Hesperian Health Guides
Pwoblèm nan matris
Kontni yo
BOU NAN MATRIS
Fibwòm
Fibwòm se non kèk timè fanm konn genyen nan matris yo. Timè sa yo ka fè medam yo senyen yon jan ki pa nòmal. Fanm ki gen fibwòm ka gen doulè anba ti vant tou. Menm pwoblèm fibwòm sa a ka lakòz yon fanm fè fos kouch san rete. An jeneral, timè sa yo pa gen ankennn rapò ak kansè.
Siy:
- fanm nan bay anpil san, lè l gen règ li oubyen tou li bay san, menm lè l pa gen règ.
- anba ti vant fanm nan fè l mal oubyen li vin sansib anpil
- fanm nan gen gwo doulè, lè l ap fè lanmou.
| Yon tès iltrason se yon tès ki ka montre ki gwosè fibwòm la ye |
Depistaj ak tretman fibwòm
An jeneral, se pandan yon egzamen basen, yo ka dekouvri si yon fanm gen fibwòm. Y ap wè matris la parèt twò gwo oubyen tou y ap wè li pa gen fòm nòmal li.
Si fibwòm yo bay pwoblèm, yo ka fè yon operasyon pou boule yo. Pafwa, se tout matris la yo oblije boule. Men nan pi fò ka yo, malad la pa bezwen fè operasyon paske, an jeneral, fibwòm yo vin pi piti lè medam yo fin rete (menopoz) epi yo sispann bay pwoblèm. Si fibwòm lakòz nou bay anpil san, lè n gen règ nou, nou gen dwa vin anemi. Fòk nou eseye manje manje ki chaje ak Fè.
Polip
Polip se non kèk timè ki gen koulè woujdiven. Timè sa yo ka devlope swa andedan matris la swa nan kòl matris la. Nan pi fò ka yo, polip pa gen anyen pou l wè ak kansè.
Siy:
- fanm nan senyen, lè l fin kouche ak gason.
- fanm nan senyen anpil, lè l gen règ oubyen tou li bay san, menm lè l pa gen règ.
Depistaj polip ak tretman polip
Pandan yon egzamen basen, yon travayè sante ki resevwa bon jan antrènman ka dekouvri polip la epi wete l san pwoblèm ni doulè. Pou jwenn polip k ap devlope andedan matris la menm, fòk yo grate andedan matris la, sa vle di fòk yo fè yon dilatasyon ak kitaj k ap pèmèt yo tou wete polip yo. Apre sa, y ap voye boul yo wete a nan laboratwa pou yon espesyalis wè si fanm nan pa gen pwoblèm kansè. Depi polip yo fin soti, yo pa kontinye pouse ankò nan matris fanm nan.
KANSÈ NAN MATRIS
(KANSÈ ITERIS, KANSÈ ANDOMÈT)
An jeneral, kansè matris kòmanse nan doubli ki andedan matris la (sa vle di nan sa ki rele “andomèt” la). Si malad la pa jwenn laswenyay, kansè a gen dwa anvayi matris la ansanm ak lòt pati ak lòt pati nan kò a. Nan pi fò ka yo, mòd kansè sa a atake fanm:
- ki gen plis pase 40 an, sitou sila yo ki deja rete (menopòz).
- ki twò gwo
- ki gen dyabèt
- ki te konn pran òmòn ki rele estwojèn nan,san yo pa pran òmòn ki rele pwojestewòn nan
Siy:
- fanm nan bay anpil san, lè l gen règ li.
- règ la pa gen lè pou l vini, Kon sa li vini iregilyè oubyen tou fanm nan gen dwa bay san, menm lè l pa gen règ.
- fanm nan kontinye bay san, malgre li deja fè menopoz.
Depistaj ak tretman kansè nan matris
Pou dekouvri si yon fanm fè kansè nan matris, yon travayè sante ki te pran bon jan antrènman dwe fè yon dilatasyon ak kitaj oubyen yon byopsi pou fanm nan. Apre sa, l ap voye tisi a (moso vyann la) nan yon laboratwa kote y ap wè si manmzèl gen kansè nan matris. Si rezilta a pozitif, sa vle di si fanm nan gen kansè, fòk yo fè l operasyon san pèdi tan pou wete matris la (yo rele sa “istrektomi”). Yo gen dwa fè tretman an ak reyon tou.
Plis enfòmasyon
lè n ap senyen yon jan ki pa nòmallè règ nou vin fò oubyen lè règ nou vini nan mitan mwa a
Si depistaj kansè matris la fèt bonè, malad la ka jwenn gerizon. Si maladi a gen tan vale teren, tretman an ap vin pi difisil.