Hesperian Health Guides
Enfeksyon nan sistèm irinè
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 23: Pwoblèm nan sistèm irinè > Enfeksyon nan sistèm irinè
Gen 2 gwo kalite enfeksyon nan sistèm irinè. Se enfeksyon vesi nou rankontre pi souvan. Se li ki jwenn tretman pi fasil. Enfeksyon nan ren grav anpil. Li ka donmaje ren nou pou lavi diran e li ka menm fè n pèdi lavi n.
KI SA KILAKÒZ ENFEKSYON NAN VESI AK ENFEKSYON NAN REN?
Yon jenn ti fi, yon fanm nenpòt ki laj - menm yon ti bebe - ka trape enfeksyon nan sistèm irinè.
Se mikwòb (bakteri) ki lakòz enfeksyon nan sistèm irinè. Bakteri pase nan twou pipi ki devan vajen an pou yo antre nan kò nou. Fanm pi vit trape enfeksyon pase gason, paske kanal ki anba blad pipi fanm nan pi kout anpil pase pa gason. Konsa, mikwòb ka pase pi fasil nan kanal fanm nan pou rive nan vesi a.
Men ki lè mikwòb yo antre oubyen kòmanse vini anpil nan kò yon fanm:
- nan fè lanmou. Pandan yon kontak seksyèl, jèm mikwòb ki lan vajen an ak nan twou dèyè a ka pase nan twou pipi a pou file monte nan kanal pipi a. Se youn nan fason yon fanm pi vit trape enfeksyon nan vesi. Pou n pa kite mòd enfeksyon sa a rive n, fòk nou fè pipi, touswit apre nou fin fè lanmou. Sa ap netwaye kanal pipi a (men sa p ap anpeche n ansent).
- lè fanm nan pase anpil tan san bwè likid, sitou si l travay deyò nan gwo chalè kote li swe anpil. Mikwòb ap kòmanse vin anpil nan vesi a, lè l vid. Nan yon ka konsa, fòk nou eseye bwè 8 vè likid chak jou. Fòk nou bwè plis likid toujou, si se anba gwo flanm solèy n ap travay.
- lè fanm nan pase anpil tan san l pa pipi (paregzanp, lè l ap vwayaje). Mikwòb ki chita lontan nan sistèm irinè a ka lakòz enfeksyon. Pou n evite sa, fòk nou eseye fè pipi chak 3è, 4è.
Montre ti fi yo ki jan pou yo siye dèyè yo kòrèteman, lè yo fin fè twalèt.
- lè fanm nan pa kenbe bout anba l pwòp. Mikwòb ki nan tout bout anba yon fanm - sitou nan twou dèyè l - ka antre nan twou pipi l e ka lakòz enfeksyon. Fè twalèt deba n chak jou epi, lè n fin poupou, toujou siye nou soti devan pou al dèyè. Si nou fè l soti dèyè pou al devan, tout mikwòb k ap soti nan twou dèyè n ka antre nan vajen nou. Anvan n al fè lanmou, fòk nou toujou fè twalèt deba n. Fòk kotèks oubyen twal nou mete lè n gen règ nou toujou pwòp.
- lè fanm nan gen domaj, sitou si l blese nan kolòn vètebral li oubyen si bout anba l pòk. Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade nan liv ki rele Where There Is No Doctor (“Kote ki pa gen doktè”) a ak nan lòt liv ki rele “Timoun nan kominote a ki donmaje”. Where There Is No Doctor ak A Health Handbook for Women with Disabilities.
- nenpòt pami siy enfeksyon nan vesi yo
- lafyèv frison
- doulè nan bout anba do n. Doulè sa a konn malouk anpil. Li ka soti devan, pase bò kòt nou pou l rive nan do n
- kè plen ak vomisman
- gwo soufrans ak feblès
Si nou gen siy enfeksyon nan ren, kapab se enfeksyon nan ren nou genyen.
Tretman pou enfeksyon nan vesi:
Anpil fwa, n ap ka trete yon enfeksyon nan vesi ak renmèd lakay. Men depi n wè siy yo parèt, fòk nou kòmanse tretman an. Pafwa, enfeksyon nan vesi a ka monte trapde nan kanal pipi yo pou l al kontamine ren yo.
- Bwè bon valè dlo. Eseye bwè pou pi piti yon vè dlo pwòp, chak 30 minit. Sa ap fè n pipi souvan. Pafwa, jèm mikwòb yo ap gen tan koule desann anvan enfeksyon an gen tan vin pi grav.
- Fòk nou ta sispann fè lanmou, toutotan siy yo pa disparèt nèt.
- Fè yon te ak flè, grenn oubyen fèy ki konn trete enfeksyon nan sistèm irinè. Mande granmoun fanm yo ki plant ki bon pou sa.
Yon fanm ki gen yon MST, sitou si se klamidya li genyen, ka santi kanal li boule l, lè l ap fè pipi.
Si, apre plis pase 2 jou, nou pa santi n refè, se pou n al wè yon travayè sante. Nou gen dwa panse se yon enfeksyon irinè nou fè, alòske se yon MST nou trape.
| Si nan youn oubyen 2 jou, nou pa santi n refè, se pou n sispann pran renmèd fèy pou n kòmanse ak medikaman ki nan kare ki pi ba a. | ||
| Medikaman pou Enfeksyon nan Vesi |
||
|---|---|---|
| Medikaman | Ki kantite pou n pran | Ki jan epi ki lè |
| amoksisilin | 3g (3000 miligram) | se yon sèl kou pou n bwè medikaman an |
| oubyen kotrimoksazòl 480 mg (80 mg trimethoprim ak 400 mg sulfaamethoxazole |
4 konprime | se yon sèl kou pou n bwè medikaman an |
Tretman enfeksyon nan ren:
Nou pa dwe rete nan renmèd fèy sèlman, si n gen enfeksyon nan ren. Kòmanse pran medikaman pi ba yo san pèdi tan. Men si, nan 2 jou, nou pa kòmanse refè, se pou n al wè yon travayè sante.
| Medikaman pou Enfeksyon nan Ren | ||
|---|---|---|
| Medikaman | Ki kantite pou n pran | Ki jan epi ki lè |
| amoksisilin | 500 mg | bwè li 3 fwa pa jou pandan 10 jou. |
| oubyen kotrimoksazòl 480 mg (80 mg trimethoprim ak 400 mg sulfaamethoxazole |
2 konprime | bwè li 3 fwa pa jou pandan 10 jou |
| Si lè n bwè grenn, nou gen vomisman, pito n pran: | ||
| anpisilin | 500 mg | valign=top> Piki nan misk (EM) 4 fwa pa jou |
| jenntamisin | 500 mg | Piki nan misk (EM) 3 fwa pa jou. |
| Lè n santi n ka rekòmanse bwè grenn san n pa vomi, nou gen dwa sispann ak piki yo, pou n kontinye, pandan 7 jou ankò ak konprime pou enfeksyon nan ren yo. | ||