Hesperian Health Guides
Konplikasyon nan avòtman
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 15: Avòtman ak konplikasyon li ka bay > Konplikasyon nan avòtman
Lè konplikasyon apre avòtman yo jwenn tretman bonè, sa pwoteje n kont maladi, esterilite ak lanmò. Se pou n kouri chèche laswenyay, si n gen pwoblèm apre avòtman. PA PEDI TAN!
Kontni yo
SI N AP SENYEN ANPIL NAN VAJEN
Emoraji se pwoblèm nou rankontre pi souvan apre yon avòtman. An jeneral, pwoblèm sa a parèt lè matris fanm nan pa fin debarase nèt. Gen kèk moso fetis la ki rete ladan. Konsa, matris la ki pa ka ranmase kò l pou l fèmen pou kont li kontinye ap senyen. Souvan, depi moso fetis yo soti, emoraji a ap sispann. Pafwa tou se kòl matris la ki chire. Konsa, pou san an rete, fòk yo koud kòl matris la.

Yon fanm gen emoraji, si nan mwens pase 30 minit, san ki soti nan vajen li, yon san wouj vif, gentan plen yon kotèks, yon sèvyèt twal oubyen yon rad.
Gen danje tou, lè se yon ti filè san wouj vif k ap desann dousman men san rete. Ak yon pwoblèm konsa, fanm nan gen dwa pèdi yon kantite san trapde. Sa ka mete lavi li an danje. Si l pa gen posiblite pou l jwenn laswenyay nan men doktè (oubyen lòt travayè sante) touswit, fòk li eseye fè san an rete.

Pou san an ka rete
Yon fanm ki gen emoraji ka sèvi ak masaj pou l ede matris la ranmase kò l epi pou l fèmen. Manmzèl ka fè sa pou kont li oubyen tou li gen dwa mande yon lòt moun fè sa pou li. Antouka, se pou l fwote oubyen mase anba ti vant li byen fò. Pandan masaj la ap fèt, fanm nan dwe kouche sou do oubyen tou li ka rete akwoupi.
Si gen moso vyann ki bloke nan matris la oubyen nan kòl matris la, manmzèl ka pouse yo soti. Se pou l rete akwoupi epi l pouse menm jan ak lè l ap fè tata oubyen menm jan ak lè lap akouche.
Menm si teknik sa yo sanble y ap mache, fòk fanm nan jwenn laswenyay nan men doktè touswit. Manmzèl ap bezwen antibyotik epi- si sa poko fèt - fòk yo fin debarase matris la nèt.
ÈD IJAN LÈ N AP SENYEN TWÒP
Travayè sante ak lòt moun ki gen fòmasyon pou yo fè yon egzamen basen, kapab fè operasyon sa a, etap apre etap, pou eseye bloke emoraji a, annatandan matris la debarase nèt.

- Lave men nou epi lave vajen fanm nan byen lave ak savon. Sèvi ak yon dlo pwòp.
- Mete, nan yon men, yon gan kawotyou (latèks) oubyen yon gan plastik. Si n pa jwenn gan, nou ka sèvi ak yon sache plastik, men, tankou gan yo, fòk sache a pwòp nèt. Anvan men ki gen gan an antre nan vajen fanm nan, fòk li pa touche anyen menm.
- Fè fanm nan kouche sou do. Se pou l ekate pye l epi louvri janm li nèt. Ede l kalma.
- Si n gen yon espekoulòm esterilize (nou ka jwenn tout enstriman nou bezwen yo nan bwat zouti pou esterilè, si nou gen youn), se pou n fè l antre nan vajen fanm nan pou n ka wè ouvèti matris la byen. Si n wè ti moso vyann oubyen glòb oubyen boul san, eseye pran yo ak yon fòsèp oubyen yon pens esterilize. Rale yo
- Si n pa gen espekoulòm, eseye antre men ki gen gan an nan vajen an. Kòmanse ak yon sèl dwèt epi, apre sa, nou ka sèvi ak 2 dwèt.
- Chèche kòl matris la. Li pi fèm epi li pi swa pase rès po arebò yo. Li sanble ak desen sa a epi, se prèske menm gwosè a li ye.
- Pase dwèt nou nan ouvèti matris la pou n wè si pa gen moso fetis ki kole nan ouvèti kòl la. N ap santi moso fetis sa yo anba dwèt nou tankou yon vyann ki mou. Eseye rale yo tou dousman. Si yo twò glise, wete men nou epi vlope 2 dwèt ak twal-gaz esterilize oubyen ak yon moso twal ki te deja byen bouyi nan dlo. Rekòmanse rale ti moso vyann yo tou dousman.
- Lè n fin wete ti moso vyann yo, antre men ki gen gan an nan vajen fanm nan, ak 2 dwèt anba matris la. Fwote oubyen mase vant li ak lòt men an pou san an ka rete. Matris la sipoze chita nan mitan 2 men nou.
- Bay fanm nan yon piki ègometrin (0,2 miligram) nan yon misk ki gwo, tankou, paregzanp, nan dèyè oubyen nan kuis. Apre fè l pran yon grenn ègometrin (0,2 miligram), oubyen ba l yon piki ègometrin (0,1 miligram), chak 4 è pandan 24 è.
- Pou n pwoteje manmzèl kont enfeksyon, ba [[#medinfection|li antibyotik kont enfeksyon lejè san pèdi tan. Kòm matris la ouvè, mikwòb ka antre san pwoblèm. Konsa, gen gwo danje enfeksyon.
- Si fanm nan pa nan dòmi, fè l pran sewòm oral. Si l pèdi konesans, gade nan paj k ap vini an.
- Kouri avè l lopital touswit, menm si nou kwè tout ti moso chè yo soti, menm si san an sispann koule. Matris la gen dwa poko fin debarase nèt. Si san an pa sispann koule, kontinye mase anba ti vant fanm nan, pandan n ap mennen l lopital la.
![]() |

![]() |
Se pou n wete tout ti moso vyann ki nan kòl matris la ak yon fòsèp esterilize (sa vle di, yon fòsèp ki pa gen mikwòb sou li). |
![]() |
![]() Kòl matris la, sa vle di kote louvri nan vajen a. |
![]() |
![]() |
TRANSPÒ!
ENDISPOZISYON
Endispozisyon se yon sitiyasyon malouk ki ka mete lavi yon fanm an danje, lè fanm sa a pèdi twòp san. Emoraji entèn (emoraji andedan kò a) ka lakòz endispozisyon tou.TRANSPÒ!
DANJE! Yon fanm gen dwa senyen jiskaske l ENDISPOZE. Li ka menm pèdi lavi l. Fòk yo pote l lopital touswit
Men siy ki ka fè n wè lè yon moun endispoze:
- kè a ap bat vit vit, plis pase 110 batman nan yon minit.
- po fanm nan blenm (si se pa yon moun nwa) li frèt epi li mouye.
- anndan pòpye yo, bouch fanm nan ansanm ak pla men l tou blanch.
- souf fanm nan wo; nan yon minit, li rale souf plis pase 30 fwa.
- li pa konn kote l ye osinon li pèdi konesans.
Si fanm nan poko pèdi konesans, se pou n:
- mete l kouche. Fòk pye li pi wo pase tèt li.
- kouvri l ak yon dra oubyen kèk rad.
- fè l bwè kèk ti gòje dlo oubyen sewòm oral tanzantan, si l kapab.
- ede l rete trankil.
- kòmanse ba l yon sewòm nan venn (zegwi laj) oubyen yon sewòm rektal (nan dèyè), si n konn ki jan pou n fè sa.

Si fanm nan deja pèdi konesans, se pou n:
- mete l kouche sou kote, tèt ba, pye anwo. Fòk tèt la panche dèyè, sou yon bò kabann nan.
TRANSPÒ!
- Pa bliye mete pye li pi wo pase tèt li.
- Rale lang li devan ak dwèt nou, si n santi l ap toufe.
- Netwaye bouch li touswit, si l vomi. Pa bliye mete tèt li ba. Pa bliye panche tèt la dèyè, sou yon bò kabann nan, pou manmzèl pa rale vomi li nan poumon l.
- Pa kite l pran anyen nan bouch - ni manje, ni bwè - toutotan l poko gen inè d tan depi l reprann konesans.
- Kòmanse ba l yon sewòm nan venn ak yon zegwi laj oubyen yon sewòm rektal, si n konn ki jan pou n fè sa.
Pa rete tann yon travayè sante. Mennen fanm nan lopital touswit. Fòk li jwenn laswenyay nan men doktè (oubyen travayè sante) san pèdi tan!
ENFEKSYON
Si fanm nan fè enfeksyon, gen plis chans pou enfeksyon an se yon ti enfeksyon lejè, lè avòtman an fèt anvan 3èm mwa gwosès la (sa vle di, anvan manmzèl gen 12 semèn depi l pa wè règ li).
Yon enfeksyon grav se yon enfeksyon ki gen tan gaye nan san moun ki enfekte a (septisemi). Yon fanm gen plis chans pou l trape yon enfeksyon grav, lè avòtman an fèt apre 3èm oubyen 4èm mwa gwosès la, oubyen tou, lè matris la te blese pandan avòtman an. Gen gwo gwo danje nan yon septisemi (enfeksyon jeneralize). Sa ka lakòz fanm nan pèdi konesans.
Yon fanm ka enfekte paske:
- yo te foure nan matris li yon men oubyen yon zouti ki pa t fin pwòp.
- matris la pa t fin debarase nèt epi rès moso vyann ki rete yo vin enfekte.
- manmzèl te deja gen yon enfeksyon anvan avòtman an.
- matris li te pèse pandan avòtman an.

Siy enfeksyon lejè:
- lafyèv (ki pa twò cho)
- ti doulè nan vant
Tretman enfeksyon lejè:
Pou yon ti enfeksyon lejè pa vin grav, fòk li jwenn tretman touswit. Medikaman pi ba yo ap bay bon rannman. Men, kòm se plizyè kalte mikwòb ki lakòz enfeksyon apre avòtman, yon sèl medikaman pou kont li p ap sifi. Si n pa ka jwenn medikaman pi ba yo, se pou n chèche, nan “Paj Vèt yo”, lòt medikaman ki bon tou. Si fanm nan ap bay timoun tete, lè l trape enfeksyon apre avòtman an, se yon lòt tretman pou enfeksyon nan matris apre akouchman.
Medikaman pou ti enfeksyon lejè apre avòtman
Medikaman: | Ki kantite pou fanm nan pran | Kijan epi ki lè pou l pran yo |
Pran tou 3 medikaman yo: | ||
amoksisilin | 3 gram | vale tout yon sèl kou |
Ak | ||
doksisiklin | 100 miligram | Vale l 2 fwa pa jou jiskaske nou rive lopital |
ATANSYON! Si, nan 48 è d tan (2 jou depi fanm nan ap pran medikaman yo), lafyèv la pa tonbe, fòk manmzèl kouri al chèche laswenyay nan yon sant sante. |
TRANSPÒ!

Siy enfeksyon grav:
- gwo lafyèv frison
- doulè nan misk, feblès ak fatig
- vant anfle, vant rèd, doulè nan vant
- vajen an ap bay yon dlo blanch (oubyen dlo jòn) ki gen move lodè.
Tretman enfeksyon grav:
- kouri ak fanm nan touswit nan yon sant sante oubyen lopital
- kòmanse fè l pran medikaman pi ba yo, menm si nou deja sou wout lopital. Si manmzèl ka vale, ba l medikaman yo ak bon kou dlo:
Medikaman pou enfeksyon grav apre avòtman
Medikaman: | Ki kantite pou fanm nan pran | Kijan epi ki lè pou l pran yo |
Pran tou de medikaman yo: | ||
amoksisilin | 3 gram | vale tout yon sèl kou |
Ak | ||
doksisiklin | 100 miligram | vale 1 2 fwa pa jou pandan 10 jou |
amoksisilin | 3 gram | vale tout yon sèl kou |
Ak | ||
metwonidazòl | 500 miligram | .Vale l 3 fwa pa jou jis nou rive lopital |
Si fanm nan pa ka vale, ba li medikaman ki anba yo, si ou konnen kijan pou bay piki oswa medikaman nan venn. Men pa pèdi tan. Mennen fanm nan kay doktè oswa lopital pi vit posib. Li bezwen tretman touswit.
Piki pou enfeksyon grav apre avòtman
ATANSYON! Toutotan fanm nan poko pase 2 jou (48 tè) san lafyèv, fòk li pran piki entravenez (piki nan venn) oubyen entramiskilè (piki nan misk) .
|
||
Tretman nimewo 1 (pi bon an): Ba fanm nan tout (3) medikaman yo | ||
Medikaman: | Ki kantite | Kilè epi kijan: |
Pran tou de medikaman yo: | ||
bennzilpenisilin | 5 milyon inite | 4 fwa pa jou, EV |
jenntamisin | 80 mg pou premye dòz la, 60 mg pou chak lòt dòz yo | 3 fwa pa jou, EM |
metwonidazòl | 1 gram | 2 fwa pa jou, swa nan bouch, swa nan venn |
Tretman nimewo 2 (pi bon an): Ba fanm nan tout 2 medikaman yo | ||
Medikaman: | Ki kantite | Kilè epi kijan: |
Pran tou de medikaman yo: | ||
doksisiklin | 100 mg | 2 fwa pa jou, swa nan bouch, swa EV |
jenntamisin | 80 mg pou premye dòz la, 60 mg pou chak lòt dòz yo | 3 fwa pa jou, EM |
metwonidazòl | 1 gram pou pre | 2 fwa pa jou, oubyen EV, oubyen nan bouch |
Tretman nimewo 3 (pi bon an): Ba fanm nan tout 2 medikaman yo | ||
Medikaman: | Ki kantite | Kilè epi kijan: |
Pran tou de medikaman yo: | ||
bennzilpenisilin | 5 milyon inite | 4 fwa pa jou, EV |
Kloramfenikòl | 1 gram pou pre | 4 fwa pa jou, EV |
Apre 2 jou (48 tè) san lafyèv, fè fanm nan bwè medikaman sa a: | ||
Medikaman: | Ki kantite | Kilè epi kijan: |
Pran tou de medikaman yo: | ||
doksisiklin | 100 mg | 2 fwa pa jou, pandan 10 jou nan bouch |
Si fanm nan ap bay timoun tete, se pou l bwè amoksisilin pito (nan plas doksisiklin nan), 500 mg, 3 fwa pa jou, pandan 10 jou. |
BLESE ANDEDAN KÒ A (BLESE ENTÈN)
Anpil fwa, medam yo gen pwoblèm sa a lè yon zouti pwenti rive pèse matris yo. Yon mòd zouti konsa ka domaje tou lòt pati nan kò a, tankou twonp Falòp yo, ovè yo, trip yo ak vesi a.
Lè yon fanm blese nan kò l, li gen dwa gen gwo emoraji entèn, men li ka prèske pa bay san nan vajen li.
Siy (fanm nan ka gen kèk nan siy sa yo oubyen tout ansanm):
![]() |
Listen for gurgles for 2 minutes. |
- vant rèd, vant di tankou yon bout bwa. Vant nan pa p bouyi. Si n mete zòrèy nou sou li, nou pa p tande ankenn son
- gwo doulè oubyen lakranp nan vant
- lafyèv
- kè plen ak vomisman
- doulè nan yon zepòl oubyen nan tou 2 zepòl yo
Tretman:
TRANSPÒ!
- Pa pran tan pou n kouri ak fanm nan lopital oubyen nan yon klinik kote yo ka fè l operasyon. Fòk yon chirijyen rezoud pwoblèm nan san pèdi tan. Si se pa sa, fanm nan ka trape yon enfeksyon, li ka gen chòk, li gen dwa menm pèdi lavi l.
- Pa kite fanm nan bwè ni manje anyen - menm dlo li pa dwe bwè - sòf si l ap pran plis pase 12 è d tan anvan l rive nan yon sant sante. Lè sa a, se pou n ba l dlo a ti gout pa ti gout sèlman. Oubyen tou nou ka fè l souse yon moso twal ki tranpe nan dlo.
- Si l bay siy chòk, se pou n suiv tretman pou sa a. Fòk nou pa kite anyen bloke bouch li. Fòk nou fè tout sa n kapab, pou l ka respire nòmalman.
- Fè fanm nan pran medikaman pou enfeksyon grav yo, men se sèlman piki oubyen EV nou ka ba li. Si gen posiblite, bay manmzèl yon sewòm antitetanik (gade nan paj 515)
{{spannote|||
SI N AP PÈDI KONESANS | ||
![]() |
Si n santi n ap pèdi konesans, nou kapab byen pral gen pwoblèm chòk apre avòtman. Se swa emoraji, swa gwo blese nan kò nou, oubyen enfeksyon ki ka lakòz chòk apre avòtman. [[Si n santi n ap pèdi konesans, nou kapab byen pral gen pwoblèm chòk apre avòtman. Se swa emoraji, swa gwo blese nan kò nou, oubyen enfeksyon ki ka lakòz chòk apre avòtman. Chache ak tretman pwoblèm sa a. Si yon fanm pèdi konesans epi l revni touswit, epi li pa montre ankenn siy chòk, se pou n fè l bwè anpil likid epi se pou n kontinye suiv manmzèl ak anpil atansyon.shock|Chache ak tretman pwoblèm sa a]]. Si yon fanm pèdi konesans epi l revni touswit, epi li pa montre ankenn siy chòk, se pou n fè l bwè anpil likid epi se pou n kontinye suiv manmzèl ak anpil atansyon. |