote pa ka vire fasilman, ou dwe sispann eseye vire l, epi pitit la dwe fèt lopital pa mwayen yon sezaryèn.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024