Hesperian Health Guides
Pwoblèm nan ovè
KIS NAN OVÈ
Kis sa yo se ti boul ki plen likid ki konn nan ovè medam yo. Sa rive sèlman pandan tout ane sila yo kote yon fanm gen kapasite pou l fè pitit, sa vle di ant lè l fòme ak lè l rete. Yon kis ka lakòz yon fanm gen doulè sou yon bò anba ti vant li. Epi kis la ka fè règ fanm nan vini an dezòd. Men pou pi fò fanm, se sèlman lè yon travayè sante kontre ak yon kis pandan yon egzamen basen, yo konnen yo gen pwoblèm sa a.
Pi fò kis disparèt pou kont yo apre de twa mwa sèlman. Men gen kèk ki gen dwa vin gwo anpil. Nan ka sa yo, medam yo oblije fè operasyon pou wete kis la. Si n santi gwo doulè anba ti vant, fòk nou al wè yon travayè sante san pèdi tan.
KANSÈ NAN OVÈ
Nou p ap rankontre maladi sa a souvan. Li pa tèlman sou moun. An jeneral, kansè nan ovè pa bay siyal avètisman, men pandan yon egzamen basen, yon travayè sante gen dwa santi lè fanm nan gen yon ovè ki gwo anpil. Pou trete maladi sa a, doktè ka sèvi swa ak operasyon, swa ak medikaman, swa ak tretman reyon. Gerizon kansè nan ovè difisil anpil.