Hesperian Health Guides
Chapit 11: Matris la ouvri: Premye etap tranche ak akouchman an
SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 11: Matris la ouvri: Premye etap tranche ak akouchman an
Nan chapit sa:
Premye etap tranche a kòmanse lè kontraksyon yo kòmanse ouvri kòl matris la (yo konn rele etap sa a dilatasyon tou). Li fini lè kòl matris la fin ouvri nèt. Premye etap la se pati ki konn pi long nan tranche a, men kantite tan li dire a pa menm pou tout akouchman yo. Premye etap la ka diri mwens pase inèdtan, konsa tou li ka dire yon jou ak yon nuit oswa plis.
Premye etap tranche a gen 3 pati: tranche frèt, tranche cho, ak fen tranche.
Nan tranche frèt la, nòmalman kontraksyon yo modere e yo kout (yo dire anviwon 30 segonn) epi yo vini chak 15 a 20 minit. Manman an plis santi kontraksyon sa yo anba vant li oswa anba do l. Kontraksyon yo ka fè mal, men pa twòp; yo vini tankou lakranp lè fi gen règ yo oubyen tankou lè w gen dyare. Konsa tou, kontraksyon sa yo konn pa fè mal ditou; lè sa a fi a plis santi vant li ap peze oswa l ap sere. Nòmalman manman an ka mache, pale, epi travay pandan kontraksyon sa yo.

Tank tranche ap avanse, se tank kontraksyon yo dire plis tan. Yo vin pi fò e pi souvan. Kontraksyon yo gen pou yo vini chak 3 a 5 minit. Sa rele tranche cho. Pou pifò fi, doulè tranche a ap vin vrèman rèd lè sa a. Nòmalman, manman an bezwen sispann tout sa l t ap fè pou l konsantre l sou kontraksyon an. Li ka bezwen repoze paske li ka santi l fatige apre e anvan kontraksyon yo.

Nan fen tranche a, kontraksyon yo ka dire anviwon 1 minit 30 segonn, avèk sèlman 2 a 3 minit apre chak kontraksyon. Pafwa manman an santi kontraksyon yo pa janm rete. Men, si w mete men w sou vant li, ou ka santi matris la mou, epi li vin di ankò.
Jan tranche a ka ye pandan premye etap la
Gen anpil fason diferan tranche a ka vini:
- Gendelè kontraksyon yo fèb nan kòmansman tranche a, ansuit yo kontinye ap vin pi fò ofiramezi pandan plizyè èdtan.
- Gen tranche ki kòmanse byen dous, ansuit ki vin byen cho yon sèl kou.
- Gen tranche ki vin fò depi nan kòmansman an, ansuit ki vin fèb oswa sanble yo sispann nèt, apre sa tranche a vin fò ankò.
- Gen lòt fason tranche ka fèt ankò.
Tout kalite tranche sa yo bon depi yo vin ase fò pou kòl matris la ka ouvri nèt.