Hesperian Health Guides
Ede manman an rilaks pandan premye etap la
SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 11: Matris la ouvri: Premye etap tranche ak akouchman an > Ede manman an rilaks pandan premye etap la
Manyen/masaj

Sa ka ede fi a pandan tranche a si w manyen l, men, chèche konnen ki fason li vle w manyen l lan. Men kèk egzanp anpil fi renmen:
- Peze dèyè do l ak yon men fèm pandan kontraksyon yo.

- Apre yon kontraksyon, bay manman an masaj, sitou nan pye l ak do l. (Pa ba l masaj sou vant li. Sa pap fè tranche a ale pi vit, epi sa ka lakòz plasenta a dekole ak matris la.)

- Mete yon twal cho oswa frèt sou tay li oubyen sou vant li. Si manman an ap swè, mete yon twal mouye ak dlo fre sou fwon l pou l ka santi l pi byen.
Rele
Lè fi a ap rele pandan tranche, sa ede pasaj la ouvri. Se pa tout fi ki renmen fè bri, men ankouraje yo fè sa.
Se pou l rele ak son ki ba, tankou fredone oswa tankou bri yon bèt k ap gwonde. Gen fi ki pito chante. Fi a mèt rele jan l vle a.

Gen rèl ki ka fè kò l pi rèd. Rèl pike tankou jan moun konn rele nan antèman pap ede l. Si fi a kòmanse fè gwo rèl pike, mande l rele pi ba. Ou ka montre l kòman pou l fè.
Respirasyon
Fason yon fi respire ka fè gwo efè sou jan tranche a pase. Nan premye etap tranche a, gen anpil fason li ka respire pou pèmèt tranche a pi fasil. Eseye fason sa yo ou menm.

Respirasyon dous e poze: Mande fi a pou l respire fon, men byen poze. Lè l ap lage souf la, li dwe fè bouch li tankou l ap bo ak lèv li, epi pouse souf li byen dous. Lè l rale souf la nan nen l, sa ka ede l respire dousman.

Respirasyon yi: Fi a rale souf ki fon dousman, ansuit li pouse souf la deyò ak plizyè ti souf kout pandan l ap fè son “yi,yi”.
Ti souf kout: Fi a respire vit, men byen lejè.
Gwo souf: Souf fi a fò e li rapid.
Ankouraje manman yo pou yo eseye respire diferan fason pandan tranche a.