Hesperian Health Guides

Divès kalite doulè anba ti vant

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Gen plizyè pwoblèm ki ka ban nou doulè anba ti vant. Nou gen dwa gen pwoblèm pou n konnen kote pwoblèm nan soti, paske gen plizyè pati andedan vant nou ki toupre youn ak lòt.

Ki kalte doulè Ki sa ki ka lakòz Kisa pou n fè
Nou gen règ nou oubyen règ nou pa vini lè l te dwe vini an epi nou gen gwo doulè nou pa t janm genyen anvan Ka ijan ! Kouri lopital touswit!
Doulè san rete pandan nou gen règ nou
WWHND10 Ch21 Page 354-3.png
fibwòm
Chache kote yo "Doulè ki mache ak règ yo", and "Pwoblèm nan matris".
Sèvi ak yon medikaman pou ti doulè.
Lakranp pandan nou gen règ nou Kontraksyon nòmal matris la. Gen kèk fòm esterilè ki ka fè doulè sa a vin pi rèd. Chèche kote yo pale de “doulè, lè nou gen règ nou”
Si règ nou an reta
WWHND10 Ch21 Page 354-4.png
fòs kouch
Si doulè a vin pi grav, kouri lopital.
Doulè apre akouchman, fòs kouch oubyen avòtman. enfeksyon nou trape paske gen kèk moso plasennta ki rete nan matris nou oubyen paske gen kèk mikwòb ki te antre nan matris nou pandan akouchman oubyen avòtman. Gade "enfeksion nan matris" ak "enfeksyon apre avòtman".
Gwo doulè ansanm ak lafyèv (enfeksyon)
-pandan nou genyen yon MST oubyen apre nou sot genyen
-l oubyen yon enfeksyon nan basen sou yon bò vant nan, ak lafyèv, kè plen, vomisman, epi nou pa janm anvi manje


WWHND10 Ch21 Page 355-1.png
Yon lòt enfeksyon nan basen oubyen yon abse nan vant (abse nan basen)

Ka ijan! Kouri lopital san pèdi tan.
apendisit oubyen yon lòt enfeksyon nan trip


enfeksyon nan ren
Ka ijan! Kouri lopital san pèdi tan.


Gade enfeksyon nan ren

Doulè ansanm ak dyare
Enfeksyon nan trip mikwòb oubyen parazit lakòz
Chache kote yo pale de “dyare”.
Gwo doulè nan 3 premye mwa gwosès yo ak, anpil fwa, yon san k ap fè ale vini sou nou Ka ijan! Kouri lopital san pèdi tan
Gwo doulè nan 3 dènye mwa gwosès la, avèk oswa san senyen Ka ijan! Kouri lopital san pèdi tan
Ti doulè tanzantan pandan gwosès Sa gen dwa nòmal Nou pa bezwen ankenn tretman
Doulè ansanm ak maladi pipi san rete

Doulè ak pipi san
WWHND10 Ch21 Page 355-4.png
enfeksyon nan vesi oubyen nan ren

pyè nan ren
Gade Enfeksyon nan sistèm irinè
pyè nan ren
Doulè pandan n ap bay dlo blanch oubyen dlo jòn oubyen ti san nan vajen. Doulè sa a konn mache ak lafyèv tou
WWHND10 Ch21 Page 355-5.png

Enfeksyon nan basen yon MST ba nou, oubyen enfeksyon fòs kouch, avòtman oubyen akouchman ka lakòz
Gade “maladi enflamasyon nan basen”, “enfeksyon nan matris”, ak “enfeksyon apre avòtman”
Doulè pandan kontak seksyèl yo
WWHND10 Ch21 Page 356-1.png
Maladi enflamasyon nan basen oubyen mak ki rete apre yon ansyen enfeksyon nan basen
-Yon kis nan ovè
-fibwòm
-lè n oblije fè bagay ak yon nèg san n pa vle
Gade “maladi enflamasyon nan basen”

“pwoblèm nan ovè yo”

"Pwoblèm nan matris"

lè gen doulè nan yon kontak seksyèl
Doulè, lè n ap fè mouvman, lè n ap mache oubyen lè n ap leve chay Yon ansyen enfeksyon nan basen oubyen nenpòt nan pwoblèm ki pi wo yo Pran medikaman pou ti doulè
Doulè ki dire sèlman kèk èd tan, lè nou nan mitan tan ki pase ant lè règ la vini ak lè règ la ap tounen
Ht WWHND Ch21 Page 356-2.png
Kanal andedan vant nou irite lè ovè nou pwodui ovil la paske gen de twa gout san ki tonbe
medikaman pou ti doulè
Gade Chapit 4: Ann chèche konnen kò nou
Doulè, lè n poko gen plis pase 3 semèn depi n mete yon esterilè
WWHND10 Ch21 Page 356-3.png
Esterilè a pi vit fè n trape yon enfeksyon, lè n fè k mete l
Kouri al wè yon travayè sante san pèdi tan
Doulè san ankenn lòt siy enfeksyon nan basen ki ka fè n gen doulè san rete oubyen doulè limen mouri nan vant oubyen nan bout anba do n pandan plizyè mwa oubyen menm pandan plizyè ane Kouri al wè yon travayè sante ki te resevwa fòmasyon pou l fè yon egzamen basen
ienfeksyon nan trip, mikwòb, Al wè yon travayè sante oubyen gade nan liv ki rele Where There is No Doctor.
Timè oubyen kis nan matris oubyen nan ovèAl wè yon travayè sante ki te resevwa fòmasyon pou l fè yon egzamen basen


Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025