Hesperian Health Guides
Siyal risk ak siyal danje pandan gwosès
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 6: Gwòses ak akouchman > Siyal risk ak siyal danje pandan gwosès
Kontni yo
- 1 Fanm ki ka plis gen pwoblèm nan gwosès ak akouchman
- 2 Tibebe ki nan move pozisyon nan kòmansman tranche a
- 3 Si tranche a kòmanse anvan lè (anvan 8èm mwa oubyen 9èm mwa a)
Fanm ki ka plis gen pwoblèm nan gwosès ak akouchman
![]() |
Yon fanm ki konnen l ka gen pwoblèm nan akouchman dwe prepare l pou l akouche nan yon sant sante oubyen nan yon lopital. |
Fanm ki gen nenpòt nan pwoblèm nou pral site yo ka rankontre plis danje nan gwosès ak akouchman. Yo dwe prepare tèt yo pou yo al akouche nan yon sant sante oubyen nan yon lopital. Si gen posiblite, yo dwe suiv swen prenatal pandan gwosès la.
- San pòv (anemi) ka fè yon fanm senyen anpil (emoraji) pandan yon akouchman. Fanm nan ka malad apre akouchman e li ka menm mouri. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou anemi, gade nan paj ki vin apre paj sa a.
- Maladi sik (dyabèt) ka bay manman an ansanm ak tibebe a gwo pwoblèm. Tibebe a ka mouri pandan akouchman an oubyen, pafwa, li ka si tèlman gwo li ret kole nan basen manman an.
- Maladi tansyon ka lakòz gwo maltèt, kriz, ak menm lanmò.
- Fanm ki granmoun anpil e ki deja fè anpil pitit konn gen anpil pwoblèm, lè yo gen tranche. Yo ka gen emoraji tou apre akouchman.
- Manman ki pa ko gen 17 an pi vit devlope yon toksemi (yon maladi ki bay kriz). Travay la ka long, difisil epi tibebe a ka fèt anvan lè l (prematire). Yo ka jwenn blokaj nan akouchman an e sa ka donmaje vesi yo, vajen yo ak matris yo.
- Manman ki te deja gen pwoblèm nan lòt akouchman tankou: kriz, sezaryèn, emoraji, tibebe prematire oubyen twò piti, oubyen timoun ki fèt tou mouri pi vit gen pwoblèm nan yon lòt gwosès tankou nan yon lòt akouchman.
- Fanm ki donmaje nan kò yo, sitou fanm ki gen yon kote nan kò yo ki pòk oubyen fanm ki gen pwoblèm pou yo mache ka gen pwoblèm ni pandan gwosès ni pandan akouchman.
Lè w santi w fèb oubyen fatige anpil (anemi)
Si w santi w fèb oubyen fatige anpil, ou ka gen anemi. Fanm ki soufri ak gwo anemi ka pi vit gen gwo emoraji apre akouchman.
Kisa pou w fè:

- Manje manje ki chaje ak fè - vyann, pwason, poul, ze, pwa, pwa tann, ak legim (fèy) vèt.
- Bwè 325 miligram fè, 2 fwa pa jou ak 1miligram asid folik, yon fwa pa jou, jouk ou rive nan akouchman an. Kò w ap pwofite plis, si w pran konprime fè yo ak zoranj, mango oubyen papay.
Doulè anba ti vant (abdomèn)
gwosès nan twonp |
![]() |
- Gwo doulè toutan pandan 3 premye mwa gwosès yo ka vle di tibebe p ap devlope nan matris ou, men nan twonp falòp ou (gwosès nan twonp). Se ka paske twonp nan ap detire ki fè w gen gwo doulè sa a. Si gwosès la kontinye devlope konsa, twonp nan ap eklate epi san ap gaye. Sa se gwo danje. W ap gen emoraji andedan abdomèn ou e ou ka pèdi lavi w.
Siyal yon gwosès nan twonp
Gwo doulè nan vant pa toujou vle di gen yon pwoblèm nan gwosès la.
- ou pa wè règ ou, epi
- ou gen doulè sou yon bò, anba ti vant ou, epi
- vajen ou ap bay ti san
- ou santi w gen tèt vire, ou fèb oubyen ou santi w vle pèdi konesans
Kisa pou w fè:
Kouri al nan lopital ki pi pre a.
- Gwo doulè alevini (kranp) nan 6 premye mwa gwosès yo ka byen vle di yon fos kouch ap menase w.
- Gwo doulè toutan, lè w prèt pou w akouche. Sa ka vle di plasennta a ap detache sot nan matris ou. Sa se gwo danje! Ou ka mouri si pèsonn pa ede w. Kouri ale nan lopital ki pi pre a.
- Doulè alevini, lè w gen 7 mwa oubyen 8 mwa, ka vle di tranche a kòmanse anvan lè.
TRANSPÒ!
Lè w ap bay san nan vajen ou
- Lè gwosès la fèk kòmanse. Si w ap bay ti san nan 3 premye mwa yo, ou ka pa gen ankenn pwoblèm. Men, si w gen doulè an menm tan, sa ka vle di gwosès la ap devlope an deyò matris la e sa gen gwo danje ladan l. Si san an vin pi plis epi fò pase lè w gen règ ou, ou ka ap fè yon fos kouch.
- Apre twazyèm mwa gwosès la. Si w ap bay san apre 3 premye mwa yo, sa ka vle di gen pwoblèm nan plasennta a. Ni wou, ni tibebe a, nou tou le 2 an danje.
Kisa pou w fè:
- Kouri ale nan lopital ki pi pre a.
- Pandan w kouche sou branka a, ou dwe leve pye w anlè.
- Pa foure anyen nan vajen ou.
TRANSPÒ!
Lafyèv
Si w gen gwo lafyèv ak frison, ak doulè nan kò w epi gwo mal tèt, ou ka byen trape yon malarya. Tretman malarya depann de zòn kote w ap viv la. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade nan liv ki rele “Kote ki pa gen doktè” a.
Lè men w ak figi w anfle oubyen lè w gen gwo mal tèt epi w wè twoub (toksemi)
Si janm ou ak je pye w fè yon ti anfle, se yon bagay ki nòmal pandan yon gwosès. Men si se men w ak figi w ki anfle, sa kapab siy toksemi, sitou si w gen tèt fè mal, ou wè twoub epi w gen doulè nan vant ou. Toksemi ka fè w gen kriz epi ni ou menm ni tibebe a ka mouri.
Kisa pou w fè:
- Fè yon moun pran tansyon w pou wou. Kouri al wè yon travayè lasante oubyen ale nan yon lopital, si sa nesesè.
- Pran repo chak fwa w kapab, kouche sou bò gòch ou.
- Eseye manje anpil manje ki chaje ak pwoteyin chak jou.
- Prepare w pou w akouche nan yon sant sante oubyen lopital
TRANSPÒ!
Si tèt tibebe a anba, akouchman an pi vit fèt san pwoblèm.
Tibebe ki nan move pozisyon nan kòmansman tranche a
Si se dèyè tibebe a ki parèt anvan, lè travay la kòmanse, akouchman an ka pi difisil. Si timoun nan kouche tou long,antravè nan vant manman an, akouchman an p ap ka fèt san sezaryèn. (Vire paj la pou w wè kijan w ka tyeke pozisyon yon tibebe).
Pandan dènye mwa gwosès la, ou ka rive fè tibebe a chanje pozisyon, si w kouche konsa pandan 10 minit, 2 fwa pa jou: Fè egzèzis sa a chak jou ak lestomak ou vid, jouk tibebe a vin pran pozisyon tèt anba a. Apre sa, ou mèt sispann egzèsis la. Ou dwe tyeke oubyen fè tyeke pozisyon tibebe a chak semèn.
TRANSPÒ!
- Si tranche a kòmanse epi tibebe a toujou antravè, manman an dwe kouri nan yon sant sante oubyen nan lopital kote y ap fè tibebe a chanje pozisyon oubyen y ap opere manman an. San konkou doktè, ni manman an, ni tibebe a gen prèske 100 % chans pou yo mouri.
- Si tranche a kòmanse epi dèyè tibebe a toujou anba, w ap wè nan Akouchman difisil kisa k dwe fèt.