Hesperian Health Guides

Swen pou manman ak tibebe apre akouchman

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Touswit apre akouchman an

Ankouraje manman an pou l bay tibebe a tete. Sa ap fè san an sispann koule pi vit. An menm tan:

  • Tyeke bout anlè matris manman an. Li dwe di epi yon ti jan won, nan zòn lonbrik fanm nan. Si matris la parèt mou, mande manman an pou l fè pipi. Apre, mase matris la jouk li vin di.
  • Egzamine vajen manman an. Si l gen yon blese long epi fon, oubyen si blese a pa sispann bay san, fòk yo ta koud li. Natirèlman, moun ki pou koud blese a, se yon moun ki pran fòmasyon pou sa.
  • Bay manman an yon bon valè likid pou l bwè. Ba l manje tou, si l grangou.

Swen pou tibebe

Sizoka manman an pa ta konn sa, fè l konnen se lèt manman ki pi bon manje pou tibebe a. Kite timoun nan ak manman an pou l pran tete ansanm ak chalè kò manman an. Ankouraje manman an pou l kenbe timoun nan cho, pwòp, epi pou li kite l tete chak fwa l bezwen.

Kèk fwa, tibebe yo konn gen yon lasi tou jòn k ap soti nan je yo, nan premye semèn apre akouchman an. Ou ka netwaye je yo, swa ak lèt manman an, swa ak yon dlo fre ki te byen bouyi avèk yon moso twal byen pwòp. Fòk ou fè yon travayè sante wè tibebe a, si jamè je yo vin wouj, anfle, ak lè gen yon pakèt pi.

Kijan pou w pran swen lonbrik la

Lonbrik tibebe a dwe ret pwòp epi sèk. Si gen posiblite, netwaye l ak alkòl avèk yon moso twal byen pwòp, chak fwa w ap chanje kouchèt timoun nan. L ap vin nwa epi l ap tonbe depi nan premye semèn nan. Ou pa bezwen mare l ak anyen, sof si gen mouch oubyen pousyè. Lè sa a, ou ka sèvi swa ak yon twal gaz, swa ak yon lòt moso twal byen pwòp, pou w mare l san w pa sere l.

Si w remake zòn lonbrik la wouj, osinon si l ap fè pi, timoun nan kapab fè yon enfeksyon. Fòk ou fè yon travayè sante wè timoun nan, ki dwe pran antibyotik san pèdi tan.

Tetanòs kay ti bebe

Kisa k dwe fèt:

TRANSPÒ!

Mennen tibebe a nan yon sant sante oubyen lopital san pèdi tan. Si w gen pou w pase plis pase 2 è d tan sou wout anvan w rive lopital la, bay timoun nan yon piki 100.000 inite benzilpenisilin, si w konn fè piki.

Nan premye semèn apre akouchman

Menm jan ak tibebe a, manman an bezwen swen apre akouchman tou. Souvan, moun yo tèlman okipe ak tibebe a, yo bliye si manman an bezwen swen tou.

  • Pou anpeche enfeksyon, manman an pa dwe fè lanmou, li pa dwe foure anyen nan vajen li toutotan san an pa sispann koule nèt.
a woman lying in bed next to a baby
  • Li dwe pran bon jan repo pandan 6 semèn pou pi piti.
  • Li dwe fè kou l konnen pou l rete pwòp. Fòk li lave vajen. Fòk tout aparèy jenital li rete pwòp. Sa ap bon pou li. Toutan l pa ko gen yon semèn depi l akouche, li pa dwe chita nan dlo, lè l ap benyen.
  • Yon fanm ki fèk sot akouche bezwen plis manje pase tout lòt lè. Li gen dwa manje tout kalte manje: pwason, vyann, pwa, sereyal, legim ak fwi ap ede l refè. Manje sa yo ap ba l enèji pou l ka jwe wòl li kòm manman.
  • Fòk li bwè anpil likid.
a woman breastfeeding a baby while sitting in a wheelchair
  • Si l bay tibebe a tete, sètadi, si l pa bay tibebe ankenn lòt lèt, sa ap anpeche l ansent touswit.
  • Si l blese nan vajen li, fòk li kenbe blese a pwòp. Li gen dwa tranpe yon moso twal bouyi nan siwo myèl pou l pase sou blese a. Sa ap fè l santi l pi byen epi sa ap fè blese a geri pi vit. Si, kèk fwa, blese a boule l, li gen dwa vide dlo sou vajen an, lè l ap fè pipi kote. Li dwe netwaye byen netwaye (bouyi ap pi bon) nenpòt ki renmèd fèy l ap mete sou vajen li. Pa foure ankenn renmèd fèy andedan vajen an.
  • Li dwe kòmanse suiv yon metòd planin familyal, sitou si l deja bay timoun nan yon lòt manje mete sou lèt ki nan tete l. Nan enterè pwòp sante l, fòk li deja kòmanse ak metòd planin nan, depi anvan li rekòmanse fè lanmou. Si se pa sa, li ka ansent twò bonè.

Siy danje nan de twa premye jou ki vin apre akouchman an

Lè fanm nan ap bay san

An jeneral, se moso plasennta ki rete nan matris la ki lakòz san kontinye koule plis pase yon jou apre akouchman an.

Kisa k dwe fèt:
  1. Mase bout anlè matris la jouk li vin di, epi jouk san an sispann koule. Fè timoun nan tete oubyen fè yon lòt moun woule pwent tete manman an.
  2. TRANSPÒ!

  3. Bay fanm nan ègometrin, 0,2 miligram, si se piki nan kuis. Si apre 15 minit, fanm nan kontinye ap bay san, ba l menm kantite ègometrin nan ankò.
  4. Si san an pa sispann koule, chèche konkou doktè. Kontinye fè masaj sou matris la pandan nou sou wout lopital la.
  5. Si fanm nan gen siy enfeksyon, ba li menm antibyotik sila a nou pral konseye w sèvi nan ka yon enfeksyon nan matris.

Enfeksyon nan matris

Enfeksyon nan matris gen gwo danje. Fòk li jwenn tretman touswit. Si se pa sa, fanm nan ka pèdi kapasite pou l fè pitit oubyen li ka menm pèdi lavi li.

Siy enfeksyon nan matris
a woman holding her belly in pain next to a bed where a baby sleeps
  • lafyèv ak frison
  • doulè nan vant; epi vant nan sansib tou
  • vajen an ap bay yon ti dlo ki pa santi bon

Tretman:

1. Si fanm nan gen siy nou sot site yo, ba li youn nan maryaj medikaman sa yo:
  • Premye chwa: se pou l bwè 1 gram (1000 mg) amoksisilin, 3 fwa pa jou, pandan 10 jou, plis 500 miligram metwonidazòl, 2 fwa pa jou, pandan 10 jou.
  • Dezyèm chwa: se swa yon piki 800.000 inite penisilin pwokayin nan dèyè, 2 fwa pa jou, pandan 7 jou, swa yon konprime 400.000 inite (250gm), 4 fwa pa jou, pandan 7 jou, plis 1 gram kloramfenikòl, yon premye fwa, epi apre sa, 500 mg kloramfenikòl, 4 fwa pa jou, pandan 7 jou.
2. Ankouraje fanm nan bwè anpil likid. Si yon jou apre l fin kòmanse ak medikaman yo, li pa santi l pi byen, fòk ou kouri avè l nan lopital ki pi pre a.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025