Hesperian Health Guides

Règ yo

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Yon fwa chak mwa pou pi piti, pandan l nan laj kote l ka fè pitit, yon fanm pase de twa jou kote l ap bay san. San an soti nan matris, li pase nan ouvèti vajinal la pou l al deyò. Yo rele fenomèn sa a “règ”, “san chak mwa”, “peryòd”, oubyen “manstriyasyon”. Se yon bagay nòmal ki antre nan preparasyon kò a ap fè, pou l prepare tèt li pou gwosès.

women from different cultures talking
Toupatou sou latè, medam yo gen divès non yo bay fenomèn règ la.
Mwen wè lalin.
Mwen gen yon zanmi ki sot an risi.
Vizitè ki sot peyi Larisi a vini.
M gen san chak mwa.
Mwen gen peryòd mwen.
Maria ap kriye..
M gen yon vizitè.

Pi fò fanm konsidere règ yo tankou yon pati nòmal nan lavi yo. Men pi souvan, yo pa konn poukisa yo gen règ e yo pa konnen.

Chak konbyen jou règ la vini

Kantite jou medam yo pran pou yo gen règ rele “sik mansyèl” oubyen“sik manstriyèl”. Chak fanm gen pwòp sik manstriyèl pa l. Li kòmanse premye jou règ la. Pi fò fanm gen règ yo chak 28 jou. Men, gen kèk ki genyen l pi souvan - chak 20 jou, paregzanp. Epi, gen lòt ki pran anpil tan - jiska 45 jou, paregzanp.

Kantite òmòn, kantite estwojèn ak kantite pwojestewòn ovè yo pwodui chanje pandan tout sik manstriyèl la. Pandan premye mwatye tan sa a, ovè yo pwodui plis estwojèn. Estwojèn nan fè yon kouch san pwès melanje ak vyann vin parèt andedan matris la. Kò a fabrike kouch san sa a pou, sizoka fanm nan ta ansent, tibebe ka jwenn yon nich konfòtab pou l devlope.

Nan mitan sik la, lè kouch san an fin pare, gen yon ovil ki soti nan youn nan ovè yo. Se fenomèn sa a ki rele ovilasyon. Ovil la travèse youn nan twonp falòp yo pou l antre nan matris la. Se nan moman sa a, yon fanm ka ansent. Si nan menm peryòd la, fanm nan al nan relasyon seksyèl, espèmatozoyid gason an ka al kole kò l ak ovil la. Fenomèn sa a rele fekondasyon. Se kòmansman yon gwosès.

Yon fanm ka wè tan ki pase ant chak règ yo ap chanje, plis l ap vin granmoun, apre akouchman oubyen akòz tèt chaje.

Pandan dezyèm mwatye sik la – jouk règ lòt mwa a vini - fanm nan pwodui pwojestewòn tou. Pwojestewòn nan fè kouch san ki nan matris la prepare l pou yon gwosès. Men, pi souvan, pa gen fekondasyon. Konsa, kouch san ki nan matris la pa itil. Se poutèt sa ovè yo sispann pwodui estwojèn ak pwojestewòn epi kouch san an pete. Ovil la soti ansanm ak san an, lè fanm nan gen règ li. Se konsa yon lòt sik manstriyèl kòmanse. Apre règ la, ovè yo rekòmanse pwodui plis estwojèn e yon lòt kouch san rekòmanse devlope nan matris la.


Sik manstriyasyon / peryòd règ
four drawings that show the changes in a woman's reproductive parts during the monthly cycle
Pandan règ la ligaman yo separe
san
Touswit apre règ la
twonp yo
ovè
kouch san
matris
vajen
Lè ovè a bay yon ze...
...ligaman yo vin pi mens.
ze
5 jou apre ovilasyon an ligaman yo vin pi mens toujou.

Pwoblèm ki mache ak règ yo

Si w gen pwoblèm ak règ ou, eseye pale ak manman w, sè w oubyen zanmi w. Yo menm tou, yo ka gen menm pwoblèm nan. Lè sa a, yo ka ba w konsèy.

Chanjman nan règ yo

Plis enfòmasyon
sik manstriyèl ki pa regilyè
lè w ap grandi

Menstrual cycles may change over time. Young people whose periods have just begun and people Pafwa, ovè yo pa pwodui ovil. Lè sa rive, kò a fabrike mwens pwojestewòn. Rezilta: ka gen chanjman nan kantite tan règ la pran pou l vini ak nan kantite san fanm nan ka bay. Jenn fanm ki fèk fòme – oubyen fanm ki fèk sevre yon timoun - ka gen règ yon fwa chak 2, 3 mwa sèlman, oubyen yo ka bay yon ti kras san oubyen yo ka bay twòp. An jeneral, piplis tan ap pase, règ yo vin nòmal.

Medam ki ap sèvi ak metòd planin òmonal yo konn wè règ yo, kèk fwa, nan mitan mwa a. N ap jwenn plis enfòmasyon sou chanjman ki konn mache ak itilizasyon metòd planin familyal òmonal yo, depi nan Chapit 13.

Fanm ki kòmanse granmoun men ki pa ko rete ka gen règ pi souvan e yo ka bay plis san pase lè yo te jenn fanm. Lè lè a pral rive pou yo rete, yo ka sispann gen règ pandan kèk mwa, epi, pi devan, yo ka rekòmanse gen règ jan yo te konn genyen l lan.

Doulè ki mache ak règ yo

Pandan règ yo, matris la ap fè efò pou l ka pouse kouch san an deyò. Efò sa yo ka ban nou doulè anba ti vant oubyen nan bout anba do n. Kèk fwa, yo rele doulè sa yo kranp. Yo ka kòmanse lè règ la pral vini oubyen touswit apre règ la.

Kisa pou w fè:
illustration of the below: a thumb pressing on a hand
Lè nou peze pati mou ki ant gwo pous la ak endèks la byen fò, nou ka jwenn soulajman ak anpil fòm doulè. Gade nan Masaj chinwa pou n wè ki lòt kote nou ka peze pou n jwenn soulajman ak doulè ki mache ak règ yo.
  • Mase anba ti vant ou. Kòm se sere (kontrakte) mis yo sere, sa va ede yo lage.
  • Plen yon boutèy plastik oubyen yon lòt veso ak dlo cho epi mete l anba ti vant ou oubyen sou bout anba do w. Oubyen, ou gen dwa tranpe yon twal pwès nan dlo cho, pou w fè sa.
  • Bwè te fèy franbwaz, te jenjanm oubyen te kamomiy. Medam nan zòn lakay ou yo kapab konn lòt te oubyen lòt remèd ki bon pou doulè sa yo.
  • Kontinye fè travay ou chak jou.
  • Eseye fè egzèsis. Eseye mache.
  • Pran yon grenn pou doulè (analjezik). Ibipwofèn bon anpil pou doulè ki mache ak règ.
  • Si w ap bay anpil san epi ankenn lòt remèd pa ba w soulajman, eseye pran yon grenn planin “ti dòz”, pandan 6 a 12 mwa. Sa ka ba w rezilta.

Sendwòm anvan règ

Gen kèk fanm ki konn santi yo pa anfòm ditou kèk jou anvan règ yo vini. Yo ka gen youn oubyen plizyè siy sa yo ki rele Sendwòm anvan règ (SAR) Medam sa yo ka santi:

  • tete yo ap fè yo mal
  • anba ti vant yo plen
  • yo konstipe (yo pa ka fè bezwen yo)
  • yo bouke anpil
  • doulè nan mis, sitou anba ti vant ak nan zòn anba do yo.
  • chanjman nan jan pati siperyè yo mouye
  • figi yo gra oubyen chaje ak tach (bouton).
  • yon seri gwo sansasyon yo mal pou kontwole.


Anpil fanm genyen youn nan siy sa yo chak mwa pou pi piti, men gen kèk fanm ki ka gen tout yon sèl kou. Yon fanm konn pa gen menm siy yo chak mwa. Anpil fanm pa santi yo trankil anvan règ yo kòmanse. Men gen kèk fanm tou ki pi santi yo ka kreye bèl bagay oubyen fè bagay mache nan peryòd sa a.

four young women playing basketball
Kèk fwa, espò ka ede w jwenn yon soulajman ak siy SAR yo.
Kisa pou w fè::

Tretman SAR nan diferan pou chak fanm. Pou yon fanm jwenn yon soulajman, li ta dwe eseye divès remèd epi, chak fwa, li ta gade pou l wè kiyès nan remèd sa yo ki pi bon pou li. Men anvan, eseye suiv tout konsèy nou bay deja yo pou doulè ki mache ak règ.

Ou ka jwenn yon soulajman tou, si w:

  • manje mwens sèl. Sèl fè kò a kenbe plis dlo. Sa ka fè w santi anba ti vant ou pi plen ankò.
  • eseye pa pran kafeyin (nou jwenn sa nan kafe, te ak kèk lòt bwason tankou kola, sitou koka-kola).
  • eseye manje sereyal, pistach, pwason fre, vyann ak lèt, oubyen tout lòt manje ki chaje pwoteyin. Lè kò a jwenn manje sa yo, li voye tout dlo ki twòp pou li jete. Konsa, w ap santi vant ou pa twò plen ni twò rèd.
  • eseye pran remèd fèy. Mande medam granmoun yo ki remèd ki bon pou pwoblèm sa yo.





Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025