Hesperian Health Guides
Gwo doulè sanzatann anba ti vant
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 21: Doulè anba ti vant > Gwo doulè sanzatann anba ti vant
Gen kèk pwoblèm doulè anba ti vant ki se ka ijan. Si nou gen nenpòt nan siy danje sa yo, fòk nou kouri nan lopital ki pi pre a. Yon travayè sante ki gen bon jan fòmasyon ap gen pou l konsilte n nan vant, nan basen epi li ka oblije fè kèk analiz espesyal pou nou. N ap jwenn plis enfòmasyon sou kijan yo fè egzamen vant ak egzamen basen.
Siy danje:
- gwo doulè sanzatann anba ti vant
- gwo lafyèv
- kè plen ak vomisman
- vant anfle ki rèd tankou yon bout bwa
- vant ki pa bay ankenn son (ankenn bri)
Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025