Hesperian Health Guides

Chapit 12: Pouse: Dezyèm etap tranche ak akouchman an

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 12: Pouse: Dezyèm etap tranche ak akouchman an

Nan chapit sa:

Dezyèm etap tranche a se lè manman an pouse bebe a deyò matris la pou l desann nan vajen an, epi pitit la fèt. Dezyèm etap la kòmanse lè kòl matris la fin ouvri, epi li fini lè pitit la soti deyò. Nòmalman, dezyèm etap la ka dire kèk minit; konsa tou li ka dire jiska 2 èdtan.

Chèche siy ki endike dezyèm etap la kòmanse oubyen li prèske kòmanse

a woman in labor speaking.
Unn! Fò m pouse! Fò m pouse!

Pa gen danje si manman an kòmanse pouse lè kòl matris la fin ouvri nèt epi li santi li vrèman anvi pouse. Sèl fason w ka asire w kòl matris la fin ouvri nèt se lè w fè yon egzamen vajinal. Men, sonje sa: egzamen vajinal ka lakòz enfeksyon. Li pi bon pou w pa fè egzamen vajinal. Avèk bonjan eksperyans, ou sipoze konnen ki lè manman an pare pou l pouse san w pa fè yon egzamen.

Olye pou w fè yon egzamen vajinal, chèche siy sa yo pito. Si manman an montre 2 oswa plis nan siy sa yo, li pwobab pou l deja nan dezyèm etap la.

  • Manman an gen yon gwo anvi pou l pouse (li ka di li anvi fè poupou). Li ka kenbe souf li, oubyen w ka tande l ap plenn pandan kontraksyon.
  • Kontraksyon yo pa vin twò souvan ankò. Men, yo toujou vini ak fòs, oubyen yo pi fò toujou.
a woman's buttocks, with an arrow showing where a purple line appears.
tras mov
  • Tanperaman manman an chanje. Li ka vin gen dòmi oswa li ka pi konsantre.
  • Genyen yon tras mov ki parèt sou dèyè manman an, pandan de bò dèyè l yo ap dekole youn ak lòt akoz presyon tèt pitit la mete sou yo.
  • Pati deyò vajen manman an oswa twou dèyè li kòmanse gonfle lè l gen kontraksyon.
  • Manman an santi tèt pitit la nan vajen l.

Pouse anvan lè

Si manman an kòmanse pouse anvan kòl matris la fin ouvri, pitit la pap ka soti deyò paske kòl matris la ap bloke l. Pouse twò bonè ka fè kòl matris la anfle epi l ap sispann ouvri. Sa ap fè tranche a dire plis tan. Menmsi w sèten kòl matris la gentan fin ouvri, pinga w ankouraje manman an pouse toutotan li pa santi pouse a sitèlman fò li pa kapab kenbe l ankò. Kòmanse pouse twò bonè ap sèlman fè manman an fatige.

a woman with head, knees, and elbows on the floor.

Si manman an gen plis pase 30 minit depi l ap pouse san l pa fè pwogrè, epi w gen fòmasyon nan fè egzamen vajinal, ou mèt fè l kounye a. Menmsi w santi yon tikras toupiti nan kòl matris la, fè manman an rete sou jenou l ak men l avèk tay li anlè. Pozisyon sa a fè pitit la soti sou kòl matris la pou l ka dezanfle, konsa kòl matris la ka rekòmanse ouvri ankò.

Ede manman an rete nan pozisyon sa a san l pa pouse pandan omwen inèdtan. Lè kòl matris la fin ouvri nèt, li mèt rekòmanse pouse.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024