Hesperian Health Guides
Lè w fèk rive
SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 11: Matris la ouvri: Premye etap tranche ak akouchman an > Lè w fèk rive

Lè w rive nan yon akouchman, mande manman an kòman l santi l. Asire w kote l ap akouche a pwòp epi ranje tout materyèl ou yo. Tout zouti pou akouchman an ak nenpòt zouti k ap sèvi pou koupe po fi a dwe esterilize.
Pale ak fi a e ak fanmi l pou asire w yo toujou gen mwayen pou y al lopital nan ka dijans.
Byen lave men w pandan 3 minit, epi mande tout moun ou konnen ki ka touche zouti yo, vajen manman an, oswa bebe a, pou yo lave men yo menm jan an tou.

Manman an dwe benyen tou. Si sa posib, li dwe lave vajen l, men l, ak tout kò l depi nan kòmansman tranche a.
Esplike fi a ak fanmi l tout sa ki ka pase pandan akouchman an, epi reponn tout kesyon yo genyen. Chwazi yon manm fanmi ki ka bay èd nan ka dijans, epi esplike moun sa a ki jan w ka bezwen l ede w.