Hesperian Health Guides

Pran swen manman an pandan tranche a

Nan chapit sa:

Pati sa a nan chapit la esplike fason fanmsaj la ka fè pou l soutni, pwoteje, e gide yon akouchman pou l ka byen pase san danje. Ou ka sèvi ak enfòmasyon sa yo pou lòt etap nan akouchman yo tou.

Twa chapit ki vini apre yo bay esplikasyon pi presi sou fason pou ede pandan chak etap nan tranche ak akouchman an.

a pregnant woman speaking with another woman.
Li twò fò! Mwen pè!
Pa enkyete w! Tranche a dwe fò konsa.

Soutni l pandan tranche a

Lè w soutni manman an pandan tranche a, ou ede l lache kò l olye pou l goumen ak doulè a. Menmsi sipò w ba li a pap elimine doulè a, li ka rann tranche a vin pi fasil, pi kout, epi pi an sekirite.

Chak fi bezwen sipò yon fason diferan. Men, tout fi bezwen jantiyès, respè, ak atansyon. Gade l epi koute l pou w ka wè kòman li santi l. Ankouraje l pou l ka santi l gen fòs ak kouraj pandan tranche a. Ede l rilaks epi pou l aksepte tranche a.

a man speaking with a woman.
Mwen pa t konnen gen yon fason pou m ede w pandan tranche a.
Wi! M ap santi m pi kalm si w ansanm avè m.

Se pa ou menm sèl ki pou bay manman an sipò. Sipò a sitou enpòtan nan men mari manman an, fanmi l, ak zanmi l. Pa gen lwa ki di se tèl moun ki pou bay manman an sipò. Sèlman, li enpòtan pou se moun ki gen sousi pou manman an, epi yo dispoze ede l. Sa ki pi enpòtan an sèke yo dwe se moun manman an vle ki pou la pandan akouchman an.

Pwoteje l pandan tranche a

Lè nou di pwoteje l pandan tranche a, sa vle di pou w pa kite anyen vin deranje tranche a. Men kèk egzanp:

Pa kite moun ki malèlve oswa ki pa janti rete pre l. Se pa moman an pou manman an ap enkyete l pou pwoblèm familyal. Pafwa, menm fanmi ki renmen l oswa ki bon zanmi l ka deranje tranche a ak akouchman an. Gendè fwa, pi bon bagay w ka fè se mande tout moun pou yo kite chanm nan pou manman an ka akouche anpè.

Pa itilize okenn medikaman oswa teknik ki pa nesesè. Kèk fanmsaj (ak doktè) kwè akouchman an ka fèt pi byen si yo itilize plis medikaman, plis zouti, ak plis egzamen. Men, souvan se pa vre. Pafwa yo ka rann akouchman an pi difisil oswa lakòz plis pwoblèm.


ATANSYON! Pa bay manman an okenn medikaman ki pou fè l akouche pi vit. Yo ka lakòz danje. Piki oswa konprime ki sipoze fè akouchman an fèt pi vit ka lakòz plis doulè pandan tranche a, epi yo ka menm touye manman an ak tout pitit la. Gade w wè kòman ou ka fè tranche a vin pi cho san danje.

2 women speaking.
Eske w ka ba m yon piki pou m akouche pi rapid?
Piki gen danje. Poutèt sa, yo pa vo lapenn.

Dirije l pandan tranche a

Lè w dirije l pandan tranche a, ou ede fi a evite danje, e w ede l pran swen kò l. Detanzantan, ou ka konseye l pou l bwè dlo, pou l fè pipi, pou l repoze, oswa pou l fè mouvman. Nan twa pwochen chapit yo, gen anpil konsèy sou mwayen pou w dirije tranche a yon fason pou l ka byen pase.

a woman holding a glass while speaking to a woman who lies on a bed.
Si kontraksyon an fini, m ta renmen w bwè yon ti gout.

Ede l bwè omwen yon vè likid chak inèdtan

Dlo nan kò l pase vit lè yon fi gen tranche. Li dwe bwè pou pi piti yon vè likid chak inèdtan. Si l pa bwè ase, li ka dezidrate (sa vle di, li pa gen ase dlo nan kò l). Sa ka lakòz tranche a vin pi di e pi long. Dezidratasyon ka fè fi a santi l faya.

MW Ch10 Page 159-2.png
MW Ch10 Page 159-3.png
MW Ch10 Page 159-4.png
Leve po sou do men l avèk 2 dwèt, epi lage l. Si po a pa tonbe nan plas li ankò rapid, fi a dezidrate.
  • Po bouch sèch
  • Twou je fon
  • Po kò a rèd
  • Fyèv lejè (tanperati jiska 38°C oswa 100.4°F)
  • Respirasyon rapid ki fon (plis pase 20 souf pa minit)
  • Batman kè li fèb e rapid (plis pase 100 batman pa minit)
  • Kè bebe a bat pi vit pase 160 fwa pa minit


Si w panse manman an dezidrate, byen prese ba l dlo sikre (oswa ak siwo myèl), ji fwi, oswa sewòm oral (gade paj apre a).

Gen fi ki pa ka bwè twòp lè yo gen tranche. Swa li fè yo malad, swa yo vomi l. Si manman an ap vomi e li pa ka bwè tout yon vè likid alafwa, fè l pran yon ti gout apre chak kontraksyon. Konsa li pap deranje lestomak li. Pou fi ki malad yo, bwason sa yo ka pi fasil pou bwè: dlo kokoye, ji fwi melanje ak dlo, dlo sikre (oswa ak siwo myèl), te mant, te jenjanm, oswa te kamomin ak sik oswa siwo myèl.

Si manman an pa ka bwè ditou, oswa si l gentan dezidrate anpil, ba l likid nan dèyè l oswa ba l sewòm.

Sewòm oral

Si tranche a long, oubyen tou, si manman an pa t ap manje oubyen bwè ase anvan tranche a, ba l sewòm oral. (Anfèt, nenpòt fi ki gen tranche ka bwè sewòm oral.) Bwason sa a fòtifye kò manman an pou l pa tonbe malad.

Ou gendwa jwenn ti sachè pou fè sewòm oral, tankou Oresal. Si w itilize yo, byen brase l, epi goute l anvan. Li pa dwe pi sale pase dlo nan je.

Ou ka prepare sewòm oral la ou menm lè w rive kay manmam ki gen tranche a, oubyen w ka mache ak sik ak sèl la tou mezire pou melanje ak dlo lè w rive.

MW Ch10 Page 160-5.png
2 fason pou pr epar e sew ò m or al
Avèk sik ak sèl
(Olye de sik , ou k a itilize melas osw a siw o myèl.)
Nan 1 lit dlo pwòp, melanje:
  • Demi ti kiyè sèl
ak 8 ti kiyè sik
MW Ch10 Page 160-1.png
MW Ch10 Page 160-2.png
(Anvan w mete sik la, goute dlo a pou asire w li pa pi sale pase dlo nan j e.)
Ak poud sereyal epi sèl
(Farin diri pi bon. Oubyen w k a sèvi ak farin mayi, farin ble, sògo, osw a pòmdetè ki kuit epi ki kraze fen.)
Nan 1 lit dlo pwòp, melanje:
  • Demi ti kiyè sèl
ak 8 ti kiyè (oswa 2 ponyen) poud sereyal.
MW Ch10 Page 160-3.png
MW Ch10 Page 160-4.png
(Anvan w mete sereyal la, goute dlo a pou asire w li pa pi sale pase dlo nan je.)
Kite l bouyi pandan 5 a 7 minit pou l ka vin tankou yon labouyi. Kite l frèt, epi bay manman an li.
Chak fwa w pral bay manman an li, goute l anvan pou w asire li pa gate. Lè tanperati a cho, bwason labouyi sa yo ka gate yon kadè.
  • Si posib, ajoute nan bwason pi wo a yon demi tas ji fwi, dlo kokoye, oswa yon fig byen kraze. Sa ba l plis potasyòm ki ka ede l bwè plis likid.


Si sa nesesè, adapte sewòm nan selon zòn nan. Si yo pa mezire ak lit, regle kantite a selon mezi yo itilize nan zòn nan. Si w pa gen yon tas oswa kiyè pou w mezire, pran yon ti priz sèl ak yon ti ponyen sik. Si w gen farin sereyal pou timoun, jis mete ase dlo pou l ka likid, epi ajoute yon ti priz sèl.
Note sa: Si manman an grangou pandan tranche a, li bon pou l manje. Ba l manje ki fasil pou dijere, tankou pen, diri, oswa yogou.

Fè fi a pipi omwen yon fwa chak 2 èdtan

a pregnant woman speaking with a woman who is looking at her watch.
O! O! O! Aaaaa… Kontraksyon sa a pase.
Ou pa pipi depi prèske 2 èdtan. Al eseye kounye a.

Si vesi manman an plen, kontraksyon yo ka vin febli epi tranche a ka pi long. Epi, lè vesi a plen, sa ka lakòz doulè, pwoblèm lè pou pouse plasenta a, epi plis san koule apre bebe a fin fèt. Fè manman an sonje pou l pipi, li ka bliye.

Pou verifye si vesi a plen, manyen anba vant manman an. Lè vesi a plen, li tankou yon sachè plastik ki plen dlo. Ou ka menm wè fòm vesi a anba po manman an lè l chaje. Pa kite vesi a rive nan pwen sa a

a pregnant woman on her back; an arrow shows the full bladder in her lower belly.
Vesi sa a twò plen

Si vesi manman an plen, li dwe fè pipi. Si l pa ka mache, eseye mete yon vaz oswa yon lòt twal anba dèyè l epi fè l pipi kote li ye a. Sa ka ede l pipi si w fè l tranpe men l nan yon ti dlo tyéd.

Si manman an pa ka pipi ditou, yo dwe foure yon tib katetè (yon tib ki esterilize) nan vesi a, epi sa ap pèmèt pipi a soti. Si w pa t pran fòmasyon pou sa, chèche asistans medikal.

Repo lè yon kontraksyon fin pase

Pou manman an ka konsève fòs li, li dwe repoze anvan e apre kontraksyon, menm lè tranche a fèk kòmanse. Sa vle di, lè l pa gen kontraksyon, li dwe kite kò l byen poze, li dwe respire byen fon, epi li dwe chita oswa kouche pafwa. Lè tranche a fèk kòmanse, li ka menm dòmi.

Anpil fi santi yo fatige anpil lè kontraksyon yo fò. Yo ka panse yo pap gen fòs pou yo pouse pitit la. Men, fatig sa a se yon fason pou kò manman an fè l repoze epi ret trankil. Si tout bagay ale byen, l ap gen fòs pou l akouche lè lè a rive. Gade konsènan fason pou w ede manman an repoze.

a pregnant woman speaking to another woman, who then sits behind her and speaks.
Fò m chita pou kontraksyon yo pa fè m mal twòp.
Mwen tèman fatige! Men, chak fwa m fè yon kout tèt, mwen reveye ankò.
M ap kenbe tèt ou pou w ka dòmi apre kontraksyon yo.
Mèsi!

Chanje pozisyon chak inèdtan

Ede fi a fè mouvman pandan tranche a. Li ka akoupi, li ka chita, li ka mete ajenou, oswa li ka pran lòt pozisyon. Tout pozisyon sa yo bon. Chanje pozisyon ede kòl matris la ouvri byen.

Kanpe ak mache ka fè tranche a ale pi vit. Balanse, dodine, oswa menm danse ka ede l lache kò l.

a man and woman dancing.
a man and woman walking.
a woman sitting in a chair.
a woman sitting in a chair, leaning on a man who kneels in front of her.
a woman lying on her side on a bed.
a woman kneeling with her head on pillows on a bench.
a woman sitting, propped up by pillows.
a woman kneeling on the floor with her head on a pile of blankets.
a woman kneeling while breathing out, with her head up and back straight


a pregnant woman lying on her back.
NON!

Manman an PA dwe kouche plat sou do. Lè fi a kouche plat sou do, presyon sa a fèmen venn ki pote san bay bebe a ak manman an.

Li ka kouche sou kote epi li mete yon kousen (zòrye) nan mitan janm li (gade foto pi wo yo), oswa li ka apiye do l, men fòk li chanje pozisyon omwen chak inèdtan.

MW Ch10 Page 163-1.png

Chanje dra manman an kouche sou li a lè l mouye oubyen li sal

Majorite fi bay anpil dlo nan vajen pandan tout lè tranche a. Dlo sa a gendwa se glè ki dekole soti nan kòl matris la, oubyen li ka likid ki te nan matris la.

Lè manman an kouche oswa li chita, mete dra oubyen twal ki pwòp anba l pou ranmase dlo yo.

Chanje dra ak twal yo lè yo mouye anpil oubyen lè yo sal. Veye pou wè si dlo a ap soti avèk anpil san oswa san kaye, oubyen si dlo a gen koulè mawon, jòn, oswa vèt.

Si manman an enfekte ak VIH

Si w bay manman an medikaman ki rele “ART” pandan tranche ak akouchman an, sa ka anpeche bebe a enfekte ak VIH la.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024