Hesperian Health Guides
Ann mete kontwòl sou pwòp sante seksyèl nou
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit_12:_Sante_seksyèl > Ann mete kontwòl sou pwòp sante seksyèl nou
Kontni yo
Plis enfòmasyon
MSTVIH/SIDA
- Pa pran twòp chans pou n pa ansent san n pa vle, epi fòk nou pwoteje tèt nou kont MST yo. Konsa, fòk fanm rive jwenn enfòmasyon sou metòd planin familyal yo, epi sou jan pou yo pa trape VIH/SIDA ak lòt MST yo (metòd ak pratik ki met plis sekirite nan kontak seksyèl yo). Se medam yo tou ki dwe deside ki lè y ap sèvi ak metòd sa yo. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou planin familyal ak fason pou n chwazi yon metòd ki pi bon pou nou, gade nan chapit sou “Planin Familyal” la. Pou n jwenn enfòmasyon sou plis pwoteksyon nan kontak seksyèl yo, gade nan pati k ap vini an.

- Pran plis plezi nan fè lanmou.' Fòk youn pa chèche plezi nan sa ki ka mete lòt la an danje.
- Chanje wòl ki nwizib epi kwayans ki nwizib sou seksyalite fanm. Yon mòd chanjman konsa ap pran tan, paske fanm ak gason dwe travay anpil pou yo rive devlope lòt kalte relasyon. N ap jwenn, nan paj anba a, kèk konsèy ki ka ede n konprann kijan nou menm ansanm ak kominote a ka travay pou n chanje konsepsyon nou genyen sou wòl fanm ak wòl gason.
Lè n pwoteje tèt nou pandan n ap fè lanmou, sa kapab sove lavi nou.
Fè lanmou ak pwoteksyon pou bon jan sante seksyèl

Lontan, pi gwo danje moun te konn jwenn nan fè lanmou, se te danje pou fanm nan ranmase yon gwosès san l pa vle. Jounen jodi a, se VIH/SIDA ak lòt MST yo ki vin tounen pi gwo pwoblèm sante seksyèl.
Se mikwòb ki sot nan kò yon moun ki antre nan kò yon lòt, ki lakòz MST yo. Sa rive lè 2 moun yo ap fè lanmou. Gen yon premye kategori mikwòb ki lakòz kèk MST tankou bouton sou kòk ak vajen, tankou maladi èpès. Mikwòb sa yo bay lòt kalte MST. Yon fanm ka trape yon enfeksyon, lè mikwòb yo pase nan kòl matris la pou yo antre nan matris la, oubyen lè mikwòb yo fofile antre nan ti blese ki sou po fanm nan - sitou nan vajen, twou dèyè, oubyen bouch li. Yon gason ka trape enfeksyon sa yo, lè mikwòb yo antre nan kò li - sitou nan pwent kòk li, twou dèyè l ak bouch li.
Kòm se nan kontak seksyèl moun trape MST, se lè yon fanm evite kontak ak kòk, semans ak san yon gason ki enfekte, l ap gen plis chans pou l pa trape yon MST. Yo rele sa “fè lanmou ak pwotèj”.
Ki lè yon fanm dwe pwoteje tèt li piplis lè li pral fè lanmou
Tout moun dwe pwoteje tèt yo toutan, lè y ap antre nan kontak seksyèl. Nan zafè sèks, fanm ka gen plizyè kalte relasyon. Gen kèk fanm ki viv ak yon sèl gason ki pa twonpe yo, lavi diran. Gen kèk lòt fanm ki gen dwa pa pran 2 gason alafwa, men ki, pandan lavi yo, pase plizyè nèg. Gen lòt tou ki viv ak plizyè menaj (epi menaj sa yo gen dwa gen plizyè fanm) an menm tan. Sa vle di tout fanm pa gen menm valè chans pou yo trape MST.
Gen anpil fanm ki kwè yo pa gen ankenn chans pou yo trape yon MST, lè yo gen yon sèl menaj.
Lè w gen yon enfeksyon, gen dwa se youn nan ansyen mennaj ou yo ki ba ou l oubyen youn nan lòt fanm ki te konn kouche ak menaj ou genyen kounye a.
Opinyon sa a kòrèk sèlman si fanm nan ak menaj la kwè toutbon ni youn ni lòt pa deja gen yon MST, epi ni youn ni lòt pa nan anyen ak lòt moun.
Pifò fanm pa ka kwè sa vre, akòz:
- yon moun ka gen yon MST san l pa konnen. Si ansyen mennaj yon fanm - oubyen lòt medam ki te konn kouche ak menaj l gen kounye a - te gen yon MST, fanm nan ak menaj la kapab byen gen MST sa a tou.
- yo pa ka konnen toutbon si menaj yo pa gen lòt fanm. Si yon lòt fanm ki konn kouche ak menaj ou gen yon MST, ou menm tou, ou ka trape MST sa a.
Istwa manzè Fatima a: Tout fanm dwe pwoteje tèt yo
Fatima ap viv nan yon bouk ki rele Bèlen - manmzèl prèt pou l trepase anba maladi SIDA. Lè l te gen 17 an, li te marye ak yon misye ki te rele Wilson. Kanmarad sa a te pèdi lavi l nan yon aksidan ki te fèt nan yon koperativ kote l t ap travay. Fatima te oblije kite ti pitit li a ak paran Wilson yo pou l al chèche travay lavil. Lè l touche, li te konn voye ti kòb ba moun yo. Travay la te rèd anpil, epi manmzèl te santi l lage pou kont li.
Fatima te kouri tounen Bèlen, lè l te pran nouvèl gouvènman an t ap konstwi yon wout nan zòn nan. Li te chèche yon djòb kwit manje pou travayè ki t ap fè wout la. Konsa, li te gen chans pou l rete viv nan peyi l. Se la tou, manmzèl te vin rankontre ak Emanyèl. Misye te bèl gason, li te gen kòb nan pòch li epi li te konn dòlote pitit fi Fatima a, lè l parèt nan kay la, chak apremidi lè l fin travay. Lè eskwad travay la te blije pouse pou pi devan, Emanuèl te pwomèt pou l retounen vin jwenn Fatima.
Misye te retounen vre, men, chak fwa, li pa t janm rete twò lontan. Epi li te vin jwenn yon djòb chofè. Konsa, li te konn pase plis tan nan vwayaj. Fatima te konn panse Emanyèl kapab byen gen lòt fanm, men misye te sèmante sèl fanm li genyen, se Fatima. Mesyedam yo te fè yon pitit gason. Men pitit sa a te fèt touswit, li te konn malad toutan jiskaske, sou yon lane, li mouri. Yon ti tan apre, Fatima kòmanse santi kò l pa bon. Enfimyè ki nan sant sante a ba manmzèl divès kalte remèd, men sa pa bay ankenn rezilta. Finalman, Fatima desann lavil pou l al lopital. Se apre tès li fè lopital yo manmzèl aprann se Sida l genyen. Lè l mande doktè a dekiprevyen, derespektan an reponn li: “Ou pa t dwe plede kouche ak yon bann nèg.” Fatima pa t janm panse l te ka trape VIH/SIDA - pandan tout vi li, se ak 2 nèg sèlman li rive fè lanmou! Pou manmzèl se sèl bouzen ak masisi lavil ki te konn trape maladi SIDA.
2 moun ki pwoteje tèt yo lè y ap fè lanmou se 2 moun ki mete baryè pou bare wout mikwòb ki ka soti nan kò youn pou antre nan kò lòt (metòd ki bay plis pwoteksyon), epi se 2 moun ki fè bagay ki bay yo mwens chans pou yo enfekte ak yon MST (pratik ki gen mwens danje).
Plis ou sèvi ak kapòt oubyen plis ou evite kontak seksyèl nan vajen oubyen nan twou dèyè san kapòt, se mwens w ap gen chans pou w trape SIDA.
Metòd ki bay plis pwoteksyon
Kapòt gason ak kapòt fanm pwoteje nou kont VIH/SIDA ak lòt MST. Si n sèvi avè yo kòm sa dwa, y ap anpeche kòk gason ak semans gason touche ak vajen nou. Kapòt ka pwoteje n tou kont gwosès nou pat vle.
![]() |
![]() Kapòt gason ki fèt ak latèks (kawotchou) |
![]() Kapòt fanm |
![]() |
Nòt: Nou jwenn pwoteksyon tou kont gonore ak klamidya, lè n sèvi ak espèmisid - sibstans chimik ki touye espèm (jèm gason) - san dyafram oubyen avèk dyafram. |
Pratik ki gen mwens danje
Pratik seksyèl ki pèmèt nou gen mwens kontak ak semans gason fè VIH ak jèm lòt MST yo gen mwens chans pou yo gaye kò yo. Nan tèks nou ankadre pi ba a, n ap wè ki kalte pratik ki gen mwens danje pase lòt. Kontak seksyèl kote kòk gason an antre nan vajen fanm nan (fè bagay) se pratik seksyèl nou rankontre pi souvan. Anpil gason ak anpil fanm k ap viv ansanm konn fè sa. Men gen gason ak fanm ki dous kò yo ak pawòl youn di lòt, epi ak karès (ak men) youn fè pou lòt. Si mesye a pa vle sèvi ak kapòt, fòk ou eseye fè l rete nan pratik ki gen mwens danje yo. Li ka jwenn menm dousè a ladan yo. Epi ou menm, w ap evite kèk malè pandye sou tèt ou.

Ann travay pou wete danje nan sèks
Fòk chak moun reflechi sou mwayen ki ka pèmèt nou jwenn plis pwoteksyon nan kontak seksyèl yo, menm si li menm, li panse l pa an danje. Si w panse mari w ap kore w nan volonte w genyen pou wete danje nan sèks, w ap travay yon jan. Si w panse misye pa p vle kolabore, w ap travay yon lòt fason. Si menaj ou vle kolabore, l ap pi bon pou w pale avè l kareman sou MST yo ki se danje pou lasante.
Men, sa pa p toujou fasil! Pi fò medam yo kwè - se sa yo aprann - li pa “nòmal” pou yon fanm pale de fè lanmou - sitou ak mari li oubyen ak lòt gason. Konsa, medam yo manke eksperyans nan domèn nan. Yon gason ka pale ak zanmi l san pwoblèm sou kesyon sa yo. Men, li p ap alèz ditou pou l pale pawòl konsa ak madanm li. Men kèk konsèy:
Kòmanse fè pratik ak yon zanmi. Se tankou yon pyès teyat. Zanmi an ranplase mari w. Di l tout sa w ta renmen di mari w sou kesyon sa yo. Eseye gade tout sa mari w ta ka reponn epi fè pratik pou chak posiblite yo. Fòk ou pa bliye tou misye ka ennève, lè w vin sou pawòl konsa avè l. Konsa, fòk ou eseye mete l alèz.
Pale ak mari w. Fòk ou pa tann moman kote mari w avè w pral fè lanmou, pou w pale avè l. Chwazi yon moman kote nou san pwoblèm epi kote pèsonn p ap deranje n. Si nou te fè yon kanpe sou fè lanmou apre yon akouchman, paregzanp, eseye pale avè l anvan n rekòmanse. Si ou menm ak mari w pa p viv nan menm kay oubyen si youn nan nou blije vwayaje souvan, eksplike l davans kijan sante seksyèl moun menase, lè patnè yo kouche ak lòt moun.
Travay ak kominote w pou aprann medam yo kisa kapòt ye epi kijan pou yo sèvi avè yo. Sa va ride nou tout aksepte sèvi ak kapòt.

Chèche jwenn tout enfòmasyon sou danje ki genyen nan move mòd kontak seksyèl, sou metòd ki bay plis pwoteksyon ak pratik ki gen mwens danje. Si mari w pa gen anpil enfòmasyon sou MST yo, si l pa konn kijan maladi sa yo gaye, si l pa konnen kijan dega maladi sa yo fè sou moun dire lontan, li ka pa konprann danje reyèl ki egziste nan move mòd kontak seksyèl yo. Si w bay misye enfòmasyon oubyen si w ankouraje l pale ak yon travayè sante sou sa, ou ka rive fè l konprann nesesite pou moun wete danje nan fè lanmou.
Si w panse mari w p ap vle kolabore avè w pou n wete danje nan fè lanmou, fòk ou fè tèt ou travay plis pou w ka jwenn bon rezilta.
Si misye derefize chanje

Si mari w derefize kite move abitid nan sa k konsène konpòtman seksyèl li, fòk ou konnen ki sa w ap fè. Ou gen dwa deside sispann kouche avè l, ou gen dwa chèche pwoteje tèt ou pou kont ou - ak kapòt fanm oubyen ak dyafram ansanm ak espèmisid - oubyen tou ou gen dwa pran desizyon pou w kite misye.
Ann pran plis plezi nan fè lanmou

Li nòmal pou fanm tankou gason anvi fè lanmou ak moun yo renmen. Lè youn konnen ki kalte pawòl dous oubyen karès lòt la renmen, yo tou 2 ap jwenn plezi nan kontak seksyèl yo. Si yon fanm pa jwenn plezi nan kontak seksyèl, ka gen anpil rezon ki eksplike sa.
Menaj li ka pa konprann kò fanm ak kò gason pa reyaji menm jan an, lè yo jwenn karès. Oubyen tou fanm nan ka kwè - se sa yo te aprann li - fanm dwe jwenn mwens plezi pase gason nan kontak seksyèl yo, oubyen tou fanm pa dwe di menaj yo ki kalite karès yo vle. Lè yon fanm rive konprann fanm gen kapasite ansanm ak dwa pou l pran plezil menmjan ak gason, l ap ka jwenn plis plezi nan fè lanmou. Men fòk li konnen anpil fwa, mòd chanjman sa yo pa fèt bridsoukou.
Lè yon moun karese kò l pou kont li (mastibasyon)

Yon fanm gen dwa karese kò l yon fason pou l pran plezi l. Se yon bon teknik ki ka ede fanm nan konn kò l pi byen. Epi sa ka pèmèt li konnen ki kalte karès ki fè l dous. Nan anpil kominote, yo konsidere mastibasyon kòm move mès. Se sa k fè moun konn santi yo wont, pafwa, lè yo fè sa. Men an reyalite, pa gen danje nan mastibasyon. Epi ou pa gen anyen w ap pèdi nan kapasite seksyèl ou, lè w fè sa.
Lè yon moun pa anvi kouche
Si yon fanm viktim anba zak kadejak, oubyen si l te reziyen l fè lanmou anba presyon, li ka pran tan - oubyen tou li ka bezwen pale ak yon moun li fè konfyans oubyen ak yon travayè sante ki espesyalize nan sante mantal - anvan l rekòmanse anvi fè lanmou.
Gen anpil bagay - nan eksperyans n ap fè, chak jou, nan lavi a - ki ka aji sou kapasite yon fanm oubyen kapasite yon gason genyen pou l anvi fè lanmou. Fanm tankou gason gen dwa pi sou sa, lè yo santi tout bagay anfòm - paregzanp, lè yo fèk jwenn yon mennaj oubyen yon bon djòb. Men, ou gen dwa pa sou sa, lè w:
- gen tèt chaje swa paske w gen twòp travay pou w fè, swa paske w nan grangou, swa paske w malad oubyen paske w fè k sot akouche yon ti bebe.
- ap viv ak yon nèg ou pa renmen.
- pè pou kèk jouda pa wè oubyen tande lè w ap fè lanmou.
- pè pou w pa ansent oubyen pou w pa trape yon MST.
Lè yon fanm pa sou sa, li mal pou l mouye. Li gen dwa oblije mouye vajen li pou kont li - ak krache, paregzanp - pou sa pa fèl mal lè kòk la antre. Lè se yon gason ki pa sou sa, li gen plis pwoblèm pou l bande (enpisan). Sa ka fè l wont anpil, epi, li ka gen plis pwoblèm ankò pou l bande, lè l ap rekòmanse fè lanmou.
Si ou menm oubyen mari w tonbe nan pwoblèm sa a, se pou youn eseye konprann lòt. Se pou n pale sou sa. Se pou n chwazi moman kote nou tou 2 anvi, pou n fè lanmou. Epi, se pou n fè bagay ki ka mete nou tou de sou sa