Hesperian Health Guides

Kèk keksyon sou doulè nan vant

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Si doulè nou genyen an pa sanble ditou ak sa nou sot wè yo, kesyon pi ba yo ka ede n jwenn plis eksplikasyon sou doulè sila a.

a woman holding her abdomen in pain while another woman speaks to her
Youni, se pou w al nan klinik jodi a menm pou w konnen kote doulè sa a soti. Si se pa sa, se pi grav pwoblèm nan ap vin pi grav.
Yon fanm ki reziyen l mache pandan l ap soufri ak yon doulè jodi a ka pèdi lavi l demen akòz menm doulè sa a. Kouri al chache èd san pèdi tan, si n pa fin konn sa k lakòz pwoblèm nan.

Kijan doulè a ye? Èske se yon gwo doulè ki rèd anpil - oubyen èske se yon ti doulè ki pa fè n mal twòp? Èske l ap tizonnen n san rete oubyen èske l fè alevini sou nou?

  • Yon gwo doulè k ap fè alevini sou nou kapab se rezilta yon pyè nan ren. Gwo doulè k ap lanse nou oubyen ki tankou lakranp nan vant gen dwa se rezilta yon pwoblèm nan trip.
  • Yon gwo doulè malouk kapab se rezilta yon apendisit oubyen yon gwosès ekstra-iteren (andeyò matris nou), sitou si se yon sèl kote nou santi doulè a.


Ki kantite tan doulè a fè sou nou?

  • Yon gwo doulè sanzatann ki derefize ale gen dwa grav anpil. Gen dwa se yon gwosès ekstra-iteren (andeyò matris la), yon apendisit oubyen yon lòt pwoblèm nan trip, yon pwoblèm nan ovè oubyen maladi enflamasyon nan basen ki lakòz doulè sa a.
  • Yon doulè ki dire plizyè jou oubyen plizyè semèn kapab se rezilta kèk mak ki rete apre yon ansyen enfeksyon, rezilta yon endijesyon (gonfleman), oubyen tou rezilta yon kòlè nou fè. Nou ka trete pwoblèm sa yo lakay nou.


Eske doulè a aji sou apeti nou?

  • Si n gen doulè nan vant epi nou pa anvi manje anyen, nou gen dwa trape yon enfeksyon grav nan trip oubyen tou nou gen dwa gen apendisit.
  • Si n gen doulè nan vant epi n santi nou anvi manje, nou pa gen ankenn nan pwoblèm sa yo.


Pou n jwenn plis enfòmasyon sou doulè anba ti vant, gade nan liv ki rele Where There is No Doctor (“kote ki pa gen doktè”) a oubyen nan nenpòt liv sou lasante, an jeneral.



Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025