Hesperian Health Guides

Chapit 24: Kansè ak lòt timè

SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 24: Kansè ak lòt timè

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

women discussing a list of ways to prevent cancer: nutritious food, protection from STIs, and not smoking or chewing tobacco

Kansè se yon maladi ki ka atake divès pati nan kò nou. Anpil fwa, si n chache laswenyaj san pèdi tan, nou ka rive jwenn tretman. Men si n tann twòp, nou ka pèdi lavi nou. Kansè touye anpil moun, sitou sila yo ki pa gen mwayen pou y al chache laswenyay kay doktè.

WWHND10 Ch24 Page 376-1.png
Selil kansè yo tèlman piti,
nou pa ka wè yo san mikwoskòp.

Anpil fwa, medam yo derefize al wè yon travayè sante oubyen kay yon doktè, toutotan yo poko malad byen grav. Konsa, fanm ki gen kansè pi fasil gen tan sibi gwo ravaj oubyen mouri fasil, paske pa gen posiblite pou doktè dekouvri kansè a bonè. Yon lòt bò, gen moun ki konsidere kansè tankou yon madichon. Konsa, pou kèk fanmi ak kèk kominote, se madichon ki tonbe sou fanm k ap soufri ak kansè. Se poutèt sa tou, yo gen dwa pran desizyon mete malad la nan kanpe lwen. Men se pa malad la sèlman ki soufri, lè yo fèmen l yon kote, se tout kominote a ki peye sa, paske tout moun pèdi yon chans pou yo ta konnen ki dega kansè ka fè sou moun.

KISA KANSÈ YE?

Kò moun menm jan ak kò tout bèt, ansanm ak tout plant fèt ak yon bann ti “pyès” ki rele selil. Selil yo tèlman piti, se sèl nan yon zouti ki rele mikwoskòp nou ka wè yo. Pafwa, selil yo tonbe devlope an dezòd. Se sa ki konn lakòz moun gen ti boul (timè) nan kò yo. Gen timè ki disparèt pou kont yo, san tretman. Men gen lòt timè ki kontinye gwosi epi gaye kò yo. Mòd timè sa yo ka ban nou gwo pwoblèm sante. Pi fò timè pa vin tounen kansè, men gen kèk ki tounen kansè kanmèm.

“Timè” se yon lòt non yo bay ti boul oubyen enflamasyon. Gen timè ki se kansè, gen lòt ki pa gen anyen pou yo wè ak kansè.

Kansè antre sou nou, lè kèk selil tonbe devlope san kontwòl epi yo kòmanse anvayi kèk pati nan kò nou. Lè yo detekte kansè a bonè, anpil fwa, yo ka rive fè yon operasyon pou wete l, oubyen yo ka trete l swa ak medikaman, swa ak radyasyon (reyon). Lè sa a, genyen anpil chans pou malad la geri. Men depi kansè a fin gaye nan kò malad la, gerizon an ap vin pi difisil e kèk fwa menm, gerizon an ka enposib.


Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025