Hesperian Health Guides
Aparèy yo mete nan matris la, esterilè, filaman
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 13: Fè plan pou fanmi nou > Aparèy yo mete nan matris la, esterilè, filaman
Kontni yo
(stérilet, dispositif intra-utérin, DIU; IUD)
![]() |
Yon esterilè (filaman) se yon ti aparèy yo mete nan matris yon fanm pou anpeche li ansent. Se ajan sante ak fanmsaj ki pran fòmasyon pou sa ki pou mete li. Depi esterilè a byen chita nan matris la, jèm gason an pa ka kole kò li ak ze fanm nan. Yon esterilè gen dwa fè jiska 10 rive 12 ane nan matris yon fanm (sa depann de kalite esterilè a) anvan yo dwe wete l pou yo mete yon lòt. Yon fanm ka fè mete yon esterilè san mari li pa konnen (men gen de gason ki konn santi fil la).
Pifò esterilè fèt an plastik oubyen an plastik ak kwiv.

Fanm kap bay timoun tete ka fè mete esterilè san pwoblèm
Pa sèvi ak yon esterilè si ou pa ka ale nan yon sant oubyen yon klinik pou fè wete l, si se nesesè.
Pa sèvi ak yon esterilè:
- si ou ansent oubyen si ou pa konn si ou pa ansent.
- si ou gen yon maladi moun trape nan fè bagay, oubyen si gen danje pou ou trape l. (Se tout fanm ki kouche ak plis pase yon sèl patnè, oubyen tout fanm ki gen mennaj ki kouche ak lòt moun.)
- si ou konn bay anpil san, epi si ou konn gen gwo doulè nan moman règ ou . (Li ka pi bon pou sèvi ak yon esterilè ki gen pwojestewòn.)
- si ou soufri ak gwo anemi. (Li ka pi bon pou ou sèvi ak yon esterilè ki gen pwojestewòn.)
Si ou te gen enfeksyon nan matris ou, oubyen nan kannal ze ou, si ou te gen yon enfeksyon apre yon akouchman, oubyen apre yon avòtman, rete tann 3 mwa pou pi piti anvan ou fè mete yon esterilè.
Pwoblèm nou jwenn souvan:
Lè yo fèk mete esterilè a, ou ka bay ti san pandan 8 jou. Gen kèk fanm tou ki konn wè règ yo dire pi lontan, ki konn bay plis san, epi ki konn gen plis doulè. Nòmalman, pwoblèm sa yo al fè wout yo nan 3 mwa konsa.
Ki jan pou yo mete esterilè:
Se yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon ki pou mete esterilè a, apre li fè yon egzamen basen. Pi bon moman pou mete esterilè a, se lè ou gen règ ou. Apre akouchman, li bon pou ou tann 6 semenn anvan yo mete esterilè a. Konsa matris la gen tan reprann gwosè ak fòm nòmal li.

Yon lè konsa, yon esterilè ka glise kite plas li. Si sa rive, li pap anpeche fanm nan vin ansent. Konsa, li enpòtan pou nou aprann tyeke si li toujou byen chita nan plas li. Pifò esterilè gen 2 fil kap pandye andedan vajen an. Chak mwa, lè règ ou fini, tyeke fil yo pou ou wè si esterilè a toujou nan plas li.
Ki jan pou ou tyeke fil yo:
- Lave men ou.
- Se pou ou akwoupi epi foure 2 dwèt andedan vajen ou. Foure 2 dwèt yo longè ou kapab. Touche fil yo, men pa redi yo.
- Wete dwèt ou yo, epi lave men ou.
Men kèk siy danje fanm kap sèvi ak esterilè ka wè:
Pwoblèm ki pi grav yon esterilè ka bay se enfeksyon basen. Pifò enfeksyon rive nan premye 3 mwa yo. An jeneral, se paske fanm nan deja enfekte lè yo te mete esterilè a. Oubyen tou, se ka paske ajan sante a pa t respekte bon prensip pwòpte lè li te mete esterilè a.
Si ou gen nenpòt nan siy ki ekri anba a, fòk ou al wè yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon pou mete esterilè ak pou trete pwoblèm yo ka bay. Oubyen, al nan lopital san pèdi tan.
- Si règ ou vini an reta.
- Si ou gen doulè anba tivant, oubyen sa fè mal lè w ap fè lanmou.
- Si vajen ou ap bay anpil likid, oubyen likid la gen move sant.
- Si ou santi ou pa bon; ou gen lafyèv frison.
- Si ou pa jwenn fil esterilè a, oubyen si fil yo pi kout oubyen pi long pase jan yo te ye a.
- Gason an ka santi esterilè a pandan n ap fè lanmou (pa fil yo sèlman)
Lè nou vle sispann sèvi ak esterilè:
Lè ou vle sispann sèvi ak esterilè a, fè yon ajan sante, ki byen fòme, wete li pou ou. Pa janm eseye wete l pou kont ou. Depi esterilè a pa la, ou ka ansent nòmalman.